S'identifier Contact Avis
 
29° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Chanjman rejim politik pa chanjman sistèm

Chanjman rejim politik pa chanjman sistèm



Diskou "chanjman sistèm" ap klewonnen nan tout manifestasyon kont rejim Phtk/ Bannann nan. Opozisyon tankou pouvwa a ap denonse sistèm nan ki lakòz mizè ak soufrans pèp ayisyen an. Men anpil gwo kesyon poko janm reponn tankou : kisa ki sistèm lan ? Kisa ki pou chanje a ?

Kouman chanjman sistèm fèt?

Sistèm nan se fason sosyete a òganize pou repwodwi tèt li. Li anbrase tout domèn, pratik ak enstitisyon ki ap bay sèvis e garanti lavi manb li yo. Sistèm nan se yon konstriksyon filozofik. Li sòti nan tèt elit yo ki genyen pou misyon ak vokasyon bay direksyon ak sosyete a. Se toujou yon gwoup ki bati sistèm e ki tabli li ak yon ansanm lwa. Lwa sa yo se alafwa garanti ak kontrent sistèm nan pou li rive byen fonksyone.

Sistèm nan se reprezantasyon vizyon mond lan ak tout pratik sosyal, ekonomik, kiltirèl, politik ki ranmanse tout idantite yon pèp. Nan idantite pèp la nou wè twa (3) gran makè sa yo : Lang, Memwa, Listwa.

Mo sistèm te parèt pou premye fwa nan Sen domeng en 1625. Se yon fransè ki rele Kolbè (Jean-Baptiste Colbert) ki te pwopoze ak metwopòl fransèz la, nan tan lakoloni, yo sistèm ki rele : Mèkantilis (le mercantilsme) ki chita sou pwodiksyon machandiz ak lòt byen ekonomik nan Sendomeng pou voye vann lafrans pou fè gwo pwofi. Fòs travay la se te fòs kouraj esklav ki tap travay sou gwo plantasyon ak chan kann. Sistèm sa a dire 178 lane pou sòti an 1625 pou bout nan dènye batay ki te mennen nou nan lendepandans la ki se Batay Vètyè nan mwa novanm 1803.

Apre konsekrasyon Batay Vètyè a, Sendomeng pral chanje non li te genyen an, pou li rele Ayiti avèk yon lòt pèsonèl politik. Se Leta ki monte 1804 la ki papa Leta nou genyen jodi a. Alaverite, Ayiti poko genyen yon sistèm sosyal Ayisyen. Revolisyon 1804 la se yon revolisyon politik ki chanje aktè politik, men ki pa chanje radikalman tout aparèy sistèm nan vre. Yon revolisyon ki chanje sistèm se yon revolisyon sosyal li ye. Albè Matyèz (Albert Mathiez) ki se yon gran istoryen revolisyon fransèz, defini revolisyon sosyal konsa: yon revolisyon ki poze baz pwopriyete prive e ki fè transfè fòtin. Baz richès ak tout moun ki dwe jwenn jistis sosyal pral poze depi nouvèl Leta 1804 la monte.

Revolisyon ansyen esklav revòlte yo fè a rete yon lejand se vre. Men li genyen limit li tou. Paske pi gwo rèv esklav revòlte se te kase chenn lesklavaj pou jwenn libète. Men pou Ayiti lib vrèman, fòk li genyen yon sistèm ki garanti jwisans dwa ak libète yo, yon Leta ki granmoun tèt li e ki ap egzèse dwa souvren li san blan pa rantre ladan li.

Desalin ki se premye dirijan Leta a te vle ale nan vizyon li te montre, nan chimen sa. Lè li bay blan fwontyè lanmè, lè li bati anpil fò pou pwoteje peyi a, lè li poze aksè ak tè pou pòv peyizan ki sòti Lafrik yo ak verifikasyon tit tè ki te genyen kote blan fransè te kite. Sepandan, vizyon sa a pa te travèse Petyon ak Kristòf (Pétion et Christophe). Nan dokiman ki rele "Manifeste à l'oppression", mesye sa yo di Madan Desalin aklè pou ki motif yo touye anperè Desalin.

Alòs, pa genyen nouvo sistèm ki monte ak nouvèl Leta 1804 la. Se yon adaptasyon ak ajisteman ki fèt ak sistèm kolon an. Anpil pratik nan koloni an te retounen. Tankou gran plantasyon an, refòm agrè ak lespri esklav la, kòd riral pou kontrenn peyizan, lekòl pou elit ak mas, prezans blan nan siyati ak (acte) lendepandans la, pratik demounizasyon an, mizè materyèl pou sitwayen nan vil yo ak nan kanpay, adopsyon lang ak relijyon blan an, epi menm pratik pou li dirije. Desalin pran tit mèt blan li ki se Napoléon, Tousen te genyen esklav ki te ap travay sou bitasyon li yo. Relijyon katolik ak lang fransè a se pou blan yo. Konkòda pral rekolonize nou ak legliz ki kreye premye lekòl kongreganis pou defann sistèm nan. Menm efiji ak senbòl ki nan drapo nou yo nou reprann yo nan Kolon blan an. Ekison ki nan drapo nwa ak wouj Kristòf (Christophe) la, kwa sen Lwi nan drapo chèf band yo elatriye. Donk pa genyen sistèm ki chanje vre. Se jis yon kreyolizasyon ansyen sistèm la.

Sepandan, mwen pap jete jijman listwa sou revolisyone 1804 yo. Paske nan epòk yo te ye a, nou te manke anpil elit pou panse nouvo sistèm la. Katrevenziwi (98) pousan ansyen esklav yo pat genyen konesans liv. De (2) pousan moun ki te byen konn li ak ekri yo se te etranje. Pi gwo jij nan epòk la, Sabouren, se te fransè. Konseye Kristòf (Christophe) ak medsen li, Lord Popham ak Dr Ernst Stewart, se te anglè yo te ye pou'n site egzanp sa yo selman.

Pi lwen, vizyon Desalin (Dessalines) nan ki travèse Bwawon Tonè (Boisrond Tonnerre) te pèmèt ak sekretè ak lendepandans lan pou fè de (2) gwo kout pike devan :

1. Bwawon Tonè (Boisrond Tonnerre) konpare endepandans lan tankou yon timoun ki ap grandi nan yon bèso. Amezi timoun nan ap grandi, bèso a ap vini twò piti pou li. Donk, yo dwe chanje li.

Se sa mwen rele revolisyon pèmanant lan. Ayiti fè yon sèl revolisyon ak plizyè chanjman rejim politik san chanjman sistèm. Nou konnen rejim enperyal, wayote, prezidans pou yon ti bout tan, prezidans a vi, triyoumvira, konsèy gouvènman, jent gouvènman, diktati ak demokrasi. Donk, tout chanjman rejim politik sa yo pa brennen sistèm lan. Chanjman rejim politik la se yon kondisyon nesesè men li pa sifizan pou chanje sistèm

2. Bwawon Tonè konsidere prezans blan nan zafè peyi a kòm yon pwofanasyon. Bwawon Tonè ekri: si blan yo jwenn azil lakay nou, yo pral moun ki va manniganse twoub ak divizyon nan mitan nou. Dayè, depi nan siyati ak (acte) lendepandans lan, sou trannsèt (37) siyatè, nou wè se venntwa (23) milat, trèz (13) nwa ak yon (1) blan ki rele Mallet ki siyen li . Donk, blan an toujou la nan tout gwo desizyon nou ap pran.

Nan sans sa a, esklav revòlte yo te fè yon revolisyon politik ki te dwe pèmanan. Sa vle di kontinye ak lòt jenerasyon yo pou rive chanje pratik yo e mete sou pye yon lòt sistèm. Echèk revolisyon an se pa echèk esklav revolte yo. Se pito echèk trèz (13) jenerasyon pandan twasankenz (315) lane egzistans Leta Ayisyen ki monte 1804 la.

Brèf, nou wè anpil sektè politik oubyen nan sosyete sivil la ap fè pwopozisyon. Tout pwopozisyon sa yo se pou chanje rejim politik men se pa sistèm nan. Chanjman sistèm nan dwe anbrase tout domèn nan lavi sosyal pèp la pou rive divòse ak pratik rejim peze souse, debalanse, miwo miba a. Chanjman sistèm nan pa nan manifestasyon. Li se yon travay entèlektyèl mas yo pral soutni. Filozòf limyè yo te bay direksyon men se te pèp fransè a, pou nou di peyizan yo ki te materyalize li. Se pou entèlektyèl tout domèn fè dyalòg pa yo a pou rive antann yo sou yon plan pou devlope peyi a. Paske ou bezwen kat (4) jenerasyon swa san (100) lane, pou mwen site Enrico Ferrari pou chita devlopman dirab la . Kat (4) jenerasyon sa yo se : jenerasyon ki vini avèk kaye chaj (revandikasyon) yo, jenerasyon ki fè revolisyon an, jenerasyon ekilib la ak jenerasyon devlopman an. Ou bezwen tou, pou mwen reprann jeyograf Georges Anglade, yon elit venpousan (20 %) pou dévlope mas kritik ak panse lòt Ayiti posib la. Paske anpil nan elit nou yo ap evolye deyò peyi a nan dyaspora.

Pou fini, yon manda prezidans pandan 5 lane pa kapab bouje peyi a pa rapò ak enjistis sistèm sa ki genyen katsantreventrèz (493) lane fè nou sibi. Alòs, si nou genyen yon plan ki chita pou pi piti trant (30) lane, yon rejim ap genyen plis posiblite pou bay yon bon siyal, si li rete nan plan an e konpoze ak moun ki genyen konpetans pou aplike li.

Anpil nan nou ki ap mande chanje sistèm, se yon bann moun ti sistèm. Nouvo sistèm sa nou ap mande a kapab vanje menm moun ki te ap mande pou li chanje a. Tankou yon gran revolisyonè fransè te di li : revolisyon an ap manje pwop pitit li. E pou chanje sistèm nan, tout moun konsène.

Fòk genyen sakrifis. Sakrifis tèt nou, tan nou, byen nou, ak anpil volonte. Si pa genyen sakrifis sa yo, pap genyen liberasyon ak jistis sosyal pou tout moun.

Willy JEAN LOUIS (Gandhi)
Sosyològ/ fòmatè




Articles connexes


Afficher plus [1218]