Otis piktiral lakay Frankétienne

0
291

Entèvasyon sila mwen te fè l nan okazyon omaj Ghislaine Joseph te òganize pou Frankétienne nan emisyon li ki rele Pawòl Sosyete, nan dat ki te samdi premye mas. Mwen te kontan pataje panèl sila ak  pwofesè Ulysse Mentor anpi Omane Primo ki se doktoran nan Syans Levasyon.

Tablo Frankétienne sila enskri li nan kouran espiralis. Se yon tablo k ap itilize son nan sans mouvman, fòm ak koulè pou li kapab egziste nan monn piktiral la. Men se kisa tablo sila di? Se ki langaj l ap pale menm? Oubyen eske l pale? E si tout fwa l pale, se kisa l di menm?

Nou kapab di se yon tablo kote Frankétienne desenbolize espas piktiral la nan sans li sòti nan demach figiratif  oubyen animis. Demach sila al chita anvan kreyasyon monn reyèl la, ki se tan kawo a, kote jistifikasyon eleman yo jwenn sans yo nan enkapasite yo genyen pou idantifikasyon. Youn antre nan lòt, melanje ak lòt pou kreye demach pwozopope kawotik la. Tout fè yon sèl. Men se kisa demach sa a evoke lè n konnen lòm pa kapab viv san kominikasyon? E kominikasyon li toujou gen yon sans devan je li ak devan patnè sosyal li. E se ki wòl langaj menm lakay lòm? Nou kapab di anndan yon apwòch antwopobiyoloji, langaj pèmèt lòm estabilize ak oryante pilsyon li. Sètadi li netralize pilsyon agresif yo anpi ba yo yon fiksasyon byen detèmine nan lide pou rete patnè sosyal li vle ye a nan je li ak devan je lèzot. Sa vle di konsansis sosyal sa a, lè li pa jwenn li devan agresivite oubyen lisidite entélokitè li, li aktive ipokanp li pou li kreye èv atizay nan lide pou li kapab eksperimante l konsansis sa a.

Penn se antisipe ak avantire yon sifas piktiral. Se kreye yon monn èzats oubyen paralèl ki pou pèmèt pent lan geri bosko li ak pwòp tèt li anpi ak kontanplatè li. Paske l pèmèt atis la chape anba twoma li pa vle viv nan monn reyèl la, nan rankont li ak lòt la. Konsa, li sispann pale pou l kreye èv atizay anpi pou li kite èv atizay li kreye a pale nan plas li pandan se limenm k ap fè li pale ankò. Se sa Guillaume d’Humbolt rele pwozopope[i] a. Monn sa a li kreye a, se pwòp règ pa li ki prime sou li, anpi li kapab viv pwòp limenm ladan l tankou yon miwa fas majik; lot moun kapab gade anpi santi menm santiman jwisans li genyen an. Se nan sans sa yon èv atistik gen pouvwa pou li kalme, ajite oubyen  aktive pilsyon paske li se yon plaj emosyon pou sila ki idantifye yo nan li. Se pou sa Jacques Poulain di nan tèks konferans li ki rele se nou ki tradui: « Atizay pretann figire dezi ak bonè anpi ki sisite satisfaksyon lakay endividi ki idantifye yo ak bote ki figire a anpi atis la.[ii]»

Tablo sila temwanye tout konfli entèn oubyen koyitif[iii] k ap brase bil mantal Frankétienne. Li bay konfli sa yo kò tankou koulè, son anpi fòm. Sètadi menm tansyon ki abite mantal atis la nan zak kreyasyon li, se menm tansyon sa a oubyen chòk sa a k ap tann je kontanplatè a nan rankont li avèk èv la. Poukisa? Paske mouvman motif yo pa pèmèt je kontanplatè a pakouri sifas vizyèl tablo a san kontrent tankou yon monn amonize sou yon sèl plan.  Sa vle di, konpozisyon tablo a marye koulè, son ak fòm yo pou tradui yon sèl bagay, ki se tansyon egzistansyèl ki anchouke anndan dimansyon kawo l ap eksperimante a. Se pa yon son ki amonize men se yon son chòk kote chak eleman yo ap kouri pasi pala, kontre pasi pala anndan monn kawotik la. Menm jan ak koulè anpi fòm yo, se yon son primodyal liberatè paske l pèmèt Frankétienne libere pilsyon li. Kidonk se sa k fè n jwenn anndan tablo a ekriti espiral la k ap mime « elastisite tan an, avèk kontraksyon li, ekstansyon li, dilatasyon li, tansyon li, enfleksyon li, distòsyon, fliktyasyon, sèn obstriksyon ki konpleks anpi ki ensezisab k ap mete an sèn fantas, ilizyon, itopi, rèv, mit, alisinasyon, detrès kolektif oubyen endividyèl, elatriye.»

Se youn nan rezon kominikasyon konpozisyon tablo a vin ensezisab nan sans li bezwen yon tyès pou eksplike l tankou figi pwofèt la nan monoteyis jwif la. Paske li pa yon tablo k ap rezime yon pati nan yon tan, nan yon moman, men li gen preyokipasyon mete tout nan yon sèl katografi tankou yon memwa edetik. Suivan dinamik senografik sa a, Ghelen[iv] ta di, pou gen kominikasyon, li pa sèlman sifi pou nou konnen alfabè ak sentaks anpi korelasyon son yo, koulè yo ak fòm Frankétienne itilize yo, men se rive resanti menm sansasyon Frankétienne te santi lè l t ap penn tablo sa a anpi konnen sa n santi a se efektivman sa l te santi a. Otremandi kondisyon pou yon èv atizay aksesib ak nou se lè li kapab tabli yon dyalog jwisif ak nou. Nan sans li tounen yon pawòl nou kapab jwi anpi ki pèmèt nou pale ak pwòp tèt nou, anpi nou kontan paske l tounen pwòp pawòl pa nou anpi fè nou menm bliye tèt nou anba fòs asetik ki anvlope dimansyon estetik tablo a.

Toujou nan lide pou n sezi kominikasyon atis la vle tabli ak nou an, Frankétienne pa sispann repete ke lè li kreye yon èv atizay, pou li, se yon delivrans anpi li kreye li nan doulè. Se konsa n vin konprann pi byen, enonsyasyon tablo a vin yon sentòm, yon mesaj detrès kote sentèz alfabè tablo a: son, fom, koulè mete ansanm pou yo di menm bagay ki se enkapasite pent lan genyen pou sipòte pilsyon ak estimili eksteryè kou enteryè yo men li konsome yo nan ponn sa li ponn nan sou sifas tablo a. Melanj oubyen kouplaj monn vizyèl ak monn oditif la vin kondisyon egzistansyèl tablo a kote yo pèmèt Frankétienne viv pwòp panse li, fonnanm li oubyen son, fòm, koulè ki abite anndan tèt li anpi li kapab mete deyò souvni oubyen estimili deyò kou anndan ki ap boulvèse li. Se dimansyon konsansyèl sa a li pa t jwenn nan monn reyèl la,  li vin jwenn li nan monn atizay la, nan kreyasyon li. Se nan sans sa a, tablo a vle pale men s on kominikasyon ki rete nan wout paske l pa sispann vale pwòp pawòl li. Sa vle di, li kreye konsansis ak pwòp tèt pa li anpi pou li jwi pwòp enonsyasyon li. Se menm demach la pou kontanplatè a kote l dwe gade silans li devan sifas piktiral la pou l jwi dimansyon estetik ki abite tablo a pou yon «jwisans pataje» ant limenm ak atis la. Nan sans sa a, èv la dwe tounen yon fwaye ki pèmèt gen konsansis ant atis la ak kontanplatè li. Se yon jwisans san konsèp, san pawòl. Kidonk se sa n ta ka rele epokè a kote tout jijman estetik kaba pou kontanplatè a rete ipnotize devan tablo a. S on gade pou gade! Paske tout pale ki depaman ak sa Frankétienne te santi lè l t ap kreye tablo a, ap fè li reviv twoma li vle evite nan monn reyèl la: ki se dezakò li ak monn reyèl la, anviwonman li, oubyen ak patnè sosyal li yo. Pou n site Saraf Kofman, se nou ki tradui: « estrikti nasisik se kle aktivite atistik. Li karakterize sichik atis la. Nasisik se menm jan ak rèv. Li toujou nan yon demach santrifij kote li santre ak pwojte pwòp fonnanm endividi a.[v]»

Sa vle di, tankou yon timoun otis ki pa vle pale pou li pa repwodui evènman twomatizan an, ki deregle atikilasyon sistèm motè li ak sistèm resepsyon sansoryèl anpi sistèm reprezantasyon li. Kidonk ki defèt travay langaj la, Frankétienne jis pa gen lòt chwa se fèmen tèt li anndan enonsyasyon piktiral la. Sa ki vin rann li agnozik ki se enkapasite pent lan vin genyen pou rekonèt eleman yo, objè yo, pou nonme yo paske devan je li, jan li penn tablo a lemonn vin parèt gri. L ap viv yon moun ki gri! Sa ki vin rann li tou apraksi, ki se enkapasite li vin genyen pou egzikite mouvman entansyonèl yo. Li senpman ap defoule l tankou yon moun ki posede. Se nan sans sa a èv atizay se pwodui enkonsyan, sa vle di li se rezilta tout sa yon atis te refoule anpi pwosesis abreyaksyon an pèmèt li defoule li. Se nan sans sa Freud gen rezon lè li di, se nou ki tradui: « Sèlman nan atizay kote yon endividi ki gen dezi k ap toumante li kapab pwodui yon objè ki sanble ak yon satisfaksyon. Anpi gras ak ilizyon atistik la, li pwodui menm efè a nan monn reyèl la. Se pou sa yo toujou di yon èv atizay gen pouvwa majik.[vi]»

Konklizyon: Tablo a reponn ak pwojè atistik Frankétienne ki se kreye yon monn kawotik kote li kapab pase fristrasyon li, pilsyon li pa metrize yo, fantas li. Kidonk sifas tablo a pèmèt pwosesis abreyaksyon li ateri, nan sans li vin yon derivatif pou li, yon katasis pou geri tèt li anpi jwi pwòp enonsyasyon li. Se yon alisinasyon kote l ap eksperimante yon eta mantal pou l krache yon seri eleman ki pa gen anyen pou wè ak monn reyèl la men ki sèlman reyèl nan tèt li. Demach sa a nan yon sans, pèmèt li sòti deyò monn reyèl la pou l ka pi byen figire l suivan lwa piktiral ki abite pwojè atistik li a. Sitou nan moman li te kòmanse fabrike pwojè atistik li a ki se espiral, se nan moman sa a dyalòg te kòmanse echwe nan sosyete ayisyen an. Anpil atis ta pral kòmanse pale an siy jan powèt la te anonse sa. Paske te gen yon pouvwa politik ki te kont tout pawòl kontestatè. Sa ki te vin rann lapawòl mouri nan sosyete a. Alòs Frankétienne te oblije rantre nan limenm pou l ekri pwòp doulè l, pwòp anvi pale l suivan alfabè, sentaks ak gramè pa li.

Anfen, se yon kri dezespwa k ap trennen yon pawòl ki toufe men tou ki anonse yon nouvo nesans pou li. Paske kawo pou li se kreyasyon, se lavi a menm. Se pa pou anyen motif ògan jenital mal oubyen femèl toujou prezan oubyen ansoudin nan zèv li...

 

Orso Antonio DORELUS

Pwofesè nan ILA/ IERAH/ISERSS

[i] Von Humboldt W., Sur le kawi et autres essais, Paris, Ed. du Seuil, 1974, p. 609.

 

[ii] Jacques Poulain, L’esthétique de l’allégresse, konferans ki te fèt nan kad seminè transkiltirèl li anime nan Inivèsite Paris VIII, nan dat ki te madi 09 avril 2024.

[iii] Jacques Poulain, L’age pragmatique ou l’expérimentation totale de la culture, L’harmattan, 1991, p. 200.

[iv] Arnold Gehlen, Zeitbilder, Athenaum Verlag, Francfort, 1996, p. 176.

[v] Saraf Kofman, L’enfance de l’art, une interprétation de l’esthétique freudienne, Ed. Galilée, Paris, 1985, p.176-177.

[vi] Sigmund Freud, Totem et Tabou, Paris, Petite Bibliothèque Payot, no 77, 2014,  p.106.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES