Asosyasyon kiltirèl bonjou lakilti pare pou li selebre yon nevyèm rekót kafe jou k ap samdi 6 jiyè 2024 la nan lokal Bibliyotèk Michèl Tadye ( Michelle Tardieu) nan Petyon Vil ( Pétion Ville). Pou selebre dat sila a y ap óganize yon jounen pòt louvri k' ap genyen anpil aktivite ladan l tankou: Ekspozisyon foto, liv,AK atizana,, jwèt tradisyonèl, pwojeksyon eltriye.Jounal la te fè yon ti pale AK Junior Félix , li te eksplike nou rezon ki fè Asosyasyon kiltirèl bonjou lakilti pote kontribisyon l nan fè pwomosyon jwèt tradisyonèl AK atizana nan peyi Dayiti. Ann suiv li.
Le National : Asosyasyon kiltirèl bonjou lakilti ap prepare l pou li selebre yon lot lrekót kafe.Avèk ki santiman n ap fete selebrasyon sila a?
Junior Felix : 9 fwa pi nèg, 9 lane AKBL ane sila se plis yon santiman fyète ak satisfaksyon pou nou nan sektè a.
LN : kisa k ap genyen jou samdi k ap 6 jiyè a?
JF : Jounen samdi 6 jiyè ki batize jounen 9; se wololoy kiltirèl nèt : anpil nouvèl touch pou plis divètisman 9 rekòt la anonse .Ap gen:
1-Ekspozisyon foto, atizana, jwèt tradisyonèl.
2- Temwayaj , pwojeksyon, kozri, chan, dans, slam, pwezi .
3- Animasyon kiltirèl: Jwèt tradisyonèl kategori: Lido, damye,sote kòd, marèl, pench, woslè, kat,toukay, domino, titato, teke mab, kont ak chan tradisyonèl.
LN :Ki atis AK ekriven k ap la?
JF : Kòm nou ap pale de yon bagay nèf, pou jou 6 jiyè kap fè nou 9 lane batay pou n bay kilti n jarèt nou sispann bay gason yo plis ora se sak fè nap gen yon panèl kap majorite fanm: Romela Nephthalie chantèz,Woodlyn Delva ak Gustave Divenson kòm slamè ,Marckender Jean ekriven.
LN : Eske ou ka fè pou jounal la yon bilan tout aktivite nou óganize?
JF : Pou 9 lane ekzistans nou, AKBL òganize divès evennman tankou: 1- Seyans terapi jwèt tradisyonèl sòti 24 Avril 2024 pou rive 25 Me 2024 nan lekòl (Communauté Saint Michel ) Dèlma 32
2- Twazyèm edisyon " Soup Joumou pou nou tout " Premye Janvye 2024 nan lekòl (Communauté Saint Michel )Dèlma 32
3- Tire m kont Bibliotèk Michèle TARDIEU de Pétion-Ville 15 Desanm 2023.
4- Lansman Katriyèm Edisyon pwogram " Ann tounen nan dantan n " 8 Desanm 2023 nan lekòl "Notre Dame D'Altagrace"
5- Ekspo Vènisaj Bonjou Lakilti 23, 24,25 Me 2023( Centre culturel Pyepoudre )
6- Été des artisans 22 Août pou rive 27 Aout 2022 nan lekòl ( Fransbeda Académie) 7- Kanpay touristik sòti 27Janvye 2017 pou rive 20 Janvye 2020.
LN :kisa ki motive nou pou nou fè tout aktivite sa yo ?
JF : Motivasyon an pa lòt lè nap gade ki jan tandans yo ap tiye valè nan kominote nou, jan tradisyon nou yo preske disparèt, lang manman nou; kreyòl ak bay espwa ak ansanm aktè kap prodwi nan sektè a.
LN : Ki satisfaksyon nou genyen?
JF : Satisfaksyon nou sòti nan temwayaj divès kouch nan kominote nou de jan nou fè yo dekouvri divèsite ak richès ki kache dèyè kilti nou, jan jwèt tradisyonèl yo kontribiye nan travay edikasyon nou toujou ap prone.
LN : ki lot pwojè nou konte reyalize ?
JF : Nan jou ki ap vini yo, nou konte òganize *Dezyèm Edisyon Ekspo Vènisaj Bonjou Lakilti, *Senkyèm edisyon Été des artisans, Lanse senkyèm edisyon pwogram "*Ann tounen nan dantan n"*
*Premye edisyon Festival jwèt Tradisyonèl Ayiti...*
Le National : Yon dènye mo
Junior Felix : Jan nou renmen di l’ Kilti se nanm yon pèp idantite tout ayisyen, nap envite tout konpatriyòt konsekan pote kole, anbrase l pou nou voye peyi n monte pi wo.
Schultz Laurent Junior