S'identifier Contact Avis
 
28° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sports rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video
LÈ DADOU FÈ RONIRO PALE TOUT LANG NAN YON SÈL LANG

LÈ DADOU FÈ RONIRO PALE TOUT LANG NAN YON SÈL LANG








Pwezi te toujou yon ti lang espesyal powèt yo jwenn sekrè pou yo rale soti anndan lang n ap pale toulejou a. Ki fè, chak powèt gendwa gen dwa ak devwa pou yo devlope ladrès k ap ride yo rive donte lang tout moun ap pale okotidyen an, pou yo antre nan bwatsekrè li, vire tounen nan djèvò li, sekwe ason, limen balèn, jete dlo, pou yo sa jwenn lòt sans mo yo kache epi dekouvri pati entim lang sila a. Se pa vre Manno Ejèn ? Se pa paske yon tèks dispoze sou fòm tradisyonèl pwezi (sa vle di an eskalye kote ti bout fraz yo yonn anba lòt) ki fè li pwezi pou sa. Se pa paske nonplis yon moun tounen chemine nan voye lafimen moute (nway) ki fè li powèt pou sa. Domaj, isit g on konsepsyon madichon ki fè anpil fwa kapab genyen plis nway ki vole polye lespas pase imaj ki rete poze nan tèks la e ki ba li dwa pou yo rele l pwezi, nan yon sans. Pwezi pa gen ni nasyonalite ni klas sosyal ni idantite jewografik. Li kapab tabli kò li tout kote lavi ap respire.

Roniro Jean-Baptiste se moun Gonayiv, kote l ap viv depi nan vant manman l. Powèt la enplike nan divès aktivite kiltirèl oubyen literè k ap dewoule nan site lendepandans lan : li te fè pati komite rejyonal Akademi Kreyòl Ayisyen te mete kanpe nan Gonayiv pou selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl 2018 la ; Prezidan Regwoupman Ekriven Kreyòl Gonayiv, elatriye. Msye fèrenk pibliye premye liv li ki pote tit « DADOU » nan edisyon Freda l ap dirije nan tètkole ak kèk lòt konpayèl nan vil Moris Sisto a. « DADOU » se yon rekèy mèvèy k ap makèlpa, k ap fè lanavèt nan fondas fòlklò ayisyen an, oubyen si ou vle, nan patrimwàn kiltirèl imateryèl yon pèp ki gen bravou ak kouraj ekri sou tout po l. « DADOU » se tou yon mizik damou etènèl powèt la ekri ak kè l, chante ak kè l nan yon langaj kote chak fraz gen sant emosyon, foli ak pasyon ki anviwonnen kanmarad delatètopye. An n savoure ti lòsyè sa a :

«Dadou, mwen pa renmen w ak dlo nan bouch sèlman
manyen souf mwen
w a wè konbyen lanm lanmè
k ap blese kò yo pou ou » ( paj 8)_

Nan liv la, genyen de (2) fanm k ap mache nan kè powèt la : Dadou ak Èzili ; de (2) fanm k ap mache sou kè powèt la : Jàn ak Ana, non de (2) siklòn ki te lage vil nesans kanmarad la nan tchouboum. Si lodè fèy bazilik, melis ak tibonm melanje pou anbonmen powèm yo, se pou plezi nen Dadou sitou. Dadou se fanm chans powèt la. Se fanm Roniro « aprann renmen

ak chak ti pousyè tè li jwenn sou souf li ». Roniro se yon powèt puisan, yon revelasyon, yon lespwa tou limen pou pwezi ayisyen an. Se yon ti jennonm ki konn byen kouman pou li marye mo yo pou li fè yo miba emosyon ak sansibilite lide l di l:

« Si m pa ka kouri dèyè lonbraj ou
Se pa paske m pa powèt
Ki fè lannuit gen fòm fanm
Men se twòp souri ki sou vizaj ou
Mwen p ap jan m ka fin konte
Twòp koulè ou gen sou pwent lang ou
Mwen p ap janm ka fin goute”

Dadou pa fèmen bouch li sou fenomèn natirèl timounis ak enjerans politik transfòme an katastwòf natirèl pou jete dlo nan je yon pèp ki pa gen ni mouchwa ni do men pou souye lapenn k ap koule, k ap kannale sou vizaj. Ki moun ki ka bliye pasaj yon fanm anraje yo rele Jàn ki te gen kè kite vil Gonayiv anba dlo, anba rèl an 2004 ? Kwak Roniro te gen 10 lane sèlman lè siklòn Jàn pase, 14 lane lè siklòn Ana an 2008, souvni kanmarad la kenbe tennfas dega Jàn ak Ana te kite nan men vil la ki te apèn ap redoubout apre gè sivil. Ki moun ki ta imajine absans yon sèl fanm (Dadou) ta ka pote plis doulè pase prezans de (2) fanm ki mete ansanm pou lage tout yon vil nan kouri senbè ak pwòp tribilasyon l ? Poudayè, menm imajinasyon powèt la pa t pote yon lide konsa ba li :

”Dadou
Mwen pa t ap janm ka imajine
Si absans ou

T ap fè plis dega ke Jàn ak Ana”, (paj 59)
Li klè, Dadou pa yon senp fanm. Se yon fanm ki nan konkirans ak Èzili bèl fanm san konkirans lan pa delwayal. Se yon fanm k ap danse menm konpa, k ap lage menm yayad nan kè powèt la ak Èzili:

“Mwen renmen w
Menm jan m renmen Èzili
Ki fè kè latè bat
Lè lapli ap tonbe”, paj 10
« Ou ak Èzili
Se 2 lanmou ki melanje
Nan plamen m”, paj 27

Roniro se nèg Gonayiv se vre, men Dadou fè li pale sou Pòtoprens san depale. Li pale sou Pòtoprens, yon kote kote se toujou yon aza oubyen yon ijans ki mennen li la. Roniro deklare se Pòtoprens ki vin pran Dadou nan men l nan plizyè estwòf nan liv la. Èske Pòtoprens se yon figi estil msye itilize pou li di yon nèg soti Pòtoprens vin pran Dadou nan men l, menm jan ti blan an te vin pran Choucoune epi kondane Oswald Durand nan lapenn? Pòtoprens vin pran Dadou epi lage powèt la ak Gonayiv de bwa pandje :

« Pòtoprens vin pran w
Nan men m
Absans ou boule
Tout zèl Gonayiv”, paj 39

Ak plim djougan sila a, Roniro Jean Baptiste se yonn nan prèv vivan ki demantibile an mil ti krazay konsepsyon pedan ki gonfle anpil tèt nan kwè kreyasyon pwetik se yon resèt omelèt yo transmèt bay ti zanmi ak ti fanmi suivan foli k ap angrese gwotèt yo. Chaje toupatou sou 27. 750 km2 Ayiti a, yon pakèt ak yon bann jèn k ap renouvle, renove, inove nan pwetik lang nasyonal ayisyen an. Paregzanp, nan Pòdepè, nou jwenn jèn tankou Alfred Anocerne, Jude Duversé, jèn Sanba Zele yo ; nan vil Gonayiv, Lesly Succès, Feguerson Thermidor, Selmy Accilien …Roniro se yon talan vivan. Yon talan vrè. M fè manti Emmanuel Jacquet? Nou envite nou savoure paj apre paj zèv sila a. Chak paj se yon boul senlo plezi nou p ap janm mande fini.

Jean Baptiste Anivince, Tivens
Pri GRAHN 2018 pou literati espresyon kreyòl



Articles connexes


Afficher plus [3370]