Jean Rony Beaucicault ap fè premye vant siyati "Kóadepale" jou k ap vandredi 12 jiyè 2024 la nan Sant Kiltirèl Pyepoudre ( Centre culturel Pyepoudre) nan Boudon ( Bourdon) Nan okazyon sila a , otè a ap pwofite pou li fè konen kouman "Kóadepale" se yon liv wodpóte ki montre aklè gen yon pakèt kòd ak senbòl ki mache ak pati nan kò moun.
Nan yon ti bat bouch li te genyen AK jounal la Jean Rony Beaucicault fè konnen Kòadepale genyen twa (3) pati prensipal : premye pati a soti nan tèt (zòrèy, je, nen, bouch, lang, dan…) pou nou rive nan kou ; dezyèm pati a soti nan zepòl rive nan zo (tete, vant bouda, do, men…) epi twazyèm pati a soti nan jenou pou rive nan zòtèy (pye, janm, talon…). Mwen pa sèlman rasanble mo ak ekspresyon yo. Mwen kreye divès senaryo kominikasyon kote ou kapab jwenn yon manman k ap pale ak yon pitit, yon frè k ap pale ak yon sè oubyen 2 zanmi k ap kominike. Mwen ajoute yon endèks alfabetik ki esplike sans chak mo ak ekspresyon yo. Epi mwen kite yon paj pou lektè yo konplete travay la, paske mwen konsyan gen anpil lòt ekspresyon mwen pa mete nan liv la.
Mesye Beaucicault te pwofite pou di nou lide Kòadepale soti nan obsèvasyon li fè sou fason ak frekans Ayisyen itilize pati nan kò moun pou yo di sa yo panse ak sa yo santi, pou yo dekri yon sitiyasyon ak pou yo kalifye yon moun. "Kò a pale chak fwa li nan tristès ak lapenn. Kò a depale pou li di w yon moun bouch dous se yonn ki gen kapasite pou li lolo yon lòt. Oubyen, li gen kapasite konvenk yon moun mache nan lojik pa li. Kò a depale pou li di w yon fanm ki gen pye cho se yonn lè li ansent depi li gen tranche, li pouse pitit la plop plop. Kò a depale, e li itlize yon dividal kòd kiltirèl pou pèmèt moun ki konn sans sa k ap di yo kominike litlit. Bouch long tradui sitiyasyon yon moun ki fache, ki monstre pou yon rezon oubyen pou yon lòt…"
Prezantasyon otè a
Jean Rony BEAUCICAULT fèt Pòtoprens 18 septanm 1976. Li gen yon Metriz nan jounalis (UNIQ-CFPJ Internationale) ak yon lisans nan Dwa (FDSE/UEH). Li fè yon estaj pratik nan Seksyon entènasyonal ak nan Seksyon entènèt Radio France Internationale (RFI). Kòm jounalis, li te travay pandan prèske 8 lane nan Radio Nationale d’Haiti (RNH) avèk yon esperyans nan Télévision Nationale d’Haiti (TNH) epi tou li se avoka nan Bawo Pòtoprens. Jean Rony BEAUCICAULT se pwofesè nan inivèsite. Otè a deja travay nan plizyè enstitisyon nasyonal ak entènasyonal. Pou kounye a, li okipe pòs Direktè kominikasyon nan Akademi Kreyòl Ayisyen.
Schultz Laurent Junior