S'identifier Contact Avis
 
27° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Ki jan lekòl an kreyòl ka delòk chenn mantal kolonyal k ap toufe peyi a ? Yon ti koze ak Michel DeGraff nan dat 26 jen 2020

Ki jan lekòl an kreyòl ka delòk chenn mantal kolonyal k ap toufe peyi a ? Yon ti koze ak Michel DeGraff nan dat 26 jen 2020



[Premye pati entèvyou a] Jacques Pierre : Èske w kapab di de twa ti mo sou pakou w pou w rive nan Massachusetts Institute of Technology (« MIT ») ?


Michel DeGraff : Mwen fè tout etid klasik mwen ann Ayiti nan Institution Saint-Louis de Gonzague (Enstitisyon Sen Lwi Gonzag). Mwen rantre Nouyòk an 1982. Se la mwen fè yon lisans nan enfòmatik ak matematik nan City College of New York. An 1985, mwen te jwenn yon travay kòm enfòmatisyen nan AT&T Bell Laboratories nan New Jersey. Se nan Bell Labs mwen vin dekouvri syans lengwistik nan rechèch ak yon gwoup enfòmatisyen ak lengwis ki t ap travay sou pwojè « entelijans atifisyèl ». Nan Bell Labs, mwen t ap travay nan yon laboratwa kote nou t ap devlope premye vèsyon lojisyèl ki ka konprann lang epi fè lekti tèks pou moun (tankou avèg) ki pa ka li tèks sa yo. Gras a travay sa a, m t ap pral dekouvri ki jan lang kreyòl la djanm menm jan ak tout lòt lang. Kon sa, mwen vin deside pwofonde konesans mwen nan enfòmatik ak lengwistik epi m al fè yon doktora nan University of Pennsylvania. Apre mwen pran doktora m an 1992, mwen fè yon estaj pòs-doktora pandan yon lane nan City University of New York. An 1993, mwen kite Nouyòk pou m al anseye nan University of Michigan nan vil Ann Arbor. Se an 1996 mwen vin jwenn opòtinite pou m vin anseye nan MIT nan Boston.

JP : Jounen jodi a, èske w wè gen anpil jefò k ap fèt ann Ayiti pou ti moun yo aprann an kreyòl ?

MD : Lè m te elèv lekòl nan Sen Lwi Gonzag, ti moun yo pa t gen dwa pale kreyòl nan lekòl la. Jounen jodi a, yo anseye lekti ak ekriti kreyòl nan Sen Lwi Gonzag. Sa vle di gen anpil jefò ki deja ap fèt pou lang kreyòl la rive jwenn plas ke l merite nan sistèm lekòl la. Epi tou, kounye a, gen egzamen sou lang kreyòl ak literati kreyòl pou elèv ki pral nan egzamen ofisyèl yo. Men, sa ki pa ko rive fèt se ansèyman sistematik tout matyè yo an kreyòl nan tout nivo. Se sa n bezwen pou yon sistèm lekòl kote tout ti moun ka jwenn opòtinite pou yo vreman aprann an kreyòl san grate tèt. Menm gen lekòl ki toujou ap bay pinisyon senbòl si anseyan yo tande kreyòl nan bouch ti moun yo. Ki donk, gen anpil travay ki dwe fèt toujou nan dosye sa a pou lang kreyòl la rive sèvi kòm sa dwa — kòm zouti ki endispansab pou ansèyman ak aprantisaj ki ka bay bèl rezilta selon tout avanse syantifik nan rechèch sou edikasyon ak lengwistik. Ann atandan, gen anpil edikatè, aktivis, atis, jèn gason ak jèn fi ki deja konprann enpòtans lang kreyòl la e ki klè sou kesyon an : itilizasyon lang kreyòl la enkontounab pou n mete Ayiti sou wout devlòpman san fòs kote.

JP : E ki jan Inisyativ MIT-Ayiti te koumanse ? Ki objektif li ?

MD : Monchè, konsènan orijin Inisyativ MIT-Ayiti a, mwen ka di w rasin yo pwofon anpil wi. Se depi nan anfans mwen ann Ayiti, rasin yo te kòmanse pouse — san m pa t menm konn sa. Mwen ka di w sa paske, lè m vin reyalize, pandan m ap travay kòm enfòmatisyen, ke kreyòl la se yon lang ki djanm tout bon menm jan ak lòt lang tankou franse, angle, panyòl, chinwa, e latriye, mwen te oblije analize pwòp biyografi pa m. Mwen te oblije mande tèt mwen ki rezon ki te fè m grandi nan yon fanmi e nan yon lekòl kote paran ak pwofesè, malgre yo te renmen n anpil, te vle fè nou tout kwè lang matènèl nou, lang nasyonal lan, se pa yon lang ! Se kon sa mwen te oblije vin analize pou ki sa te gen elèv lekòl, ata nan Sen Lwi Gonzag, ki te gen gòj pou yo pale byen fò lè yo t ap jwe foutbòl oswa oslè nan lakou bò lakay yo, epi se kòm si lang yo mare depi yo antre nan sal klas la. Se kon sa mwen te kòmanse konprann nesesite pou n elimine tout kalte vye prejije sa yo kont lang kreyòl la si n vle pou elèv lekòl yo, nan tout klas sosyal yo, aprann san kè kase e si n vle pou peyi a devlope tout bon. Wi, pou peyi a rive devlope, fòk nou sispann gaspiye entelijans ak kreyativite pifò nan popilasyon an.

Lè Goudougoudou te frape nan apremidi 12 janvye 2010, mwen te nan biwo m nan MIT epi se nan telefòn mwen t ap pale ak Pwofesè Yves Dejean (« Papa Iv ») ki te lakay li Pòtoprens. Nou t ap brase lide sou ki kalte chanjman ki nesesè pou n kite yon sistèm « lekòl tèt an ba » pou n antre nan yon sistèm « lekòl tèt an wo ». Apre Goudougoudou a, Papa Iv vin pibliye yon petisyon ki te mande pou n konsevwa yon nouvo sistèm lekòl ki pou bati ak « sab » peyi a e ak « siman » lang kreyòl la. Papa Iv te ankouraje m antre nan mouvman sa a tou. Se kon sa mwen te vin kontakte kolèg mwen nan MIT, Doktè Vijay Kumar nan Office for Educational Technology & Innovation (« Biwo pou teknoloji ak inovasyon nan edikasyon »), ansanm ak plizyè lòt kolèg nan MIT e ann Ayiti. Vijay se yon gran savan e yon gran lidè nan domenn edikasyon san baryè. Kounye a, se yon bon zanmi tou — youn nan pi bon zanmi m pami kolèg mwen yo nan MIT ansanm ak yon lòt bon zanmi ki se Pwòf Haynes Miller nan depatman matematik MIT k ap dirije Inisyativ la ansanm avè m. An patan, se gras ak lidèchip Vijay ke n vin lanse yon inisyativ kote nou menm nan MIT te kòmanse kole zepòl ak edikatè lidè ann Ayiti pou n rebati sistèm edikasyon an sou pi bon fondasyon — sou fondasyon ki byen chita ni nan syans edikasyon, ni nan teknoloji modèn, ni nan syans lengwistik. Se nan fondasyon syantifik sa yo nou jwenn « twa wòch dife » Inisyativ MIT-Ayiti : aprantisaj aktif, teknoloji, lang matènèl. Objektif prensipal la se kreye « yon lekòl tèt an wo » kote etidyan yo ka vin maton nan fabrikasyon pwòp konesans pa yo nan domenn syans ak matematik e nan tou lòt domenn konesans.

Epi tou, aktè prensipal nan siksè Inisyativ MIT-Ayiti se yon ekip solid anseyan (plis pase 250) k ap aplike prensip « twa wòch dife » a nan sal klas yo, epi nou te jwenn enspirasyon nan men ekip Lekòl Kominote Matènwa nan Lagonav. Fòk nou remèsye òganizasyon ki te vin antre nan yon konbit lajman laj pou lansman ak suivi sou inisyativ la : National Science Foundation oz Etazini ; FOKAL ak Open Society Foundations ; Inivèsite Leta d Ayiti ; Université Caraïbe ; Université Quisqueya ; École Supérieure d’Infotronique d’Haïti ; Université Notre Dame d’Haïti ; NATCOM ; Turbo System ; Otèl Le Plaza ; Anbasad Ameriken ann Ayiti ; Biwo Premye Minis ann Ayiti ; Ministè Edikasyon Nasyonal ; Fondasyon Wade ; Kanpis Henry Christophe, Inivèsite Leta d Ayiti, nan Limonad ; MIT Linguistics, MIT School of Humanties, Arts & Social Sciences, Open Learning ak Jameel World Education Lab (JWEL) nan MIT. Epi kounye a Kean University fèk antre nan konbit la tou.

JP : Pale nou sou pi gwo defi ou rankontre pou w rive fè Inisyativ MIT-Ayiti ateri ann Ayiti.

MD : Mwen panse pi gwo defi a se defi istorik, sikolojik e politik. Tradisyon oswa abitid sèvi ak lang franse nan sistèm lekòl ak sistèm administrasyon peyi a, sa se konsekans yon eritaj neyo kolonyal ki favorize prestij ak enterè lajan yon ti gwoup nan klas sosyal ki an wo nan sosyete a pandan pifò popilasyon an (moun « an ba » yo) vin bloke nan iyorans ak lamizè. Lide pou lang kreyòl la ta sèvi nan tout nivo ansèyman nan peyi a, sa genlè parèt kòm yon menas pou sila yo ki deja ap pwofite de sistèm lan. Pami « moun an wo » sa yo, genyen ladan ki genlè kwè yo gen lespri paske yo pale franse — menm si konesans yo wòwòt. Se kon sa lang franse a toujou ap toufe lespwa nou pou devlòpman peyi a.

Ki sa lang kreyòl la ka fè pou peyi a si n entegre l kòm sa dwa nan sistèm edikasyon an ? Sa ka kreye opòtinite kote tout pitit peyi a ava gen chans pou yo devlope konesans pa yo menm si yo grandi nan kominote kote pifò moun pale kreyòl sèlman. Nan esperyans pa mwen ann Ayiti, mwen santi gen anpil save ki ta prefere pou « pitit sòyèt » yo pa janm rive jwenn kalte konesans sa yo ke nou menm, pwofesè nan MIT, pataje ak etidyan pa nou yo. Yo souvan ap mande m : « Pou ki sa se an kreyòl Inisyativ MIT-Ayiti deside pataje materyèl syantifik sa yo ? Pou ki sa se pa an franse nou pataje materyèl sa yo ? » Ki sa kesyon sa yo vle di ? Nan analiz mwen, entelektyèl ak dirijan sa yo, nan klas sosyal ki an wo yo, ret kole nan prejije ki di lang kreyòl la se yon lang ki pa dwe sèvi nan lekòl ak inivèsite. Ki di donk se kòm ki dirè konpatriyòt nou yo ki sèlman pale kreyòl lakay yo e nan kominote yo, yo pa merite jwenn okenn mwayen pou yo reyisi nan lavi !

Gen moun ki konn ap mande m : « Men, pou ki sa ti moun Lagonav yo pa ka aprann franse alòs ke nou menm nan fanmi nou te rive aprann franse fasil ? » Sa se yon egzanp « wòch nan dlo ki pa konn doulè wòch nan solèy ». Moun nan klas « an wo » yo ki grandi nan fanmi kote paran yo pale franse (ki vle di se depi nan vant manman ti moun sa yo ap benyen nan franse), yo genlè pa rive konprann yon rezilta syantifik ki deja demontre ke yon ti moun ap gen anpil difikilte pou l rive metrize yon lang fen e byen si l pa grandi pami moun ki pale lang lan fen e byen. E poutan, gen yon reyalite tout moun nan peyi a dwe konnen : pifò ti moun ann Ayiti se nan yon grenn lang yo benyen depi yo nan vant manman e lang sa a se kreyòl. Se movèz fwa, rayisman ak egoyis ki fè swadizan « gran save » nou yo derefize konprann verite syantifik sa a.

Nan analiz mwen, youn nan rezon ki fè elit entelektyèl nou yo rejte verite syantifik sa a sou enpòtans lang kreyòl la se menm kalte rezon ki nan fondasyon ideyoloji sipremasi blan rasis estrèm dwat oz Etazini : rayisman sa yo baze sou goumen pou pouvwa kote gen ti gwoup ki toujou ap derefize pou opòtinite ekonomik ta vin pataje egal ego pami divès gwoup. Kòm ki dirè se toujou kèk grenn ti gwoupman moun ki deja nan klas sosyal an wo yo ki dwe pwofite de richès ki disponib yo. Ki fè diferans lang (franse kont kreyòl), menm jan ak diferans koulè po (po blan kont po nwa), vin sèvi kòm zouti pou klas an wo yo kenbe klas an ba yo nan « plas yo » an ba nèt nan echèl ekonomik e politik la.

Se la faktè sikolojik e sosyal yo vin makonnen ak faktè ekonomik. Sa se rasin gran defi sa a kont devlòpman yon sistem lekòl kote lang kreyòl la ta va louvri baryè lajman laj pou tout ti moun ka antre ak kè kontan sou wout konesans.

JP : Pou anpil moun, yon lekòl an kreyòl ta sanble vle di pa gen plas pou ti moun yo aprann franse. Ki dizon w sou sa ?

MD : Pawòl sa a ki di yon lekòl an kreyòl pa ta gen plas pou franse, sa se yon pawòl ki pa gen okenn fonnman syantifik. Syans lengwistik ak syans edikasyon deja montre nou lang matènèl ti moun yo se pi bon zouti pou yo aprann tout kalte matyè (lang ladan tou). Nan Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) kote ti moun yo aprann an kreyòl depi an patan, se menm ti moun sa yo ki vin renmen aprann franse — apre yo kòmanse metrize kòd ekri a an kreyòl. Apre ti moun sa yo tabli bon fondasyon pou lekti ak ekriti an kreyòl, yo kòmanse aprann franse kòm lang oral epi, ann apre, yo aprann lekti ak ekriti an franse. Sa se pi bon metòd la wi — paske se vokabilè oral ti moun yo ki ba yo pi bon baz pou yo aprann lekti ak ekriti. Se pou sa li enpòtan anpil pou yo aprann lekti ak ekriti nan lang matènèl pa yo an patan. Epi si yo bezwen aprann lekti ak ekriti nan yon dezèm lang, fòk yo aprann fè sa apre yo kòmanse bati vokabilè oral nan dezyèm lang sa a.

An tou ka, se lang matènèl ti moun yo ki se pi bon zouti pou yo vin maton nan fabrikasyon konesans pa yo nan matematik, syans, e latriye. Pa gen wout pa bwa nan dosye sa a non : rezilta syantifik yo demontre jan lang matènèl la se yon zouti ki enkontounab si n vle kreye yon lekòl tèt an wo ann Ayiti — ki vle di yon lekòl kote ti moun yo ka aprann tout bon vre, san yo pa ret bloke nan jako repèt san konprann nan yon lang yo pa pale.

Michel DeGraff (MIT Linguistics, Inisyativ MIT-Ayiti) & Jacques Pierre
(Duke University, Haiti Lab)




Articles connexes


Afficher plus [3862]