Si w ap chèche yon fason pou devlope kapasite ou nan lang Pòtigè pandan w’ap byen konprann kilti brezilyen an, sa a se opòtinite inik ou te ap tann lan. Nou ofri yon kou Pòtigè entansif ak anliy, espesyalman adapte pou Ayisyen, kote w’ap aprann lang lan ak metòd pedagojik ki byen fèt, ansanm ak yon apwòch ki pran an konsiderasyon kilti brezilyen ak sitiyasyon espesifik ou kòm yon Ayisyen.
Pouki sa Kou sa a espesyal ?
Kou sa a se yon fòmasyon entansif, kote ou pral jwenn tout zouti ak resous ki nesesè pou ou ka aprann lang Pòtigè nan yon peryòd relativman kout, pandan ou konsève yon konpreyansyon solid ak yon aplikasyon pratik. Avèk yon ekip pwofesè ki sòti Ayiti ak Brezil, gen yon melanj rich de eksperyans pedagojik lokal ak entènasyonal, sa ki garanti ke ou pral resevwa yon ansèyman pwofesyonèl e ki adapte ak bezwen ou kòm Ayisyen.
Metòd ak zouti ki fasilite aprantisaj ou
Nou itilize yon metodoloji entèaktif ak adaptab, fèt pou pèmèt ou jwenn konpreyansyon lang lan nan yon fason ki byen estriktire. Men sa ou ka atann : Zouti Anliy : Kou a ap fèt totalman anliy, sa ki pèmèt ou aprann nenpòt kote, nenpòt lè, avèk resous tankou PDF, videyo, odyo, Zoom, Google Sal de Klas, WhatsApp ak Duolingo. Sa a ofri ou yon fleksibilite total nan jere tan ou pandan ou ap aprann. Sistèm de Tash Chak Jou : Pou asire ke ou toujou ap fè pwogrè, chak jou ap gen yon seri tach ou pral fè. Ou pral kapab travay poukont ou oswa ansanm ak lòt elèv yo, ki ap bay ou plis chans pou pratike sa w’ap aprann. Pwofesè Brezilyen ak Ayisyen : Pwofesè nou yo se yon melanj de Ayisyen ak Brezilyen ki gen anpil eksperyans nan ansèyman lang Pòtigè. Yo konprann byen diferans lang yo e yo konnen kòman pou yo mete an pratik metòd ki pi efikas pou Ayisyen yo. Sa pèmèt yo sèvi ak yon apwòch ki pèmèt elèv yo santi yo alèz pandan y ap aprann yon nouvo lang, pandan yo jwi yon entègrasyon nan kilti brezilyen.
Fòmasyon ak kilti brezilyen
Pandan kou a, ou pa sèlman ap aprann gramè ak vokabilè, men ou pral tou vin konnen kilti brezilyen an : soti nan mizik, dans, ak sinema, rive nan tradisyon, gastronomi, ak fason moun viv nan Brezil. Sa pral ede ou konprann pi byen kontekst lan nan ki lang Pòtigè a itilize e sa ap fè aprantisaj ou a pi entèaktif, pi plezan, epi pi atiran.
Nou ofri yon pri espesyal de 16 mil goud pou de nivo lang Pòtigè pandan 5 mwa fòmasyon entansif ! Pri sa a kouvri tout sa ou bezwen pou kou a, enkli enskripsyon, mansyalite, materyèl etid, ak sètifika final. Sa a se yon piyay pou nenpòt moun ki vle devlope kapasite yo nan lang Pòtigè san yo pa depanse yon chèf.
Ki sa ou pral jwenn nan kou a ?
Fòmasyon entansif sou 5 mwa – 2 èdtan pa jou, fè an gwoup oswa poukont ou.
Materyèl modèn ak pwofesyonèl – PDF, odyo, videyo, aplikasyon tankou Duolingo, ak platfòm tankou Google Sal de Klas ak WhatsApp.
Konsèy pèsonalize ak sipò – Tout elèv yo ap jwenn sipò pèsonèl nan men pwofesè yo.
Metodoloji espesyalize pou Ayisyen – Apwòch adaptab ki baze sou reyalite Ayiti ak Brezil.
Sètifika – Ou pral resevwa yon sètifika nan fen kou a ki konfime konpetans ou nan lang Pòtigè. Kou sa a fèt pou tout moun – kit ou se yon etidyan, yon pwofesyonèl, oswa yon moun k ap chèche yon chanjman nan lavi ou, ou gen chans pou aprann Pòtigè nan yon fason ki adaptab ak bezwen ou. Ou pral kapab itilize sa w’ap aprann nan travay, vwayaj, oswa nenpòt lòt aspè nan lavi ou ki mande kominikasyon nan lang Pòtigè.
Plas yo limite !
Se yon opòtinite ou pa vle rate ! N ap aksepte sèlman yon kantite limite elèv, se poutèt sa enskripsyon ap fèmen san avètisman. Pran devan, enskri jodi a epi kòmanse aprann lang Pòtigè avèk pwofesè ki gen eksperyans e metòd ki pèmèt ou avanse rapidman.
Enskri Kounye a
Pri espesyal de 16 mil goud pou 2 nivo yo pandan 5 mwa ! Piyay nèt ! Se yon opòtinite ou pa vle rate !
Godson MOULITE
#LeNationalKouPotige
