RTPacific Contact Avis
 
24° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Leson Fanm Ayisyèn bay jou 3 avril 2021 an

Leson Fanm Ayisyèn bay jou 3 avril 2021 an



3 avril sa a, se te yon gwo jounen evenman an Ayiti. Kote fanm te pran lari Pòtoprens, bradsou bradsa, pou revandike dwa yo, epi rele chalbarik dèyè move dirijan gouvènman ki p ap regle anyen nan peyi a. Rèl fanm sa yo sonnen pou desounen gwo potanta k ap grennen tenten sou do pèp la. Yonn te soutni lòt pou yo mache ansanm. Kèk gason, ki kòmanse konprann plas fanm nan sosyete a, te prezan bò kote fanm vanyan sa yo.

Bagay ki fè plis enpak sou mwen, nan mesaj jounen nasyonal lit pou dwa fanm yo te genyen, se te manman Ayisyèn sila yo ki t ap kenbe men ti pitit fi yo, pou montre yo mache pou yo goumen pou sa yo kwè. Lè m te wè timoun tifi ak pankat nan men yo, yon santiman m pa rekonèt te gonfle nan kè m, jis dlo vin ponpe nan je m. Mwen kòmanse rele : « Viv Fanm Ayisyèn ! Se ou ki toujou Potomitan ! Motè devlopman ! Ajan chanjman ! Menm si yo vle pèsiste pran w sèlman kòm manman madoulè, imaj lamizè ».

Sa gen kèk tan, depi tanzantan yon van chanjman ta vle vante sou Ayiti, san li poko ka soufle vre. Men se te toujou Timafi ki pou vante dife jis li pran. Si l pa gen chapo, se ak bouch, li vante l. Mwen di, ti van sa fanm Ayisyèn y ap vante la a, genlè se ta li k ap fè boukan dife a limen tout bon vre. Se toupatou sou latè, se sou do fanm lemond lan chita. Se menm jan bò isit la, se fanm Ayisyèn k ap gen fòs pou garanti Ayiti p ap peri.

Gen de fwa, tankou nan moman sa n ap viv la yo, ou ta di ti van demokrasi a genlè prèt pou sispann soufle, paske chalè fòs fènwa yo chofe atmosfè peyi a, pou l tounen yon lanfè. Se nan simaye latèrè, y ap ka jwenn rezilta yo ta renmen genyen an. Yo pa vle peyi a genyen moun ki pou pale : Sitwayen ak Sitwayèn ki pou kanpe goumen pou sa ki bon, epi mete men ansanm pou fè peyi a vanse sou chimen pwogrè ak lajistis.

Konsa, se pa makòn jèn moun leve al Chili. Ata gason kanson blije vole gagè. Pèsonn paka fache pou sa non — pa gen pi gwo byen pase lavi. Vire tounen nan peyi a, se san malad granmoun ap peri anba kriz kadjak. Yo bouke konte kadav pitit yo k ap tonbe tankou grenn lapli : kit yo gason oswa fi, gran oswa piti, polis oswa sivil. Kantite moun pèdi tèt yo afòs yo gen lapèrèz. Ki lè y ap pran yon bal gwo lajounen nan mitan lari ? Èske se kadejak anba kidnaping ? Menm sila ki degaje yo jwenn lajan pou soti nan plàn nan, yo konn pa chape.

Nan peyi a, te deja gen twòp fanmi ki lage nan lari, ki nan grangou. Adje ! Kounye a se kote kouvè ranje, moun pa gen apeti. Menm nan bèl kabann, yo pa gen dòmi. Andedan bèl kay, ou pa ta di se vèy ; pa gen lajwa. Menm gwo atis ap reflechi sou sa yo ta dwe di, paske pale ka vle di mouri. Epoutan, menm lè w ta chwazi pe, ou toujou ka pase... Bouch ka manje tout manje, li pa dwe pale tout pawòl ; menm pou ranse ak zanmi, alewè pou w ta chante pou piblik tande. Tout moun ap mande kote mouche Leta pase.

Dirijan gwo peyi yo te fè G-8. Se gade n gade sa pa bò isit yo vin ak yon lide ki ta nèf, paske yo di pèp la p ap sis. Èske mouche Leta kache oswa li te gentan federe ? Lè w sendike, ou sispann pale pou tèt ou. Se dirijan ki deside. Chèf la sèlman ki bay lavi ou lanmò. Epoutan, tout zak sa yo pa t anpeche jou 3 avril la pou fanm Ayisyèn yo te mache.

Fanm an Ayiti ap viv ak anpil tèt chaje, y ap soufri ak gwo estrės. Menm jan ak gason, yo pè bal mawon ak kidnaping. Pa pale pou kadejak. Fanm toujou ap kalkile. Ki kote lavi lakay prale ? Ki Ayiti y ap kite pou pitit yo demen ? Se nan ki peyi pitit fi yo pral grandi pou yo vin fanm tou yon jou ? Lè sa, ki kalite fanm y ap gen chans pou yo ta ye ? E pitit pitit yo ?

Fanm ki t ap mache yo, yo pa ni loray kale ni brave danje. Pou pwòptèt pa yo, tankou tout moun, yo pran frikat. Tout jan, se fanm ki toujou viktim an premye ; menm lè atoufè vle fè gason fremi. Men depi w di pa gen lavni, depi lavi pitit yo menase : fanm angaje, manman dedouble.

Jodi a, fanm yo konprann yon bagay. Si sa rive la, se paske granparan yo pa t montre manman ak papa yo kanpe goumen. Reflèks sa la depi lontan ; se te « jete w, sove po w ». Men jodi a, anpil pòt fèmen pou moun ak paspò Ayisyen. Pa gen wout pa bwa ankò.

Isit la nan lakou lakay, genyen anpil jèn fanm k ap batay pou yon diplòm, menm san garanti travay. Genyen tou sa ki te ale, men ki chwazi retounen vin devlope lakay pou konstwi peyi. Genyen plis fanm alèkile ki aprann konprann vrè plas yo nan sosyete a, avèk tout valè fòs yo tout bon. Menm si yo pa anpil nan lit la. Jodi a, fanm sa yo konprann se paske twòp paran te foure nan tèt tout timoun yo, pawòl politik piblik, zafè chanjman peyi : koze sa yo, sa pa pou yo.

Se konsa m kwè mwen vin pi byen konprann demach mennen tifi yo nan manif pou libere Ayiti a, pou goumen pou dwa pou fanm kanpe djanm nan tout sektè lavi nasyonal la. Se pandan yo tou piti a pou tifi yo aprann se goumen li ye, menm lè w pè pou sekirite w. Tout timoun ta dwe aprann leson sa. Fòk ou kwape baka anvan zèl li gentan fin pouse byen rèk. Si w kite l gentan fin mafreze, lè sa l ap twò ta. Menm si w ta vle fè ti kò w piti, menm si w ta dakò pou w di l bonjou, epi w ta aksepte rele l papa.

Men kijan mwen konprann laverite sou jenerasyon pa m nan, sila yo ki te fèt e ki grandi anba diktati divalyeris la. Yo te aprann nou pou n pe, sitou lè n pè ; menm anmweyyy yo te aprann nou pou n pa rele. Malgre sa, mwen te kòmanse enplike m nan politik depi anvan 1986, mwen potko gen 25 an. Konsa, mwen pile beton an nan anpil manifestasyon, epoutan m pa janm kenbe yon pankat nan men m. Jès sa pa t gen bèl figi. Jodi a, mwen vle bat bravo pou paran sila yo ki te oze mete yon pankat nan men ti pitit fi yo.

Genyen moun ki kesyone jès la, ki diskite sou kalite mesaj pankat yo. Epoutan, nou tout te wè kantite blan je vèt ki t ap leve pankat « Black Lives Matter ». Wi, chak manifestasyon charye yon kalite revandikasyon ; genyen menm kèk militan ki vin ak anpil lòt revandikasyon pou sektè pa yo. Men tout moun ka sipòte yon kòz, menm lè li pa konsène dirèkteman. Nou ta ka di : kòz paran, se kòz pitit li tou.

Timoun pa konn òganize manif. Timoun pa ta ka gen pankat pa yo. Li klè, se te nan yon lespri leve kanpe paran sa yo te aji, paske yo te ka gentan prepare pankat, jisteman, pou tifi yo te ka leve nan jounen espesyal pou dwa fanm Ayisyèn sa. Ki di fanm Ayisyèn, di tifi jodi se fanm demen.

E si fanm t ap fè pankat pou pote revandikasyon sa tifi yo mande ?

Egalite pou konble diferans sosyete a wè ant tigason ak tifi.

Pou tout paran elve tigason nan yon fason pou yo sa konnen reskonsabilite yo kòm gason epi kòm paran.

Pou edikatè yo montre tigason yo kenbe zip pantalon yo monte.

Pou sosyete a prepare tigason yo pou yo konpòte yo tankou patnè konsekan nan relasyon mennaj.

Elatriye...

Si m pa deside kanpe la, lis revandikasyon tifi ta ekri sou pankat p ap fini pou 3 jou. M pale nou, mezanmi... Mwen deja pare pou m kontwole kantite pankat pou dwa tifi, k ap nan manifestasyon fanm yo pral òganize lane pwochèn nan.

Se yon lonè pou m salye kouray paran konsekan sa yo ki, dapre mwen, kòmanse konprann tout dimansyon ki genyen nan koze edikasyon timoun yo, sa nou rele elevasyon nan kilti pa nou. Se Sitwayen ak Sitwayèn konsène, enplike, enfòme, e ki reskonsab Ayiti bezwen pou n prepare, ankadre e fòme pou yo ka byen sèvi lapatri.

M ap bat bravo pou fanm Ayisyèn k ap twansfòme sosyete nou an, jou apre jou. Annavan, medam ! Nou ta mèt tande loray gwonde, yo ta mèt tire kanno, pa gen vire gade. Se vant nou ki bay lavi. Lavni pitit nou, se nan men nou li ye paske doulè lavi jodi a, se nou k ap peye pri a.

Ayiti, se premye fanm Ayisyèn, premye manman anvan tout manman. Nou wè kantite trimen y ap fè l trimen. Konstitisyon 1987 la, se dezyèm fanm nan sosyete nou an, manman adoptif pèp la, madanm ki mètrès kay la oswa yon grann, yon matant, yon gran sè k ap voye je sou lòt timoun yo. Nou wè kòman y ap maltrete l. Jis kounye a, nou wè kijan yo soti pou bafwe lit fanm yo, kòman yo fè pawòl kwota fanm nan pase an griyen dan. Pou pwòp tèt pa l, chak grenn fanm Ayisyèn konnen tout kalite tribilasyon l pase, sou diferan fòm, kèlkeswa kondisyon sosyal li.

Leson Fanm Ayisyèn ki t ap mache nan jounen 3 avril 2021 sa yo te bay sosyete a, leson sa se pa nan mesaj pankat la li te ye. Mesaj pankat yo te ekri pou moun ki t ap li pankat yo. Men kèk leson paran sa yo t ap montre timoun yo, ti pitit fi yo :

Leve kanpe pou w revandike dwa w, menm lè w gen lapèrèz k ap trakase w paske w pè pran gaz, tonbe anba bal, manje prizon, sibi kadejak, elatriye....

Pèsonn pa p goumen pou ou. Si w pa nan batay la... pa gen moun ki ka ede w.

Goumen pou peyi w.

Kanpe pou w reklame dwa fanm yo.

Mache pou w defann Konstitisyon 1987 la.

Revandike dwa pou Pèp Ayisyen an viv ak diyite tankou moun dwe viv.

Kenbe lit la paske se Ayisyèn ak Ayisyen ki kapab libere Ayiti.

Mwen konprann leson an, medam. Mwen aprann li. Mwen di nou mèsi pou bèl modèl sa nou te trase pou sosyete a, nan gwo jounen istorik 3 avril 2021 sa.

Viv Fanm Peyi m ! Viv Fanm Ayisyèn !

Chantal Volcy Céant




Articles connexes


Afficher plus [4227]