Manm Akademi Kreyòl Ayisyen yo eli yon nouvo konsèy administrasyon

Yon nouvo konsèy administrasyon ki genyen ladan li 7 manm pwal dirije pandan 2 lane ( 2025- 2026), Akademi Kreyòl Ayisyen an. Seremoni enstalasyon Nouvo konsèy Administrasyon AKA ap fèt nan lokal li, sou Bwavèna, Jedi 20 fevriye 2025 a 10 è nan maten.

Akademi Kreyòl Ayisyen  an AKA te òganize onzyèm Asanble Jeneral òdinè li, soti 24 pou rive 26 janvye 2025 nan otèl Oasis. Asanble Akademisyen an te reyini 28 manm prezan sou 33. Nan okazyon Asanble sa a, Akademi an te òganize eleksyon pou eli yon Nouvo Konsey Administrasyon pou de (2) lane, selon preskripsyon Lwa ki kreye Akademi an. Nouvo Konsèy Administrasyon Akademi an, ki eli pou de (2) pwochen lane yo, 2025 ak 2026, konpoze konsa: Akademisyen Rosilia François CORNEILLE, Prezidan; Akademisyen Jean Grégory CALIXTE, Visprezidan, Akademisyen Christophe Phillipe CHARLES, Sekretè Jeneral:, Akademisyen Altagrace PAYEN, Konseye: Akademisyen Rogéda Dorcé DORCIL, Konseye, Akademisyen Marky JEAN PIERRE, Konseye, Akademisyen Norah Amilcar JEAN FRANÇOIS, Konseye. Seremoni enstalasyon Nouvo konsèy Administrasyon AKA ap fèt nan lokal li, sou Bwavèna, Jedi 20 fevriye 2025 a 10 è nan maten nan sal Akademisyen yo. Anplis, jan sa abitye fèt chak ane, Akademi an toujou reyalize yon seri aktivite pou make selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Manman, 21 fevriye. Selebrasyon sa a ap fèt nan lokal Akademi an, sou Bwavèna, vandredi 21 fevriye 2025 apati 9 è nan maten.  

Fòk nou raple Akademi Kreyòl Ayisyen se pi gwo otorite nan sa ki gen pou wè ak lang kreyòl ayisyen an, an Ayiti kou aletranje. Pami misyon lwa kreyasyon li ba li, nou kapab site: Travay pou enstitisyon Leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl; Ankouraje travay sou devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn; Fè envantè epi ankouraje tout moun k ap travay sou lang kreyòl ak espesyalis nan tout domèn k ap pwodui nan lang kreyòl.

 

Schultz Laurent Junior

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES