S'identifier Contact Avis
 
25° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Inegalite sosyo-ekonomik (re)pwodiksyon vyolans nan peyi Dayiti

Inegalite sosyo-ekonomik (re)pwodiksyon vyolans nan peyi Dayiti



Nan lane 1804, Revolisyon ki te debouche sou konstriksyon Repiblik Dayiti kòm premye Repiblik nwa lib epi kòm youn nan pi gwo zèv pèp nwa a nan tan modèn nan te fè fyète epi te bay ansyen-esklavize ayisyen yo ak tout pèp nwa a yon gran esperans. Sepandan, touswit apre endepandans peyi sa a, konfli enterè, ki se yon bagay ineran ak tout gwoup moun sou latè, te pral make oryantasyon sosyo-politik peyi a. Mwen pa gen objektif rantre nan detay istorik yo, men nan ka Ayiti a, sa ki enpòtan pou mwen souliyen, sè ke konfli enterè sa yo toujou fèt ant 2 gwoup sosyal ki prèske konpoze yon menm « klas » [klas dominan]. Yo toujou ap chache pran kontwòl aparèy Leta a pou etabli dominasyon yo, majorite fwa, yo toujou aji kont mas pèp la. Klas dominan sa a konpoze de swadizan elit ekonomik e politik peyi a epi ki toujou jwenn sipò yon pati nan elit entèlektyèl la. Youn nan bagay ki komen nan moun ki konpoze elit sa a, se absans vokasyon. Baze sou sa Jean Price-Mars te ekri nan liv « La vocation de l'élite » [Vokasyon yon elit], mwen ka di, elit* sa yo ki konpoze klas dominan an pa janm wè nesesite pou kontribiye pou konstwi yon peyi ki bay posiblite pou moun viv nan respè ak diyite. Nan lòt mo, yo pa janm elabore yon pwojè peyi. Pliske yo santi yo konfòtab, yo toujou ap lite pou wè kiyès nan yo k ap kapab eksplwate mas pèp la pi plis e pi rapid.

Lit ak konfli pou pran pouvwa, pou kontwole ak eksplwate mas pèp la vin konstwi yon peyi kote inegalite ak vyolans tounen règ jeneral. Nan sans sa a, inegalite ak vyolans sosyo-istorik ki prezan nan estrikti peyi Dayiti jounen jodi a gen pou wè ak chwa ke diferan gwoup ki konpoze elit (ekonomik, politik, entèlektyèl) ayisyen fè pou oryante peyi a.
Apre endepandans peyi a, Jean Jaques Dessalines te kesyone nouvo « elit » ki te vin fòme a pou konnen desten mas ansyen-esklavize yo, ke majorite se te nwa. Kote li te mande « Èske ansyen esklavize sa yo ke paran yo an Afrik la p ap eritye anyen? ». Kesyon sa a fondamantal pou nou pwoblematize baz inegalite sosyo-ekonomik ki pèsiste nan peyi sa a, ke jounen jodi a atenn yon nivo ensipòtab. Apre zansèt nou yo te fin goumen pou te mete kolon yo deyò [Se yon bagay ekstrawòdinè ki te konteste tout pwent vi syantifik ak filozofik nan 19 yèm syèk la ki te vle fè kwè moun nwa yo pa gen konsyans de egzistans yo antanke moun ki dwe epi ki ka viv lib], konfli pou dirije peyi a te pral fòmate yon elit ki gen 2 branch**. 1) nan yon branch, milat yo te majorite [Milat sa yo se te ansyen lib, pitit kolon ak fanm nwa ki te esklavize] 2) nan lòt branch lan, nwa yo te majorite. Se militè ki te gen gwo grad nan lame a ki te konpoze branch sila a.

David Nicholls nan liv ki rele « From Dessalines to Duvalier » [Soti nan Dessalines rive nan Duvalier] fè konnen ke milat yo gras ak konesans entèlektyèl yo epi ak mwayen ekonomik yo, yo te fè konnen ke yo gen plis kapasite pou dirije peyi a. Pozisyon sila a te gen yon dimansyon rasis. Sa ki te pral pouse militè nwa yo ki te okipe gwo plas nan lame a pou òganize yo pou kontrekare milat yo. Yon bagay ki enpòtan pou nou souliye, sè ke li ekstrèmeman difisil menm enposib pou nou fè yon separasyon kategorik ant 2 branch sa yo. Sa vle di, branch milat la te gen nwa epi branch nwa a te gen milat. Lòt bagay ki fondamantal ankò, pou nou konprann sè ke konfli ant gwoup sa yo toujou fèt sou non pèp la, men majorite fwa odetriman pèp la. Se yon bagay ki kontinye jouk jounen jodi a.

Nan lespri ak nan fon kè majorite moun ki te fòme elit pòs-endepans lan te gen yon volonte pou konsève privilèj ansyen kolon yo ki t ap nouri. Bò kote milat yo, anpil nan yo te vle prezève privilèj ekonomik ansyen kolon yo ak tout yerachi rasyal kolon sa yo te enplante a. Byenke elit nwa a te trè kritik anvè rasis milat yo, men anpil nan yo te vle konsève privilèj ekonomik ansyen kolon yo tou. Okenn nan yo pat bay yon vrè siyal ke yo te gen volonte pou dechouke lojik kolonyal ak esklavajis ki make relasyon sosyal nan jèn nasyon an.

Frantz Fanon, nan liv ki rele « Les damnés de la terre » [Kondane sou latè yo], montre kijan kolonize yo (te)gen gwo anvi pou yo ta pran plas kolon yo. Pou yo ta manje sou tab kolon yo, si sa posib, pou yo ta dòmi ak mandanm kolon yo, sou pwòp kabann kolon yo. Nan menm liv sa a, li montre ke nan majorite peyi pòs-kolonyal yo, elit ki fòme yo se yon seri elit debil, predatè ki pa gen okenn konsyans nasyonal. Yo pa janm gen okenn kontrent lè y ap eksplwate mas pèp la. Epi tou, yo pa janm gen objektif pou yo konstwi yon klas boujwa endepandan, men pito yon klas “boujwa” revandè epi restavèk. Mwen panse apwòch Fanon an kontinye pètinan pou nou analize sosyete ayisyèn nan ki toujou makonnen ak yon vye pase kolonyal-esklavajis.

Nan menm liy sa a, Michel Rolph Trouillot, nan yon liv ki rele « Haiti, state against nation » [Ayiti, Leta Kont Nasyon], montre kijan Leta Ayisyen se pa yon Leta ki te konstwi pou pwomouvwa byennèt pèp la. Men se pito, yon Leta predatè. Pou Leta sa a asire egzistans li, li bezwen eksplwate ak dechèpiye mas pèp la. Se nan sans sa a, n ap konprann ke Leta Ayisyen an se yon Leta enstrimantalize. Leta sa a se yon enstriman ke fraksyon elit sa yo itilize, non sèlman pou eksplwate mas pèp la ak pwoteje privilèj yo, men tou pou repwodwi sosyete a nan fason li ye a. Byen anvan Trouillot, nan yon liv ki rele « Analyse schématique (1932-1934) et autres textes scientifiques » [Analiz Chematik 1932-1934 ak lòt tèks politik] ke kominis Jacques Roumain te ekri, li te ensiste sou nesesite ki genyen pou nou konprann mannèv ke fraksyon elit yo ki konstitiye swadizan boujwazi nan peyi Dayiti a itilize pou konsève pouvwa yo epi pou pa janm gen yon chanjman pozitif ki fèt nan sosyete a an favè mas pèp la.

Nan batay pou kontwole aparèy Leta a, toujou gen yon tandans pou rezime konba politik yo ak yon kesyon koulè***. Reyèlman kesyon koulè a gen yon plas enpòtan nan listwa sosyo-politik peyi Dayiti, men politisyen yo toujou itilize l pou konstwi yon diskou popilis sèlman nan objektif pou jwenn adezyon mas pèp la, san yo pa janm gen okenn pwojè politik ak ekonomik pou fè yon ripti ak inegalite sosyal ki nòmalize nan sosyete ayisyèn nan. N ap konprann pou kisa Jacques Roumain te di ke fraksyon boujwa milat la oubyen fraksyon boujwa nwa a k ap batay ant yo menm pou eksplwate mas pèp la, se de kategori meprizab ki konpoze yon menm klas. Ni youn ni lòt pa gen okenn pwojè peyi. Yo pa gen pwojè devlopman, ni tou, yo pa gen pwojè pou diminye abim sosyo-ekonomik ki separe moun ki fè pati klas dominan an ak mas pèp la. Enklizivman, ni youn ni lòt, depi yo sou pouvwa a, lè pou yo defann enterè yo, yo fè alyans ak kominote entènasyonal la, menm lè yo gen sètitid se odetriman pèp la. Mwen ensiste pou m di ke separasyon ant klas dominan ak mas pèp la gen yon orijin kolonyal. Refòm agrè Dessalines te propoze a, petèt, ta pral diminye abim sa a, men malerezman, li pat gentan fèt. Kidonk, byenke batay pou endepandans lan se te yon batay radikal, li pat rive siprime lojik kolonyal ki kontinye ap oryante kondwit swadizan elit nou yo.

« Villes Haïtiennes dans la Nation » [Vil ayisyèn yo nan Nasyon an] se tit yon zèv kolektif ki te pibliye nan lane 2011. Nan paj de kouvèti liv sa a, yo repwodwi yon grafiti ki gen fraz sa a « yon nasyon pa kab egziste san jistis sosyal ». Sepandan, liv sa a trase yon chema akablan sou nivo inegalite sosyal ak absans jistis sosyal ki genyen nan peyi sa a. Margareth Mathurin se youn nan moun ki ekri nan liv sa a, li fè kwè ke distribisyon richès nan peyi Dayiti ekstrèmeman inegal. Li fè kwè ke 80 % nan popilasyon an depann de yon ekonomi de sibzistans. Nan yon bò, li fè konnen ke 2% moun ki ap touche pi byen nan sosyete a, resevwa 26% nan revni nasyonal la, nan lòt bò a, li fè kwè tou ke 50% nan popilasyon an pataje 10% nan revni nasyonal la. Selon menm otè a, 74% nan popilasyon ayisyèn nan ap viv nan mizè. Sa ki pi di a, 56 % nan 74 % moun sa yo ap viv nan povrete ekstrèm (Mathurin, 2011, p.15-6). Done sa yo prezante yon reyalite ekstrèmeman tris, sepandan, mwen pa gen okenn dout ke bagay yo vin pi mal nan dènye ane sa yo.

An 2015, Francky Altineus**** te defann yon memwa mastè sou kesyon agrè an Ayiti ki rele « Espaces agraires en Haïti : structure foncière et production du riz dans le département Artibonite » [Espas agrè yo ann Ayiti: estrikti fonsye e pwodiksyon diri nan depatman Latibonit la]. Li te fè kwè ke majorite nan tè kiltivab nan peyi Dayiti se pwopriyete grandon. Li te menm ale pi lwen pou l te fè konnen apil nan grandon sa yo se grandon « absanteyis », k ap viv swa Pòtoprens oswa a letranje. Pafwa, gen nan yo ki fèmye nan tè yo ak lòt moun, men gen lòt tou ki sèlman kite tè yo la pou fè onè yo. Sa vle di, pou moun ka di « entèl se yon grandon ». Nan sans sa a, selon konsta jewograf Altineus la, mwen ka di, anpil nan tè sa yo pa gen okenn fonksyon sosyal.

« Haiti: da desigualdade social às desigualdades socioespaciais na metrópole de Porto-Príncipe » [Ayiti: soti nan inegalite sosyal rive nan inegalite sosyo-espasyal nan metwopòl Pòtoprens] se yon memwa mastè ke jewograf Ismane Desrosier soutni nan lane 2020 an. Otè a abòde plizyè tematik sou sitiyasyon sosyo-ekonimik ak politik nan peyi Dayiti. Li montre kijan inegalite sosyal ki soti depi nan peryòd kolonyal la kontinye fè chemen l. Li ale pi lwen pou li montre kijan Tranbleman de tè 12 janvye a ogmante inegalite sa yo. Selon jewograf la, Ayiti se youn nan peyi ki pi inegal nan Amerik Latin nan ak nan Karayib la. Malerezman tout endis sosyo-politik ak ekonomik yo montre poko gen okenn pwojé pou simonte pwoblèm istorik sa a.

Majorite nan swadizan elit ekonomik ak politik ki konpoze klas dominan an pa vle pou sitiyasyon sa a chanje. Pliske objetif yo se proteje privilèj sosyo-ekonomik yo ak estati sosyal yo. Ebyen, inegalite sa a, ki se yon vyolans demezire, vin pwodwi tout lòt sòt de vyolans ke sosyete ayisyèn nan ap afwonte jounen jodi a. Nan sans sa a, li enpòtan pou mas pèp la konprann rasin pwoblèm yo pou nou ka tante fè yon ripti ak estrikti sosyal vyolan sa a. Nan sans sa a, entèlektyèl kritik, ki dakò pou gen yon ripti ki fèt nan sistèm nan dwe kontribiye, non sèlman, pou devwale estrateji bidon e popilis politisyen ak kèk entèlektyèl san vokasyon ap manniganse jis pou kontinye eksplwate inyorans ak mizè mas pèp la, men tou, pou atikile ak mas defavorize a yon fason pou devlope yon idewoloji ki kapab debouche sou konstriksyon yon pwojè peyi, ki ka fè ayisyen viv nan diyite ak respè. Nan lòt mo, nou dwe devlope estrateji pou kontribiye aktivman nan fòmasyon politik pèp la. Nan sans sa a, rezo sosyal yo ap itil anpil. Pou sa, atravè yon langaj ki mete sou kote tout sòt de entèlektyalis ak akademisis, nou dwe remobilize zèv enpòtan ke kèk entèlektyèl angaje ki te gen vokasyon te kite pou nou dyaloge ak mas pèp la, nan yon fason pou nou konstwi ansanm yon edikasyon politik solid.

Fòmasyon politik solid se baz pou fòse gen yon chanjman dirab, paske l ap pèmèt pèp la ka analize diskou popilis, san fondman epi san konsistans lojik ak istorik ki toujou predomine sou sèn politik nan peyi a. Se egzateman sa ke swadizan elit ki konpoze klas dominan an konnen ki fè yo toujou ostil kont tout moun ki gen yon fòmasyon kritik***** epi ki gen vokasyon pou kontribiye pou ka gen yon chanjman radikal nan peyi a. Se yon fòmasyon politik solid k ap pèmèt nou idantifye kilè yon pati politik ou byen yon politisyen gen yon pwojè peyi. Kilè se sèlman yon eslogan yo genyen. Sa ap ede n konnen tou ki pwogram yo genyen pou konbat inegalite sosyal nan peyi a.

Pou m fini, m ap antisipe sou kisa pwochen refleksyon an pral ye. Se pral sou sa yo rele pati politik ann Ayiti. Annatandan, m ap fè nou konnen ke nou dwe mefye tout pati politik bidon kap fòme oubyen ki te egziste deja, ki pa gen okenn pwojè peyi, ki pa gen okenn pwogram politik, ki pa gen okenn fèy de wout, ki pa gen okenn ideyoloji. Kidonk, pou konprann yon pati politik yo oubyen lidè yo, nou dwe chache konnen pakou yo, konnen istwa yo, ki pozisyon yo konn pran, elatriye...

Frantz Rousseau DEUS, Doktoran nan Sosyoloji.
E-mail: frantz rousseaudeus@yahoo.fr

Nòt sou enfòmansyon yo nan kò tèks la :

* Sou kesyon wòl yon elit nan yon peyi, nou ka li tèks ki disponib nan lyen sa a : http://lenational.org/post_free.php?elif=1_CONTENUE%2Ftribunes&rebmun=1387&fbclid=IwAR0HIRPtCKh7AXzkL8PN95c7iIORbzXmkH30h_Ol9Dvra6RZcif6IN4lpOo
** Lit ant fraksyon elit yo pou pran kontwòl richès nan koloni Sendomeng te parèt byen anvan revolisyon an. Selon Emile Olivier ak Claude Moïse, ta sanble lit sa a te deja byen vizib ant (1796-1802). Lit sa a te pral pran yon pi gwo dimansyon nan lane 1799 nan konfli ki te opoze Toussaint ak Rigaud nan lagè ki te fét nan Sid peyi a. Nan lòt mo, daprè Emile Olivier ak Claude Moïse, gwo jeneral lame yo te kòmanse batay ant yo pou te kontwole pouvwa politik avèk abitasyon ke kolon yo te kouri kite yo. Pou moun ki enterese, yo ka konsilte: Claude Moïse ak Emile Olivier: Repenser Haïti, grandeur et misères d’un mouvement démocratique. Les éditions CIDIHCA.

*** Kesyon koulè se yon pwoblematik ki trè ansyen nan listwa Dayiti, anpil otè travay sou li. Pou moun ki enterese, yo ka al li: Labelle Micheline (1978) Idéologie de couleur et classes sociales en Haïti. Nicolls David (1979): From Dessalines to Duvalier; Michel-Rolph Trouillot: Haiti, state against nation: The Origins and Legacy of Duvalierism.

**** Franky Altinéus se te yon ansyen etidyan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS), li te fè mastè li a nan Universidade Estadual de Campinas, nan peyi Brezil, apre li te fin defann memwa a, li te rantre ann Ayiti, pandan li te gen pou retounen Brezil vin fè doktora, men malerezman sou gouvèman Miky a yo te ansasinen l pandan li te pral fè kou Gonayiv. Jiskaprezan, yo pa janm revele anyen sou lanmò li.

***** Se pa san rezon, nan divès peryòd istorik, anpil entèlektyèl angaje ak lòt moun ki gen bon fòmasyon politik nan peyi sa a soufri represyon Leta enstrimatalize sa a. Gen sa ki te pran egzil, gen sa yo te ekstèmine, gen lòt ki te pran prizon plizyè fwa. Pou 19 yèm syèk la nou ka bay ezanp Anténor Firmin ki te egzile, pou 20 yèm la, nou gen Stephen Alexis ki te egzile, Jacques Roumain ki te pran prizon plizyè fwa epi l te egzile, Jacques Stephen Alexis, jis jodi a yo pa konnen kisa rejim Duvalier te fè li… Nou pa ka bliye 2 jèn sa yo: Marcel Numa ak Louis Douin Jr ke diktatè François Duvalier te fè egzekite piblikman. Nan 21 yèm syèk la, nou ka pran profesè Louis-Juste Anil, Francky Altinéus; Gregory Saint-Hilaire. Mwen sèlman site kèk non aleyatwaman. Resamman, ekonomis Thomas Lalime te pibliye yon atik nan Le Nouvelliste ki montre kouman yo asasinen entèlektyèl ann Ayiti. Li te menm fòme yon kabinè fiktif ak sèlman moun ke yo egzekite, nou ka konsilte lis la nan lyen pi ba a: Un cabinet ministériel d’excellence composé d’exécutés de la République. https://lenouvelliste.com/article/220935/un-cabinet-ministeriel-dexcellence-compose-dexecutes-de-la-republique .

Rekonsidere ka sa yo se pa pou fè pèsòn moun pè, men se pito yon fason pou montre se atravè tout sòt de vyolans ektrèm ke yo repwodwi sistèm sosyo-politik nan peyi sa a.




Articles connexes


Afficher plus [1655]