S'identifier Contact Avis
 
24° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Lèt tou louvri sou yon ansanm kritè yon moun dwe ranpli pou okipe fonksyon nan tranzisyon an

Lèt tou louvri sou yon ansanm kritè yon moun dwe ranpli pou okipe fonksyon nan tranzisyon an



Soti nan : KONBIT, CNOHA, MOLEGHAF

Pou: Manm komisyon k ap travay sou kritè moun dwe ranpli pou okipe fonksyon nan tranzisyon an. (Camille FIÈVRE, Jean Robert BOSSÉ, Jean Wiliam JEANTY, Victor BENOIT, Génard JOSEPH, Sabine LAMOUR, Eric BALTHAZARD)

Nou menm òganizasyon popilè, sendikal, regwoupman politik ak pati politik ki siyen lèt sa ap pwofite okazyon sa pou salye tout sitwayen-èn ki pran angajman entegre komisyon k ap travay sou kritè yon moun dwe ranpli pou fè pati pouvwa tranzisyon an. Jan istwa limanite montre l se pèp k ap batay ki fè listwa. Se nan lide sa zansèt yo te fè revolisyon 1804 la, nan objektif pou bati yon nasyon kote tout moun se moun, pagen moun pase moun. Pwojè sa pran anpil pataswèl anba men fòs anti-chanjman yo; sepandan pèp la kontinye ap reziste. Rezistans sila prezan nan tout lavi peyi a epi li pran divès fòm. Akoz triyonf kont revolisyon an apre asasina papa nasyon an, Jan Jak Desalin, se pwojè oligachi a ki rive tabli nan peyi a, nan tabli yon sistèm ki chita sou koripsyon, enpinite ak esklizyon. Malgre rezistans popilasyon an depi plis pase 200 lane sistèm nan koutinye ap taye banda. Pou minorite a rive kenbe ak ranfòse sistèm nan yo toujou aranje yo pou jwenn fòmil pou detounen ak rekipere batay pèp la.

Aprè anpil panzou popilasyon an pran atravè yon ansanm batay li mennen, kote li konn mande pou prezidan ak lòt dirijan Leta kite pouvwa akoz move pratik ki anfonse peyi a nan plis depandans ak malsite. Rezilta a, zotobre yo kite pouvwa poutan sitiyasyon malouk yo pa chanje. Eksperyans sa yo pèmèt popilasyon an grandi, epi yo rive konprann pou sitiyasyon yo chanje fòk sistèm nan tonbe. Konsa, nan kad batay kont rejim kòwonpi, rapas PHTK a, pèp la monte teren mobilizasyon an pou ekzije Jovenel Moise kite pouvwa epi mande chavire chodyè sistèm esklizyon an. Depi nan lòk 6-7 jiyè 2018 la pèp la pote flanbo batay kont sistèm nan byen wo. Pèsonn pa dwe neglije kontribisyon pati politik, regwoupman politik, petwo-chalenjè ak òganizasyon nan sosyete sivil yo pote nan kad batay sila. Sepandan, nou vle atire atansyon nou sou ekzijans popilasyon an fè pou rive tabli yon tranzisyon RIPTI pou ranplase ekip rapas PHTK a. Tranzisyon sa dwe koupe fache ak tout pratik ki chita sou kòripsyon, enpinite, esklizyon ak privilèj pou yon ti klik moun nan. Koze grannèg se Leta dwe sispann !!!

Eksperyans tranzisyon anvan yo kite gou anmè nan bouch popilasyon an, akoz se toujou yon veritab zafra pou fanm ak gason k ap fè politik ak boujwazi a dechèpiye kès Leta. Jounen jodi a popilasyon an vle yon lòt tranzisyon, ki koupe fache ak pratik anvan yo; yon mannyè pou redemare peyi a sou lòt baz solid. Aprè plizyè lane batay pou rive nan jete diktatè Jean Claude Duvalier an 1986, tousuit apre mafya tradisyonèl yo te pran kontwòl lit la epi tabli yon gouvènman ki pote mak fabrik rejim divalyeris yo san prezans fizik Divalye. Kidonk revandikasyon popilasyon an ki te chita sou demokrasi, jistis, transparans nan jesyon Leta pat respekte.

Se pou rezon sa a, n ap lanse yon pinga bay tout responsab politik, sosyete sivil ak manm komisyon an pou di yo tranzisyon sa dwe genyen yon ajanda ki ale nan sans RIPTI popilasyon an ap ekzije a. Yon ajanda ki vize rezoud pwoblèm kòripsyon, ensekirite, grangou, ranfòsman enstitisyon piblik yo. Nan sans sa, se sitwayen-èn onèt ki senbolize RIPTI ki dwe okipe pòs responsablite nan tranzisyon an. Se pou sa, nou menm òganizasyon ki pran inisyativ lèt tou louvri sa ekzije kondisyon sa yo pou yon moun ranpli pou l okipe yon fonksyon nan tranzisyon an :

- Fòk se moun ki pa enplike nan touye moun, vòlò lajan Leta, patispe nan konplo kont peyi a, ki pa gen move pase ni patisipe nan lòt zak malonèt.

- Fòk moun nan abitye pran pozisyon sou sa k ap pase nan peyi a;

- Fòk se moun ki gen yon istwa ki enspire popilasyon an konfyans; ki pa enplike nan travay pou ranfòse sistèm popilasyon an ap denonse a;

- Fòk moun nan pat jwe okenn wòl nan aplikasyon politik neyolibaral anndan peyi a ki responsab destriksyon ekonomi peyi a, epi ki pa patisipe nan likide enstitisyon piblik yo;

- Fòk se moun ki pat jwe okenn wòl nan gouvènman ki enplike nan dechèpiye lajan Leta, presizeman fon petwo-karibe a.

Fwa sa a pèp la sèmante 7 fwa 77 fwa li pap kouri pou rejim Tèt kale vòlò-kriminèl la pou li al tonbe anba men yon lòt gwoup k ap travay pou kenbe sistèm kòwonpi ak esklizyon an.

Boutofen, mesyedam komisyonè yo n ap mande nou resevwa lèt sa epi pran ankonsiderasyon ansanm ekzijans nou fè sou kritè pou yon sitwayen-èn dwe ranpli pou fè pati pwochen gouvènman tranzisyon an. Konsa, n ap mande nou resevwa salitasyon patriyotik nou.

Moun ki siyen pou :

KONBIT / Jean Paul Bastien
MOLEGHAF / David Oxygène
CNOHA / Dominique St Eloi

Komisyon k ap travay sou kritè sitwayen-èn dwe ranpli pou okipe yon fonksyon nan tranzisyon an.




Articles connexes


Afficher plus [1235]