Travay sou fonksyònman kreyòl la : wòl yon lengwis ayisyen, yon manm AKA
Bon jounen entènasyonal lang matènèl pou nou tout !
Kreyòl ayisyen an se yon lang. Yon mwayen zansèt nou yo konstwi kolektivman, nan sitiyasyon babelizasyon ki te karakterize lavi yo nan koloni Sendomeng nan. Se sa ki te pèmèt yo rive kominike antre yo. Se yon trezò yo kite pou nou e ki reprezante prensipal eritaj nou jwenn nan men yo. Kreyòl la se yon zouti kominikasyon ki ini 100% pèp ayisyen an. Men, li plis pase sa. Se yon mwayen ki pèmèt nou chak lokitè (re)prezante tèt nou, (re)prezante lemonn. Se yon mwayen espresyon idantitè ki patisipe nan emèjans ontoloji chak manm kominote a.
Sa toujou kòche zòrèy mwen lè mwen tande moun ap fè lwanj pou lang nan kote yo ap parade nan diskou : "Kreyòl la bèl ! Kreyòl la chèlbè !" Malerezman, se sa mwen tande chak 28 oktòb, chak 21 fevriye, pafwa chak 8 septanm. Lang nan pa bezwen sa. Yon lang pa ka ni bèl ni lèd. Li se yon zouti idantitè, yon enstriman kominikasyon ki granmoun tèt li. Yon lang se yon antite otonòm ki kenbe rezon grandèt li nan pla men li. Bèlte li ak rezon grandèt li se marasa. Yo pa lwanje bèlte yon lang ; se viv yo viv sa. Mwen renmen al achte sèl. Mwen pa ko janm tande yon machann ap fè piblisite pou di kliyan li yo se sèl pa li a ki pi sale. Kout pous lang nan bezwen nan men chak lokitè, chak sitwayen, chak gwoup òganize, chak enstitisyon se pa ni lwanj, ni dyòlè, men se sèvi ak li nan tout kalte sitiyasyon pandan yo ap respekte mekanis fonksyònman li (prensip fonolojik, sentaksik, leksiko-semantik…) san melanje li ak okenn lòt lang nou aprann apre nou fin trape li natirèlman, nan fanmi nou, nan kominote a.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
5 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Zouschi
Refleksyon an byen vini Dwayen, mwen sèlman swete pou kreyolis yo kontinye travay pou kreyòl la rive jwenn estandatizasyon li ...
Charles Rénaldo !
Bòn refleksyon Dwayen pa m , nèg lakay toutan ! ## payangensèvo ##
Joël Renfort, 22 Novembre 2020
Reflesyon sa a byenvini .....Se te yon bon moman lekti ak reflesyon pou mwen. Mèsi Pwòf.
HERNS FRANCEMY
Bon refleksyon chè Dwayen.
Pierre-Louis Marie Roselaine
Dwayen m nan,ti jèn jan lenguistik mwen an.M poko fin li non men m kontan premye apwòch yo.M gen w ti kesyon pou m tranche avè w sou lang kreyòl la tande.N afè l sou mesennjè.Oke.