S'identifier Contact Avis
 
33° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video
ANN REFONDE BAZ GOUVÈNANS PEYI D AYITI PREMYE PATI

ANN REFONDE BAZ GOUVÈNANS PEYI D AYITI PREMYE PATI








Depi lendependans li, peyi d Ayiti ap mache kriz politik sou kriz politik. Se sou baz sa Thomas Vanpouille nan yon atik li (in Le Figaro, 15 mai 2011) di “Premye repiblik nwa endepandan konnen de (2) syèk kawo politik. An efè, pou rive jodi a Ayiti pase 54 chèf leta ak omwen 61 prezidans. Pifò ladan yo kite pouwa a, swa sou menas tibilans politik, swa yo asasine yo sou pouvwa ou yo bay o koudeta senpman. Anplis de sa, peyi a konnen yon kokenchenn okipasyon amerikèn (1915-1934) ak plizyè mission entènasyonal soutyen ou de stabilizasyon ak mentyen lapè aprè 1e eleksyon demokratik li an 1991. Jounen jodi a, Ayiti a anba yon gwo menas enstabilite politik ankò, gwo troub sosyal, ekonomik, ak gwo pwoblèm enskirite melanje ak pwoblèm koripsyon. Pi fò Ayisyen ki abite ann Ayiti yo poze kesyon sou fason y ap viv nan peyi a ki jan j ap viv nan peyi manifete enkyeti opwen ke anpil di syo bouke ak peyi a. Ki sa ki lakòz peyi a kon sa? Ki sa ki ka fèt pou chanje sa? Se kesyon sa yo nou eseye reponn nan atik sa.

1. Ayiti yon pwojè ki te pwomèt anpil

Tout epesyalis nan kesyon listwa ak syans politik rekonèt revolizyon esklav nwa yo te fè ann Ayiti a, gen de syèk plis yon ka syèk de sa, se yon evènman eksepsyonèl pou plizyè rezon. Prensipal rezon yo se : Premyèman, se te yon batay David kont Golyat. Lame endigèn d Ayiti a pa t reprezante anyen devan lame fransèz ki te lame ki te pi puisan lame nan mond lan nan epòk la. Men lame endigèn nan rive genyeyen batay la; Dezyèman, se premye soulèvman esklav ki abouti ak yon viktwa e pwoklamasyon endepandans sou planet la. Twazyèmman, se premye repiblik nwa ki vin endepandan nan mond lan. Se pou sa, yo kalifye evènman sa de yon “ epope (épopée)”. Kòm Jérôme Gautheret di, nan yon atik li ki te parèt nan jounal “Le Monde”, an janvye 2010, revolisyon kont sistèm esklavajis la ki te fèt ann Ayiti a te fè peyi sa parèt kòm yon pwomès pou limanite (Se nou nou ki tradui l konsa de fransè a kreyòl). Limanite tout antyè, te wè nan peyi sa yon ezpwa pou tabli dwa moun toutbonvre, libète ak vrè egalite ant lèzòm toupatou sou latè. Sa vle di Ayiti te ka sèvi yon bon modèl, non sèlman pou trase wout libète pou lòt peyi, men tou, pou montre kelkeswa ras la, moun yo gen kapasite pou yo òganize yo, pou yo dirije tèt yo, e pou yo asire byènèt yo.

Lè Ayiti te pran endepandans li, tout pati teritwa l te kontwole a te rele refij pou chache libète. Desalin, premye prezidan peyi a te envite : “Tout moun toupatou sou latè ki santi yo pèsekite, swa pou lafwa yo oubyen pou etni ou ras yo soti, oubyen moun ki sou jouk lesklavaj, vin pran refij nan peyi d Ayiti”. Larepiblik d Ayiti te menm prevwa yon prim pou tout kapitèn bato ki transpòte sou bout tè peyi d Ayiti, yon moun k ap fui lesklavaj. Ayiti te vin yon gwo lidè sou planet la nan kesyon libere lòt pèp anba jouk lesklavaj ak lòt fòm opresyon. Kòm ezanp, nou ka site:

(1) An 1812, gwo lidè armerik latin nan, ki te rele Simon Bolivar la, kouri vin pran egzil, pou yon dezyem fwa ann Ayiti. Li tou mande prezidan Petyon konkou Ayisyen pou l al libere peyi l Venezyela anba lesklavaj. Prezidan Petyon te reponn positivman a demann Boliva a. Li ba l zam, minisyon, lajan ak gason pou al batay ak li pou sa. Men yon sèl kondisyon prezidan Petyon te ba li. Li di l : “Libere sou wout ou tout lòt pèp nan amerik latin nan ki anba jouk lesklavaj” . San n pa bliye efò Tousen Louvèti, chef esklav nwa yo nan Sendomeng an 1899 pou l te ede libere Venezyela anba dominayson esclabagis, ni tou soutyen sou Desalin an 1806 a Fransisko de Miranda pou menm kòz la, soutyen militè, lojistik ak finanyse prezidan Petyon te ba Simon Boliva a fè Ayiti se peyi ki a lorijin endepandans pifò peyi ispanofòb ki nan amerik latin nan ;

(2) Chèf politik Ladominikani ki te rele José Nunez de Cacérès ak lòt revolisyonè ankò,vè lane 1920 yo mande Prezidan Jean Pyè Bwaye konkou kont menas peyi yo te genyen sou zafè lesklavaj. Prezidan Jean Pyè Bwaye te reponn prezan e lame espanyòl, bat ba, li fè bak sou entansyon l lan. Malerezman, èd sa peyi d Ayiti te pote bay peyi ki pi pwòch vwazen lan, tounen yon pyè d achòpman ant de peyi yo. Opwen ke an 1937 ant 20 a 30 mil Ayisyen masakre nan peyi Ladominikani sou pretèks peyi d Ayiti te anvayi peyi yo sou prezidan Bwaye. Reyaksyonè dominiken kache pèp dominiken an dokiman istorik e ofisyèl ki bay tout laverite sou zafè sa a, pou yo te ka simaye jèm lahèn dominiken pou Ayisyen. E yo reyisi fè l sa. Alòske se lidè politik dominiken yo menm ki te mande èd peyi d Ayiti pou sekirite yo.

(3) Kek lane sèlman aprè l fin endepandan, Ayiti soutni moralman e politikman mouvman endepandans peyi Lagrès ke anpi Otoman an t ap toupizi. Ta sanble, Ayiti te menm voye solda ak soutyen ekonomik li jis Lagrès pou al soutni batay pou endepandans peyi sa a. Men nou pa gen ase prèv pou n di sa se te toutbon vre. Yon sèl bagay, Ayiti te premye peyi ki te rekonèt ofisyèlman endepandans peyi Lagrès la an 1822. Men sa Prezidan Jan Pyè Bwaye te ekri (15 janvye 1922) kòm repons li te voye bay yon lèt yon gwoup aktivis revolisyonè Grèk ki te ann exil an Frans ki te ekri l (nou kite l nan lang franse) :

« Avant de recevoir votre lettre de Paris datée du 20 août dernier, la nouvelle de la révolution de vos concitoyens contre le despotisme qui durait depuis environ trois siècles était déjà arrivée ici. Nous avons appris avec un grand enthousiasme que Hellas était finalement obligée de prendre dans le but de gagner sa liberté et la position qu’elle occupait jadis parmi les nations du monde. Un cas aussi beau et juste, et surtout les premiers succès qui l’ont accompagné, ne peuvent laisser les Haïtiens indifférents, car nous, comme les Hellenes ont longtemps été soumis à un esclavage déshonorant et ont finalement brisé la tête de la tyrannie avec nos propres chaînes.

Vouloir aux cieux pour protéger les descendants de Leonidas, nous avons pensé assister ces braves guerriers, sinon avec des forces militaires et des munitions, du moins avec de l’argent, ce qui sera utile pour l’acquisition d’armes à feu, ce dont vous avez besoin ….., Citoyens! Transmettez à vos compatriotes les vœux chaleureux du peuple haïtien au nom de votre liberation, …..».

(4) An 1930 Ayiti se te sèl peyi sou latè ki te pran pozisyon fèm nan Sosyete dè Nasyon (SDN) kont envasyon Letyopi pa wayom Itali a ki t ap dirije pa Benito Amilcare Andrea Mussolini, premye minis nan epòk sa. Fas a entrajijans gwo peyi ki t ap soutni Itali nan demach pou l fann pak an pak Letyopi a Diplomat Ayisyen ki te reprezante peyi a nan SDN, Ekselans Anbasadè Alfred Nemours, te pwononse yon gwo pawòl lè l te di : “que vous soyez grand ou petit, fort ou faible, éloigné ou proche, noir ou blanc, craignez d’être un jour l’Éthiopie de quelqu’un”.

(5) Pi prè nou, pandan dezyeme gè mondyal la Ayiti se youn nan premye peyi ki deklare lagè a Lalmay. 12 septanm 1941, lè Ayiti fè deklarasyion li antre an gè kont Lalmay ak Litali a, Itlè reyini gwo konsèy militè l pou konnen ki jan pou l reponn. Lè l gade sou kat mondyal la li wè Ayiti, li di : “Se ti pousyè peyi sa ki declare m lagè a. Li pa menm yon dan”.

(6) Nan dat kit e 17 me 1949 ekselans Anbasadè Émile St-Lot, reprezantan Ayiti nan Òganization Nasyonzini (ONU) bloke yon rezolisyon ki te prevwa pou divize an miyèt Lalibi, lè l vote kont rezolisyon sa a. Ayiti montre li kanpe ankwa kon lopresyon gwo puisans kon ti peyi ki san defans lè l pran pozisyon sa pou lendepandans la.

(7) Vè lane 1960, entèlektyè Ayisyen debake ann Afrik pou y al sipòte frè yo nan estriktirasyon peyi yo aprè lendepandans yo. Gen menm nan yo ak pitit ki vin menm minis nan peyi sa yo. Sètènman, gen anpil ladan yo, se kouri yo t ap kouri pour rejim Divalye a.

Anpalan de Ayiti, nan dat ki te 21 septanm 2016 la, Christo Merisma ak Hamidou Bah ekri nan jounal “Le Point Afrique” (Nou site an fransè) : “Haïti a non seulement lutté pour l'abolition de l'esclavage, mais aussi contre les injustices faites dans les autres pays du monde. La perle des Antilles s'est alors érigée en pays libérateur et solidaire des peuples opprimés” Se vre, Ayiti batay anpil pou libète nan lemond e li enspire anpil teyori sou libète ak dwa moun. Malerezman, Ayiti fè bak de jou an jou e pwomès inivèsèl li te reprezante a, pa fè prèv li. Nan kesyon politik enteryè l, ekonomi l, edikayon l ak lòt ankò, depi 215 zan endependans li an, peyi d Ayiti ap penpenen. Tout lòt peyi kite l dèyè kamyonèt la. Ayiti vin pa men ka jere relasyon istorik ak peyi li te ede pran libète yo. E anndan lakay li kesyon libète ak dwa moun fè anpil bak.

2. Rezon echèk pwojè Ayiti a

Ki rezon ki fè bèl pwojè peyi d Áyiti a echwe? Anpil moun plis pale de kòz ekstèn. Yo entèprete ki baz pwoblèm Ayiti ta pito yon konplo entènasyonal kont li pou endepandans li ak sa sav le di pou gwo enterè ak ideyoloji gwo peyi yo. Nou, nou kwe ke kòz yo pito entèn ke yo ekstyèn. Paske, pou nou, ayisyen tankou tout lòt nasyon gen sèvo pou l idantifye detèman kòz yo e pran dispozisyon pou batay kont yo, menm si yo pa ta sa nou ta rele ‘otodwayv’ poun itilize yon anglisism. Men, sou baz teyori ke prezan gen anndan l gèm pase e postila genetic ak detèminis ki di yon aksyon ka devni yon fòs otonòm ki resikle tèt li e ki kontinye pwodui efè lontan apre, fè nou kanmenm panse ke pwoblèm ekstèn yo ta ka konsidere kòm rasin mal ayisyen an. Anteryorite kòz ekstèn yo pa rapò a kòz entèn yo ta ka vle di tou ke kòz entèn yo, ki parèt pi vizib yo, se konsekans dirèk, an tou ou an pati, de koz ekstèn ki kache nan yon flou ke le tan ak listwa kache. Nan sans sa, koz entènasyonal yo t ap parèt kòm prensipal pwoblèm yo ou gen yon plas enpòtan an nan resilta a nou wè a. Paske anteryorite yo, ba yo avantaj pou yo estriktire eleman ki pral konstitiye kòz entèn yo. E, li vin fonn nan anviwonnman an, li difisil pou wè sa. Menm si sa ta laverite, pi gwo kesyon se ki sa ki fèt o nivo entèn pou adrese pwoblèm yo? Se vre gen yon pwovèb ayisyen ki di: “Konplo pi fò pase wanga”, men eske gen èfò entèn ki fèt ak tout nanm ayisen an, men sa pa pèmet yo adrese pwoblèm yo?

a) Koz ekstèn

Prensipal koz ekstèn yo toujou avanse baze sou yon logic konplo entènasyonal pou entere gran puisans yo. Pou n reprann pwòp pawòl istorien afroameriken Rayford W. Logan (London, 1968) lendepandans peyi d Ayiti se te : « une anomalie, une menace et un défi ». Annefè lendepandans peyi d Ayiti se yon anomali e se te yon menas tou pou plizyè rezon. Premyèman, li ta pral remete an kesyon yon dividal ideyologi sou kesyon ras ak espirityalite mond la. Dezyèman, li te riske braze lòd ekonomik mondyal la, an patikilyeekonomi kapitalis la ou ewopeyen an ki te tabli sou yon mòd d explwatsyon esklavajis. Paske te rete yon dividal peyi ak teritwa ki te toujou sou jouk lesklavaj nan mond lan. Nou ka site pami yo: Lamatinik, Laguadloup, Brezil, Pòtoriko, Lababad, Trinidad, Lajamayik, Kiba, Ladominik, Ondiras, nan Etazini tankou nan Niyouyòleyan, nan Viginya, nan Filadèlfi, nan tout peyi Lafrik yo sof Letyopi, nan kèk peyi lazi ak Arabi e menm ann Ewòp kòm se te ka Lagrès. Revolisyon ayisyèn se te tankou yon gwo bonm ki t ap menas lòd ekonomik kapitalis mondyal la. Li te ka sèvi kòm sa yo rele leitmotiv la sav le di gaz nan mote pou soulèvman kont lesklavaj toupatou sou latè.

Pwofesè Weibert Arthus ekri sa nou nou pral li la sou kesyon an, (an lang franse): “Du fait même de sa création par des anciens esclaves et de l'idéal qu'elle a projeté dans les imaginaires notamment au début du 19ème siècle, la première république noire a été considérée comme une menace pour les négriers et les racistes ; un 'mauvais exemple' pour le système politico-économique international établi sur la colonisation et l'esclavage. Haïti a montré que l'esclava- ge n'était pas une normalité et que les noirs pouvaient disposer d'eux- mêmes” . Nou ka konprann nan yon logik aktè ekonomik entènasyonal rasyonèl, ki chita sou endividyalis ekonomik, ke sou dwa moun, dayè pawòl dwa moun, jan nou konnen l jounen Jodi a potko egziste menm, aktè ekonomik yo itilize mwayen presyon sistèm politik yo bay yo pou yo aji sou menas endepandans e reyisit revolisyon ayisyèn nan reprezante pou enterè yo.

Men nou p ap neglije konsidere, kòm koz ekstèn yo tou, gwo lajan peyi d Ayiti te oblije peye Lafrans, swa 90,000 milyon, ki gen vale jodi a de venteyen milya dola ameriken (+21,000,000,000 $US ou +17,000,000,000 EU) pou lendepandans li te ka rekonèt onivo entènasyonal. Malgre sa, gran peyi yo te kontinye boykòte Ayiti nan kesyon komès ak relasyon entenasyonal e fè presyon sou lòt ti peyi pou yo pa gen relasyon ak Ayiti. Se sak fè malgre Ayiti te sipote Boliva pout e libere Venezyela ak lòt peyi amerik latin yo, lè l t ap fè konferans panama a an 1826, li pa t envite Ayiti. Bykòk sou sèn entènasyonal la se te yon taktik ki mete Ayiti nan yon eta d espri distraksyon pèmanan, kote Ayiti toujou ap pedi tan l nan pran pozisyon anti esklavajis anti kolonyalis, alòske li ta sipoze konsantre l sou zafè òganizasyon entèn li. Nou pa pa konsidere konsantrasyon Ayiti kòm initil, dayè sa te sipoze fè Ayiti kreye pwòp rezo patenè pa l fas a boykòt gran puisans yo nan epòk la. Petyon te konprann sa nan soutyen li bay pou te libere amerik latin nan. Malgre nou konn sa k te pase pou kongrè Panama an 1826, nan konferans Panama a. Kesyon estrateji distraksyon gwo ekriven ameriken an Nahoam Chomsky ap pale a kòm mwayen poufè moun pa konsanytre yo sou bagay ki ta dwe enpòtan pou yo a se pa jounen jodi a y ap esperimante l.

Nan sans sa, nous ta ka konsidere provrete ak sitizasyon mizere ki gen ann Ayiti a kòm pri sakrifis li fè pou gaye libète nan lemond. E menm peyi li te kanpe ankwa devan l yo, ki di yo se chanpyon, nan kesyon dwa moun ta dwe kontan jounen jodia pou wòl Ayiti te jwe nan zafè sa. E yo ta sipoze ba l bourad pou l soti nan sitiyasyon lawont li ye la.

b) Koz entèn yo

Mòd goubènans peyi a :

Jérôme Gautheret, nan atik li a nou site pi wo a, fè remake ( nou tradui de lang franse an lang kreyòl) : “Peyi sa ki te rele Pèl dè zantiy la, gen yon litani trajedi, sou fon tansyon sosyal ak kris politik ki pase ladan l”. Se vre, Ayiti gen kèk gwo risk natirèl ki kontribiye a kèk trajedi ki pase ladan l se kesyon politi ki reskonsab key o fè tout dega sa yo. Men pi gwo trajedi peyi a chita nan enstabilite politik li ak mòd gouvènans li genyen an depi lontan. Nanpwen peyi sou late ki rive pwogrese san lidè l yo pa gen visyon, yon visyon ki tradui nan yon estrategi, yon estrateji ki ekzekite ak mwayen ki mobilizab e tou avèk lòd ak disiplin. Nou pa vle tire konklizyon rapid sou kesyon sa kounye a. Men ta sanble vrè ke gen anpil pwoblèm nan sans sa a nan peyi d Àyiti.

Atitid ak konpotman ayisyen an li menm :

Yon dezyem ekip lòt bagay yo avanse kòm kòz entèn pwoblem Ayiti genyen yo se kesyon atitid ak konpòtman Ayisyen menm sou zafè peyi l ak tèt li. Enpresyon pa nou, anpil nan atitid ak konpòtman sa yo se rezilta yon dividal faktè, tankou konstwi sosyal, mank atitid kritik e pragmatik fas à lavi, epi risk anviwonmantal. Sistèm esklavajis la kite yo mòd Ayisyen ki ekstrememan konplekse. Ayisyen an pèmanans toujou ap chache eksprime siperyorite l sou lòt la. Ensult ki pi fasil ki pou soti nan bouch yon Ayisyen se pou l di w : “Ou wè m kamarad ou”? yon lòt bagay, sistèm lekòl ayisyen an fè li toujou pè fè erè. Ki donk, Ayisyen pè moun dekouvri li pa konnen yon bagay. Se sa ki fè anpil Ayisyen parèt ekstrememan negatif nan kesyon pran inisyativ, sitou nèg ki swadizan fè gwo klas; twazyèm bagay, Ayisyen devni de mwens an mwens solidè youn ak lòt e pa twò enterese ak zafè peyi l. Epitou, youn pè lòt, sa vle di youn pa fè lòt konfyans. Epi, tèlman pa gen moral nan peyi a, kounya, tout moun sou kou. Se pa san rezon ke gen tout kantite koudeda sa yo ki pase nan peyi a. Tout moun gen foli parèt chef, sa vle di youn pa kamarad lòt la, alòske sou pouvwa sa ta sipoze vle di ke se yon sèvitè moun nan ye. Sa ki menen n nan yon lòt konsiderasyon, ki se yon konlèks zwazo vwayagè ke n ap esplike pi lwen. Kòm nanm li se Ayiti l plante, lè l lòt kote li pa ka rete, fò l tounen. Men lè l tounen, li pa ka rete ankò, fò ale ankò. Yon aleretou ki pa janm fini. Ann rete la sou aspè endividyèl ke nou konsidere ki kontribiye a echèk pwomèAyiti a. Kounye a ann gade enstitisyon nou yo. Ann pran sèlman twa ladan yo.

Sosyete espirityel nan peyi a:

Sosyete espirityèl se sa ki bati nanm yo peyi e se li tou ki bay premye direksyon peyi, paske se li ki alabaz disiplin, lòd et ki tabli rèv moun yo anndan sosyete a. Kòman w konprann yon legliz ki fokalize sèlman sou dyab dyab, dyab, bondye, bondye, bondye, Mari, Mari, Mari, Jezi, Jezi, Jezi. Yon seri sosyete sekrèt ki konsantre sou poud, poud, poud, limyè, limyè, limyè, alòsk yo ta sipoze nanm devlopman total lòm ayisyen an pa gen reskonsablite nan echèk peyi a. Legliz la ta sipoze motè moral e soyal tout devlopman sosyete a. Tout dirijan ki pase nan peyi a e sa ki la yo, alò yo pa manm yon asanble espirityèl? Ki jan k fè nèg yo ap fè debòch konsa nan jesyon afè peyi a? Atò se konnen papa espirityèl yo pa konnen? Oubyen, sa k ap pase a aranje yo?

Nou byen kontan jiska prezan legliz katolik se li ki gen pi bon lekòl nan peyi. Apa sa, ki sa kòm sosyal legliz katolik fè ankò nan peyi a pou bay sosyete a fòm. Sa pa vle di nou dakò ak mòd ledikasyon y ap bay nan lekòl yo non. Men, jiskaprezan, se yo k pi bon. Legliz la sipoze kontinyè fè bagay pou l di mòd leta nou genyen an men modèl, se konsa pèp la vle w fè bagay yo.Yon lòt bagay, san nou pas choute sou pwotestan. Lè yon pastè di w, sa k te fèt Bwa Ka Yiman an se bagay dyab li ye, se pa di li di fòk nou te toujou rete anba jouk lesklavaj. Enben si se bagay dyab li ye, li pa t bon e nou pa ka konstui sou li wi. Nèg la rete li di w jènn toutan an, e nan jèn nan fò w jwenn pou pote ba y. Enben ki sa l di w la ? Se pa di li di w fò w toujou rete mizerab, e ou pa bezwen fè okenn efò, se bondye sèlman ki pou sove ? Dayè, li di w lè bondye pral sove w la se pa sou latè sa w ap ye, se nan syèl ou pral byenere. Alò tout bagay k ap fèt sou tè sa a pa dwe enterese w. Ki jan w, konpran Pastè Jèn nou konnen an, youn nan pi gwo papa levanjil nan peyi d Ayiti, pou n pa di pigwo a, yon nèg lè l pale ou santi se yon gason k ap pale, e li pale swa, l al nan eleksyon, li pa fè menm 1%, alòske pwotestan reprezante plis pase 52% nan sosyete ayisyèn nan. Sa k fè sa? Nou konn repons lan deja.

E sosyete sekrèt ougan ak bòkò nan peyi a yo pa ta sipoze baz lòd ak disiplin nan peyi a? Sa m pa verifye l, men ki jan yon nèg fè pral ka bòkò pou li pral pran pwen pou l al vòlò pou yo pa janm kenbe l ou byen pou l ap mache tiye moun epi li menm pou l pa ka pran bal. Kòman bòkò fè ap bay pwen pou detounen ou detui moun k ap fè efò pou l viv. Eske se sèvis bòkò a rann peyi l? Pou kisa ou pa ba l pwen pito pou l vin entèlijan pou l ap kreye yon pakèt bagay k ap itil peyi a? Sosyete sekrèt peyi a, pou ki sa yo pa yo pa jwe jon wòl sosyal an koulis pou yo fòse nèg k ap dirije yo pran men yo?

Nou gen twòp nèg serye nan legliz, katolik, nan legliz pwotestan, nan vodou, ak nan tout lòt kalite sosyète peyi d Ayiti genyen yo pou yo pa fòse gwoup sa yo pran la pran angajman sosyal yo pou ede pèp ayisyen an soti nan twou li ye a.

Inivèsite peyi a:

Yon inivèsite alagraba. Li konsa se pa paske l pa gen moun fò ladan l non. Men li konsa paske menm sendròm nou te mansyone pi wo yo travèse l. Nou konnen inivèsite a la pou fè fòmasyon, pou l fè rechèch e pou l rann sèvis a la kominote. Nan domèn konpetans, konesans kapasite li bay etidyan ki soti anndan l yo pou yo apwoche objè d etid li m pa gen twò gwo pwoblèm lè n konpare yo ak etidyan ki soti nan gwo peyi e tou lajan ki envesti nan fòmasyon an. Sa pa vle di nou dakò jan inivèsite a ap fonksyone ann Ayiti e jan l ap fome ti moun nou yo li bon. Men, nou rekonèt anpil moun ki soti ladan l, ki fini etid yo, fè tout travay pou yo te fè epi yo remèt yo diplòm yo, yo pa sòt pase sa. Men ann gade lòt wòl inivèsite a genyen yo. Ann serye apa ti travay rechèch etidyan yo fè pou yo ka jwenn diplòm yo, ki sa inivèsite ann Ayiti fè kòm rechèch pou pèmèt operatè ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo aji sou pwoblèm fondamental peyi a? Men se pa fòt inivèsite a non. Le w gade resous inivèsite ann Ayiti gen aladispozisyon l jan l mizerab kòman pou yo ta ka fè envesti nan rechech ak sèvis sosyal? Inivèsite leta a ki pi gwo inivèsite nan peyi a konbyen kòb ou ta konprann leta mete aladispozizyon pou l fonksyone an 2019? Montan se 2.25 mlya goud (swa 27,472,527, 47 USD – Konvèti sou baz pri d acha dola swa 91 goud pou yon dolà). Ann konsidere inivèsite leta gen 31,000 etidyan jan Rektè inivesite leta a mesye Fritz Deshommes, di l la ( Pou plis enfòmasyon gade atik ki parèt sou plim Wisly Bernard Jean-Baptiste ki parèt nan jounal “Le National” – Vantredi 18 – Lendi 21 janvye 2019). Sa reprezante 886.21 $ us inivèsite gen aladisposisyon l pou l envesti nan chak etidyan. Alòske rektè a esplike kout moyen yon etidyan atravè lemond se 4160 $us. Li ye wi. Nan sans, yon inivèsite k ap koupe pyese, koman pou l envesti nam li nan rechèch ak sèvis sosyal? Tout sa gen enpak sou jan peyi a ye jounen jodi a.

Men sa pa vle di nou dedouane inivèsite a non de wòl kritik li ta ta sipoze jwe nan zafè peyi a, pami yo politik gouvènmantal la. Men, nou pa vle di, menm jan sa te konn fèt, pou inivèsite tounen pati politik, ni pou nèg ap itilize etidyan kòm machpye pou yo vin okipe gwo pòs politik non. Men, gen bagay ki ka fèt. Pa egzanp, atravè konferans rektè inivèsite yo, yo ta ka kreye yon kanal kominikasyon ki bay pozisyon kritik inivèsite a sou politik gouvènman, sou travay palman, sou kesyon jistis nan peyi a, sou kesyon ensekirite nan peyi a, sou travay kominote entènasyonal la nan oeyi a, e menm sou vye diskou yon seri fò ekspè ap fè sikile sou Ayiti nan kominote entènasyonal la. M panse sa se yon ti bagay inivèsite yo te ka fè pami anpil lòt. Ann imajinatif e ann panse kòman inivèsite ann Ayiti ka yon veritab motè chanjman sosyal e non chimerizasyon sosyal.

Yon pakèt antrepriz, yon pakèt oganizasyon ki nan peyi a ka pote kole. Pa egzanp menm jan m wè yo fè l nan yon pwogram, pou kisa enstitisyon yo pa kreye yon sistèm estaj pou etidyan ak pou teksnisyen, pou pèmèt yo gen esperyans e devlope konesans k ap itil peyi a. Pou ki sa òganizasyon entènasyonal yo k ap travay ann Ayiti se toujou swadizan ekspè entènayonal y ap fè vini pou vin fè rechèch ak evalyasyon pou yo. Alòske nou gen yon bann ak yon pakèt ekspè ann Ayiti, ki petèt pifò ke say o bay fè travay la e ki t ap bay pi bon rezilta? Men tou, se paske inivèsite a pa jwe wòl granmoun li atravè esntitisyon leta peyi a ki konsène yo. Koman yon nèg fè rantre ap vin fè rechech nan peyi a, l ap sikile lib e libè pou swadizan l ap rekolte enfòmasyon, l ap aksede a yon pakèt dosye enstitisyonèl peyi a, done peyi, alòske li pa gen akreditasyon pou sa? Nanpwen okenn kote ki kontwole konpetans li pou l pwodui dikou yo mande l la e ki ba l otorizasyon pou sa. Enben, peyi a se yon savann li ye vre. Lè l ekri nenpòt bagay l ap sal non peyi a san fondman li gen rezon pou sa. Bon, imagine pa ta gen ekspè pou tip rechèh ou evalyasyon an, pou ki sa sa pa fèt sou fòm koperasyon avèk inivèsite peyi a pou adrese lakin sa? Rechèch sa yo oubyen evalyasyon sa yo ki koute yon dividal kòb, k ap depanse nan non èd entènasyonal la, bay peyi d Ayiti, konbyen kòb ki rete nan peyi a? konbyen kòb inivesitè oubyen teknisyen ayisyen kalifye pou sa benefisye ladan yo? M pa di fòk gen yon sansur sou chan rech`ch peyi a, sou rechèch entènasyonal sous sa k ap pase nan peyi a, men fòk gen pwotokòl nan bagay yo. M panse tou sa se mwayen Inivèsite ka mobilize pou konpanse karans resous pou l fè travay li byen. E Li t ap bon ni pou kòmanditè yo, ni pou sant teknik ak inivèsitè yo e pou peyi a an jeneral.

Fas à tout pwoblem ki gen nan peyi a, ki se konsekans yon dividal ireskonsabilite, menen konkli ke mouvman ki pran chè nan peyi ki rele mouvman Petwo Karibe pi fon ke sa n panse a. se yo mouvman ki rranmase tout endiyasyon pèp la fas a echèk peyi a. Se vre dirijan ayisyen, depi fondasyon peyi a, gen responsailite yo nan eta peyi a, men pèp la gen reskonsablite l tou. Paske dikton pa di : “yon pèp gen dirijan ke l merite”? Si Ayisyen pa pran zafè politik peyi l an men se nòmal pou l pa gen dirijan ki gen visyon, ki pran dispozisyon pou l bay rezilta. Nou te gade tou kèk karakteristik ayisyen an ak atitid nan estrikti enstitisyonè peyi a ki fè a sa tou. Nan sans sa fòk ta gen yon revèy nasyonal ki fèt pou rebat kat la e refonde baz gouvènans ak kontwòl peyi a. Nou ta pwopoze yon operasyon nou ta ka rele operasyon kout pyè loray.

3. Pou n konkli premye pati sa

Sitiyasyon malouk peyi d Ayiti ap viv la gen kòz entèn kon kòz ekstèn. Pou nou kòz ekstèn yo an pati pwovoke kèk nan koz entèn yo e sevi kòm fondaman istorik ak jenetik vye mod gouvènans peyi d Ayiti. Men tou se ayisyen, endividyèlman ou kolektivman, ki pote reskonsabilite sa k ap pase nan peyi l paske li pa pran dispozisyon pou aji sou kòz fondamantal pwoblèm yo.

Ann pa bay tèt nou manti, memwa lòt peyi poko prè pou dijere Ayiti fè awogans avè yo pan dan yo gen tout mwayen yo pou yo mete bòt sou kou l. Men sa pa vle di pou peyi kòm yon timou devan yo tou non. ,Paske gen mwayen dwa entènasyonal pou tout peyi defan tèt li lè li santi li agrees wi. Menm si nou konnen, sa pa mache toutan. Men nou fè prèv de sivilite lè nou defann tèt nou san awogans e nan limit sa dwa entènasyonal la ban nou. Yon peyi tankou Lafrans poko janm dijere pèt batay lendepandans la ann Ayiti. Se pa san rezon ansyen prezidan Fransè, Nicolas Sarkozy, avèk umour, premye fwa yon prezidan fransè ap vizite peyi d Ayi te di : « Ne nous voilons pas la face. Notre présence ici n’a pas laissé que de bons souvenirs ». Men eske pou sa Ayiti toujou ap konsidere se kòmsi li te toujou an gè avèk la Frans? Non men fòk nou toujou cheche korèk avèk tèt nou et si gen yon bagay ki pa mache pou diskite l ak entèlokitè a sans pa nan batay pou sa. Yon sèl bagay, toutotan nou pa serye ak tèt nou yo p ap respekte o nivo entènasyonal. Toutotan peyi a pa gen mwayen politik li, e pa òganize l, li p ap janm ka soti anba politik entènasyonal bese triye a. Pou nou menm, pèp fransè, pèp ameriken oubyen yon lòt pa enmi peyi d Ayiti. Men gen kèk moun, ki ka soti toupatou, ki ka kont pwojè peyi a si oryantasyon l pral deranje biznis yo.

Fòk kesyon moralite, onètete ak respè pou non fanmiy retounen nan politik la e fòk pwòch moun yo se yo ki premye mwayen presyon sou nèg ki gen reskonsabilite a pouf è travay li. Olye se pwofite y ap pwofite. Fòk lè yon nèg fin okipe yon gwo pòs nan peyi a, li pa rich jouk nan dan, lè yow è l nan la ri a l’ap menen ti vi nòmal li yo sispan di “Misye se vagabond li ye. Gwo chèf li te ye wi. Men kounya menm yo ti machin li pa ka woule”. Kòm si depi w chef fò w vole. Si w pa fè sa ou pa nòmal. Donk, anbyans ak mantalite popilè a fò l chanje tou. Se sa k fè gen nèg depi yo te chef yo pa chef ankò, pou mou pa wè kouya yo pa gen chofè, bann sekirite avè yo ankò. Yo wont sap aske yo pè jan moun pral gade yo. Sa pa vle di pou nèg ap kache tou dèyè fos modesti pou yok ache peche yo tou non, pou yo fè disimilasyon. Menm jan gen anpil nèg ki gen kòb ak byen nan peyi a men se sou non lòt moun yo kache yo. Leta te ka pran inisyativ li kreye ampil pri pou ankouraje moun gen konpòtman kòrèk e nòmal nan peyi a.

Modèl enstitisyon nou yo fòk yo chanje, lekòl, inivèsite, estriktirasyon espirityèl peyi a fòk yo pare pou sa tou. Men tou, Ayisyen an ta dwe chanje atitid anvè tèt li, anvè lòt ayisyen parèy li e anvè peyi l. Fòk tout moun reyiye touse bout manch chemiz li pou l travay pou chanje imaj peyi l. Fòk nou chanje sistèm lekòl ayisyen k ap kreye yon pakèk ayisyen konplekse e ki toujou pè fè erè. Donk fòk li kreye yon mòd sitwayen pa pè di l li pa konnen montre m fè sa non. Fòk nou sispan viv nan yon sitèm “M’as-tu vu “a, pou nou toujou parèt siperyè sou lòt moun. Fòk ayisyen lè l okipe yon pòs li konnen ke se yon sèvitè li ye toutbon, pa fè sanblan li ap sèvi pèp la alòske se blofe l ap blofe lòt moun. Fòk endividyèlman e kolektivman, nou sispann negative sou tout bagay e pè pran inisyativ. Fòk nou pa pè asosye n ak lòt Ayisyen, etranje tou pou nou kreye bon bagay nan peyi a. Kon sa santiman zwazo vwayagè a a disparèt lakay nou pou n konnen toutbon vre kote pou nou fè pi bon envestisman nou se nan peyi nou.

Jean Laforest Visene de Lyvia Tulce
visenejl@gmail.com



Articles connexes


Afficher plus [1111]