Soti nan Kò Moun rive Nan Savann Dezole, men Paul Antoine…

Lide pou nou ekri yon tèks sou kèk zèv Dr Paul Antoine ap mache nan lespri nou lontan. Men lè nou vin redekouvri liv Kò moun nan ki pibliye premye fwa an 1980 epi dezyèm edisyon an 1998(Edisyon Fleur-yo, Salésiens Don Bosco) ajoute sou piblikasyon woman Nan savan dezole, nou wè plis nesisite toujou pou plase pwojektè sou atizan byen komen sila, pwofesè Paul Antoine.

San di petèt, se konsyans lengwistik ak responsabilite sitwayen ki mennen pwofesè Paul Antoine antre nan galri premye gwoup Ayisyen ki kwè li enpòtan pou tout kategori liv disponib pou Ayisyen nan lang natif natal yo. Se nan lojik sa menm li pibliye an 1980, Kò moun. Si nou gade epòk piblikasyon an ak jan de liv sila, nou ka wè, otè a te an avans sou tan an paske nan ane 1980 yo, te gen plis piblikasyon nan domèn literati pase domèn espesifik tankou biyoloji, paregzanp.

Kidonk, kòm Paul Antoine te gen tan panse pibliye yon zèv sou kò moun, se yon prèv ki montre se yon lespri eklere, yon nonm ki chaje devouman ak konstans otè a pou ede non sèlman nan kore devlòpman lang kreyòl ayisyen an nan fason pa li, men tou, pou li reponn davans tout moun ki t apral di pa gen pwodiksyon kreyòl ki disponib nan lòt domèn. Se vre dokiman yo ka pa anpil nan kategori biyoloji, matematik, fizik, elatriye., men piblikasyon Kò moun, se deja yon bèl efò, yon gwo bourad, yon gwo pa, yon bèl bourad nan rezilta nou gen jodi a.

Kò moun se yonn nan eleman ki pi enpòtan nan lavi. Se yonn nan premye byen moun genyen. Dayè, gen moun se sèlman sa yo prèske posede. Moun pa anyen san kò a. E menm si moun nan pa ta la ankò epi li kite anpil bèl zèv, se paske li te egziste nan yon anvlòp kò ki koz lòt moun k ap viv toujou oubyen ki pral viv ka rive pale de li, apre lanmò li. Se pou sa moun toujou ap lite pou yo pwoteje kò yo. Nan liv Kò moun nan, sosyològ Paul Antoine ede nou dekouvri enpòtans kò nou, kijan nou dwe pwoteje li, nesesite pou kenbe kò nou an sante, elatriye..

Pi devan, liv Kò moun nan se yon bon jan zouti ki ka ede nou dekouvri tout pati nan kò nou, san manke yon yota. Men sa ki pi enteresan, otè a fè sa nan lang pèp ayisyen an, lang majorite a. Sa pèmèt nou pi byen konprann, konnen epi vwayaje nan kò nou pou nou konnen fonksyònman kò li. Paul Antoine raple nou, tout moun se moun. Pa gen moun pase moun. Malgre nou gen diferan koulè, men anndan kò tout moun menm jan. Sa vle di, anndan kò nou egalego. Nan yon langaj klè, san mak melanj, otè a pran san li pou li byen esplike nou kijan kò moun òganize. Nan liv sila, nou ka santi se yon bon kominikatè k ap pale ak nou.

Pou fini ak liv sila, Paul Antoine rekonèt, apre Bondye, se moun ki fè moun. Malgre, pou kounye a, moun save ka fè moun tou nan laboratwa. Nan paj 72 liv Kò moun nan, otè a bay kèk detay kijan sa ka fèt. Sepandan, Paul Antoine pran pozisyon klè: «Nou menm, an nou chache lasante pito!»

Li konseye nou nan sans sa: «manje byen pi bon pase bwè remèd. Lapwòpte se kle lasante. Travay, fè mouvman, se sekrè kò gaya. Evite miyò pase mande padon.» Nan kategori piblikasyon tèks sou kò moun an kreyòl, pou sa nou konnen, bò kote Paul Antoine, nan menmm deseni 1980 an, se Akademisyen Michel-Ange Hyppolite (yonn nan ra istoryen literè peyi a) ki te touche kesyon sa nan piblikasyon Atlas / Leksik zo moun nan ane 1989. Swa 9 lane apre Kò moun wè jou. Atlas / Leksik zo moun, yon liv n ap gen pou nou retounen sou li.

Lè nou rive sou woman Nan Savann Dezole Paul Antoine nan, premye remak nou fè, se eseye gade kapasite pèsonaj la. Dimansyon otè a genyen. Se yon pwofesè, yon syantifik men tou ki alèz pou li pwodwi zèv literè. Si yon bò nou jwenn yon Paul Antoine k ap pwodui liv tankou : Liberté d’expression et convivialité en Haïti, 2008; L’analyse du discours, 2000, se menm otè sila ki pibliye tou Comment rentrer au ciel sans laisser son corps, 2009 epi woman Nan Savann Dezole nan ane 2015, menm si liv sa te deja soti avan 1998. Gen yon detay enpòtan nou jwenn nan katriyèm kouvèti liv Kò Moun nan ki montre aklè woman Nan Savann Dezole a te pibliye depi avan menm 1998. Nan liv Kò Moun ki repibliye nan ane 1998 la, nou wè ladan li : «… L ap (Paul Antoine) kontinye ekri  anpil liv kreyòl ak franse. L ap refè liv woman NAN SAVANN DEZOLE a.» Nan Savann Dezole, Paul Antoine dekri yon sosyete ki pèdi ray, ki pèdi wout. Yon pèp k ap bat ladoba. Yon peyi ki bliye dat batèm li. Alòske, pou otè a, se pa richès ki pa genyen. Men pito moun ki la pou byen òganize sosyete a ki pito foure tèt yo nan tout kalite koutay, sa ki lakòz anpil pitit peyi a ki rive nan gouvènans peyi sa pa wè lòt sa pou yo fè, se fòse popilasyon an pran chimen lanmè al trimen nan lòt peyi. Men sa ki enteresan nan liv la, se kote otè a montre malgre tou sa gen lespwa. De (2) prensipal pèsonaj woman an, Jolikè ak Jozi te oblije kite zòn pwovens kote yo t ap viv la pou antre Pòtoprens apre sètifika yo, se vre yo te konnen tout kalite tribilisyon nan kapital peyi a, sa pa te anpeche yo, yon jou, kase kòd mizèrere a jis yo te rive mobilize sosyete a, souke nasyon an, reveye li nan dòmi gras ak «Mouvman timoun-granmoun.» Woman an montre non sèlman nenpòt sitiyasyon yon moun ap viv, li ka jwenn yon wout pou li soti tèt li, men tou, liv la montre enpòtans lè nou òganize nou an gwoup kijan nou vin pi fò. Mete sou sa, nou santi yon atachman, yon santiman kole sere, yon relasyon entim ant otè a ak peyi li (Ayiti) ki travèse tout kò liv la. Paul Antoine enskri tèt li nan yon demach pote kole pou demen ka pi bèl. Se yon bèl istwa.

Nan Nan Savan Dezole, menm si tit la ka voye lespri nou al bout nan yon zòn malèpandye, yon teritwa pèdi kote lapenn fè nich, yon espas ki fè nou panse anpil, men istwa ki janbe liv sa pote yon bèl mesaj lanmou. Yon mesaj ki envite nou yonn kenbe men lòt pou nou konstwi yon pi bon demen. Otè a envite nou rasanble pou bati yon pi bon avni. Yon demen ki chita sou yon sèl refren: renmen.

Boutofen, atravè zèv li, lavi li, ansèyman, nou rive wè, Paul Antoine, se yon pèsonaj fètefouni. Malerezman, li pa fè bri malgre tout bèl travay l ap fè nan sosyete a, sitou nan fòme moun. Paul Antoine se yon bèl nanm. Yon moun ki kwè nan pataj konesans nan respè pou ede peyi li. Li fè pati Ayisyen ki, malgre yo fin dekwoche tèz doktora yo nan peyi etranje, ki te wè nesesite pou retounen vin sèvi peyi yo. Pau Antoine kwè tou, pa ka gen devlòpman an Ayiti si nou pa mete devan lang pèp ayisyen an. Chapo pou konsyans eklere sila!

Selon enfòmasyon Akademi Kreyòl Ayisyen pataje sou Akademisyen an, Akademisyen Paul Antoine fèt 23 fevriye 1944 nan seksyon kominal Palmari, komin Rankit, depatman Nò peyi Ayiti. Paul Antoine se pwofesè nan Fakilte Etniloji ak Inivèsite Aristide ki nan Taba. Aprè li pran yon lisans nan sosyoloji ak antropoloji nan Université d’Etat d’Haïti (1978), Paul Antoine ta l kontinye etid siperyè li nan peyi Kanada kote li pran yon doktora nan Kominikasyon (2004) nan Université de Montréal. Se Enstiti Filozofi Pè Salezyen yo ki te pwopoze kandidati Paul Antoine pou li te vin Akademisyen.                                                                                                

Ansyen Dwayen Fakikilte Etnoloji(se ansyen pwofesè nou nan Fakilte sila tou), Jounalis Doktè nan Syans Kominikasyon, Akademisyen Kreyòl Ayisyen, Dr Paul PAUL se yon pèsonaj ki kache pou li travay san fè gwo gòj. Se yon egzanp sajès ak imilite. Yon modèl pou peyi a suiv si li vle gade tèt li epi di li vle chanje direksyon.

Atchaba Paul Antoine !

 

Iléus PAPILLON

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES