Atis, Mizik ak Kritik

Tout moun kapab gen apresyasyon sou yon èv mizikal. Kont oubyen pou, li gen dwa bay opinyon li. Se vre nan vize pragmatik kreyatè a, li toujou ap tann yon resepsyon favorab lakay kontanplatè a. Non sèlman li pwograme l pou jwenn efè l ap chache a, men tou li konsidere tèt li tankou yon jeni, tout sa l fè dwe trennen jwisans estetik. Pa mande bondye si atis sa a, twouve li nan yon lojik atizay-machann oubyen bèltis-kenkay. Malerezman, atis sila konn pran nan byen kalkile anpi mal konte…

Lè èv la rive devan kontanplatè a, l ap eseye idantifye tèt li ak li  pou l jwi li. Sa konn rive, èv sila pa brending lespri sansoryèl li. Kidonk li pa rekonèt li kòm èv pou li. Li pa delekte li. Nou te kapab di s on kontanplatè k ap tann yon èv pou l fè ewotiz ak li, pou èv la touche li tankou yon tibebe ki tande vwa manman l pou premye fwa nan vant. Lè  sa rive, li renmen èv la san li pa konn poukisa li renmen l oubyen li pa renmen l san l pa konnen poukisa tou. Li pa bezwen eksplikasyon kritik.

Men travay la vin parèt pi konsyan oubyen objektif se lè yon moun ki bay tèt li non kritik pou apresye travay yon mizisyen. Kijan apresyasyon an ta dwe ye ? Pa bliye apresyasyon pa vle di pwomosyon menm si l kapab trennen sa dèyè li aprè. Nan ka yon èv mizikal e sitou mizik popilè nou yo ki marye ak pawòl, kritik la selon konpetans li kapab pran pawòl mizik la ak mizik la oubyen li pran youn nan yo.

Pran youn oubyen tou de pou fè kisa ? Pou pèmèt moun konprann dimasyon kreyativite atis la. Yon kritik pa ka rete pou l di yon tèks pa gen fon oubyen fòm san li pa pran tan li pou l analize tèks mizik la, san li pa demontre sa. Lapawòl gen sans li tout bon, se lè l pote laverite. E se kisa ki laverite ? Se lè w di l anpi ou kapab demontre l « speech act ». Al mande kolonèl Austin si m manti…

Nan demach chache fon tèks la, kritik la dwe chache konprann ki tèz k ap degaje nan mizik la anpi kijan atis la agimante li anba griy teyorik li chwazi a, si tout fwa li ta chwazi youn. Oubyen tou, pou kritik la konfwonte tèks la ak lòt pwopozisyon teyorik pou wè si travay sa a g on pòte inivèsèl. Nou te kapab di se sibstans tèks la kritik la ap eseye chache. L ap prije l pou l jwenn nannan li. Kritik la dwe gade eske tematik sa a nouvo ? Eske pa t gen lòt mizisyen ki te trete l nan yon demach analiz konpare oubyen entètèks ? Kisa ki nouvo li pote si gen yon mizisyen ki te deja trete l. Ki rapò tèks sa a genyen ak reyalite a oubyen ak espas atis la ap evolye a ? Eske tèks la gen koyerans ?

Pandan tout kesyon sa yo preyokipe kritik la, li pa dwe bliye tou, tout tantativ eksplikasyon yon ev atizay se yon ipotèz. Sa vle di materyo mizikal atis la pataje ak li a pa trennen yon sèl sans, li kapab pilsans. Chak moun kapab wè l nan fason pa li suivan linèt ki nan je li. Dayè sans oubyen resepsyon èv la konn menm depase entansyonalite atis la. Se nan lojik sa a dimansyon pragmatik èv atizay la konn tonbe paske finalite kominikasyon jan Habermas te vle fè kwe li a pa souvan entèkonpreyansyon.

Nan aspè fòm nan limenm, se dimansyon atistik èv la. Se sa k pral fè atis la atis. Alòs, se gade kòman anvlop tèks la ye. Sa vle di, se rantre nan analiz estilistik tèks la, demach metamòforizasyon ak metafòrizasyon oubyen figi estil mizisyen an anplwaye, konstriksyon ak karakteristik fraz yo, vèsifikasyon (rim) oubyen pwozayik, jwèt mo, mo nouvo li pote pou anrichi lang l ap evolye a nan lide pou l anbeli konstrikyon kreyasyon li. Souvan gen mizisyen chanson yo pa gen entwodiksyon kote yo tou rantre nan sijè a dirèk oubyen genyen ki fè entwodiksyon anvan li devlope sijè li vle abòde a anpi ki mete konklizyon. Konsa tou, genyen ki sèlman fè devlopman. Kritik la dwe kapab montre sa lè l di yon mizik pa gen fòm. Li pa dwe fè moun ap achte makou chat nan makout.

Nan sa ki gen awè ak mizik la, se menm demach teknik fòm nan. Se gade sijè k ap trete a, eske sou mod(majè, minè) mizikal li ye a apwopriye? Eske vwa atis la trennen emosyon k ap degaje nan chanson an? Eske chantè a pa bay fo nòt oubyen si li metrize nòt yo? Kisa ki ajoute nan okèstrasyon mizikal la ? Ki enstriman yo mete plis en evidans ? Poukisa selon kritik la ? Sou ki akò mizik sa a ap jwe ? Ki enfliyans mizikal oubyen gwoup ki patisipe nan kanpe eskelèt mizik sa a ? Konpozisyon sa a nan ki sikonstans l ap apwopriye ? Eske si n ta retire pawòl yo sou mizik la l ap toujou trennen menm emosyon an ?, Fason chak enstriman yo sonnen eske yo tradui yon lide nan reyalite a ? Eske melodi konpozisyon an kapab pèmèt moun panse ? kòman kapab entèprete fil amoni ki tabli nan mitan enstriman yo ? elatriye.

Yon kritik pa yon chany, li pa la pou l netwaye pyès èv. Se montre fòs ak feblès konpozisyon mizikal la san manipilasyon. Se pou sa li dwe pran tan pou li kapab fòme tèt li antanke fezèdgou. Sa va valab pou tout lòt èv atizay yo. Se menm jan tou, travay yon atis pa yon devwa klas kote kritik la pran pòz pwofesè li pou l ap vin korije. Tout atis pa gen menm nivo akademik. Genyen avan yo konpoze yo li liv oubyen ki enskri yo anndan yon ideyoloji konsyan. Genyen atis tou, se lari a, se eksperyans kotidyen ki pèmèt yo konpoze. Sa ki esansyèl yo bezwen reyalite ki pou konstrui imajinè yo anpi pou imajinasyon yo transfòme.

Antouka, yon moun kapab apresye travay yon atis nan fason pa li menm jan atis la kapab itilize materyo li vle nan fason pa li pou l ponn èv li. Sepandan, si kritik la vle fè moun aksepte apresyasyon li kòm verite li dwe anmezi pou l pwouve sa li di yo sinon li dwe kenbe apresyayson li a pou pwòp satisfaksyon l. Mizisyen an tou si l vle fòse moun pran travay li pou chedèv li dwe degaje l pou l chanje afèk moun yo…sa ki souvan enposib.

Orso Antonio DORELUS

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES