S'identifier Contact Avis
 
28° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sports rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video
Tande rezon

Tande rezon









Tande rezon, pou nou pa di si n te konnen

PetwoKaribe kreye yon okazyon, yon opòtinite.

Yon bon pretèks, nou ka chanje sa a, si nou pwofite.

Petwokaribe reveye konsyans nou, li ban nou anpil enèji.

Chapo !

Ayibobo pou jèn, pwofesyonèl, pwofesè, etidyan, elèv, jounalis, ti atizan, chofè, chomè, polisye, politisyen, elatriye, ki konprann nou pa ka rete bouch be, fwa sa a. Etan zòt ap banbile nan kès Leta a. Petwokaribe ban nou okazyon pou nou poze anpil anpil lòt pwoblèm sosyal ki pa ka tann ankò.

Nou wont pou jan nou wè Lopital jeneral ap fonksyone. Nou wont pou jan nou wè kèk grenn lekòl nasyonal ak lise nou genyen yo ap fonsyone. Nou revòlte pou jan nou wè dirijan nou yo ap trete popilasyon an, sitou sila yo k ki pi pòv yo.

Dirijan politik, klas ekonomik, moun save nan peyi a, pa konprann nan ki kalfou nou ye la. Nou bouke.

Nou nan gouf. Nou nan kalfou tenten. Prezidan Jovenel MOISE te pale ak pèp la. Li pale yon bon kreyòl. Li pale anpil pawòl, poutan nou pa konprann anyen, e nou pa kwè te gen anpil moun ki te konprann sa l te vle di. Nou fè anpil jefò, nou fè jimnastik, malerezman nou pa konprann, nou pa wè klè.

Genlè Prezidan an pa di anyen sou dosye petwokaribe a ? Genlè li pa di anyen sou gwo tonton kriz ekonomik ak enflasyon k ap rache fyèl peyi a ? Genlè dosye goud la ki tounen zorèy bourik la, pa t lan diskou Prezidan an ? Yo di Prezidan an pale sou zafè eleksyon ak respè manda li. Si se sa, li gen lè gen rezon. Men atansyon Prezidan, pèp la pa twò gen pwoblèm eleksyon, jounen jodi a. Nan vil tankou nan mòn, alèkile, pwoblèm pèp la, se manje, lekòl, lasante, dlo potab, travay, sekirite, lojman, wout, elatriye. Alèkile, Prezidan, Palmantè, Opozisyon, problèm pèp la, se koripsyon ak trayizon. Pèp la vote anpil deja. E li gen anpil dirijan nan peyi a. Ou ta ka menm di li vote twòp. Jodi a, an nou koumanse ba li kèk soulajman, an nou wè kijan nou kapab louvri tout bon vre lopital jeneral, ride pèp la kwape lavi chè a, epi goumen kont fatra k ap demantibile kòtòf lèstomak li. Atansyon Prezidan, pèp la pran lari a, paske l bouke atò.

Apre 215 lane lendepandans, lè a rive atò pou nou fè yon chwa klè. An n wè kijan nou kapab ranfòse sistèm sante nou an, twòp moun mouri kay doktè poutèt lajan. Nou wont pou ti krik ti krak dirijan nou yo blije pati al pran swen lòt bò dlo. E sila yo k pa ka vwayaje a ?

Voye tout timoun lekòl gratis ti cheri nan peyi a se yon nesesite. An nou wè ki jan nou ka mete yon bout ak tranzisyon manch long sa a, etan n ap itilize lajan nou ta dwe fè eleksyon pou depite ak senatè yo, pou nou ekipe lopital piblik nou yo, epi voye tout timoun lekòl, alawonnbadè. Paran yo pran twòp kout ponya pou yo voye timoun yo lekòl. Se yon devwa pou Leta a fè lekòl, bay chak timoun transpò, manje, inifòm ak materyèl eskolè.

Si Eleksyon pote chanjman pou pèp lan lòt peyi, bò isit se chen manje chen, se hing hang, magouy, kraze brize li pote.

Èske nou kont eleksyon ? Non, non, nou pa kont eleksyon. Eleksyon se yon egzèsis enpòtan nan lavi yon pèp souvren. Men fòk li fèt byen. Li enpòtan pou nou mete bon jan mwayen, fè edikasyon moun yo avan e pandan y a pral nan eleksyon. Eleksyon bò isit bay twòp tèt chaje. Si lòt kote se moun ki popilè ki genyen eleksyon, anpil anpil fwa, bò isit se kandida ki gen plis lajan an, ki ka fè plis presyon, ki pi koken, ki gen plis atoufè, ki ranpòte eleksyon. Kidonk, yo pa bezwen pitit la sanble ak papa a, se akouchman an yo bezwen sèlman. Sa k pirèd la, ta sanble elit entèlektyèl ak ekonomik sosyete a asepte sa. Se sa k fè pèp la, pa toujou respekte eli sa yo.

Tout moun ki sansib, ki renmen pwochen l ta dwe endiyen pou jan mizè ap sasinen pèp sa a, yon pèp ki chaje yon bann reprezantan nan palman an. Nou menm, nou endiyen.

Klas politik, klas ekonomik, entèlektyèl, moun legliz, vodouyizan, elatriye, an nou wè kijan nou ka negosye yon dènye tranzisyon nan lide pou nou jete tout bon vre, baz devlopman ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi nou an. Twa (3) lane tranzisyon avèk yon pwogram byen klè ta ka bay bon rezilta. Lè sa a, fòk nou ta sispann gaspiye lajan ti krik ti krak. Fòk nou tou pwofite refòme administrasyon piblik la: twòp moun k ap okipe you seri pòs san yo pa gen nivo pou sa. Se sa ki fè Leta a pa ka bay popilasyon sèvis. Ayiti pa gen ren pou li sipòte 22 minis mezanmi !!! Ase, nou di ase ! Kenz (15) minis sifi pou nou. Ase !!!

Si tout sitwayen (fanm kou gason) ta antann yo sou yon dènye tranzisyon, gran deba sou avni peyi a ta ka angaje. Pwosè petwokaribe a ta ka tanmen. Agrikilti peyi a, endistri touris la, pwomosyon kiltirèl, refondasyon sistèm edikatif nou an, ak refòm inivèste peyi a ta ka tou reyalize.

Apre 215 lane lendepandans, anyen pa chanje. Chenn yo pa kase. Mèt yo chanje koulè, yo chanje plas, men viktim yo vin pi plis. Lavi moun pa chanje, se senkant kòb degouden. Depi apre lanmò Lanperè Jean- Jacques Dessalines, Elit yo pran plas KOLON fransè yo, lan fason y ap toupizi pèp la. Yo pa fè lekòl, lopital, lwazi pou pwòp tèt pa yo, ale wè pou pèp la. Minorite kreyòl ki nan peyi a depi digdantan san pitye pou mas pèp la, sila yo kèk moun rele “bosal yo”. Yo pran pouvwa lan non yo, pou satisfè pòch yo, kòkòday yo ak fanmi yo. Yo san pitye pou malere ak malerèz, san pitye pou peyizan yo, san pitye pou lajenès, san pitye pou timoun yo, san respè pou ideyal Zansèt nou yo.

Popilasyon an bout atò. Medam/ Mesye, Tande rezon ! Sistèm sosyopolitik ak ekonomik n ap soutni la, depase. Lè a rive atò pou nou fini ak sistèm apated sa a. Lè a rive pou nou tabli yon sistèm ki koupe fache ak sistèm kolonyal/ esklavajis sa a, sistèm peze souse ki fè peyi n ap rele yogann, yogann lan.

Pèp la endiyen, pa kite l fè tèt li jistis. An nou tabli yon bon plan pou ride li goumen kont lamizè ak lenjistis. Jounen jodi a, koze KONFERANS Nasyonal la, se yon nesesite. Pa gen wout pa bwa. Pandan n ap bay pèp la soulajman sou bezwen ki pi ijan yo, je nan je, an nou pale, an nou diskite san mètdam. Mete lògèy ak ipokrizi sou kote. Tankou Senatè Tuneb Delpé te di, an nou fè yon konferans nasyonal san blòf. Konferans nasyonal sektoryèl la pap sifi. An nou chita brase lide ak tout sektè nan vi nasyonal la tankou :

1- Sektè politik, sektè patwon, sektè ouvriye, sektè enfòmèl, sektè atizan, sektè chomè, sektè peyizan, sektè patwon medya, sektè jounalis, sektè polisye, sektè lame d Ayiti, sektè pwotestan, sektè katolik, sektè vodou, sektè inivèsite piblik, sektè inivèsite prive, sektè sendika inivèsite, sektè pwofesè inivèsite piblik, sektè pwofesè inivèsite prive, sektè sendika anseyan, sektè sendika chofè, sektè enfimyè, bawo avoka yo, sektè koperativ (pechè, elvè, agrikiltè, ti machann, elatriye), sektè atis, sektè espòtif, sektè kretyen ki pa nan federasyon protestan yo, sektè dwa moun, sektè fanm, elatriye.

2- Konferans sa a ta dwe debouche sou yon lòt kontra sosyal, yon konstitisyon ki pi reyalis, ak yon plan devlopman dirab,

3- Yon kalandriye ta dwe defini pwen apre pwen kijan rezolisyon yo a pral aplike.
Klas politik, klas ekonomik, entèlektyèl, moun legliz, vodouyizan, lajenès, okenn lan nou pa fouti di nou fyè pou nou di nou se Ayisyen lè nou rive lòtbò dlo. Paske kèlkelanswa koulè w, otè w, lajan w, fòm figi w, mak machin w ap woule bò isit, depi w rive laba, yo mete nou tout lan menm panye. Yo jije nou selon jan yo wè Ayiti ye. Kidonk vle pa vle, Ayiti pa bon, li pa bon pou nou tout. E si l bon yon jou, l ap bon pou nou tout. Tande rezon !

Prezidan, Senatè, Depite, Majistra, Opozisyon, sosyete sivil, gwoup òganize, pèp la pa ka tann ankò. Mete tout gwo kòlèt, enterè pèsonèl, enterè klan politik, sou kote pou nou pwopoze yon lòt sosyete.
Kenbe la, nou swete Gramèt la pwoteje epi beni Peyi nou, Ayiti.

Rochambeau LAINY

Docteur en Sciences du Langage
de l’Université de Rouen

Enseignant-chercheur à l’UEH
Akademisyen kreyòl ayisyen an
rochambeau.lainy@ueh.edu.ht

+ 509 38 20 94 15

Samuel REGULUS

Docteur en Ethnologie de
l’Université Laval

Professeur d’Universités
sam.regu76@gmail.com

+509 37 01 03 13



Articles connexes


Afficher plus [872]