S'identifier Contact Avis
 
25.99° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sports rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video
Ayiti, enstriman manipilasyon sosyal : yon kòmantè kritik

Ayiti, enstriman manipilasyon sosyal : yon kòmantè kritik








Nan lane 2018, kamarad entèlektyèl mwen Bastien Malachy pataje premye travay reflekesyon li ak sosyete a ki se liv “Ayiti, enstriman manipilasyon sosyal.” Mwen mete chapo ba devan angajman li nan batay pou yon evolisyon nan konsyans pèp ayisyen an. Jounen jodi a, li pa rezève ak tout jèn pou yo chwazi chimen byennèt ak lakonesans, paske o final se nan lakonesans tout byennèt chita, e majorite jèn yo, antanke youn pami tout viktim manipilasyon sistèm k ap pratike linyorans lan, poko wè nesesite ak avantaj ki genyen nan aprann konn tèt yo ak istwa sosyete yo.

Menm jan sa toujou fèt nan zanmitay entèlektyèl, apre m fin egzaminnen liv la, mwen te deside ekri yon kòmantè kritik pou m pèmèt refleksyon an vanse. Mwen felisite kalte lisidite ki genyen nan ansanm lide ki degaje nan tèks la. Apre egzamen, mwen pratikman pa gen okenn gwo objeksyon m ap pote sou li, kontribisyon m ap soti pito nan mete kèk bemòl ak elaji panse k ap degaje toupatou nan zèv la. San m pa mize, m ap antre nan vant travay la.

Pou m drese fil reyaksyon m sou tèks la, m ap kòmanse souliye sa ki atire atansyon m nan premye pati liv la. M ap pousuiv konsa pou rès 4 chapit yo, paske tèks la gen 5 pati.

Premye pati: manipilasyon sou lang Kreyòl.

Premye pati liv la, ki lonje dwèt sou manipilasyon Leta ak legliz ap fè sou kreyòl kòm youn nan pi gwo patrimwàn ak zam kiltirèl nou, retrase fenomèn newokolonyal sa nan tout istwa l sou zile a, soti nan premye pwojè esplwatasyon endijèn yo rive nan tablisman sistèm edikasyon swadizan repiblik endepandan an. Achiv entelijans kolektiv peyi a nan nesesite refleksyon sa yo, non sèlman pou konble reta ki genyen nan devlopman syantifik sosyete a, men tou pou redefini tèt nou ak demach nou dwe adopte nan batay pou byennèt ak lakonesans.

Sepandan, tout refleksyon yon sijè sou yon objè toujou louvri pou ekspansyon, modifikasyon ak ranfòsman. Se konsa, nan agimantasyon kamarad la sou estrateji youn nan pi gwo peyi kolonizatè limanite janm konnen ki se Lafrans te anplwaye nan batay kont libète kognitif ak otonomi lespri nan izaj lang nou, li te rive afime nan 2e paragraf paj 17 la : “ (...) itilizasyon lang fransè depi 28 mas 1860 nan lansèyman anndan peyi Ayiti se yon veritab zam pou mete divizyon, baboukèt nan bouch nou ak fè disparèt lang Kreyòl la.”

M ap reponn pou m di istorikman, se pa itilizasyon men pito enpozisyon. Premye enpozisyon ofisyèl la soti nan Kòd Nwa a ki se bib jesyon ak fonksyonman sistèm esklavajis la, ki deklare okenn lòt lang pa dwe pale nan koloni a aprè lang kolon an. Mo “itilizasyon” otè a chwazi a, ki soti nan konsèp itilite, souzantann:

a) premyeman yon kèlkonk byenfè oswa avantaj moun ki te nan lansèyman yo te jwenn nan pratik la, nan ka sa pèsonn pa t ap peche si l ta di pale fransè a te “itil” yo, e se nan menm lojik sa peyi kolonizatè yo konn deklare se konesans ak sivilizasyon yo pote lakay peyi kolonize yo. Pandan tout moun konnen deklarasyon sa pou kont li se yon mank respè alafwa pou tèt yo ak pou limanite an jeneral. Sèl avantaj nou ka sipoze ki te genyen, se yon avantaj ekonomik, men la toujou li pa sifi pou l jistifye tout vyolans koyitif ki fèt sou moun nan lansèyman yo.

b) dezyèmman yon chwa lakay moun ki nan lansèyman yo. Pandan nou konnen jiskaprezan, an 2019, se yon pratik jeneral pou yo anpeche elèv lekòl yo, ki reprezante nannan lansèyman an, itilize Kreyòl lè y ap eksprime yo nan lekòl yo. Kidonk yo pa ba yo chwa an reyalite. M ap tou pwofite ajoute li pa yon pwoblèm pou lang fransè a itilize nan lansèyman, men se lè yo ba li plas li merite. Lansèyman se pi gwo mwayen repwodiksyon yon sosyete. Fransè a, lojikman nan plas li okipe, pa dwe depaman ak ni anglè ni espayòl, okontrè yo gen menm estati istorik nan kilti pèp ayisyen an.

Sa moutre nou nan ki nivo mo ak konsèp entèlektyèl ayisyen an jeneral, ak kamarad mwen Malachy an patikilye, ap itilize nan pwodiksyon syantifik ak literè yo enpòtan. Paske yo eksprime diferan bagay lè youn itilize nan plas lòt. E nou konnen tout diskou se yon priz pozisyon, kidonk fòk nou evite konfòte kolonizatè yo ak entèlektyèl kolonize yo nan sa n ap pwodui, pandan n ap tou moutre jenerasyon entèlektyèl k ap vini yo pyèj ki genyen nan demach sila.

Dezyèm pati: sans batay Vètyè nan memwa ak istwa pèp ayisyen.

M ap avèti lektè yo davans, kamarad la fè yon kokennchenn travay analiz nan pati sa nan liv la, espesyalman nan denonse ansanm zak manipilasyon ak represyon kominote entènasyonal kolonyalis la pran kont pèp ayisyen an, nan peryòd ki tanmen depi aprè batay Vètyè, rive nan desizyon malonèt yo Jovenel Moise te pran, pa twò lontan, pou monte yon lòt fwa lame nasyonal demobilize a.

Li pote anpil done istorik pou montre aklè tout ti mannigans ki fèt, li menm rive lonje dwèt sou manipilasyon jeneral Tousen te fè sou esklav yo. Soti nan Lafrans ki jiskaprezan refize rekonèt defèt lame Napoleyon Bonapat la, pase pran fenomèn inyorans jeneralize k ap vale teren an Frans sou pwòp pase istorik yo - kote jiskaprezan nan sistèm edikasyon yo ak nan pwodiksyon liv istorik yo, yo pa janm bat bouch sou peryòd kolonizasyon ak defèt yo devan lame endijèn nan - rive nan santralizasyon pi gwo sèvis administrasyon peyi a nan pòtoprens kote fòs lokipasyon ameriken te opere nan peryòd dominasyon dirèk yo sou peyi a.

Tout sa se pou m di, pou yon pati nan yon liv ki gen yon santèn paj, analiz kamarad la pote yo gen anpil kichòy pou tout ayisyen k ap aprann istwa yo. Pou m mete yon bout ak kòmantè m sou pwen sa a, mwen pral pi lwen nan pozisyon m pou m di pwojè libète pèp ayisyen an entegre nan vant li pwojè libète yon dividal pèp enperyalis tankou Lafrans ak Letazini, pou m site sa yo sèlman. Libète konsyans pèp ameriken ak pèp fransè a p ap posib san rekonesans pase istorik yo - ki sou depandans pase istorik pèp ayisyen an, k ap ede yo rekonèt posibilite ak puisans dejenerans konsyans moun antanke espès entelijan an jeneral. Epizòd kolonyal la nan istwa limanite ap sèvi yo kòm gid pou yo rive wè nan ki nivo yo tonbe ba, ki kantite vyolans yo fè sou tèt yo ak sou wout yo e ki kalte dedomajman pou yo fè nou, pèp ayisyen, ki jiskaprezan, malgre soufrans li, pa tonbe nan menm lojik siperyorite ak enferyorite yon gwoup etnik parapò ak lòt la. E nan sans mwen vle di pèp ayisyen veritab la.

Twazyèm pati: politik pwostitisyonèl, esklizyon ak pwostitisyon kòm chimen entegrasyon sosyal.

Nan kòmansman ekspoze sa, otè a desine fenomèn pwostitisyon fanm yo sou kouvèti yon pwosesis ranvèsman lòd òganizasyon youn nan pi gwo enstitisyon limanite janm genyen e ki vital pou devlopman l ki se lafanmi; kote tout sosyete moun t ap evolye sou lòd òganizasyon ki baze sou matriyakal, epi apre vin pase nan patriyakal, sa gen plis pase 8000 ane. Kantite repèkisyon konpreyansyon yon dekouvèt konsa anjandre se yon bagay k ap pran tout yon analiz pou kont li, o minimòm. San m pa pousuiv anpil sou li, paske se yon pwojè ki depase kad yon senp atik, m ap jis fè kèk mizannalèt pou m pran lòt yo.

Repèkisyon nan syans ak filozofi istorik nou ki makonnen ak istwa limanite an jeneral.

Ansanm prensip ki met an plas pou fè ranvèsman nan òganizasyon lafanmi kòm enstitisyon selilè ak fondatris sivilizasyon moun an jeneral pa yon bagay senp, epi li mande tan. Se pou tèt sa nan ka pa sivilizasyon ki soti depi nan lantikite rive nan modènite yo, li difisil pou yo enterese ak apwofondi mòso konesans nou genyen sou tè sa, paske sa gen plis pase 8000 an.

Dewoulman egzistans sistèm patriyakal la fèt yon fason espesyal, e li pa fèt menm lè nan tout peyi. Se enfòmasyon sa yo nou jwenn, pami yon katafal lòt, nan liv gran entèlektyèl afriken Cheikh Anta Diop, ki rele “L’unité culturelle de l’Afrique noire”, nan premye chapit la kote li trete kesyon prezans plizyè sistèm òganizasyon sosyete, nan reyon lafanmi kòm enstitisyon. Sa vle di pozisyon kamarad la pa depaman ak istwa sivilizasyon moun an jeneral. Paske istorikman palan, Ayiti, nan siyifikasyon l genyen nan lang Tayino yo, vle di “tè fanm yo”; pandan n ap raple natif natal zile karayib yo ak tout peyi amerik latin yo te abite tè sa yo pandan plizyè dizèn milye ane deja. Malachy fè yon avanse sou sa, men li pat fè l nan ang sa, nan premye pati liv la ki rezève pou lang Kreyòl la. Pou m parafraze l:

“Nou kapab afime lang kreyòl la eritye kèk bon richès nan lang Tayino yo. Anfèt, vodou ak lang kreyòl Ayisyen an jwenn jèvrin yo nan kil Tayino yo. Lang Tayino a genyen yon enpotans kapital, sitou nan konprann siyifikasyon : Ayti, Hayti, Hayhiti ou ayhiti. Nan yon lòt bò Kiskiya ou Keskeia; nan lang Fenisyen ki vle di zile ki “plen richès”. Si n ap byen konprann lòtograf HAITI a pa vin lontan, se nan ankouraje ipokrizi dirijan yo ki pa makònen ak istwa peyi sa li rive pran fòm òtograf sa nan men Lafrans, men nan lang Tayino a Ayiti vle di : Ay ou Hay (tè, zile), Iti (Fanm). Konsa, nou dwe konprann li se zile osnon tè fanm yo. Ansanm lide sa yo kòmanse fè nou konprann kesyon evolisyon lang kreyòl la vrèman vas epi konplike.”

Bò kote pa m, m ap di pito pa gen twòp moun ki dispoze e disponib pou yo reyalize tretman kesyon sa, paske li mande moun an kantite, an kalite, epi nan sosyete a menm si gen moun nan liy syans moun ak sosyete yo ki ka jere travay la, swa rezon nesesite a poko frape yo, oubyen yo poko jwenn ase sipò pou rechèch yo fèt.

Filozofikman palan, avèk yon fè tankou sila, pèp ayisyen an nan nesesite pou kòmanse konsidere ki kalite sistèm politik l ap chwazi mete an plas pou bay egzanp nan evolisyon sivilizasyon mondyal la san fòs kote, yon lòt fwa ankò. Paske nan filozofi sa ki fè yon ayisyen sa li ye, relasyon fanm ak gason pa defini menm jan ak peyi sistèm kolonizatè yo. Pakou konsepsyon nou diferan, non sèlman si n ap pran l nan kontèks kilti natif natal zile yo, men tou si n ap voye je sou fason afriken yo pat eskli fanm yo nan mouvman pou libète a. Se pou tèt sa tout elaborasyon sistemik sou kesyon an mande yon rale mennen vini istorik menm jan ak sa m fè pi wo a, men nan yon fòma ki pi long paske li kapital pou istwa nou antanke pèp, se pou tèt sa mwen mete l nan ranje filozofi politik nou.

Apre premye pwen sa, otè a mete men sou pwostitisyon fanm ayisyen kòm chimen entegrasyon sosyal nan peyi a. Kote analiz li fè sou fenomèn sa montre li se rezilta konplo Leta an Ayiti ak sistèm kapitalis la ki met ansanm pou elimine mounite fanm yo. E orijin esplwatasyon ak opresyon fanm yo ap sibi nan sistèm nan kòmanse depi nan nesans pwopriyete prive. Se yon devwa sivilizasyonèl pou Ayiti, pami yon ponyen lòt, trase egzanp nan trete kesyon sila ak anpil ouvèti lespri pou chavire sistèm sa. Paske non sèlman pratik seksis la pa pou nou, men tou kontribisyon n ap pote pou solisyon an rantre nan kòd moral nou kòm pèp ki abite zile fanm yo yon bò, e li antre nan idantite nou kòm moun ki eritye yon sistèm matriyakal yon lòt bò.

Rediksyon ontolojik ak frakti siko-antwopo-sosyolojik nan demounizasyon fanm yo.

Se yon siy mank entelijans ak responsabilite pou jiskaprezan kesyon relasyon moun genyen ak Zòt (the Other, l’Autre) la poko rezoud nan monn lan. E demounizasyon fanm yo ak relegasyon yo nan kategori “bagay” pa yon fenomèn ki gen yon sans inik, li dyalektik. Paske pou w redui yon moun kòm yon bagay nan diskou ak pratik ou gen ak li, fòk rediksyon an gentan fèt nan sistèm konsepsyon w, kwayans ou ak ansanm valè ou genyen anvan. Kidonk sistèm nan egzije gason pou yo fè yon doub vyolans.

Premyeman sou tèt yo kote y ap egzekite ansanm operasyon mantal k ap chavire konsepsyon ki pi vital pou ekilib nan evolisyon moun antanke espès, ki vle di yo redefini plas yo okipe nan monn lan. Estati ontolojik yo chanje, yo soti nan natirèlman konplemantè (pou fanm yo) al nan kiltirèlman ibrid. Dimansyon ibrid la soti nan rediksyon yo fè sou tèt yo, ki nesesè pou rediksyon yo fè sou fanm yo, san yo pa fin demounize tèt yo nèt pandan y ap pretann yo siperyè. Ibridasyon an fèt ak anpil vyolans, e li reyalize nan chimen edikasyon anndan enstitisyon tankou lekòl, legliz ak lafanmi. Sa se pati sikolojik non vizib fenomèn lan.

Dezyèmman sou fanm kote y ap mete an pratik ideoloji sistèm nan. Sa se pati antwopo-sosyolojik vizib fenomèn lan. Gason yo alafwa konplis krim nan, yo viktim krim nan e yo responsab, non sèlman reyabilitasyon ak dedomajman fanm yo pou krim nan, men tou redefinisyon tèt yo ak rapò yo genyen ak fanm an jeneral.

Koze sa yo merite yon konsiderasyon espesyal, pou ede sosyete a an jeneral, ak gason ayisyen an patikilye, konprann dinamik soufrans ak satisfaksyon yo ki depaman, k ap ravaje tout rezo edikasyon nou. Mwen envite tout entèlektyèl k ap lite pou deboulonnen sistèm peze souse a pote kontribisyon yo pou enfòme sosyete a plis toujou sou kesyon an. Konsa, m ap pase nan katriyèm pati a.

Katriyèm pati: kriz egzistansyèl, pwoblematik gederizasyon sosyete a.

Mwen apresye demach kamarad la nan pati sa pou jan li abòde, nan kòmansman an, sante ak fòs mantal ewo endepandans yo sou ang sikolojik batay la. Tout espesyalis sikolojik ak istorik k ap reflechi sou batay sila pa dwe pa manyen reyalite sa. Paske nan edikasyon jèn jenerasyon yo, fòk pedagoji ayisyen an mete aksan sou nesesite pou chak moun k ap batay pou libète ak byennèt gen yon fòs mantal ki konsiderab. E menm lè n travèse nan lansèyman vodou yo, nou jwenn menm rekòmandasyon sa yo mete sou kesyon fòs mantal la. Se kisa li ye ?

Kamarad la pale sou Ayiti antanke espas sosyal ki gederize, sa vle di moun yo zonbifye, yo pèdi tout memwa sou kiyès yo ye ak istwa yo. Lè genyen kriz gederizasyon k ap ravaje yon sosyete, solisyon yo pa janm senp, ni yo pa janm posib san sosyete a pa pase nan etap kamarad la rele etap endiyasyon an.

Etap endiyasyon an defini kòm yon priz konsyans sou eta egzistans moun nan pèsonèlman, ak eta sosyete a kolektivman.

Pou sosyete a rive endiye fòk li konnen sitiyasyon li ladan li a pa nòmal, se pa ni chans li pa genyen, ni se pa yon bondje ki pou vin retire l nan sa yo defini kòm yon malediksyon nan kominote relijye kretyen yo. Fòk li aprann konnen dinamik spirityèl, kiltirèl, ekonomik ak jewopolitik ki mete l nan sa l ye jounen jodi a, pou l sispann deresponsabilize tèt li epi pran egzistans li an men.

Fòs mantal endijèn yo ak afriken yo.

Okenn revolisyon pa t ap posib si ewo endanpandans yo tankou rèn Anakawona, Desalin, Kapwa Lamò, Kristòf, elatriye, te konsidere tèt yo kòm esklav, kobay epi enferyè ak kolon blan an nan peryòd soti depi nan premye batay endijèn natif natal yo rive nan destriksyon sistèm nan, nan tout konpatiman l, avèk Desalin. E pi lwen toujou, nan dekonstriksyon entèlektyèl ayisyen yo te opere nan konsepsyon loksidan kolonizatè a nan peryòd pos-kolonyal yo, ak Antenor Firmin, Demesvar Delorme, Jean Price Mars, e menm jounen jodi a avèk zèv kamarad Jean Anil Louis Juste epi Daniel Mathurin, menm otonomi ak puisans lespri sa toujou ret yon kondisyon sinekwanonn pou tout dekonstriksyon serye.

Sa revele nou tou, yon lòt bò, karaktè maladif lespri entèlektyèl kolonize yo. Yon deregleman sikolojik ki vin bay konplèks enferyorite, zenofobi ak perèz pou anrichisman espirityèl ak materyèl. Lè yon moun prete yon minimòm atansyon ak tout fenomèn sa yo, ou reyalize nan ki nivo povrete lespri moun fatal pou tout sosyete an jeneral, e se premye bagay kolonizatè yo atake nan pwosesis demounizasyon an. Yo kraze tout estrikti konsepsyon w genyen nan rezo mantal ou pou l ka pi fasil zonbifye w, paske kò a p ap koube san kontrent lespri a.

Lame endijèn: pitit zetwal yo.

Li enpòtan pou m fè yon rale sou kesyon sila, paske l mennen nou nan yon katafal domèn tankou kosmoloji sosyete endijèn yo, mele ak afriken yo, sistèm syantifik yo ak dimansyon espirityèl mòd lavi yo.

Nou konnen se yon prensip jeneral pou tout pratik nan yon sosyete gen yon non. Se youn nan prensip ki sèvi pou demanti pawòl ki fè konnen te gen pratik esklavaj an Afrik anvan kolon yo vin rive. Paske nan lang afriken yo, jan istoryen matinikè a Jean Philippe Omotunde fè konnen, pa t gen mo pou deziyen ni pratik esklavaj la, ni esklav kòm moun ki viktim pratik la.

Se sou menm prensip sa mwen baze pou m afime, san kè sote, prezans tout yon antwopo-kosmoloji nan sosyete sa yo ki te gentan entegre ak valide, nan pratik yo, dimansyon kosmolojik moun genyen. Si n ap suiv dewoulman istorik peyi loksidan yo, yo vin panche sou reyalite sa pa twò lontan nan fen ventyèm ak kòmansman venteyinyèm syèk kretyen an. Ki vle di kèk 3 syèk aprè sosyete yo di ki primitif yo, si n ap konte l apati kreyasyon lame endijèn ayisyen an. Men an reyalite non “Pitit zetwal yo” a soti pi lwen, nou jwenn li nan tout sosyete prekolonbyen yo, plizyè milye ane avan egzistans loksidan.

Sa vle di kisa ? Sa vle di Ayiti kòm youn nan sosyete prekolonbyen nou konnen yo, non sèlman pa t primitif jan peyi kolonizatè yo renmen deklare l, men tou li te pi avanse lontan pase yon dividal sosyete oksidantal ki, jiskaprezan, poko fin konfòtab ak entegrasyon dimansyon kosmolojik moun nan sistèm konesans yo.

Se youn nan rezon ki fè pou sistèm enperyalis la fonksyone, li nesesè pou yo kenbe peyi yo dechèpiye yo nan yon inyorans total kapital. Paske kan verite istorik yo kòmanse estale sou tab la, tout kolon enperyalis mouri grangou nan pa gen apeti.

Senkyèm pati: manipilasyon nan mouvman feminis yo.

Dènye pati sa nan liv la repran pwoblematik manipilasyon k ap fèt sou fanm yo nan sosyete a, men fwa sa se nan koze òganizasyon pou emansipasyon fanm yo. Li pa yon sekrè ankò pou pèsonn moun ki avize, apre tout maskarad medyatik nou konnen yo, prensipal òganizasyon fanm ki jwenn sipò diferan gouvènman ki pase yo pa kanpe sou regle sitiyasyon fanm yo sou okenn pwen, okontrè se nan plis lawont ak lamizè yo mete fanm yo chak jou k pase.

Men menm jan ak tout ti gwoupman ki kanpe anfas emansipasyon moun (paske emansipasyon moun an jeneral pa posib san emansipasyon fanm), parazit sa yo pote pwogram pwòp destriksyon yo nan konplèks sosyal la.

Pou m met yon bout ak travay sa, m ap souliye enpòtans pwodiksyon entèlektyèl kamarad mwen Bastien Malachy reyalize ki se liv “Ayiti, enstriman manipilasyon sosyal.” M ap pwofite envite jèn parèy nou yo nan menm pwojè kontribisyon pou yon transfòmasyon nan konsyans pèp ayisyen an. Se yon ijans pou gen, non sèlman plis ouvraj nan linye sa ki pwodui nan peyi a, men tou plis kòmantè kritik tankou sa m ap fini ak fraz sila.

Gerard Toussaint Ruffin,
chèchè ak atis.
gerardruffin47@gmail.com



Articles connexes


Afficher plus [916]