Du sang neuf dans le théâtre ces «Nouvelles Dramaturgies d’Haïti»

Cette anthologie de 12 textes dramatiques est une publication soutenue par AROCH et OIF, coordonnée par Guy Régis Jr et publiée par Edisyon Chimen, de l’Association Quatre Chemins en collaboration avec la compagnie Nous théâtre, créée dans l’objectif d’offrir un espace de diffusion et de publication aux dramaturges haïtiens. Cette publication regroupant douze textes dramaturgiques (de 6 autrices/6 auteurs), dont deux sont en créole, sera disponible dans toutes les bibliothèques en Haïti ainsi que dans plusieurs pays francophones.

« Gouyad Senpyè » de la dramaturge haïtienne Darline Gilles, est l'un des deux textes en créoles de cette anthologie. Découvrons ensemble le résumé (la trame) et la présentation (l’à-propos) de ce texte.

Tram
Yon blan dezespere rantre nan prizon (yon blan se yon prizonye ki fenk vini).
Se lokazyon pou tout lòt fanm ki nan prizon lanfè sa a, kote djab la pase lè l
vle, pwofite pale tout koze, anvan yo voye yo nan kacho (Djab la se machin
lapolis ki mennen vini lòt prizonye, oubyen pote mennen ale nan tribinal). Ti
tan sa a, tout medam yo pran pale, menm majò prizon an pran pale peripesi
pa l tou : ki jan yo rantre, ki jan yo pa janm konnen ki lè yo ka sòti la, epi rèv yo tout mele.

Apwopo
Pyès teyat la tanmen ak yon kout rèv. Rèv lanvi lanmou. Rèv lalin nan nawè
je. Rèv danfans depi ti katkat.

Darline pa nenpòt ki manzè ! Manzè Darline se yon manzè ki rive fè moun
reve menm nan lanfè. Menm nan lanfè prizon ayisyen kote rèv pa ta dwe posib.


Tankou medam sila yo, ki bite bite, men ki pa fouti fè fon nan latwouyin
dezespwa. Pito yo kontinye pousiv fè rèv zetwal, rèv lanmou, menm nan
nannan lanfè. Kote pa ta dwe gen pyès plas pou lespwa ankò.


« Mwen anvi mete nuit lan chita nan fouk mwen,
pou m trese bò tèt li ak koze kè m ap charye,
depi lè m te yon ti inosan nan je lasosyete. »


Se sou yon demand BDHH/BDMA – Biwo dwa moun an Ayiti, Festival
Kat Chemen te fè rankont ak kèk ansyen fanm prizonye. Nou te chita pale
ak sa ki te viv lanfè men ki te soti. Nou te tande yo san pale.


Tèt nou te an boulatcha. Trip nou t ap rache. Sèvèl miyèt moso. Lè nou te
fin tande sa medam yo te viv. Poutan prizon an pat lwen nou la a. Epi nou te konn tande bri van sa ki ap pase. Men ak vwa medam yo, reyalite a te pi
kri. Paske se moun ki te viv ki te ap pale sou bagay yo konnen, bagay yo viv.
Pandan nou t ap gade sou mi BDHH/BDMA an, kote Pauline te desinnen
chak fanm ki te soti nan lanfè sa a, nou te pran leson sou yon reyalite ki
anvlimen. Moun yo foure nan prizon san jijman e ki rete la : 2 zan, 3 zan,
8 tan, 10 zan…


Nan tande medam yo, manzè Da fini pa ekri Gouyad Sen Pyè. Yon tit ki
make yon derespektan ! Ala en, kidonk menm vye Sen Pyè pèmèt li vin danse
vodou nan rèv nou ! Sa ki ta vle di : lò nou al chwe nan prizon madoulè, se
lè nou al chwe dwèt dirèk nan twou lanfè satanjerenòs, kite menm vye Sen
Pyè vin pete sou nou. Nou te bliye sa.


Nou te bliye lè nou di peyi pa bon, sa ki pa bon ladann. Se enstitisyon ki pa
mache ki fè yon peyi pa mache. Prizon nou yo se imaj lòt enstitisyon nou
yo. Yon peyi delala pa fouti pa gen prizon zonbi bannmannan.

Guy Régis Jr

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES