Kanmarad Tibob,

0
1011

Pou mwen ak ou

depi depi :

Jou ak Mo pa te janm menm.

Chak jou gen mo li

Chak mo chwazi jou li.

Jou te toujou pi long

Mo, li, pa t sispann kout.

Gen jou menm mo vin kout nèt

Jis nou pa jwenn mo pou di ki jou li ye.

 

Jou nouvèl la rive

M pa jwenn mo pou m rakonte lapenn mwen

M pa jwenn mo pou m kache soufrans mwen

M pa jwenn mo pou m dekri longè rèl mwen.

 

Se jou w !

Se rèl mwen !

 

Jou nouvèl la rive

Tout mo delala

Tout mo annanfans

Tout mo penyen lage

Jouk lapenn monte dezabiye pòpyè m,

gwo jounen.

 

Se jou w !

Se rèl mwen !

 

 

Plis jou a ap fofile

Plis mo yo ap tenyen.

Plis w ap deplase

Plis m ap dekouvri

Se vre

 

Gen jou k pi long pase lavi.

Jou zanmitay nou te toujou pi long toujou.

Li te toujou pi bòzò, pi chèlbè, pi bèl

nan rakonte listwa

nan fè listwa.

Ak tout kè  nou.

Pafwa se sou pwent nen yon zegwi

Souvan se anba chalè dife malè pandye.

Jou lamitye pa m ak ou

Tann nat li tann jou leve.

 

Gen mo ki pi kout pase lanmò.

Mo pa nou te toujou pi kout toujou

Li te toujou pi senp, pi presi, pi klè

nan kare lide

nan pran pozisyon

anfas lanmò.

Mo nou te toujou lonnen

nan mezirèt KONBA nou

Jouk nou fè lèlmi

Jouk fwonmi pike nou nan do.

 

 

Jou tankou jodi a

Se jou k pote rèl

Jou  tankou jodi a

Se jou mo k pi kout :

Mwen damou w, Kanmarad, Tibob!

 

Sonson: 3-03-2022

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES