S'identifier Contact Avis
 
35° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Òfeliz, tablo yon epòk fènwa nan listwa pèp ayisyen

Òfeliz, tablo yon epòk fènwa nan listwa pèp ayisyen



Òfeliz se yon woman ki ekri nan lang kreyòl ayisyen an Jean Dédé Dorcély pibliye anba kouvèti « Éditions Soleil » nan lane 2019. Sanba Dede se manm fondatè Sosyete Koukouy ; powèt, nouvelis, womansye ; li pibliye plizyè liv deja : Zwing, Ponyensèl, Ensekirite ; li genyen plizyè lòt ki nan wout k ap vini.


Nou nan lane 60 yo an Ayiti, nan yon ti komin ki chita kò l nan depatman Latibonit yo rele Vèrèt ; lokalite ki bay youn nan pi bon prezidan peyi a te ka konnen : Dimasè Estime (Se li ki te konstwi lavil Beladè epitou Bisantnè rete youn nan pi gwo zèv li kite). Se epòk rejim boutdi diktatè, kriminèl Divalye yo ki ta pral kraze bil peyi a nan 2e mwatye 20e syèk la te fenk ap pran chè. Lè sa a, bagay yo pa t bon pase sa nan komin Vèrèt kote Wozana Ramas, fanmsay ak mari li Oktak Byennèz, kiltivatè t ap bouske lavi, t ap viv nan yon vye tikounouk, poukont yo.

Kondi pwovèb ayisyen an : sa k nan kè m, kouto sèlman ki konnen l. Yon bon lè, Adèl, bèl grenn fanm jis devan Bondye, soti kote pèsonn pa konnen, monte yon gwo kou pou vin enstale l nan bout ajoupa moun yo, jiskaske l akouche yon timoun lakay la epi sove kite l nan men moun yo sou yon mwa 9 jou. Moun yo santi yo toumante. Men, akoz yo pa t gen timoun, yo fè demach legal pou tou kenbe l nèt.

Si nan tout woman an, naratè a pran distans li anpil ak istwa a. Ebyen, nan fen pati sa a, li ta sanble ofri nou aklè vizyon li genyen de vi a, kijan li konprann lanati lè l deklare : «Bondye konn bay men li pa konn separe. Men, gendelè lapwovidans konn fè kichòy pou yon moun san li pa t atann. Anpil bagay nan lavi gen rezondèt yo lè yo fèt. Gen mal pou byen, gen byen pou mal. Lavi a s on tabtounant, li pa janm sispann vire». Èske se pa yon fason pou naratè a di lèzòm pa gen pouvwa pou chwazi, se Bondye oubyen lapwovidans k ap deside tout bagay ? Lafwa ?

Wozana ak Oktak pran swen tipitit la jouk li vin gran. Li rele Òfeliz. Li entelijan anpil lekòl. Li fè moun yo renmen lavi pou jan l ap pwogrese nan tout sans. Se yo Òfeliz konnen kòm manman ak papa. Tipitit 13 lane a di paran l se doktè li vle devni. Koze sa domine moun yo ki pa t gen mwayen ekonomik. Men yo tèlman renmen l, yo pare pou yo fè tout sakrifis pou l vin doktè sa. Se konsa, yo te rive vann tè yo te genyen pou yo pran yon « boat people » ki rele Selavi pou chape poul yo pou peyi letranje.

« Boat people » la se yon seri bato moun te konn pran pa pil ak pa pakèt pou kite peyi yo al chache lavi sou tè letranje. Selon yon atik Doktè Laurent Dubois te pibliye nan lane 1998 ki rele : « Les réfugiés haïtiens et la politique d’immigration des Etats-Unis » nan jounal « Des Amériques Noires » nou jwenn sou sit entènèt www.persee.fr : « emigrasyon masiv popilasyon ki nan mizè an Ayiti a koumanse nan lane 70 yo, se te sou prezidan Janklod Divalye an Ayiti epi Richa Nikson pou Etazini. » Poukisa moun t ap kite peyi a konsa ? Jocelyn Mc Callan fè konnen nan yon lòt atik « Réfugiés haïtiens : le refus » ki pibliye sou menm sit la, se mizè ak vag represyon diktatè a t ap fè sou moun yo ki lakoz fenomèn sa.

Apre 13 jou sou lanmè a, lè moun yo prèske rive Miyami, bato Selavi koule. Nan 300 kretyen ki te vwayaje yo se sèlman 23 vivan yo jwenn epi 33 kadav pami yo Wozana ak Oktak. A 13 an, Òfeliz retwouve l sou yon teritwa etranje, san fanmi. Byen vit, Bondye mete 2 pwotektris sou chimen l: Dyela yon vyewo nan Etazini epi Polin youn nan reskape bato Selavi a. 2 moun yo trete tipitit la byen, yo pwoteje l, yo ankadre l jiskaske li vin doktè a. Li gen kay pa l, li marye. Nan epòk viris SIDA a t ap fè raj la, Òfeliz t ap travay nan lopital Jackson, se la li t a pral rankontre manman l sideyen (Moun ki gen maladi SIDA) kote l t ap pran swen l san l pa rive konnen sekrè ki kache nan istwa lavi l, avan Adèl mouri lè l fin okouran se devan pitit li te kite Vèrèt la li ye la… Se nan yon anbyans kè kontan otè a deside fini woman an.

Kiyès ki ka pèmèt li repete sanba Dede, vyerat nan literati, pa yon maton nan lang kreyòl la? Li gen yon jan li manyen mo yo, li tòde yo, li jwe ak yo jouk li fè yo bay lektè a yon sansasyon l ap li yon bèl bagay. Men tou, sa pa anpeche vèsyon liv sa mande redite paske tèks la pa sibi yon lekti fen, yon koreksyon asedekwa pou pèmèt anpil mo jwenn bon òtograf yo, ak kèk lòt erè tape (Yon pwoblèm ki soti bò kote editè a). Youn nan bagay nou ka soulve ankò nan ekriti woman sa, otè a pa sispann antre kèk estrikti fraz fransè nan lang kreyòl la (sa n ta ka rele entèferans estriktirèl) tankou: ‘’- Lavi se yon lit pèpetyèl, (Dòk la di.)’’ paj 131 ; ‘’… Ou ka di m plis sou sa dòk Òfeliz, (di Monik)’’, paj 137 ; ‘’Dayè Lafrik se manman lòm (kontinye dòk la)’’, paj 137. Èske lang kreyòl ayisyen an pa granmoun tèt li ? Èske fraz kreyòl yo pa gen pwòp estrikti pa yo ? Itilize estrikti fraz fransè yo nan lang kreyòl la, èske sa pa kreye yon pwoblèm nan evolisyon lang kreyòl la ?

Se vre Òfeliz se yon bèl istwa ki chaje bagay pou aprann sou epòk la, sou lasyans, sou relijyon, sou diskriminasyon ak sitiyasyon mizèrere ki t ap ravaje moun yo. Men, se yon woman tou ki ekri sou yon liy toudwat, ki fasil. Otè a pa bay posibilite pou w anvi konn sa k pral genyen apre yon sèn. San difikilte ou ka devine Òfeliz ap grandi byen - al lekòl - toujou loreya - vin medsen – marye - fè pitit. Angwo, nou ka di otè a gentan montre Òfeliz ap reyisi (nan chema tradisyonèl reyisit la.) ; Ou ka gentan konnen Dyela pral mouri; Konnen madanm doktè Òfeliz t ap pran swen nan lopital la se manman l… Apre epizòd bato Selavi koule a nou te ka konsidere kòm yon eleman deklanchè ki enteresan nan lekti a, nou pa vrèman remake peripesi pèsonaj prensipal la pase ; pa menm yon tèt fèmal. Tout bagay koule swa pou li, san pwoblèm. Pa vrèman gen entrig nan woman an... Malgre tout sa nou te ka genyen kòm dezakò ak woman sa, li rete yon liv ki merite li paske l prezante tablo yon epòk pèsonn pa fouti bliye nan listwa Ayiti.

Chrisvinan Joseph(Christo)




Articles connexes


Afficher plus [4416]