Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti (AKBL) ap pote premyè edisyon « Soup joumou pou nou tout »

Asosyasyon kilirèl Bonjou lakilti ap mete sou pye premyè edisyon « Soup joumou pou nou tout », yon inisyativ pou selebre 218e anivèsè Lendependans peyi a nan yon lespri pataj ak solidarite men tou pou fete rantre soup joumou sou Lis patrimwan imateryel limanite.

Junior Félix, youn nan responsab asosyasyon kilirèl Bonjou lakilti montre, nan yon ti bat bouch ak jounal la, soup joumou se yon patrimwan nou dwe sovgade : « Jodia la Soup joumou an li klase kòm Patrimwàn mondyal limanite. Sa a, se yon gwo viktwa ke nou refè ankò, paske se twa sèlman nou te genyen se te Pak nasyonal la ki gen ladann Palè san Sousi, Sitadèl avèk Ramye. Men nou potko genyen pou Patrimwàn imateryèl la. Pa egzanp lè m pale de patrimwàn imateryèl tankou ou wè soup la, ou ka manje l, men se pa soup la answa se pratik ki itilize pou fè soup la, se teknik moun itilize pou fè soup la. Lè fini se tout kantite istwa li charye dèyè l. Pa bliye soup Endepandans se yon soup ki trè senbolik pou nou menm ayisyen.  Chak premye janvye,  kèlke swa kote nou ye nan mond lan, nou toujou fè soup sa a pou n make viktwa sa a.  Se nan fason pa n,  Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti ap lanse  premye janvye 2022, premye edisyon « Soup  joumou pou nou tout » k ap fèt nan Delmas 32, nan lokal nou ki se lekòl Fransbeda Académie ki nan ri Jan Jòj a dizè tapan.

 Objektif  aktivite sila a se  pou pote yon lòt chanjman nan kominote a. Pou n voye yon mesaj klè bay chak ayisyen konsekan konnen sa jou sa reprezante nan la vi nou. Nou pa ka kontinye ap viv jan nap viv la. Se pito yon chenn solidarite youn pou lòt. Epi ansanm pou nou nou rive. Ap gen yon rale mennen sou listwa Soup Joumou. Ap gen jwèt tradisyonèl tankou: damyen, lido, marèl, woslè, domino, sote kòd. N ap gen Iléus Papillon k ap la ak nou. N ap toujou genyen sikològ Angela Frédéric, Jean Mary Christophe Lizaire ki fè pati Group J 3 Haïti . Ap gen tou ekspozisyon anpil  Zèv arizana »

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES