S'identifier Contact Avis
 
28° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Lèt tou louvri pou nasyon an

Lèt tou louvri pou nasyon an



Pòtoprens, 6 janvye 2020

Sè ak Frè nou yo,
Pep ayisyen,

Peyi a ap travèse yon kalfou ki difisil anpil. Se yonn nan moman ki pi malouk nou konnen nan istwa nou kòm pèp. Pa gen anyen k ap mache nan peyi a apa vyolans, ensekirite ak kòripsyon. Ekonomi an bloke, lavi paralize. Nou ka menm di pa gen lavi. Tout sektè pran baf nan kriz sa. Lopital yo pa rive bay laswenyay ki esansyèl yo. Leta pa onore okenn nan obligasyon sosyal li yo pou popilasyon an. Wout nasyonal yo tounen kalfou malè. Se bandi ak gang k ap fè lalwa. Nan domèn politik se katastròf sou tout laliy. Eleksyon pa rive fèt. Enstitisyon yo ap sèvi sèlman enterè prezidan ak akolit li yo. Pandanstan, se represyon ak dilatwa k ap fèt. Anpil deriv ak zak abitrè nan konpòtman Lapolis.

Bilan ane 2019 la tris anpil. Peyi a pa ka kontinye ap peye konsekans move desizyon dirijan yo ap pran sou pretèks y ap defann yon manda senk (5) lane. Yon manda pa sèlman gen yon dire ladan l. Li dwe gen nannan andedan l tou. Si pa gen nannan, pa ka gen dire manda.

Non! Nou pa dwe viv ane 2020 an nan menm kondisyon yo. Menm jan tou, nou mande pou zanmi nou yo nan opozisyon an pa pran nan pwovokasyon.

Pandan n ap kontinye egzije demisyon prezidan an paske li pa p dirije anyen, nou dwe korije plan batay nou pou ane 2020 an. Nou pa ka bliye tout jenn, tout moun ki tonbe anba machin lanmò ak represyon politik pouvwa a. Fòk nou chanje metòd ak estrateji pou nou rive fè prezidan an kite pouvwa a pi vit. Batay se entèlijans ak disiplin. Tankou nou toujou ap mande sa, moman an rive pou n tanmen yon gwo dyalòg nasyonal. Yon dyalòg tout bon, san blòf, kote nou pral defini Repiblik la sou lòt baz :

a. Pou n abòde ak rezoud kòripsyon, kontrebann k ap fini ak pwodiksyon nasyonal la ki deja kokobe;

b. Nou bezwen yon Konstitisyon tou nèf pou Lòt Ayiti nou reve a. Nouvo Konstitisyon sa dwe bay Dyaspora a plis dwa pou l patisipe nan politik peyi a menm jan yo kontribye anpil nan ekonomi an ak nan domèn sosyal;

c. Pou nou rive mete sou pye yon Konsèy elektoral endepandan;

d. Kesyon separasyon twa (3) pouvwa Leta yo dwe pale tou ak anpil serye. Fòk limit ak fwontyè ant pouvwa yo pi klè nan prensip tankou nan pratik yo. Lajistis dwe kenbe endepandans li pou l sispann tòchon anba pye lòt pouvwa nan Leta a. Tout sitwayen sipoze ka jwenn jistis lè Leta ap abize l nan dwa l. Se sèl yon jistis lib ak endepandan ki ka akonpaye pèp la nan batay kont kòripsyon l ap mennen an.

e. Nou pap janm sispann mande yon pwosè jis pou nou rive konprann ak konnen kote Kòb Petwokaribe a pase. Yon pwosè ki dwe ede lajistis idantifye epi pini koupab yo.

Konjonkti n ap viv la montre nou klèman fòs ak limit tout sektè. Nan MTVAyiti, nou pa deside fè bèk atè devan okenn lòt sektè lè n ap defann prensip ak valè nou kwè ladan yo e ki se poto mitan ki kenbe nou kòm òganizasyon politik. Pandan nou angaje n pou n kontinye defann prensip ak valè sa yo nan bon kou nan move tan, nou swete tout sektè politik, pouvwa ak sosyete sivil la konprann nesesite ki genyen nan moman an pou nou chita pale yonn ak lòt pou n ka retire peyi a nan tchouboum li ye a.

Nou ka advèsè politik san nou pa lènmi mòtèl yonn anfas lòt. Si lidè politik sou pouvwa ak nan opozisyon chita pale ak etranje pou pale de Ayiti, pa gen okenn rezon pou Ayisyen pa chita pale ak Ayisyen parèy yo depi se nan enterè pèp la ak peyi a.

Chita pale pa vle di bay legen. Chita pale kapab yon estrateji ki pi entèlijan pou rive fè prezidan an kite pouvwa pi vit.

Donk MTVAyiti kwè nou ka rive jwenn yon konpwomi istorik ki pou di ki lè, ki dat epi nan ki moman prezidan an ap kite pouvwa a. Nou p ap negosye revandikasyon fondalnatal yo. Pèp pa konn pèdi batay, men fòk dirijan yo entèlijan pou mennen bon batay la. Negosye pa ka yon kado ni yon favè pou pèsonn. Okontrè se yon nesesite pou montre aklè jis ki kote nou ka rive pou n satisfè revandikasyon majè pèp la.

Nan ane 2020 an, n ap resantre kad batay la san nou pa bliye konviksyon nou ni bandonnen angajman nou bò kote pèp ayisyen an. Pèp ayisyen an pa mande nou ki metòd osinon ki wout n ap pran pou kraze sistèm peze souse a. Li sèlman mande pou elit wo plase yo chanje kondisyon lavi l.

Nou dwe chita pale. Nou vle chita pale. Moman an mande sa. Soufrans pèp la egzije sa. Sepandan, pa gen okenn chita pale pou piyay. Gen kondisyon pouvwa a dwe satisfè avan ki esansyèl e ki pa negosyab :

1) Pouwa a dwe sispann sèvi ak Lapolis pou fè represyon politik;
2) Pouvwa a dwe sispann fè aparèy jidisyè a tounen zouti abitrè pou fè pèsekisyon politik;
3) Tout prizonye politik dwe jwenn liberasyon yo san kondisyon.

Nou bezwen yon konpwomi istorik jodi a pou nou pa kite pouvwa nan men yon ti klik piyajè ak sansi k ap bwè ti rès san pèp la. Ti rès san sa, se pou pèp la ka reprann fòs ak jèvrin pou l rive batay pou kwape rejim delenkan, pouvwa malfektè epi rive poze bon jan baz pou yon lòt sosyete.

• Nou p ap ankouraje negosyasyon grennsenk, negosyasyon fomamit ak negosyasyon chanpwèl.
• Nou p ap bat bravo pou okenn lide kowabitasyon malatchong.
• Nou pap mache nan okenn dyalòg mètdam.

Sèlman, nou mande zanmi yo ak patnè nou yo nan opozisyon an chita reflechi epi gade byen pou wè kisa n ap pèdi si nou prepare yon fèy dewout k ap sèvi baz diskisyon pou bon jan negosyasyon an grandèt majè. Pou fini, MTVAyiti kwè nou p ap pèdi anyen nan chita pale. Okontrè se peyi a k ap genyen.

Ane 2020 an, fòk sa chanje. Sa dwe chanje tout jan. Keseswa nan fason n ap batay, keseswa nan fason n ap viv kom pèp. Dyalòg se yonn nan pi bon zouti k ap fè nou rive bati yon sosyete kote solèy va klere pou tout moun.

Viktwa se pou lidè ki gen vizyon ak pou pèp vanyan.

MTVAyiti ap swete nou tout yon bon lane 2020.

Dr Réginald BOULOS
Prezidan
MTVAyiti




Articles connexes


Afficher plus [1268]