S'identifier Contact Avis
 
25° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video


28 oktòb : Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl



Lè nou pale de lang kreyòl, souvan anpil frè ak sè n yo wè otomatikman peyi Dayiti. Men, atansyon, se pa Ayiyi, Gwadloup, Matinik, Lareyinyon, Giyàn fransèz ki pale Kreyòl sèlman. Genyen plizyè varyasyon de lang kreyòl sou latè beni e si kreyòl pa Gwadloup, Matinik, Lareyinyon epi Giyàn sanble kouzen ak lang kreyòl pa nou an, gen lòt lang kreyòl ki pa ditou sonnen tankou pa nou an. Donk gen lòt kote nan mond lan moun yo pale yon kreyòl Ayisyen pap menm konprann.


Dayè, pou m di jou byen, kreyòl se tout nouvo lang ki te derive de kolizyon 2, 3 ou 4 lang diferan pandan kolonizasyon plizyè zile oubyen peyi nan Amerik la ak sou lòt kontinan pa gwo peyi an Ewòp yo de 15è a 19èm syèk. Anpil ekspè ta defini lang ak kilti kreyòl la tankou rezilta kolizyon lang ak kilti peyi Lafrik la ak lang e kilti peyi Lewòp yo.

Yo wè kreyòl kòm yon lang ki gen ladann yon pousantaj mo ak tèm ki se defòmasyon plizyè mo ak tèm nan lang peyi kolonizatè yo pa esklav ki pa t ka pwononse mo so yo byen, epi tou yon lòt pousantaj ki se mo nan lang peyi kote esklav yo sòti. Pa bliye malgre pifò esklav ki te sou koloni an Amerik yo se te Nwa ki te sòti sou kontinan Lafrik, yo pat sòti nan menm peyi ni peyi sa yo pa t pale menm lang. Donk, kreyòl la sanse se yon lang ki prete mo nan plizyè lang, men ki sitou domine pa lang peyi kolonizatè yo, kit li te Lafrans, Lespày, Angletè, Pòtigal oubyen lòt.

Se nan ane 1983 ke yo rekonèt ofisyèlman dat 28 oktòb la kòm Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl.

Men atansyon, se pa bwidsoukou an 1983 yo te pran desizyon sa. Se yon travay ki te kòmanse kèk ane avan. Premye pyon an te poze nan ane 1979 lè ke yon pakèt ekspè nan zafè lang ki sòti tout kote nan mond lan te reyini nan peyi Sechèl an Afrik epi òganize yon gwo woumble pou diskite e etidye diferan aspè lang kreyòl yo.

Palaswit, nan ane 1981, apre yon lòt brase lide ki te òganize pa Komite entènasyonal etid kreyòl la, kote tèm refleksyon an te: « Kreyòl, kreyativite nan mond kreyòl la », plizyè ekspè nan lang (lang kòm zouti kominikasyon) ki pale kreyòl (kreyòl antake lang manman yo) te deside chita pale epi gade ki mwayen yo ka itilize pou mete strikti ak fè pwomosyon lang kreyòl kòm yon lang tankou tout lang olye de yon patwa.

Dat ki te 28 oktòb 1981, pandan yon twazyèm woumble ki te fèt nan peyi Sent Lisi, ekspè nan zafè lang yo ki pale kreyòl te pran inisyativ pou kreye yon gwo mouvman ke yo te bay non Bannzil kreyòl. Se a pati de jou sa ekspè sa yo te chwazi pou kenbe dat 28 oktòb la paske nan peyi La Dominik, an 1982, yo te deja chwazi dat sa pou selebre yon « Jounen lang kreyòl ».

Nan menm ane 1982 sa tou, gouvènman nan peyi Sechèl (an Afrik) te konsakre tout yon semèn nan mwa oktòb la pou selebre lang ak kilti kreyòl. Nan menm ane 1982 sa, manm mouvman Bannzil kreyòl te ekri epi pibliye yon bilten chak 3 mwa ak anpil tèks pou bay jarèt ak inisyativ ka epi fè pwomosyon kreyòl kòm lang.

28 oktòb 1983 sou inisyativ mouvman Bannzil kreyòl la ak kolaborasyon kèk peyi, premye « Jounen entènasyonal lang kreyòl » te selebre vaykevay nan kèk peyi kote yo pale yon fòm de kreyòl. Men plis ane k ap pase, selebrasyon Jounen kreyòl nan dat 28 oktòb la vin ap plis popilè nan peyi ki pale kreyòl yo epi plis aktivite ki enteresan ak estriktire tankou konferans deba, jounen refleksyon, festival kreyòl, ekspozisyon, emisyon espesyal fèt nan jou sa. Gen kote ki konsakre tout yon semèn a selevrasyon sa e gen lòt peyi se tout mwa oktòb la.

Anplis Ayiti, Matinik, Giyàn Fransè, Gwadloup, Lareyinyon ki pale kreyòl, lang kreyòl pale tou nan peyi sa yo Kapvè, Sechèl, Sent Lisi, Ladominik, Il Moris, Kiraso, Awouba, Sirinam, nan eta Lwizyàn Ozetazini (ki se yon ansyen koloni peyi Lafrans) etc... men gen nan peyi sa yo ki bay kreyòl yo a non tankou dyalèk oubyen patwa. Konprann byen gen nan peyi sa yo, kreyòl pa yo a pa derive de lang fransè, men pito de lòt lang tankou anglè, espanyòl, pòtigè, etc...

Fòk mwen sinyale tou, nan kad selebrasyon lang ak kilti kreyòl la, an Ayiti lakay nou, gen kèk gwoup inivèsitè, kèk asosyasyon moun save ak kèk branch nan ministè Kilti ki fè sa yo kapab ak mwayen limite pou selebre mwa kreyòl ak jounen 28 oktòb la.

Antretan, pou fè wè oubyen paske chèn lesklavaj la toujou nan lespri nou, tout nòt de près, tout piblikasyon gouvènman ayisyen ap sòti toujou fèt nan lang fransè. Si se vre yo di peyi a gen 2 lang ofisyèl, leta an Ayiti jouska prezan ap pase lang manman ak papa n lan anba pye malgre pifò moun nan peyi an se sèl Kreyòl yo pale e konprann byen.

Kanta pou Akademi kreyòl ayisyen an menm, li gen anpil travay pou fè pou ede moun ki ap pale epi sitou sa ki ap ekri nan lang kreyòl la paske jouska prezan, gen anpil konfizyon ak kontwovès sou fason pou moun di anpil mo ou tèm ki ekziste nan lòt lang an kreyòl

Mingolove Romain




Articles connexes


Afficher plus [5132]