Latwoublay
Avanyè swa mwen chita anba kolonbye, nan lakou kay grann mwen an, sou yon gwo chèz pay gran papa m te fè pou mwen avan l te travèse fwontyè peyi san chapo. M kwaze pye m sou chèz la an bon chèlbèdèk pou m kontanple lalin nan k ap fè lago kache ak yon eskadwon ti zetwal petevi. M p ap kache di nou m te manke pèdi tout jekwazandye m. Apre yon ti tan, m tande yon ti wounouwounou an chalkalis, an chalbadi. Mwen leve san bri san kont pou m al gade. M viwonnen lakou an nèt.
Lè m rive sou galri a mwen wè se Tikwenn, Nalite, Dipatach, Lòmpadye ki an preparasyon pou kòmanse ak yon ti jwèt yo toujou renmen fè chak lè lanjelis bay lannuit legen.
Tanbou ap aranje. Ti sandal tralalap ap voye sere anba tach palmis. Mwen annik vire tèt mwen pou m touye yon ti marengwen ki vle fin souse san m menm jan ak apatrik k ap souse san peyi Dayiti, pandan m ap tounen tèt mwen, Nalite frape tanbou a pidimpidimpap. Bonnanj mwen kouri vole. Sa w tande a, koze a ki te long konsa a, tout ti moun yo pran chante.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.