S'identifier Contact Avis
 
22.58° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sports rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video
A sa ki vle

A sa ki vle








Yon Grenn pwomennen plis yon bwa piwo egal yon Batagri

Kot kòb petwo karibe a? Ni Bwa Piwo ni Grenn Pwomennen ap poze menm keksyon an.

Si Grenn Pwomenen di li pap dòmi Bwa Piwo li menm di l ap swiv, l ap gade. Antouka gen moun ki pa wè pi lwen ke pwent nen yo, men gen lòt ki wè tèlman lwen yo pase tout lavi yo ap gade, tankou papa Chantoutou nan Tisentaniz, yo pa menm ka wè dominasyon an nan katye yo, lakay yo, nan chanm yo e menm sou kabann yo. Se nòmal, si nou pa kanpe sou menm bit kouman pou n ta wè lorizon menm jan. Antouka tout bèt niche maleng yo jan yo konnen. Men tout nannan koze a, se paske nan sosyete sa a tout moun pa gen menm maleng. Maleng moun Lasalin se Java devan ti bouton anba zèsèl moun Montay Nwa. N ap profite raple nou tou chimen bouton se chimen java sitou lè n konnen se yon bout mi ki separe nou oubyen yon vit machin.

Si lorizon nou ap gade a se jwenn kòb petwo karibe a. Grenn Pwomennen ak Bwa Piwo se 2 ti lolit nan sosyete a k ap chache ladrès k ap bon pou yo, pou rezoud problèm pa yo. Youn panse se nan mache chache l ap jwenn solisyon epi lòt la panse se nan byen gade, nan fè konferans, kòlòk, atik elatriye l ap rive kanpe yon sosyete. Se la nou oblije gade bit yo tankou mwayen ak enterè pesonèl oubyen enterè group yo. Bagay sa yo ap fè nou byen konprann poukisa nan menm batay la gen Chalenjè, gen Pozè (Kafetyè), gen revolisyonè, gen opozisyon, epi gen moun katye popilè. Lè nou fin gade lorizon an ak diferan ladrès oubyen metòd yo epi aktè yo nou ekri tèks sa pou n mande poukisa nou pa chache vin yon BADAGRI? yon modèl moun ki nan yon praksis revolisyonè, ki va melanje pawòl ak aksyon; nan yon sèl sousi chavire lòd kapitalis rachitik sa nan peyi a.

Ogou Badagri sa w ap fè la
Se veye yo mete w veye
M p ap dòmi Feray m p ap dòmi
Deja gason lagè pa sa dòmi
Feray ooo Se nan lagè mwen ye
yo mete m veye

Nan tradisyon Ayisyèn nan Badagri ou Batagri se yon pèsonaj ki fè tout lakòt peyi a, a pye. Pye l ki toujou blanch ak pousyè sa se siy li mache anpil, li wè. Li wè timoun ki grangou, li kontre ak madan sara sou tèt kamyon, li wè jenn fanm anba poto, li kontre pèyizan k ap leve bonè al vann jounnen , li wè elèv lekòl , li wè move je tou. Badagri pa janm kite manchèt li atè, dayè yo rele l gason lagè. Piske li se yon moun pawòl, li sèmante pou li defann peyi a jiska dènye pye Palmis Lalibète ki rete a. Sèman li te fè nan bwa kayiman, jou ki te 14 dawout 1791 la se yon pawòl grenn plen ki di li pap kite bout tè kiskeya pou anvayisè etranje. Sèman sa pou li se yon zo grann, yon kwa manman , yon kwa papa li pap kite pèsòn pile l. Badagri toujou gen Ralfò li nan do li, si se te nan tan eklere sa li t ap gen yon bèg , ki gen manje li, yon ti plat , yon nèf milimèt, ak medikaman pou l pote sekou ak sa ki nan bezwen sizoka.

Tout djougan Badagri djoukan an se paske l nan Bizango. kidonk miche pa yon grenn senk se pito yon moun òganize k ap fè sa l konn fè nan mitan yon group moun k ap lite pou menm kòz. Si nou byen gade nan dyalòg li ak feray nan ti chante nou sot li piwo a, l ap asire kanmarad la, li pap dòmi li se gason lagè li sou pòs li, li gen pou l veye ènmi alòs l ap veye.

Diferans Badagri gen ak Bwa Piwo se yon twazyèm je kidonk li wè pi lwen ke Bwa Piwo. yo rele l Ougan Djakout. Lè lòt yo ap gade lorizon li menm li envante l. Li aprann timoun yo reve. Si chak moman degrengolad ak boulvèsman nan peyi a toujou gen yon Ogou Badagri ki moute yon grenn moun oubyen de twa moun, alòs nan moman krabouyay lawont diyite plat pye sa a, se nou tout k ap batay ki ta dwe sèmante epi makaye pou yon dezyèm endepandans.

Nou menm, lwa Badagri te moute k ap eseye ekri tèks sa, youn nan bagay ki enterese nou se tradwi chak kout san, chak soupi, chak pawòl sensè ki ka ede pou yon avansman nan batay petwo karibe a. Kidonk nou pat anvi fè chenè sou yon teren syantifik pou nou moutre longè konnen nou.

Moman verite, pou yon lòt pwojè sosyete

« kot kòb petwo karibe a » chak fwa nou poze keksyon sa se tankou n ap gade lorizon menm jan ak Bwa piwo ak Grenn pwomennen. Men kite m di nou, nou rive nan moman pou nou envante lorizon an. Fè tankou jodi a lè nou mande kòb la se tankou nou mande: Kot sosyete egalitè a? Kote tout moun se moun jan papa nasyon an te prevwa sa a; Kot edikasyon gratis la k ap aprann nou valè grandèt yo nan lang manman nou ak papa nou an ? Kot libète byennèt la? Twòp goumen fèt pou bezwen fondamantal yo ; Kote inivèsite peyi a ? Yon inivèsite nan yon rapò orizontal pou rezoud problèm mas yo ; Kot kilti peyi ak orijinalite peyi a? Kote politik salaryal ouvriye yo, ki pou mache kòt a kòt ak pouvwa dacha yo a ? Kote lopital peyi a, pou tout moun jwenn laswenyay gratis la? Kot Leta peyi a ? Yon leta nasyonal ak yon chèf sèvitè tankou Badagri pou defann enterè sa ki pi pòv yo ?Kote Jean Yves Leonard, Kote jean Yves Blot ? sa vle di fòk lajistis triyonfe kèlkeswa kote kriminèl yo souche. Kote wout nan peyi a? Pou moun sikile san difikilte.

Mande kòb petwo karibe a ta dwe kòmanse rantre nan yon nouvo projè sosyete anfas sosyete miwo miba a. Anfas sistèm privilèj kap fasilite kliyantelis, pwostitisyon, eskokri, mansonj lan, pou n konstwi yon peyi kote tout moun se moun pou projè libète byennèt la tabli. N ap raple nou, kanpe yon nouvo projè sosyete p ap janm rive fèt nan tete lang, se pito nan kontre sousi gason ak fanm pa kanpe, Bal tire , manchèt kwaze, nan gro konplo sa a ap rive fèt. Nou gen ekzanp Kiba (Janvye 1959), Lawisi (Oktòb 1917, Lafrans( jwiyè 1789) ayiti ( janvye 1804) pou tout bon zanfan ki pretann yo ka fè lamilèt san kase ze!

Bon règleman pa gate zanmi

Komisyon n pran nan gaz. Kimoun k ap ede n triye lasistans zanfan yo? Pwa mele nan lwil, diri melanje ak mayi sa ki pizè tout panyen an santi gaz. Si nou remonte nan listwa peyi Dayiti n ap wè se pa jodi a keksyon ap poze kite n raple nou kèk kesyon :

- Ou ka elimimine Tousen, eske ou ka elimine swaf libète jeneral kaptif yo?( Tousen 1802)

-E sila yo manman ak papa yo an afrik se lafyant pou y al manje ? ( Papa Desalin 1805 )

-Kilè n ap sispann separe tè yo sou baz koulè, epi fè moun nwa yo fè restavèk gran Don yo (Goman 1807 – 1818).

-Ki lè n ap sispann vòlè richès peyi ak etann inegalite sosyal yo a sou baz koulè po ? ( Jean Jacques Acaau 1843 / yon nèg nwa rich se yon milat, yon milat pòv se yon nwa )

-Kilè nap remake kesyon koulè a pa anyen se klas la ki tout bwoblèm nan ?( jacques Roumain 1946 )

-Fòk sistèm bout di sanginè a fini, makout pa ladan ? (mouvman kont Diktatiti Divalye yo 1986)

-Kote kòb koperativ yo ?( mouvman viktim koperativ yo 2003-2004)

-Kot refòm ak otonomi inivesite leta a? ( 2003-2004)

(Tout sa pou nou rive nan yon nouvo kontra sosyal boujwa)
-Jodi a n ap mande kot kob petwo karibe a ?

Si nan yon tan istorik se te lidè oubyen kèk gwoup nan sosyete a ki te konn poze keksyon ki gade enterè mas yo oubyen enterè pa yo, nan ka mouvman petwo karibe a se pèp la menm k ap mande kot sa nou kite pou li nan gaspiyay lajan k ap fèt nan peyi a. Se yon keksyon ki mennen nan yon redistribisyon richès anndan peyi pou may yo demare.

Bourik travay pou chwal galonnen
Sanba Dògi fè atansyon
Bay lis kat la anvan n ale
Nou pa manman poul
Kap ponn ze pou chen pran li

Pinga pesòn moun oubyen yon gwoup moun panse yo ka pran mouvman pèp la daso, mouvman petwo karibe a se yon kalfou malè ke ankenn gwoup politik pa ka lage degidon ladan l dayè se sèl pèp la ki konnen kouman l danse petwo ak tout lòt dans ki mele. eksperyans moutre nou depi yon batay ap fèt pou bezwen fondamantal se gwoup ki plis nan bezwen an ki toujou pi avanse e se li ki gwoup revolisyonè a .

Je fon kriye davans, si nou wè n pran devan plase de grenn mo sa yo se paske nou konnen aklè nan chak batay toujou genyen yon gwoup
chawonya, animal politik ki toujou kanpe òje k ap tann ploum. Si n ap gade l nan lojik chante piwo a, nou ka di se chyen visye k ap tann poul ponn. Nou pap bliye pi gran gayan batay 2004 la se sila ki te gen nan men yo nouvo kontra franchiz yo ak kontra fiksasyon salè minimòm nan. An 1986 demokrasi ti boujwa a bò kote pa l triyonfe sou papye yo separe peyi a, yo kraze òganizasyon popilè yo, pou yo fè ONG, pati politik ak òganis dwazimen, pèp la vin pi pòv. pouvwa enperyalis ameriken yo vin ranfòse, menm jan ak pouvwa Gwoup Finansye Nasyonal la (GFN) san nou pa bliye lòt gwo zotobre ki nan enpòtasyon. Si nou se Tilandeng n a gade lepoukwa ak lekòman ki mennen nan privatize MINOTRI, CAMEP ak TELECO, elatriye.

Tilandeng k ap poze keksyon ap tou profite mande kote diskou pasifikasyon sa a soti? Pouki nou pè boule byen ki pa nou e ki p ap janm itil nou anyen? Pouki Oganis dwazimen sa yo ak ONG yo bay plis enpotans a grenn endividi devan kominote yo ? Pouki yo touye sosyalman jenn fanm ak jenn gason ki t ap mande refòm ansèyman yo nan peyi a? Badagri t ap reponn: sistèm lan toujou vle se li ki renouvle tèt li, se yon sistèm ki chita sou endividyalis kòm metòd, se yon sistèm tou ki fè malere kwè yon pye poul miyò pase yon bwa dan ak evolisyon sosyal. N ap raple chak grenn kanmarad, nou rive nan yon kalfou kote ayiti bezwen yon nouvo kòmandman sinon yon manifès nan mitan gwoup revolisyonè yo pou nou kanpe yon pwojè sosyete ak vizyon papa nasyon an kote tout moun a vin moun.

Banda chanje

Gen plis pase 21 fason yo manje mayòk anmè, men tout sa se fwi leksperyans; antouka bagay la pat rete sèlman nan kasav ak bobori. Kidonk chak rivyè vini ak gravye pa yo, menm jan chak jenerasyon ak batay pa yo. Si nan yon tan se te kaptif yo ki te gwoup revolisyonè a, pase pran peyizan(kako) pou rive nan etidyan yo ak elèv lekòl, Jodi a gwoup revolisyonè a se jenn katye popilè yo; dayè 6, 7ak 8 jiyè 2018 montre sa. Badagri (kako) yo nan vil la. Alòs nou menm jenn profesyonèl, etidyan ak politisyen nou gen yon sèl devwa ki se ranfòse batay k ap fèt nan katye popilè yo, san nou pa krache sou tout lòt espas ki gen batay, tankou milye peyizan, milye ouvriye, elatriye. Lè sa omwen n a vin legim nan lasoup. Ann eseye poze yon keksyon, konbyen nan nou ki ka deplase batay k ap fèt devan lakou siperyè dèkont la pou mennen l Lasalin? Nou ta byen renmen yon moun di nou konbyen moun Lasalin ki te vin nan konferans ak konsè ki t ap fèt devan lakou siperyè dèkont yo, malgre non yo t ap lonmen?

Nan divizyon entènasyonal travay la Ayiti vin yon peyi k ap pwodwi yon espès ki gen 2 pye ki gen fòs kouraj pou tout peyi vin eksplwate de pye devan. Lè nou pap bourike SONAPI ou KODEVI, yo anbake nou nan yon anjen negriye pou Brezil, Chili, Etazini, elatriye. Nou fè ti rale sa pou nou ka moutre nou yon moun k ap mande kote kòb petwo karibe a se yon moun tou ki kanpe anfas enterè sistèm enperyalis la, non sèlman ki bezwen mendèv mizerab pou l eksplwate ki patisipe tou nan kreye mizè mendèv sa pou l rive byen eksplwate l. Nou menm k ap mande kòb la kanpe tou anfas FMI ak Bank Mondyal k ap achte mizè epi k ap mare bout trip nou ak yon Kòd dèt. Antouka yo p ap rate okazyon fè nou peye radiyès lendepandans la epi radiyès komandan Chavez ak politik relasyon Sid Sid yo .

Ti gason ti gason
Kòman w rele chen an
Mwen rele chen fè m anvan woy
Ago agoye, ago agoye
Yon vagabon ki pase ki lage chen
Chen an move, chen an mode an trèt
Mwen gen chen mwen
Se pou m veye lakou mwen

Dènye kou ki pou touye koukou a se ak sa nou ta dwe ap panse jounnen jodi a. men n ap raple nou, moun ki gen twòp bagay pou yo pèdi p ap janm mennen batay la nan faz radikalite. Badagri t ap di bèf gran lake pa janbe dife. Pa ekzanp moun ki gen patwon, moun ki gen twòp gwo zanmi, moun ki gen ti fim konsiltasyon. Moun ki twò atache ak grad inivèsitè p ap janm mennen nou nan yon rache manyòk ale wè nan yon souke panyen. Se pa pou san rezon nou pran plezi prezante nou pèsonaj yo rele Badagri a, miche pa gen atachman ak anyen se pa yon ti lolit k ap resite je vou sali nan lekaristi, pas mwa leven, ni yon ti ipokrit nan meli melo politik, ekonomik ak sosyal sa a k ap bat lestomak. Jennonm sa konnen pouvwa pye li, pouvwa manchèt li, pouvwa djakout li ak dimansyon twazyèm je li. Li konnen lè li an pozisyon fòs lè l gen avantaj nan konba. An pasan ki avantaj yon jenn revolisyonè genyen nan batay Petwo karibe a ?

- Se yon bèl okazayon pou nou kase ren leta kowonpi a epi fini ak rèy koripsyon an yon fwa pou tout.

- Yon okazyon annò pou nou fini ak leta antinasyonal sa pou redistribye richès peyi a yon fwa pou tout.

- Se yon bon moman pou n destabilize sistèm jistis kowonpi sa epi kreye yon lòt sistèm wòdpòte pou defann tout moun.

- Se yon bon okazyon pou nou kase senti boujwazi antinasyonal sa a, pou nou panse yon lòt ekonomi.

- Nou rive nan kalfou pou yon nouvo lidèchip enpoze l ak yon lòt projè sosyete.

- Se yon bon moman pou n poze pwoblèm kreyasyon atistik yo nan peyi a epi fini ak fenomèn atis restavèk la.

Koupe kout mete nan makout

Dechoukay la poko fini
Lajan Petwo a poko remèt
Dechoukay la poko fini
Lajan petwo a nan men Boulòs
Dechoukay la poko fini
Lajan petwo a nan men Jovnèl

Kot kòb petwo karibe a? boutofen nou te vle moutre nou, nou p ap di menm bagay lè nou di pawòl sa. Tout moun ap mande lajan pa rapò ak bezwen yo epi ak fason yo kon¬prann sosyete a tou. N ap profite di nou pise gaye pa kimen. Nesesite pou nou fè yon gwo òganizasyon jounnen jodi a pou akouche yon nouvo pwojè sosyete k ap bon pou tout moun, se sa ki dwe nouvo kò¬mandman. Pwojè sa p ap posib san patisipasyon ak enplikasyon gwoup jenn nan katye popilè yo, fòk nou kòmanse wè tou kat la mare nan men jenn k ap reklame dwa pou yo viv yo nan katye popilè yo. Men se moman pou nou wè estraji n ap itilize yo, jenn sa yo pa wè lavi yo nan yo sinon nap rive nan yon kal¬fou tout bèt ap oblije pran kan yo, oubyen moun sa yo ap vin mande nou : « kot kòb petwo karibe a ?

Bon lane konba tout kanmarad !

Sanmba Keb, Janvye 2019



Articles connexes


Afficher plus [925]