Powèm nasyonal

12
1393

Kaye No 6 Powèm Nasyonal la chante louwanj tout Tyovi k ap grandi anba bab mayi Leta. Tout kò kaye a pote mak kri timoun inosan, se yon veritab litani lirik kri k ap remanbre konsyans, deboutonnen move pratik matchis, sosyalis malis jouk Ayiti pran yon souf nan tèt, nan tèt tout Tyovi.

(...)

Andidan kè tchovi isit

Gen yon mòso kouraj 

K ap boukannen

Yon flanm lespwa ki tou limen

Gen yon vanyan lalin

K ap liminen chimen

Ki bay sou lavni miyò

Mapou Lib e libè

Pa janm bliye kaye sila se yon zouti pou devlopman mantal, sosyal. Kaye sa pibliye pou jayi lanmou ak byennèt toupatou sou teritwa nasyonal la ak lòt bò dlo.

Powèm Nasyonal yon inisyativ powèt Wilkens Scott Fifi ak jounalis powèt Godson Moulite, Philippeson Juste (powèt - dizè), Jean Grégory Floriyo (powèt), Stéphanie Boursiquot (powetès) pote pou ou ansannm ak lòt kolaboratè tankou Dawinson Saint Charles aka Malab'art (Grafis), Tètpwav Solèy (Atis Pent) ak Le National.

 

 

POWÈM SOSYAL

1
Nou fisire

Nou fann an plizyè mòso
Nou sou wout pou nou pèdi ray tout bon vre
Nou rive lwen san fè yon pa
Malè pandye sou tèt nou
Pawòl nou de grenn gòch
Menm limyè kanpe lwen nou

Lanmò blayi douvan pa pòt nou
Nou pèdi tout krèm peyi nou
Nou kanpe rèd
N ap tatonnen
N ap gade je fèmen

Kè kontan nou pa dire
Chak soukous se koupe souf
Nou plonje tèt anba
Nou melanje lanvè landrèt
Nou chifonnen / Nou degaye
Nan vire won anba move lawon
Nou tèlman delala
Nou pa wè si nou vle trepase
Epi nou kwè n ap byen pase
N ap gade / men nou pa ka wè
Si nou fisire tout bon vre

Sherly Tanis CATOR
Pòtoprens / Ayiti


2
Se pa fòt ti fi
Se fòt leta
Si twotwa rann san
Si fontèn lapli chaje pli.
Vil lan tèt anba
Gen yon bòl dlo sikre anba
Chak poto limyè

Massachusetts / Etazini
Ricardo AUGUSTE


3
TRANZIT

Nou la n ap gade n
Y ap gade n

Rèv nou sou woulib
Lespri n pa nan tè isit
Nou la
N ap gade devan / nou pa sou rete
Lavi n sou poz
Nou la nenpòt lè Menm si w pa wè n / nou la
Nou sou ale
Ale kibò ??
Nou sou pati
Wi / Nou tout prale
Si nou rive n rive
Nou pa sou rete

Si grenn bal Leta pa gentan pran n
Si n pa gentan al tann rèv nou lòtbò baryè a
Depi n pa gentan mouri / nou prale

Pou dayè
Rete n rete a
Se pati n ap tann
Nou la ak yon sèl atant

N ap tann imèl
Si l poko rive
N ap Tranzite
Nou pa sou rete
N ap soti la / Pou n ale la

Menm jan ak rèv yo
N ap pran ti poz
Tout vòl bon pou nou
Pou dayè nou san destinasyon

Depi n gentan chape
Anba grenn bal san mèt Leta
Si rèv yo pa devèse n
Nou tout prale
Wi nou la / N ap tann ale n

Lespwa n nan paspò n
N ap desann la pou n ale la.

Si leta pa pran n avan
N ap pase anndan Maryani
Pou soti Solino

Nou an tranzit
N ap tann ale n

Rose Cadelle BENJAMIN
Lestè / Latibonit

4
Powèm nan ap koule nan san m
sou po m
nan rèl do m
Powèm nan lan san m
Powèm nan / Lansan m

Kò m lotèl
Kè m fè lwanj pou li
Kè m sen / kè m senyen
Kò m flèv
Fyèv bikolò
Kò m cho
Kè m cho cho

atè m debòde
akòde ak bri bal kapital
tche wòb imakile
makile makiye wouj fonse
Li kouve
Li kale de koulè ki bwakande nan kè yon palmis sakre
sakreman paleman.

Styven MANGURART
Okap / Ayiti


5
OU SE AYITI CHERI MWEN

Ou se pi bèl lide
K ap fè laviwonndede
Nan zo kòlòs bwa tèt mwen

Ou se zetwèl ki briye nan panse m
Limyè k ap bat chalbare
Dèyè tenèb ki vle blayi kò l nan lespri m

Ou se premye ti baton ki trase
Sou zo biskèt adwaz lanmou m

Ou se premye ti flè ki boujonnen
Nan fant janm jaden renmen m

Ou se yon dous yon cho m
Syèl ki nan marèl mwen
Sèl ti lago kache mwen

Ou se lam veritab ki nan tonmtonm mwen
Kalalou gonmbo krab ak sirik
K ap fè laloz nan legim mwen

Ou se pikliz ki nan fritay mwen
Piman aransò zonyon
K ap taye banda nan chiktay mwen

Ou se kleren blan
Ki kwoke nan lalwèt boutèy mwen
Pou l fè l vonmi asosi
Bwa kochon / lanni
Selebride nan gagann bouyi vide m

Ou se bèl kout gouyad
K ap fè twoubiyon fè lalad
Nan senti bon gou lavi m

Ou se bèl dodo titit
Ki nan bouch manman pitit
Pou satouyèt dòmi nan je mwen

Yon griyen dan
K ap moute desann
Nan gagann kè kontan m

Yon vag lanmè
K ap karese vizaj
Tout wòch galèt bò rivaj mwen

Wi
Ou se fout bèl ti Ayiti cheri mwen.

Samba Vyebab Vyecheve
Wanament / Ayiti

 

 

 

 

POWÈM SANTIMANTAL

1
Koze ak mwen

Se nan souf lapawòl
Pòt mistè yo louvri
Pou n ka wè
Koze w se premye kout loray
Ki toufonnen m san rete
Epi fè nich pou rèv mwen repoze

Koze ak mwen

N a chache amoni
N a jwe mizik
Nou te pare pou n danse ansanm
Jouk tan zo n fè nou mal

Koze ak mwen

Di m sa ki nan lide ou
Jwe flit nan zòrèy mwen
Marye kout gita ak bagèt anba pla pye m
Kou siwo
Jwe m

Sherly Tanis CATOR
Pòtoprens / Ayiti


2

Fanm lan fè sa l pase
Lari an kouri anba pye m
Tout fanmasi tounen boutik
K ap vann flè
Lè je m tonbe nan je l
Mwen vin sòt nan jewografi
Mwen tounen yon vandredi sen
Yon lanmè k ap dòmi ak
Kannòt li bò tèt li

Massachusetts / Etazini
Ricardo AUGUSTE


3
Ou vini
M vini
Mwen avè w fè yon sèl
Ou gade m
M gade w
Epi m di ak tout mounite m
Lavi pa t ap sa l ye a
Si w pa t la

M mete w toutouni
Yon fason pou m di nidite se lavi pèsonifye
Se pou sa m pran plezi gade l
Nan tout dimansyon l
Ak tout koulè l
Ak tout sans li / tout chans m genyen
Nan viv li avè w toutouni

Epi gen kò mwen ki se yon veritab atizay
Pou venere memwa Moza
M mete m fas ba / toutouni
Pou w desinen m
Pa gen pi bèl zèv
Pase gade de pla men w
Sou do de montay mwen yo

Gen ou menm ki pran plezi nan fòm kò m
Ou ta di se yon tablo uit edmi pa katòz
Nan plafon tan
Sitou lè de pwent tete m bay direksyon letènite

Gen lavi ki dwe viv lè ou la
Gen mal ki dwe fèt byen
Gen mwen ak ou ki dwe defye tan an
Gen nou ki dwe vini lè ou la

Rose Cadelle BENJAMIN
Lestè / Latibonit


4
Depi m fin renmen w lan
M gen yon kè ki pa ka pale
Yon kè bèkèkè
Yon kè bèbè

Depi m fin renmen w lan
Kè m bat / tab sabliye bliye pase tan
Sab bò lanmè se kantite tan m gen m renmen w

Depi lè m renmen w lan
M renmen w ak yon kè san pèn

M renmen w ak yon kè ou se rèn li

Depi lè m renmen w lan
M renmen w ak yon kè twa fwa sen
M renmen w ak yon kè vèlè kètè vlèkètè

Pou m pa di w m renmen w ak kè manman m

M ap di w m renmen w ak yon kè nan men.

Styven MANGURART
Okap / Ayiti


5
NOU FOUT RENMEN

Li ban m kokoye l
Mwen ba l bèl ti ji m
Li ban m fèy kaye l
Mwen ba l bèl ti desen m
Li ban m bèl ti kalòj li
Mwen ba l ti pijon m
Li ban m fant katedral li
Mwen ba l ti lapriyè m
Mwen menm rive trase vèvè m
Li ban m kwa sen bo l
Mwen ba l kwa lakwa m
Li ban m grann brijit li
Mwen ba l bawon lakwa m
Li ban m ayibobo l
Mwen ba l ochennago m
Li ban m souse ti po l
Mwen ba l jwèt yoyo m
Li bo m
Mwen bo l
Nou bobo
Li renmen m
Mwen renmen l
Wi nou fout renmen.

Samba Vyebab Vyecheve
Wanament / Ayiti

Prezante pa: Wilkens Scott Fifi ak Godson Moulite

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

12 COMMENTAIRES