Lang matènèl nan edikasyon : lè MENFP deside pa finanse liv an franse pou l mete lòd nan dezòd Nan ki lang pou edikasyon fèt ann Ayiti?

Nan okazyon jounen entènasyonal lang matènèl, jou ki te 21 fevriye a, MENFP soti yon nòt pou deklare li sispann finanse liv lekòl an franse nan premye nivo fondamantal ann Ayiti. Se yon desizyon ki pouse nou reflechi plis sou ki lang edikasyon ta dwe fèt ann Ayiti. Se yon desizyon ki mande n founi je gade pou n ka byen konprann analiz ki dèyè desizyon sa a paske li chita sou yon volonte politik ki makònen ak kilti, edikasyon ansanm ak lang.   

Alòs, pale lang se yonn nan premye pwogrè limanite fè apre « leve kanpe ». Nan echanj ant moun ak moun, nan chache konprann yonn lòt, moun rive devlope plizyè mwayen pou yo kominike selon esperyans yo nan anviwònman yo. Kon sa, lang nan listwa limanite vin mwayen ki pi efikas pou moun kominike. Lang ini moun plis antre yo epi ede yo kreye kilti. Se kon sa moun vin twouve yo nan nesesite pou yo transmèt bay nouvo jenerasyon yo kilti sa a ki tabli nan abitid ak jan y ap viv chak jou, estrateji pou yo adapte yo ak divès fòs nan lanati epi kontinye rann lavi yo miyò. Se tou sa ki mennen nesesite pou edikasyon kòm mwayen pou transmèt konesans, kilti, teknoloji e latriye. Zouti ki pi efikas pou fè edikasyon sa a se lang. Nan sans sa a, lang pa sèlman mwayen pou n kominike, men, lang se nannan kilti tou, se zouti pou lapanse, se rezèvwa listwa. Kilti se nanm yon nasyon, lang se nanm yon kilti. Pandan yon gran pati nan istwa limanite, moun te konn suiv prensip « nanm » sa a pou yo sèvi ak lang ansanm ak kilti pou ede nan fòme chak nouvo jenerasyon k ap vini. Se sèlman akoz kolonizasyon, esklavaj ak lòt zak briganday nan lespri ak kò moun, nasyon viktim yo vin oblije fè edikasyon nan yon lang ki pa nanm kilti yo.

Se kon sa, apre plis pase 3 syèk kolonizasyon franse, malgre endepandans Ayiti an 1804, ki se divòs ak tout estrikti kolonyal la, se menm lang franse sa a ki te sèvi kòm zouti pou kwochi sèvèl esklav yo, ki kontinye ap domine reyalite sosyokiltirèl ak lengwistik la. Dominasyon sa a se pwolonjman dominasyon milat, nèg ki gen talan ak domestik ki te gen chans fwote ak blan franse. Se menm dominasyon sa a nou vin jwenn nan dokiman legal yo tou. Menm lè Dessalines te fè chwa estratejik pwoteje blan franse ki te medsen oswa pwofesè lekòl lè lame endijèn nan t ap rele chalbare dèyè kolon yo, lang franse a te yon jan timid fas a lang kreyòl la ki te sèvi kòm siman ki te soude revolisyonè yo — menm lè se an franse deklarasyon endepandans lan te ekri (pou Dessalines te ka voye pinga bay blan yo). Sonje lang kreyòl la se te yonn nan premye zouti nan siksè revolisyon kont sistèm esklavajis la.  Men, malerezman, Konkòda Damyen Prezidan Geffrard te siyen an 1860 te pèmèt edikatè fransè retounen pou ede nan edikasyon ann Ayiti. Konkòda sa a ranfòse wòl fòmèl lang franse a kòm lang pou fè edikasyon ann Ayiti.  Si franse se yon lang ki fè pati reyalite sosyokiltirèl ayisyen an, ki rezilta sa pote lè nou itilize l pou fè edikasyon ? Èske teyorikman, se yon repons nou jwenn nan rechèch syantifik ? Ki sa lengwis, edikatè di nan kesyon sa a ?

Teyori syantifik montre moun pa aprann apati de zewo, fòk yon moun gen konesans deja pou yo anseye l nouvo konesans (Chomsky, 1957)*. Ki premye konesans moun aprann ? Se lang matènèl li, depi nan vant manman l. Lang matènèl la se pa yon lis mo ti moun ap repete. Li plis ke sa. Se reprezantasyon senbolik reyalite ki antouwe ti moun nan. Se fason li konprann anviwònman l, fason li panse epi fason li kòmanse pran pozisyon nan lemonn apati vizyon ki pral makònen nan imajinè sosyal li. Sa pa gen manti ladan, lang matènèl se yon pon pou konesans la travèse al jwenn yon ti moun, yon zouti pou ti moun lan bati pwòp konesans li sou baz esperyans l ap fè nan lavi tou lè jou nan fanmi ak kominote kote l ap viv.

Edike ti moun ak anseye yon lang ki pa lang matènèl ti moun nan se 2 bagay ki sanble men, ki diferan. Anseye lang antre nan dosye sou metodoloji ansèyman lang. Edike ti moun antre nan dosye sou sikoloji aprantisaj ak devlòpman, pedagoji aktif ak teyori sou ki jan sèvo rive kreye epi kenbe konesans. Yon ti moun ka aprann anpil lang mete sou lang matènèl la si li nan anviwònman pou sa. Dayè, nou dwe ankouraje ti moun aprann plizyè lang pou n bay yo plis zam pou yo afwonte lemonn. Lè sa a, fòk nou itilize bon jan metòd pou n byen anseye lang etranje sa yo. Alòs ke fè edikasyon, se rive entegre ti moun nan nan sosyete a, fè l vin yon sitwayen responsab, pou l ka aplike tout prensip, pote solisyon a pwoblèm sosyete a.

Ki jan n ap rive kòmanse fè ti moun yo fè pwojè sosyal, reflechi sou pwoblèm sosyete a, pran pozisyon, fè prezantasyon pou yo di sa yo panse de sa k ap pase nan anviwònman yo, nan yon lang yo pa pale fen e byen ? Anpil moun ki panse fòk edikasyon fèt an franse, se paske y ap panse yon sistèm tradisyonèl kote ti moun nan se yon doum vid y ap ranpli ak konesans san l pa bezwen patisipe. Metòd aprantisaj aktif yo mande pou ti moun yo patisipe, kowopere, diskite konesans lan, epi aplike sa yo aprann chak jou nan lavi yo. Kòman pifò nan nou menm, kòm gran moun, diskite pwoblèm fatra, kidnapin, ensekirite, pa gen respè pou lòt moun, kòwipsyon, malonèt k ap ravaje peyi sa a ? Èske nou ka adrese pwoblèm sa yo ak ti moun yo nan yon lang yo pa pale fen e byen ? Nan ki lang n ap kòmanse fè prevansyon maladi kè, maladi sik, kansè, tansyon wo elatriye pou ti moun yo patisipe epi devlope lide yo sou tematik sa yo. Si n pale sou tematik sa yo an franse, sa ta sanble yo pa enpòtan ase pou nou, sa ta sanble n ap prepare timoun yo pou y al viv nan lòt peyi… pou n fè yo santi pwoblèm Ayiti pa pwoblèm pa yo, kòm ki dire se pase y ap pase. Oubyen se kòm ki dire nou panse ti moun pa ka aprann gwo koze sa yo, n ap fè chich ak yo pou ti kras konesans… Oubyen yo dwe toujou rete nan pa renmen peyi yo, oubyen yo dwe kontinye travay pou detwi peyi yo ? An tou ka, Iv Dejan*, nan liv « Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba », di nou fè lekòl an franse se lougawou k ap manje elèv ann Ayiti.

Preferans pou n anseye an franse sa a se yon pwoblèm sosyolengwistik ki chita nan yon bilengwis ki pwòch yon diglosi. Diglosi a se lè yo itilize yonn nan de (2) varyete lengwistik sou yon teritwa pou regle gwo koze fòmèl (tankou nou fè ak franse ann Ayiti) epi lòt varyete a sèvi pou fè konvèsasyon enfòmèl tou lè jou (tankou nou fè ak kreyòl). Yon lòt aspè diglosi sa a se lè moun an wo sèvi ak franse a pou yo fè diskriminasyon kont moun an ba.  Lè kon sa, nou fann sosyete a an de (2) ak lang franse sa a. Mezanmi ! Pale franse pa di lespri, non ! Se pa AN franse pou ti moun nou yo aprann konesans, men, nan yon sistèm lekòl tèt an wo, fòk yo ta jwenn bon jan mwayen pou yo aprann franse, angle, panyòl pou yo ka ranmase epi simaye pi plis konesans toujou, selon opòtinite yo rive jwenn pi devan nan karyè yo. Kreyòl pale, kreyòl konprann ! Pi bon chwa ann Ayiti pou yon edikasyon ki chita sou pwojè kote n ap anseye diskisyon, lespri kontrè nan respè opinyon lòt moun, pa dakò ak lide lòt moun, travay ann ekip e latriye, se fè edikasyon an kreyòl ki se lang matènèl pifò ti moun yo. Sa se pi bon chwa pou n refòme edikasyon an.

Pa bliye n ap diskite relasyon ant lang ak edikasyon. Rapò istorik ak antwopolojik ant kreyòl ak franse rann amenajman lengwistik pi difisil nan ka Ayiti. Anpil lengwis ki dakò pou edikasyon an fèt an kreyòl bòne lide sa a nan nivo fondamantal. Èske desizyon MENFP nan dat 22 fevriye 2022 pa tou rantre nan kategori sa a ? Pandan n ap dakò se petèt yon kòmansman, n ap mande èske edikasyon an pa ta dwe kontinye nan nivo segondè ak siperyè nan lang kreyòl la jan nou wè sa nan Insyativ MIT-Ayiti k ap pwodui materyèl syantifik ak nan lòt matyè nan tout nivo —soti nan jaden d anfan rive nan ansèyman siperyè ?4 Se yon kesyon ki enteresan anpil. Nan sans sa a, nou ta di èske pwoblèm lang ansèyman pa bloke devlòpman ansèyman siperyè ? Se kòm ki dire, nou pa ka itilize kreyòl pou fè syans, etidye sosyete nou ak kilti nou. Sa fè yon gwo vid nan literati syantifik nou. Pale franse a souvan kreye, pami anpil moun, yon gwo laperèz pou yo pale ak reflechi sou konesans lib e libè. Tankou m ta di lang franse a tchoule nou de reyalite syantifik nou, de kapasite pou nou pwodui konesans syantifik ki makònen ak reyalite sosyal la.

Ti Ayisyen ap pi byen fòme lè edikasyon an baze sou richès ki nan kilti yo, sou bagay k ap pase nan vi yo, sou ki jan pou yo pran desizyon epi chache solisyon pou pwoblèm yo. Ti moun se gwo gran moun k ap grandi. Yo ka konprann anpil bagay. Men, pou sa fèt, fòk anviwònman yo konekte ak panse yo atravè lang matènèl la ki sèvi transpò pou lide yo.

Depi nou di « konesans », nou wè lang paske se lang ki mwayen kominikasyon pou moun transmèt konesans lan. Chak fwa n ap sèvi ak lang lòt nasyon pou nou transmèt lide nou se tank n ap voye jete kapasite nou genyen pou n fabrike konesans k ap pèmèt nou aji sou reyalite nou nan lide pou nou transfòme anviwònman nou. Pa bliye : pale lang peyi etranje ap ede nou rezoud anpil gwo defi entènasyonal nan kad pwofesyonèl ak pèsonèl nou. Men, lè se pou n aprann ti moun lekòl kichòy, syantis nan domèn lenguistik, sikoloji ak pedagoji, apati rechèch syantifik yo fè, rive konprann ke nou dwe sèvi ak lang manman nou. UNESCO (2008), ki mete lide sa a chita depi 1953, devlope anpil zouti pou kore nesesite pou ansèyman fèt nan lang matènèl la. Kosonen (2005) rive montre lekòl yo bay pi bon rezilta epi plis aksè lè yo itilize lang manman pou edike. Benson (2002), bò kote pa l, montre kòman lang matènèl la favorize enplikasyon paran yo nan edikasyon pitit yo, sa ki fè yo pa double klas fasil. Selon rechèch otè sa yo, se peyi ki  sèvi ak lang matènèl kòm zouti pou ansèyman k ap rive atenn objektif devlòpman dirab konsènan kalite edikasyon (objektif sa a se katriyèm objektif devlòpman dirab nan Nasyon Zini).  

Desizyon pou kreye yon anviwònman miltileng kote timoun yo ap aprann plizyè lang deja bay rannman dapre sa nou jwenn nan rechèch syantifik yo. Wi, nou dwe fè bon jan kou franse, panyòl ak angle pou ti moun yo pandan n ap itilize metòd ki djanm nan didaktik lang etranje. Men, edikasyon ti moun yo dwe fèt nan lang matènèl. Sa vle di, tou, se an kreyòl pou nou poze pwoblèm pawòl klè nan lang kreyòl la (Zefi, 2008). Tankou pwofesè DeGraff kwè sa, fòk nou sispann gaspiye entelijans ti moun yo nan fè yo aprann nan yon lang yo pa pale.

Apre tout rale mennen vini sa a, nou panse desizyon MENFP (pou yo sispann finanse liv an franse nan kat premye ane lekòl fondamantal) se yon etap nan yon bon mouvman ki dwe valorize lang kreyòl la nan TOUT nivo ansèyman ann Ayiti. Ekip la dwe kontinye make pwen pou konkretize pi gwo pwojè edikatif ann Ayiti ki se fè lekòl an kreyòl nan tout nivo sistèm edikasyon an. Se menm vizyon sa a ki te nan objektif final pwogram refòm Joseph C. Bernard.

Vernet Etienne, Msc Ed.

  1. Benson, C. (2002). Real and potential benefits of bilingual progammes in developing countries. International Journal of Bilingual Education and Bilingualism, 5 (6), 303-317.
  2. Benson, C., & Kosonen, K. (Eds.) (2013). Language issues in comparative education: Inclusive teaching and learning in non-dominant languages and cultures. Rotterdam: Sense Publishers.
  3. Dejan I.(2013). Yon lekòl tèt anba nan yon Peyi tèt anba, Ed. UEH, Ayiti. 
  4. Kosonen, K. (2005). Education in local languages: Policy and practice in Southeast Asia. First languages first: Community-based literacy programmes for minority language contexts in Asia. Bangkok: UNESCO Bangkok.
  5. Zefi L.(2008). Pwoblèm Pawòl klè nan kreyòl.Ed UEH.
  6. Noam C.(1957). Syntactic Structure, Ed. Mouton.
  7. UNESCO (1953). The use of the vernacular languages in education. Monographs on Foundations of Education, No. 8. Paris: UNESCO.
  8. UNESCO (2008a). Mother Tongue Matters: Local Language as a Key to Effective Learning. Paris: UNESCO.
  9. UNESCO (2008b). Mother tongue instruction in early childhood education: A selected bibliography. Paris: UNESCO.
  10. UNESCO Bangkok (2005). Advocacy brief on mother tongue-based teaching and education for girls. Bangkok: UNESCO.
 

https://menfp.gouv.ht/#/home, M li atik sa a nan dat 22/02/22.

Nou mete « AN » nan lèt majiskil nan « AN franse » pou n envite lektè a reflechi sou gwo diferans ki egziste ant « anseye AN franse » ak « anseye franse ».  Nou pa ta dwe ap « anseye AN franse » nan kominote kote ti moun yo  pa ko metrize lang franse a. Men, fòk nou « anseye franse » pou yo ka rive aprann franse.

MICHEL DEGRAFF : « LANG KREYOL LA SE YON LANG TOTAL KAPITAL » | Montray Kréyol (montraykreyol.org).  M li atik sa a nan dat 23 fevriye 2022.   Epi tou, konsènan enpòtans lang kreyòl pou edikasyon ann Ayiti, nou ka gade rezilta rechèch syantifik Pwòf DeGraff nan divès atik ak videyo sou sit li : http ://mit.edu/degraff       

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

8 COMMENTAIRES