S'identifier Contact Avis
 
23° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Kowonaviris

Kowonaviris



Gen plizyè jan yon moun ka malad. Si n ap panse nan nivo biyochimik (reyaksyon chimik ki fèt nan èt vivan) gen de kòz andedan kò yon moun (kòz entèn, oswa faktè entèn) e gen de kòz an deyò kò a (faktè ekstèn) ki ka koze yon maladi. Pami faktè ekstèn yo gen bakteri ak viris. Bakteri se de ti èt vivan ki si telman piti, ou pa ka wè yo ak zye ou, ou bezwen yon aparèy ki rele mikroskòp pou wè yo byen. Nou pa p rete chita sou bakteri yo nan atik sa.

Viris yo menm, se de ti objè ki piti anpil tou, ou bezwen mikroskòp la pou ou wè yo tou. Men yo pa vivan yo menm. Yo se yon pil ak yon pakèt molekil ki makònen yo yon jan pou bay yon viris an patikilye. Pami kèk nan maladi viris bay, gen: maladi grip ki koze pa yon fanmi viris ki rele influenza, gen maladi SIDA ki koze pa viris VIH epi gen yon fanmi viris yo rele Kowonaviris ki bay de maladi ki afekte poumoun ak sistèm respiratwa yon moun pi mal pase jan grip yo fè li a.

Gen plizyè tip de kowonaviris. Gen o mwen kat diferan ki konn enfekte moun, e plizyè lòt ki enfekte bèt. Pafwa, sa kapab rive ke gen de kowonaviris ki soti nan zanimo epi ki al enfekte moun (sa pa rive souvan ditou). Kowonaviris ki ap fè ravaj sou planèt la a lè kile nouvo paske li pa koresponn a oken nan kowonaviris nou konen ki konn enfekte moun yo. Gen syantifik ki pans eke se nan zanimo li soti, men yo poko si de sa.

An nou esaye konprann yon ti kras plis sou viris sa:

Viris sa rele kowona paske lè ou gade li menm ak tout lòt kowonaviris yo nan mikroskòp yo sanble kòm si yo gen yon kouwòn sou tèt yo. Youn nan jan nou kapab imajine sa viris sa sanble, se sonje lè nou ap kwit diri, nou konn pike zonyon ak klou jiròf, klou jiròf sa yo ta vle parèt tankou yon kouwòn pou zonyon a. Lè syantifik yo gade kowonaviris la nan mikroskòp yo wè yon bagay won (tankou zonyon an) ki gen plizyè bagay ki tache sou li tankou yon bann ti pikan (tankou jiròf yo). Ti bagay sa yo ki tache sou li se de molekil espesyal ke yo rele pwoteyinn. Nan ka kowonaviris sa, syantifik ki pale angle yo rele yo “Spike protein” paske mo spike la nan angle vle di pikan. N ap wè ke mwen fè yon dessen pou nou de ki sa nou ta ka imajine kowonaviris la sanble. Tout ti “pikan” wouj yo se pwoteyinn “spike” yo. Men si nou swiv byen, nou ap wè ke yo tache sou pati won ke mwen desinen an gri a. Pati sa se yon pil ak yon pakèt pwoteyinn tou ke yo rele pwoteyinn anvlòp. Rezon ki fè yo rele li anvlòp la se paske li gen anpil lòt molekil enpòtan andedan li.

Premye imaj. A gòch nou genyen yon dessen de kowonaviris la, nou kapab wè pwoteyinn anvlòp la, epi ki gen sou li pwoteyinn spike yo. N ap wè ke imaj la ta vle raple nou yon zonyon ke nou pike klou jiròf ladann.

Yon ti parantèz: Andedan anvlòp la, youn nan molekil ki trè enpòtan yo se yon molekil ki gen infòmasyon sou ki jan pou ou kole atom youn ak lòt pou ou refè ni pwoteyinn spike yo, ni pwoteyinn anvlòp yo ak tout lòt molekil ki gen nan viris la. Molekil sa ki gen enfòmasyon sa rele ARN. Nou pa p rantre nan twòp detay pou ARN la paske sa ta dwe fèt nan yon lòt atik. Men fò k nou konen li enpòtan.

Konsekans egzistans pwoteyinn spike yo, se ke se gras a yo ke kowonaviris la kapab rantre andedan selil kò nou. Yo jwen ak de lòt molekil (n ap rele yo reseptè) sou selil nou yo, epi sa pèmèt yo louvri selil yo pou yo rantre andedan yo; se tankou spike yo sèvi yon kle, epi reseptè yo sèvi kadna sou selil yo. Spike yo pa ka aji sou nenpòt ki reseptè, menm jan tout kle pa ka louvri tout kadna.

Dezyèm imaj. Imaj la montre nou jan kowonaviris la itilize pwoteyinn spike li a pou li rantre andedan selil nou yo. Pwoteyinn spike yo jwen ak reseptè sou selil nou tankou yon kle ki ap louvri yon kadna.

Koulye a lè kowonaviris la finn rantre andedan nou, li lage ARN li a andedan selil nou yo. Pa bliye nou te di ke ARN la se yon molekil ki gen enfòmasyon sou ki jan pou ou kole pyese atom youn ak lòt pou refè tout pwoteyinn viris la. A kòz sa, pwòp selil pa nou yo vinn jwen enfòmasyon an, epi yo komanse fè pwoteyinn viris la. Selil nou yo vinn tounen tankou de ti izin ki ap fabrike plis kowonaviris andedan nou, e chak sa yo al antre andedan lòt selil toujou.

Konprann prensip ijyèn yo:

Pou kisa yo esplike ke youn nan jan ki pi bon pou ou pwoteje tèt ou ak lòt moun de kowonaviris se lave men ak dlo epi savon? Sa gen rapò ak pwoteyinn nou pale ki konpoze viris la. Pwoteyinn anvlòp kowonaviris la gen de pati ladan ki tankou molekil ki nan grès. Savon menm fèt ak de molekil ki gen e pati ki tankou molekil grès yo (n ap di pati sa “renmen” grès) e pati ki renmen dlo. Molekil ki sanble renmen makònen ansanm. Kidonk, lè ou lave men ou ak savon, pati ki “renmen” grès la al vlope ak pati anvlòp kowonaviris la, epi tou li defèt li. Lè ou rense men ou ak dlo, pati savon ki renmen dlo a tou makònen ak dlo a pou li tou ale ak kowonaviris li finn defèt la.

Twazyèm imaj. Sa se yon dessen ki montre ki jan molekil savon gen yon pati ki ka melanje ak grès, epi yon pati ki ka melanje ak dlo. Pati ki melanje ak grès la ede defèt pwoteyinn anvlòp Kowonaviris la, epi tou lè nou rense men nou, molekil dlo yo tou makònen ak pati ki renmen dlo a nan savon an pou li retire patikil kowonaviris ki finn defèt pa savon an.

Mwen gen yon ti videyo sou blog mwen an anps.space/kowonaviris ki ap montre nou pou kisa savon pèmèt ke dlo ak lwil ka melanje.

Kedy Edme,
Docteur en Chimie




Articles connexes


Afficher plus [3728]