S'identifier Contact Avis
 
26.11° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video
ANN REFONDE BAZ GOUVÈNANS PEYI D AYITI – DEZYÈM PATI

ANN REFONDE BAZ GOUVÈNANS PEYI D AYITI – DEZYÈM PATI








Nan premye pati a nou te wè dives kòz ki fè peyi d Ayiti nan eta li ye a. pou sa nou te gade kòz ekstèn ak kòz entèn yo. Nou te wè an patikilye pou Ayiti change fòk se Ayisyen menm ki pou pran desisyon pou sa. Youn nan desisyon yo se chanje kèk karakteristik ki lakay ayisyen e ki anpeche ede peyi reyalize rèv li. Yon lòt bagay nou te wè se mod gouvènans lan ki pou chanje. Et pou l chanje fòk Ayisyen sispann kanpe lwen nan zafè organize peyi l. Pou l ka rive fè sa nou te pwopoze pou nou ta lanse yon operasyon nou ta ka batize “kout pyè loray”. Nan pati sa nou pral wè ki sa kout pyè loray la ye e pou ki sa li enpòtant chak Ayisyen ta dwe pran dispozisyon pou yo patisipe an sitwayen reskonsab nan pwosesis electoral k ap vini la yo, sitou nan kontèks politik, ekonomik ak sosyal peyi d Ayiti ye la.

1. Klarifikasyion sou konsèp “PYÈ LORAY” la

Ban nou pran yon ti tan w pou n esplike pou ki sa nou pwopoze non operasyon an “KOUT PYÈ LORAY”. N ap fè sa paske nou konnen li fasil pou yo manipile ekspresyon an, pou yo ba l koulè negatif. E sitou, nou konnen sa k pase nan peyi sa deja. Sitou nan mitoloji ayisèn nan loray se boule li boule sèlman e tout Ayisyen, tankou moun toupatou sou latè, pè loray pou danje li reprezante pou lavi yo. Se pa san rezon yon Ayisyen ki vle di se laverite l ap pale, li di w : “An verite m sèmante yon pyè loray disparèt mwen”. Nan kilti popilè a, loray se yon bagay ki brisk, entans, ki efreyan e ki destritè tou. Li menm asosye ak bagay malefik. Epitou, gen defwa yo konn konsidere yon timoun san mèt san metrès, lage kòd sou kou kòm pwodui loray. Se poutèt sa ou konn tande granmoun ap di : “Ou menm tigason sa oubyen ti fi sa se loray ki kale w”.

Espè nan syans natirèl yo rele jewoloji ak metewoloji esplike se vre lè loray pete li ka degaje gwo puisans elektrik ki se yon risk pou lavi moun ak lot ankò, e se pou sa yo ankouraje moun pran dispozisyon pou yo pwoteje yo kont kout pyè loray, men yo loray pa yon move bagan pou sa nan lanat. Okontrè, li gwe yon gwo wòl. Loraj, menm jan ak siklòn, se zam lanati dispoze pou l lave anviwonman an de kèk move eleman polyan. Yo di, a 50,000 degre, chalè loraj pwodui a aji sou oksijèn ak azòt ki anlè a pou l pwodui nitrate ki se yon angrè natirèl. E lapli dcesann avè l pou depose sou tè a. Sa ki fè tè a vin ka pwodui manjè ak pye bwa san nou pa bezwen mete vye angrè endistriyèl lada n ki pral detui l.

Operasyon “ KOUT PYÈ LORAY” n ap pale a, pa yon malè pandye sou tèt abitan k ap viv nan peyi d Ayiti. Okontè, se eneji pou moun nan peyi ak enstitisyon l mete nan pran zafè peyi oserye k ap pral sevi kòm fètilizan pou n plante bon plant ki pral pèmèt peyi a repati sou bon baz, tankou: Respè rèv zansèt nou yo, lanmou toutbonvre pou peyi n, etik, moral ak jistis soyal, lòd, disiplin ak merit, diyite ak reskonsabilite, elatriye. E youn nan kote n ap montre nou vle fè sa se lè nan eleksyon k ap vini yo menm nou pa kite se moun yo chwazi pou nou, nou chak nou chwazi pou tèt nou. Lè sa si pa gen anyen ki fèt, lè sa n ka plenyen. Eleksyon yo, pou nou, se youn eleman k ap kreye kondisyon meteyolojik pou kout pyè loray la fèt e bay rezilta. Kolè fristrasyon mas pèp la dwe pete, pasifikman e legalman pandan eleksyon, pou l di sè. ase, nou bouke e nou koupe fache ak tout vye atitid ak konpòteman ayisye ki bloke peyi a e ak bann vye jwè pachiman e malonèt ki nan ekip gouvènans peyi depi digdantan e k ap depafini ak peyi a. Kòm pou yon kout loray sèvi kòm bon fètilizan pou tè a, angajman sosyal sa ta dwe fò anpil, pi pre sant pwoblèm peyi a e pwofon pou l derasinen move plan k ap detwi peyi a. say o kalifye de Piyajè, atoufè, vòlè, asasen kòl blan / kòl ble, kòl jòn, ta dwe pè yon mouvman kon sa. Paske yon mouvman konsa pa ta sipoze ba yo chans pou yo kontinye paweze lib e libè nan peyi a ankò. Ou konn tande granmoun lontan an ap di: “Mezanmi, ayèoswa li fè yon sèl kout pyè loray, m pantan nan dòmi, m leve kanpe e m pete kouri nan kay la tèlman kout loray la desounen m”. Enben se konsa pou mouvman sa ta siprann epi desounen tout opozan a rezalizasyon rèv Ayiti a, pou avan yo reprann nanm yo, peyi a gentan reprann wout li.

Enben, operasyon “KOUT PYÈ LORAY” la se fètilizan k ap simaye nan sosyete, menm jan loray pemèt tè a fètil la pou nou ka plante e fè bon rekòt nan zafè devlopman moun, devlopman ekonomik, devlopman kitlirèl peyi a. Nanpwen moun ki janm jwenn pyè loray, menm jan moun di gen grenn banbou men yo pa janmm wè li atè. Dayè pyè loray se yon konsèp imajinè abitan nan tan lontan peyi d Ayiti te kreye pou yo esplike yon bagay ki kache fon anba tè. Enben, operayon “KOUT PYÈ LORAY” ta sipoze yon kokennchenn konsyantisatyon ki mennen yon mouvman sosyal ki tèlman fò ke nanpwen anyen ki ka rete l, paske li kache fon nan nanm Ayisyen. Enben, se kon sa nou konprann operasyon “KOUT PYÈ LORAY” la.

2. Derasinen yon sistèm k ap depafini ak ti rès sa ki rete nan peyi a

Rapò Kou Siperyè dè Kont sou zafè Petwo Karibe fenk sot montre kòman peyi ap sibi anba gwo koripsyon. Rapò a montre a klè kòman mòd gouvènans nou gen nan peyi d Ayiti a ap grangrennen peyi a epi toupizi s ak pi fèb yo. Sistèm sa pa ka menen peyi a okenn kote. Okontrè l ap kenbe peyi a nan yon sitiyasyon protyestasyon kolektiv toutan pou pèp la ap mande fòk sa chanje avèk fraka. Sitou mòd gouvènan say o montre pèp se ravèt ou touye jan w vle. Sa kontribye a yon eta de syèj kòd long nan peyi.

2.1. Yon sistèm gouvènans mafyozo destriktè sosyal

Konviksyon pa nou, Ayisyen gen kapasite e mwayen pou nou chanje yon eta de syèj ki tabli l nan peyi a depi 1805, depi papa Desalin te fin di gwo kokenchenn pawòl sa yo : “ E ti pòv nwa sa yo ke papa yo rete ann Afrik, yo menm yo p ap gen anyen menm”. Depi aprè dat sa, atoufè, piyajè tout plim tout plimaj, natif natal, asosye ak sila yo ki soti toupatou, vare sou ekonomi, ak resous peyi a. Malerezman, sa ki gen lespri pou bati yon peyi nan pitit Desalin, pitit Petyon, pitit Kristòf ak piti Bwawontonè rete bra kwaze y ap gade piyajè, atoufè ak kriminèl sa yo ap fin detwi peyi a. Yo enstale yon sistèm batay yo ant yo, sèlman pou pouse parèy yo deyò sou pouvwa, pou retire pye l pou l pou yo mete pa yo, pou yo kontinye sousèt la k ap depafini jou an jou ak peyi a.

Sistèm sa mete nan kanpe lwen nan zafè peyi a tout sitwayen nòmal, ki gen karaktè e ki vle rete egal a yo menm e ki vle respekte valè yo eritye nan fanmi yo pou yo pa tranpe dwèt yo nan dlo ki gen gwo move odè. San n pa ba w pawòl vire wonn, nou konprann atitid sa a, paske konviksyon pa n sèke, jan sistèm sa pouri a, ldepi w antre nan jwèt la jan l ye la, ou bannan: Se : “kale w, mete w nan chodyè, bouyi w epi manje w, ak sòs ou san sos”. Sa vle di, swa yo trenen w nan labou oubyen ou kadav. Pèmèt nou, pran yon ti tan w pou n rakonte yon ti istwa vrè, pou n ilistre sa.

2.2. Yon ti istwa ki ilistre eta koripsyon nan peyi a

Te gen yo sitwayen ki t ap travay nan yon antrepriz prive nan ane lontan yo. L ap rakonte n ki jan gwoupman atoufè, piyajè se yon mesas pou moun ki vle kenbe tèt yo nan sosyete ayisyèn nan. Misye di m, li t ap travay yon kote. Gen yon lè li sispèk ke gen yon bay louch k ap pase nan anviwonnman travay li a. Li Mennen ti ankèt li e li dekouvri ke gen yon rezo vòlo ki tabli nan antrepriz la pou vòlo patwon an. Li vin gen enfòmasyon ke vòlò anndan yo konekte ak yon rezo gang deyo k ap fasilite aktivite yo. Li di, sa se pa yon ti bagay piti. Sa k ap pase nan tèt misye, se ta kite dyòb la imedyatman. Men misye di tèt li: “Bon m gen yon fanmi pou m pran swen, si m kouri kite kounya sa m pral fè pou pran swen fanmi an”. Misye deside l ap fè detwa mwa nan travay la pou l fè yo ti ekonomi epi jete l pou l al fè ti biznis pa l pou l ka bay fanmi dlo sèl pandan l kite travay li nan antrepriz la. Mesye yo te tèman byen òganize, yo gentan konnen sitwayen an konn mouvman yo aa. Men, nèg yo tire konklisyon misye pa yon menas imedya pou bizniss yo, paske li pa nan kondisyon pou l fè anyen kont yo. Men yo deside fòk misye pa rete pwòp nan antrepriz la.

Yon jou, twa nan nèg yo vin wè misye kote l ye nan travay la, epi yo lonje yon anvlòp lajan ba li. Yo di l sèlman : “sa se pa w”. Misye di yo : “A mesye, nou konnen se kretyen m ye, m pa ka pran l. Si m pran l m ap gen pwoblèm konsyans. Men, m ban nou garanti, biznis nou p ap sòt deyò”. Mesye yo dakò, yo pran kòb la yo ale. Yon lòt fwa ankò, yo tounen, li bay preske menm pawòl la. Epi yon twazyèm fwa misye tounen yo lon yon anvlòp ba li ankò epi, mesye yo di l : “ Qui n’est pas avec nous est contre nous”. La misye konprann ke gen yon menas dirèk e iminan pou lavi l si l pa pran anvlòp la. Li di mesye yo, fwa sa m asepte, men pwochèn fwa nou pa bezwen fè jès la. Misye kontinye vin travay pandan yo sèten tan, epi aprè li pran yon ti konje maladi. Li tounen ankò nan travay la, ansuit li fè konnen nan travay la li malad ankò. Epi li tou kite travay la e li mawon zòn kote li te rete a. Vwala ki jan sitwayen an woule kò l pou yo pa manje l. Men ou k ap ap mande tèt ou ki sa misye te fè ak anvlòp yo te ba l la ? Nou pa konnen, paske sa pa t vin nan lespri n pou n te mande l sa, e nou pa gen posiblite kounya pou n ta jwenn repons lan. Epi tou, ann pa kritike l paske li te fè yon ti konpwomi pou l ka pwoteje vi l, le te di mesye yo : “Men m ban nou garanti, biznis nou p ap sòt deyò ”.

Ayiti twouve nan yon sitèm awousa, atoufè, piyajè ki pi konplèks ke sa. Kidonk, jenn fi ak jenn gason nan peyi ak pran nan yon eto koripsyon ak malveyans ki pa ba yo chans pou yo rete sitwayen nòmal pou yo reyalize rèv yo, avèk valè moral yo e amou ak atachman yo ta sipoze gen pou patri yo. Chili, Brezil, Bahamas, Sirinam, toupatou sou latè rete sèl altènativ yo genyen, oubyen yo aksepte mouri antife nan peyi a. Yon grenn endividi pa ka fè anyen pou kont li, menm si li gen volonte ak detèminasyon pou l fè sa. Yon sèl fason nou ka soti nan sitiyasyon sa, se yon revèy konsyans nasyonal jenn fanm ak jenn gason ki gen 18 an deja ak granmoun yo pou yo konnen ke yo gen yon pouvwa nan men yo pou yo chanje sa. Pouvwa sa a, se òganize yo pou yo pran zafè politik ak administrasyon peyi a an men, mete yo nan lapriyè e nan tou eleksyon k ap vini yo pou nou eli moun ki gen moralite, ki konpetan e ki gen karaktè nan pòs elektiv yo pou gen bon kontwòl sou administrasyon peyi.

3. Patisipe nan eleksyyon ak je n kale e an sitwayen reskonsab

Kòm nou di l deja, eleksyon k ap vini la yo se yon bon okasyon pou jenn fanm ak jenn gason ki gen 18 an deja ak granmoun yo pou yo aji pou yo kòmanse chanje peyi d Ayiti. Kòm kontribisyon pa n, nou bay lide operayon “KOUT PYÈ LORAY” pou chase awousa, piyajè, atoufè, kriminèl, nan politik ak nan tèt administrasyon peyi a. pa gen lòt mwayen ankò. Tout lòt vwa yo se nan plis briganday l ap lage peyi a. Kontrèman ak lòt vwa k ap di p ap gen eleksyon san si, san sa, nou di : Fòk gen eleksyon pou n change rejim gouvènans ak administrasyon peyi a. Sèl bagay nou gen bezwen fòk gen yon sosyete sivil ki byen òganize pou evite machin koronpi a, ak koriptè yo pa vòlò eleksyon an e lage peyi a nan plis tyouboum. Pou nou, bloke eleksyon pa solisyon, pou pliyè rezon. Bloke eleksyon se :

(1) Se siy yon sosyete sivil medyòk nan peyi a. sa ta vle di yon sosyete sivil ayisyèn ki san moun konpetan e responsab ladan l;

(2) Se okasyon n ap kontinye bay pou yo di gade Ayisyen, ki jan yo ye. A ki sa endepandans yo a sèvi yo la? Yo pa menm òganize eleksyon lakay yo pou yo chwazi dirijan yo. E li ta sanble vre. Ezanp lan klè. Eske Matiniken, Gwaloupeyen ank lòt ankò ki pa t pran endepandas yo, se se jenn fanm ak jenn gason teritwa say o k ap kite peyi yo an mas toupatou ap chache touye vè nan vant yo, Chili, brezil, toupatou? Eske yo gen gwo pwoblèm ensekirite menm jan ak peyi nou, ….? Repons lan se non. Kòmanse pa kreye estabilite nan chanjman gouvènans peyi a travè leksyon se deja yon bon siy nou sou wout pou n adrese pwoblem fondamantal yo.

(3) Pa gen eleksyon se siy ke pa gen alternativ fas a yon a yon rejim ki pa vle korije e ki pa vle rekonèt ke apwòch li a fayi e ke li ta dwe chache mwayen korije sa e pa fè plis dezas nan peyi a.

(4) Pa gen eleksyon se siy n ap pousuiv yon politik, hinghang, koupe tèt boule kay san fen depi gè lendepandans. Alòske, koupetèt boule kay la pa gen plas li jodia. Paske se detwi l ap detwi ekonomi peyi a davantaj. Se lajan peyi n ap boule. Peyi a gen kalifikasyon : “Un pays qui recommence à chaque évennement”. Chak fwa nou leve kont sistèm nan, se deckouke, boule, alòske nou bezwen sa ki la deja pou n konstwi sou li. E swadizan boujwa peyi a sèvi ak sa kòm pretèk pou yo pa fè okenn envestisman serye nan peyi a. E se vre si n ap boule biznis yo toutan eske gen garanti pou sekirite envestisman? Eske se pa di nou di moun pa vin envesti nan peyi a. Epi tou, lè w boule biznis yon moun se moun se moun k ap fè biznis ki an konpetisyon avè l la ou aranje. Lè sa li pi alèz pou toupizin nan pri yo.

(5) Si pa gen eleksyon, ap gen plis chans pou pwosè “Petwo karibe” a pa janm fèt. Paske lè sa gen plis risk pou yon gè sivil eklate nan peyi. E, si yon yon gè sivil pete nan peyi a, nou pa konn konbyen tan l ap dire, e ak ki sa l ap abouti. Kidonk, sa pa yon opsyon ditou ki pou sou tab la. N ap fè remake, gen anpil moun, menm plim, menm plimay ak sa y ap repwoche yo, k ap pran pòz yo se sen kounya yo men. Toutotan se pa sistèm nan , nan fondman l nou atake l, se pou moun sa yo n ap travay.

(6) Pa gen eleksyon nan peyi a ap bay jarèt ak konplo makab sa ki gen jè, jiska prezan, sou menas estabilite ak devlopman peyi d Ayiti ka reprezante kont enterè ekonomik yo, ki chita sou ideyoloji rasis yo, ki vle toujou fè konprann gen ras ki siperyè pase yon lòt. E, jiska prezan, gen moun k ap itilize vye lide konsa, pou yo divize mond lan e evite k eke mas yo toupatou sou latè solidarize yo kont mòd d eksplwatasyon ekonomik k ap detwi anviwonman nou yo, pèp endijèn nou yo, ak koneksyon avèk lanate. Yo men sèvi ak vye ideyologi sa yo kòm baz pou jistifye dominasyon yo sou lòt moun.

4. Operasyon “kout pyè loray” la yon mouvman peyi sans paspouki

Operasyon “Kout pyè loray la” se yon mouvman pou ranvèse yon sistèm k ap toupizi peyi depi 1805. Operasyon “Kout pyè loray" la, pa kont ni ti Jak ni ti Pyè. Byen ke nou konnen, nan peyi d Ayiti depi ou ken ti devan non w, oubyen ou gen ti non jwèt, alòske ou pa atis, sav le di gen yon lòt rezon pou sa.

a. Endiyasyon “Petwo karibe” luil nan operasyon “Kout pyè loray” la

Nou vle presize, pou nou :

(1) Mouvman “Petwo karibe” a, pa ta sipoze entèprete kòm yon mouvman kont ni Mateli, ni kont Lamòt, ni Jovenèl ak akolit yo, ni kont okenn manm Lavalas, ou opozisyon ou sosyete sivil non yo site nan dosye a , ni kont youn ni kont lòt. Mouvman sa kòm nou di l la, se ekspresyon endiyasyon jeneralize sou itiyasyon peyi a. Sa te ka rive ni sou rejim lavalas la, ni sou rejim inite ak lòt regim ki te pase avan yo. Petwo karibe, nan sans pa nou se denye gout dó ki renvèse vaz la.

(2) Nan menm lyen ak lide piwo a, nou konsidere “Petro karibe” a se yon okasyon pou n repati redemare peyi a sou yon lòt baz. Sa vle di pou n atake pwoblèm fundamental peyi a, tankou : Koripsyon, eskrokri, voyourism, antivalè, divizyon agoch adwat, kòm nèg anwo kont nèg anba et visevèsa, nèg lavil kont nèg andeyò, nèg limyè kont nèg fènwa, Ayisyen anndan kont Ayisyen deyò elatriye. Selon nou, Ayiti pa ta sipoze gen mòd bagay sa yo kòm modèl oubyen mòd viv nan peyi sa a.

(3) Mouvman “Petwo karibe” a se yon okasyon pou Ayisyen retounen ak rèv zanzèt li yo pandan yo t ap bay san yo pou endepandans peyi a. Paske, se pa pou sa zanzèt yo te batay pou yo te bay peyi a endepandans li. Kòm nou te wè l pi wo a, se pa pou tèt yo sèlman yo te batay. Se te pou tout limanite pou toutan ki menase sou lopresyon ak dominasyon tiranik e san kè. Pou ayiti te ka vin yon model manman libète, yon egzanp de vrè egalite e fratènite ant. Swa rèv zansèt peyi D ayiti yo reprann plas li nan sosyete a oubyen li mouri nèt.

(4) Pou nou aboutisman mouvman petwo karibe a, se pa wè ke gen pwosè ki fèt epi yo mete ni youn ni lòt nan prizon. Dayè menm volò pa alèz pou yo enveti kòb yo vòlo yo nan peyi a epi rete ladan l pou yo banboche l. E menm si yo ta nasyonalite peyi kote yo envesti kòb la, y ap toujou konsidere kòm etranje, kidonk yo pa anndan an. Nou ta renmen omwen ke gen yon kondanasyon moral, sosyetal ki fèt pou tout moun ki koupab nan dosye sa. Ann di pa egzanmp, yo bak nèg lajistis rekonèt ki koupab yo sèlman kèk mwa prizon e yo pran dispozisyon espesyal pou yo ran yo inelejibilite pou pòs elektif yo ak pos nan administrasyonleta a. Yon fason pou n di: “Peyi devlope yon etadespri ki di nou koipe fache ak mòd fonksyonnman sa yo e tout moun pran fòm kò w”. Nou sonje sa k te pase nan pwosè konsolidayon an. Nèf mwa pwosè (20 mas 1903 – 25 desanm 1904) plizyè nan nèg yo vin prezidan aprè. Sa ta vle di, ke w rele l malvèsayon, detounman ou anrichisman ilisit fòk pa ta fè jijman pou jijman men pou relanse baz gouvènans peyi a. Pou moun k ap suiv yo konnen ki sa fini nan peyi. E pou pèp la pn desyon pou mete o ranka politik peyi menm fanmi moun say o ni pati ki t ap soutni yo e ki pa t janm raple yo a lòd.

b. Yon angajman sans paspouki pou libere nanm lepri zwazo migrate ki lakay Ayisyen an

Nou vle di tou mouvman sa a, pa gen yon mèt, ni li pa gen mètrès, menm si l gen manman li pa gen papa, men li bezwen parenn ak marenn nan peyi a ki konsekan ak tèt yo. Se yon mouvman sitwayen ki pa nan okenn patipri, ni konplo ak X ou Y kont Z. Endiyasyon zafè Petwo karibe a, n ap repete l ankò, se yon konjonkti ki met luil nan motè mouvman e n ap ajoute, ki estat mote a tou. Nou pa bezwen okenn woulibè politik e nou p ap kreye okenn nouvo lidè. Sa pa vle di moun ki nan mouvman politik pa ka nan mouvman sa a. Non napwen moun ki deyò, tout moun anndan. Menm malfini move plim move plimay ki vle chanje yo.

San pa defann okenn moun, nou rekonèt nanpwen Ayisyen ki pa renmen peyi l vre. Men nou tèlman kite sistèm awousa oubyen flibisye a enstale kò l nan peyi a, tout moun pè kò yo. Frè Afriken nou yo eskize pou espresyon awousa nou itilize a paske nou konnen awouza se etni ki nan afrik de lwès an patikilye, men ki pa gen ayen pou l wè avèk konotasyon mo sa gen ann Ayiti. Brèf. Pi fò Ayisyen wè pou yo gen yon bèl kay se lòt kote pou y al achte l ou al bati l. Tandi ke li pa menm ka rete ladan l. Paske anpil nan yo, kote yo achte vila yo a yo pa gen papye pou yo rete plis pase 6 mwa nan peyi sa. E menm lè yo gen papye, yo toujou gen sansayon ke se nan prizon yo ye laba. Anvi vin Ayiti a ap toumante nanm yo toutan. Alò, gen Ayisyen ki pa renmen Ayiti? Di n pito sitèm awousa oubyen flibisyè a tèlman byen enstale nan peyi a, lespri zwazo migratè a, kòm nou te di l pi wo a, vin twò fò lakay Ayisyen. Kò yo vin an toumant an pèmanans, yo pa ka rete yon kote. Kon y ale, yo ta renmen tounen. Kon yo vini yo ta remen tounen laba ankò.

Yon bagay nou vle di, Ayisyen pa ta dwe koute okenn moun k ap klewonnen, Ayisyen pa renmen peyi l. ni tou, peyi a fini pa gen moun ankò anndan l. San n pa fè piblisite pou okenn moun, nou kwè peyi a gen anpil bon moun toujou ladan l, moun ki gen konviksyon, ki gen vizyon, ki onèt e ki gen karaktè. Gade nan anviwonman n, nan lekòl, nan inivèsite, nan meri yo, nan enstitisyon publik yo, nan biznis prive yo, nan laprès la, nan òganizasyon ak asosyasyon san bi likratif yo n ap wè anpil, anpil moun nou ka konte sou yo pou n chanje direksyon peyi a. One respè pou yon nèg tankou profesè Leslie Francois Manigat, men nèg yo p at kite l fè plis pase 4 mwa sou pouvwa. Fò n cheche moun ki gen karaktè, moun ki pa ba okenn moun kenbe anyen pou li, ke enterè peyi. Fò nou ta sispan bay moun ki pòv d espri dirije peyi a.

5. Anbisyon n

Nou konnen gen moun, anndan kon deyò, ki pral kòmanse tire boulèt pwent ou byen kreye vye pawòl kòm sa kòmanse fèt deja. Paske mòd pawòl k ap mande sitwayen Ayisyen pran reskonsablite l pou chanje mòd vye gouvènan Ayiti gen digdantan pa nan avantaj yo. Fok peyi a rete jan l ye a swa pou yo kontinye eksplwate l, swa pou yo satisfè ògèy yo. Nou vle di :

(i) Nou pa ekri tèks la paske n anvi ekri atik oubyen paske Ayiti ap viv yon moman espesyal avèk anbyans petwo Karibe a, oubyen ankò, pou n ajoute luil sou dife ki limen deja. Si nou te bezwen mete dife sou luil ki limen deja, nou t ap di : “Grendye alaso, sa ki mouri zafè ya yo”.

(ii) Epitou, nou p ap ekri paske n gen anbisyon politik. Dayè, sèvitè w pa soti nan yon fanmi ki gen tradisyon politik ou ki gen foli grandè oubyen foli okipe gwo pòs politik. An plis, lè n ap gade konesans, konpetans ak eksperyans sa mande pou yon moun ta okipe yon fonksyon politik nan yon pei nan tan modèn sa, nou kwè sèvitè w poko pare pou l ta jwe wòl, toubonvre, yon CASEC ou ASEC. Alevwa, pou l ta panse okipe yon pi gwo pòs. Eskize n no upran egzanm pòs CASEC ak ASEC la, se pa paske li se yon ti pòs parapò lòt yo non. Dayè pou nou, se nan pòs sa yo pou ta gen moun ki pi fò paske se la menm pou baz devlopman peyi n kòmanse.

(iii) Nou konsifdere tèks sa kòm kontribisyon n nan brase lide k ap fèt yo e pou nou di tou menm jan ak lòt Ayisyen nou bouke toutbonvre. Pou nou di tou fòk Ayisyen sispann gen foli rich sou fratra, fè malfèktè, nan vòlè, fè dappiyanp sous a k pa pou li. Fok tout Ayisyen mete tèt yo ansanmm pou soti peyi a nan sitiyasyon lawont li ye devan kominote entènasyonal la, aloske se pwòp piti peyi a ki mete l nan sa l ye la.

6. Konklisyon

Fok nou kanpe nou tout di se ase: Fok nèg ki gen volonte pou chanje peyi a pa pè sèn politik Ayisyen an, pou peyi a jwenn repitasyon l kòm yon vrè peyi lib, granmoun tet li, ki gen moun ki gen konpetans ak karaktè ladan l. Pou nou di, politisyen sispan itilize povrete mas la pou yo fè peyi tounen yon foumiyè gang pou sempman kenbe peyi ann otaj, pou yon ti gwoup kontinye ap toupizi ekonomi ak piye resous peyi a.

N ap lanse yon apèl a tout jenn fanm ak jenn gason ki gen 18 an deja ak granmoun yo, pou nou di ase kont tout lawon tèt kale tankou lavalas, 184 Grenn nan Bouda, kon Rat pa Kaka, piyagè tankou sitirè, elatriye, k ap kontinye sal repitasyon peyi a onivo entènasyonal. Yo kontinye wè nou kòm yon bann ak pakèt pye sal, yon kolonn idyo san sèvèl, ni konviksyon, ni rèv pou peyi l. Yon bann makak ki pa konn fè lot bakay ke grimas. Yon bann pòv d espri ki pa konn santi bon. Yon bann malere yo ka acte ak 1000 goud. Li lè, li tan pou nou ranmase karatè nou pou n di se ase, nou se moun takou tout moun, nou ka òganize n, nou gen sèvo ak men, nou gen diyite e nou renmen peyi n tankou tout lòt nasyon konsekan. Li lè li tan pou n voye yon mesaj fò bay tout moun anndan kon andeyõ peyi a pou di yo, malgre dezas yo wè nan peyi a, efò ak lespwa zansèt nou yo pa pèdi e li p ap pèdi.

Ayibobo pou tout fanm ak gason, timoun, jenn tankou gramoun, ki gen rèv pou wè peyi sa, nan zye entenayonal la kòm yon Eta vwayou, abite pa yon bann sovay, san entelijan, san karatè e san diyite. Pèp la dwe pran dispozisyon l pou chanje baz gouvènans peyi an pou l aji sous kòz ekstèn ak kòz entèn ki fè rèv Ayiti a poko reyalize. E you n fason sa ka fèt se lè ayisyen pran reskonsilite nan zafè eleksyon. Paske menm si ta gen yo gwo pwosè sou zafè petwo karibe a, si Ayisyen pa mobilize nèt ale nan angage l nan zafè peyi se nad marinad, sav le di lave men siye l atè pou lòt mimi myaw vi paweze sou dò chwal gran papa a.

Jean Laforest Visene de Lyvia Tulce
visenejl@gmail.com



Articles connexes


Afficher plus [1026]