S'identifier Contact Avis
 
29° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Ki jan selebrasyon jounen entènasyonal lang kreyòl yo nan Nouyòk te pase ane sa a (oktòb 2019)

Ki jan selebrasyon jounen entènasyonal lang kreyòl yo nan Nouyòk te pase ane sa a (oktòb 2019)



Tankou yo fè chak ane, yon gwoup lengwis, edikatè, militan kiltirèl ayisyen te mete kanpe yon michan senpozyòm sou lang kreyòl ak kilti ayisyen nan yon gwo inivèsite nan lakou Nouyòk. Ane sa a, se nan Brooklyn College, youn nan inivèsite ameriken ki gen plis etidyan ayisyen, ke senpozyòm sa a te fèt, nan dat 25 ak 26 oktòb 2019. Komite senpozyòm nan te chwazi pou onore ane sa a yon gran Ayisyen ki rele Maurice Sixto (Moris Siksto). Si misye t ap viv toujou, ane sa a ta fè li egzakteman 100 lane. Maurice Sixto se yon kokennchenn odyansè (lodyansè) ki sèvi ak odyans (lodyans) pou denonse enjistis, diskriminasyon, eksplwatasyon ak anpil move mès ki nan sosyete ayisyen an. Odyans (lodyans) se yon fòm istwa kout ki byen chita nan tradisyon oral lang kreyòl ayisyen depi mitan 19èm syèk la. Moun k ap rakonte istwa kout sa yo rele odyansè (lodyansè). Depi kèk lane, gen anpil save ayisyen ak etranje (Anglade 2004, Léger 2015, Otilien 2018, Saint-Fort 2013, Del Rossi 2006) ki fè rechèch pouse sou lodyans nan sosyete ayisyen an. Mo « odyans » (lodyans) lan sòti nan lang franse (« audience ») men tankou sa rive anpil nan sistèm semantik lang kreyòl ayisyen an, li pran yon nivo sans ki depase sans orijinal li genyen nan lang franse a.

Donk, komite senpozyòm lan te reyini anviwon yon douzenn inivèsitè, edikatè, militan kiltirèl ayisyen pou selebre lang kreyòl ak kilti ayisyen nan okazyon jounen entènasyonal lang kreyòl yo. Lang kreyòl yo se konsekans 2 fenomèn istorik : kolonizasyon ak esklavaj. Kreyòl ayisyen se youn pami yon kantite lòt lang kreyòl (kreyòl jamayiken, kreyòl trinidadyen, kreyòl matinikè, kreyòl gwadloupeyen, kreyòl giyanè, kreyòl morisyen, kreyòl reyinyonè, kreyòl lwizyanè…) moun pale sou latè. Se lang kreyòl ayisyen ki genyen plis moun ki pale li nan Karayib la. Li se lang ofisyèl (ansanm ak lang franse) Ayiti depi 1987, li genyen yon òtograf ofisyèl depi 31 janvye 1980, ansanm ak yon Akademi lang depi fen lane 2014. Kreyòl ayisyen se pwodui evolisyon 2 sous fondamantal : yon gwoup lang ki fè pati yon fanmi lang afriken yo rele lang Kwa nan pati Lwès Afrik, rive jis nan fanmi lang Bantou nan pati santral Afrik (DeGraff 2007, Aboh 2015) ke zansèt afriken nou yo te pale ; ansanm ak yon varyete lang franse kolon franse te pale nan Sen Domeng (ansyen non Ayiti, lè li te yon koloni franse) ant 17èm ak 18èm syèk. Varyete franse kolon yo te pale nan epòk sa a te yon franse oral, ki potko estandadize ; kolon yo te sòti nan zòn jewografik an Frans kote moun te pale yon franse rejyonal, yon franse dyalektal. Kreyòl ayisyen se rezilta 2 enfliyans sa yo ke nou jwenn nan tout estrikti lang lan, nan leksik li, nan mòfoloji li, nan sentaks li, nan fonoloji li. Men kreyòl ayisyen se yon lang otonòm, endepandan, ki fonksyone dapre pwòp règ pa li, nan yon anviwonnman sosyal, kiltirèl, politik ki granmoun tèt li.

Jounen vandredi 25 oktòb la te dewoule nan Auditorium Woody Tanger, kòmanse apati 5 è nan apremidi pou rive 9 è diswa. Apre fòmalite tradisyonèl yo kote nou tande Doktè Marie Lily Cerat, Nicole Hass ki te pale pou prezidan Brooklyn College, ak Doktè Jean Eddy Saint Paul ki se direktè CUNY Haitian Studies Institute, nan Brooklyn College, te genyen 4 konferansye ki te prezante yon kominikasyon : Doktè Hugues Saint-Fort, pwofesè retrete nan CUNY, Doktè Frenand Léger, ki anseye nan Carleton University, Ottawa, Doktè Rozevel Jean Baptiste, ki anseye nan Medgar Evers College, New York, e ki te fè prezantasyon prensipal la, Doktè Ludovic Comeau, ki anseye nan DePaul University, nan Chicago e ki te entèprete yon lodyans Maurice Sixto ki rele « La petite veste de gallerie de papa ».

Jounen samdi 26 oktòb la te dewoule nan New Ingersoll Hall. Li te dire tout jounen an, kòmanse apati 9 è dimaten pou rive 6è diswa. Pami konferansye ki te prezante yon kominikasyon, te genyen : Ethson Otilien ki anseye nan Université d’Etat d’Haïti e ki te fè prezantasyon prensipal la, an dirèk depi Ayiti. Se « Skype » li te itilize ; Menès Dejoie, sikològ eskolè retrete nan NYCDOE e gwo majò jon medya nimerik Espas Kreyòl, Paul Fadoul, ki anseye nan Queens College, New York, Ludovic Comeau, ki anseye nan DePaul University, nan Chicago, Amidor Almonord, pwofesè retrete nan NYCDOE.

Apre poz pou moun al manje, senpozyòm lan te kontinye avèk yon michan fowòm espesyal ki rele Fowòm Fanm. Te genyen 4 fanm nan fowòm sa a : Jessie Cadet Legros yon militan kiltirèl ki nan Sant Enfòmasyon Lè Ayisyèn, Régine Joseph, ki anseye nan Queens College, New York, Jocelyn Gay, yon militan kiltirèl ki fè pati Voix & Tambours d’Haïti. Moun ki t ap modere fowòm sa a te Marie Lily Cerat, pwofesè nan Brooklyn College, CUNY.

Woumble a te fini avèk yon gwo pèfòmans kiltirèl avèk Chantè-gitaris Prince Guetjens ak zanmi li yo. Dènye rale a se te Doktè Marie Lily Cerat ki te fè li o non Espas Kreyòl ak Brooklyn College. Randevou te bay pou pwochen senpozyòm lan ki genyen pou l fèt vandredi 23 ak samdi 24 oktòb 2020.

An prensip, ap genyen yon liv ki dwe pibliye sou senpozyòm 2019 la kote n ap jwenn tout prezantasyon konferansye yo te bay pandan 2 jou sa yo. Liv sa a ta dwe sòti pandan ane 2020 an. Ann atandan, m ap mete deyò yon moso prezantasyon mwen te fè nan senpozyòm lan. Tit prezantasyon an se: « Kesyon lang nan lodyans Maurice Sixto yo ». Men, mwen p ap bay tout atik la jodi a. M ap mete entwodiksyon an, plan devlòpman an epi konklizyon an.

Men entwodiksyon an:

Kesyon lang nan lodyans Maurice Sixto yo

Hugues Saint-Fort

Sa mwen rele kesyon lang ann Ayiti se diferan aspè relasyon difisil ki egziste ant lang kreyòl ak lang franse nan sosyete ayisyen an. Relasyon sa yo te toujou egziste depi epòk Ayiti te yon koloni franse anvan lane 1804, lè li te rele Saint-Domingue (Sen Domeng), men yo vin pi malouk lè Ayiti vin yon peyi endepandan. Kesyon lang ann Ayiti genyen omwen 3 dimansyon : yon dimansyon edikatif, yon dimansyon istoriko-lengwistik, yon dimansyon sosyolengwistik. Dimansyon edikatif la parèt sou fòm kesyon sa a : nan ki lang edikasyon dwe fèt ann Ayiti ? Èske li dwe fèt an franse, jan sa te fèt pandan lontan ann Ayiti, rive jis nan lane 1980 yo ? Èske li dwe fèt an kreyòl, jan sa te kòmanse fèt nan lekòl yo apati ane 1980 yo ? Dimansyon istoriko-lengwistik la parèt sou fòm kesyon sa a : Ki kote lang kreyòl la sòti ? Èske li sòti nan lang franse, piske nou jwenn yon pakèt mo franse osnon ki sòti nan lang franse anndan leksik ak sentaks lang kreyòl la ? Oubyen, èske se nan lang afriken yo li sòti piske se ann Afrik majorite zansèt popilasyon ayisyen an sòti ? Dimansyon sosyolengwistik la manifeste li nan rapò sosyal ant lokitè ayisyen yo. Li klè ke lang kreyòl se lang tout Ayisyen ki fèt epi elve ann Ayiti, pale, kèlkeswa klas sosyal li, kèlkeswa zòn jewografik li sòti an, kèlkeswa lajan li genyen. Men an menm tan, gen moun ki pale franse tou nan sosyete ayisyen an, menm si se yon ti ponyen sèlman yo ye. Piske sosyolengwistik etidye relasyon ki genyen ant varyasyon anndan yon lang ak òganizasyon sosyete kote yo pale lang sa a, ki wòl lang franse jwe nan rapò kominikasyon nan sosyete ayisyen an ? Ki wòl lang kreyòl jwe nan rapò kominikasyon nan sosyete ayisyen an ? Nan 3 dimansyon sa yo, kilès ki predomine nan lodyans Maurice Sixto yo ? Ki jan sa manifeste ? Anpil nan lodyans Maurice Sixto yo montre ke Sixto te konsyan genyen yon pwoblèm lang ki ap boulvèse nannan sosyete ayisyen an. Nan atik sa a, mwen vle egzaminen ki jan Sixto touche kesyon sa a nan lodyans li yo. M ap montre sa nan jan li fè pèsonaj li yo pale, nan jan naratè istwa yo, li menm pale, lè l ap entèveni nan istwa l ap rakonte a. Kesyon sa yo se gwo kesyon. Mwen p ap gen tan aswè a pou etidye yo jan mwen ta dwe etidye yo. M ap sèlman poze grann liy yo. M ap chwazi 3 lodyans Maurice Sixto pou m analize ki jan lodyansè a prezante kesyon lang ann Ayiti : Mèt Zabèlbòk, Ti Sentaniz, ak Lea Kokoye. Men, piske Sixto te fonksyone tou nan dyaspora meriken an, m ap fè yon rale tou sou lodyans ki rele Men yon lòt lang ki ap dewoule nan peyi Etazini.

Atik mwen an òganize an 3 pati. Nan premye pati an, m ap prezante sitiyasyon sosyolengwistik Ayiti, rapò lang yo ann Ayiti, wòl lang kreyòl ak wòl lang franse nan sosyete ayisyen an; nan dezyèm pati an, m ap analize jan Sixto prezante kesyon lang yo ann Ayiti atravè diferan lodyans yo, espesyalman 3 lodyans mwen mansyone pi wo a; nan twazyèm pati an, m ap diskite sou pwogrè ki fèt nan diskisyon sou kesyon lang nan sosyete ayisyen an.

Plan:

1 . Sitiyasyon sosyolengwistik ann Ayiti

• Yon sosyete fondamantalman kreyolofòn, men genyen tou yon bilengwism minimal ak yon diglosi endividyèl limite.
• Pousantaj lokitè ayisyen ki pale kreyòl sèlman
• Pousantaj lokitè ayisyen ki alèz ni an franse ni an kreyòl
• Konsekans sou sistèm edikatif ann Ayiti
• Lang franse, yon « marqueur social » ann Ayiti
• Fonksyonman « marché linguistique » (Bourdieu) ann Ayiti

2. Lang nan lodyans Maurice Sixto

• Ki sa lodyans ye ?
• Justin Lhérisson, plas li nan istwa lodyans ann Ayiti
• Maurice Sixto, plas li nan lodyans ann Ayiti
• Lang franse ak lang kreyòl nan lodyans :
• Mèt Zabèlbòk
• Ti Sentaniz
• Lea Kokoye
• Men yon lòt lang

3. Diskisyon sou kesyon lang ann Ayiti

Konklizyon

Li ta sanble ke gran lodyansè Maurice Sixto te plis enterese trete kesyon sosyal nan lodyans li rakonte yo pase trete kesyon lang. Men, jan nou sòt konstate nan 3 lodyans mwen egzaminen yo, se sèlman yon enpresyon. Nan sosyete ayisyen an, kesyon sosyal yo toujou makònen ak kesyon lang nan tout kalite rapò sosyal yo. Kesyon lang nan lodyans Sixto yo se yon kesyon sosyal. Kesyon sosyal la se yon kesyon lang. Sa m rele « kesyon sosyal » nan yon sosyete tankou Ayiti se ansanm pwoblèm ki pran sous yo nan sitiyasyon povrete ki ap minen sosyete ayisyen an depi Ayiti te vin yon peyi endepandan an 1804, e ke Leta ayisyen pa janm rive kontwole osnon rezoud. Pami pwoblèm sa yo, genyen: kesyon restavèk la, kesyon chomaj kwonik, kesyon dlo potab lakay moun, kesyon elektrisite, kesyon moun ki pa konn li e ekri, kesyon swen primè lasante. Nou kapab di ke nan 3 dimansyon mwen te mansyone nan entwodiksyon an, se dimansyon sosyolengwistik la ki predomine nan lodyans Maurice Sixto yo. Se li menm mwen trete nan entèvansyon mwen an. Se youn nan aspè esansyèl kesyon lang ann Ayiti.

Hugues Saint-Fort
New York, oktòb 2019




Articles connexes


Afficher plus [4172]