Timoun, kouman nou wè tèt mòn yo? Entèvansyon dyalojik nan yon sal klas an Ayiti

Aprantisaj, devlòpman, ak kapasite pou moun panse koresponn avèk ni aspè sosyal ni aspè kominikasyon nan lavi moun[1]. Anvan teyorisyen sosyokiltirèl tankou Mercer, Bakhtin[2], Vigotsky[3]; yon pansè enfliyan dizuityèm syèk la tankou Jean-Jacques Rousseau[4] te gentan raple nou aspè sosyal fenomèn lang nan ak tout enpòtans li pou limanite. Descartes, kòm filozòf e kòm matematisyen, nan repons li bay Michel de Montaigne nan tèks li titre Apolojie de Raymond Sébond, li moutre lang se yon eleman enpòtan, esansyèl menm nan lavi moun. Se pou li te reponn Montaigne ki t ap mande lèzòm pou yo sispans gonfle ego yo paske yo se yon senp eleman lanati menm jan yon chat se yon eleman lanati. Nan atak sa a, Descartes denonse Montaigne pou atitid anti antwoposantris li a. Descartes moutre moun pa yon senp eleman nan lanati a. Li moutre genyen kèk aspè nan moun se moun sèl ki genyen yo, lòt animal yo pa genyen yo. Se kapasite pou moun panse a Descartes mansyone kòm aspè patikilye. Selon Descartes, si nou ka panse se paske nou se moun. Si nou apiye nou sou lide Descartes la, nou ka di, an jeneral, se lè nou pale lòt moun konnen sa nou panse. Ebyen nou ka di tou nou se moun dèske nou ka pale. Apwòch Descartes la etabli rapò ant egzistans moun ak kapasite pou moun panse, e lòt lide nou avanse a etabli rapò ant lang ak egzistans moun. Frantz Fanon menm pi fèm sou kesyon sa a lè l di: « Mwen bay zafè lang yon enpòtans konsiderab », epi li di « pale se egziste ». Fanon ajoute « pou yon lòt » nan fraz li a e sa fè fraz konplè li ekri a vin « pale se tankou egziste pou yon lòt[5] ». Men, lektè Fanon yo kapab konprann se avèk travay Hegel[6] la Fanon t ap fè referans lè l ajoute pati « pou yon lòt » nan fraz la. Nou ka konprann kanmenm menm nan travay Fanon nou jwenn rapò ant lang ak egzistans moun tou. Si pale (fenomèn lang) se yon fenomèn ki enpòtan pou entèlektyèl nan divès domèn, nou oblije konsidere enpòtans li tou nan yon aspè ki enpòtan nan mond kontanporen an tankou konesans, ban m di pito devlòpman konesans nan sal klas. Lang yon nasyon se yon gwo koze pou nasyon an. Lang se zouti prensipal nan devlòpman konesans. Neglije jan lang ka entèraji avèk siksè oswa echèk akademik se neglije aspè ki pi fondamantal la nan edikasyon. Akoz enpòtans lang genyen nan aprantisaj, espesyalis teyori sosyokiltirèl[7] yo devlope enterè nan envestige diskou nan sal klas pou yo analize kèk nan faktè ki kapab fasilite devlòpman konesans nan sal klas yo oswa ki ka frennen elan devlòpman elèv yo ni sou plan endividyèl ni sou plan kolektif.

Nan atik sa a, m ap analize inite pawòl mwen obsève nan yon kou ki te fèt an kreyòl nan menm klas twazyèm ane mwen te mansyone nan atik mwen pibliye ki gen tit Lang ak Devlòpman Konesans nan Sal Klas yo an Ayiti. Kesyon ki pi enterese m mete devan nou menm lektè nan atik sa a se etidye ki jan entèraksyon yo nan yon sal klas kapab kontribye nan refleksyon sou zafè lang nan edikasyon an Ayiti. Jan mwen te moutre nan atik mwen sot mansyone a, done mwen kolekte yo moutre pi fò liv yo an fransè, men nan kad seri obsèvasyon mwen mennen nan klas yo pou mwen pi byen konprann kondisyon aprantisaj la, mwen obsève kou sa a yon anseyan t ap fè an kreyòl e mwen te enterese gade devlòpman kou a. Se te youn nan ra ka kote leson an te fèt an kreyòl pandan tout tan mwen pase ap obsève kou yo nan sal klas sa a.

Apre yon kou matematik anseyan an t ap anseye, li di tout elèv pou yo mete liv matematik la yon kote epi pou yo mete yo prè pou yon kou sou syans natirèl. Done mwen kolekte yo moutre orè klas la genyen yon kou 40 minit an kreyòl pou chak jou e se anseyan an ki pou chwazi kontni kou sa a. Non sèlman se yon sèl kou ki an kreyòl nan tout kou yo elèv yo ap suiv yo, se yon sèl liv ki an kreyòl tou nan tout liv elèv yo genyen. Tout lòt liv yo, sa vle di, liv matyè yo, se an fransè yo ye. Sèl liv sa a ki an kreyòl la, se li menm ki fèt ni pou lekti, ni pou ekriti, ni pou aktivite gramè an kreyòl. Jou a se sou yon ti lekti ki sou anviwònman ki nan liv kreyòl la kou a te dewoule.  Jan mwen te fè nan atik sou kou istwa a mwen te pibliye a, mwen transkri anrejistreman leson an nèt e mwen analize l avèk metòd Strauss ak Corbin[8] sou analiz done nan rechèch kalitatif ansanm ak travay espesyalis sou analiz diskou nan sal klas yo[9].

Ayiti se yon peyi ki gen gwo pwoblèm deforestasyon. Sitiyasyon ekonomik popilasyon an souvan fè moun yo koupe pyebwa pou yo fè chabon pou yo kwit manje.  Analiz transkripsyon inite pawòl yo nan kou a moutre bi anseyan an se te atire atansyon elèv yo sou pwoblèm deforestasyon an, yon jan pou li fè yo reflechi sou wòl yo ka jwe nan ede peyi yo a jwenn kouvèti vejetal tè a te kòmanse pèdi depi lè Fransè yo te mennen Afriken vin travay pou yo anrichi peyi Lafrans. Jan mwen moutre sa pi ba a, kategori inite pawòl anseyan an inisye yo jwe yon wòl enpòtan nan chapante sitiyasyon aprantisaj la yon jan ki envite elèv yo patisipe plis epi itilize konesans yo genyen sou anviwònman peyi yo pou konstwi yon atmosfè dyalojik.

Jan m sot di l la, refleksyon nan atik sa a chita sou travay espesyalis nan domèn etid koze anseyan ak elèv nan sal klas, nan sans sa yon entèlokitè di, sa lòt la reponn, epi yon evalyasyon youn fè sou sa lòt la di a. Espsesyalis yo itilize Inisyasyon, Repons, ak evalyasyon pou pwosesis sa a. Lè espesyalis sou etid diskou nan sal klas yo itilize konsèp sa yo, yo konseptyalize yon kontèks dyalojik kote entèlokitè yo angaje yo nan yon pwosesis ki genyen omwen twa (3) pati: 1) yon entèlokitè fè yon pwen, Mehan[10] rele l Inisyasyon; 2) yon lòt entèlokitè reponn, Mehan rele l Repons; 3) epi yon lòt entèvansyon ki jwe wòl evalyasyon. Kòm sal klas yo an jeneral se yon espas kote elèv yo espere se anseyan an ki pou jwe wòl moun ki plis ap mennen entèraksyon an, kad teyorik sa a moutre evalyasyon an plis gen tandans pou li soti bò kote anseyan an. Donk, kad teyorik Mehan nan se yon chapant tridimansyonèl “Inisyasyon-Repons-Evalyasyon (IRE)” ki bay yon lide sou jan nou kapab analize kontni yon sitiyasyon aprantisaj – pi espesifikman, konpòtman vèbal entèlokitè yo nan sitiyasyon aprantisaj la. Mwen pa konnen si gen chèchè ki itilize travay Mehan nan kòm yon chapant teyorik inivèsèl nan analiz tout tipoloji entèraksyon ant entèlokitè nan tout kontèks e mwen pa kwè se objektif sa a Mehan genyen nonplis nan travay li a.

Depouyman done yo moutre yon total 29 inite pawòl nan kou a ki pi sayan nan sans pawòl ki odib mwen te ka pi byen idantifye pou transkripsyon an. Anbyans entèraksyon ale vini ki genyen nan klas la te rann li difisil pou mwen idantifye tout entèvansyon elèv yo. Nan total 29 inite pawòl nan kou a ki pi sayan yo, anseyan an inisye 16 epi elèv yo inisye 13. Nan sèz (16) inite pawòl pa anseyan an, genyen twa (3) ladan yo kote li mande elèv yo eksplore sijè leson an epi pou yo eksprime opinyon yo sou anviwònman an. Anfèt, analiz done yo moutre nan sèz (16) inite pawòl anseyan an inisye yo, genyen katòz (14) ladan yo ki sèvi ni pou evalye sa elèv yo panse nan diskisyon an ni pou ankouraje yo pataje opinyon yo sou sitiyasyon deforestasyon an. Men, done yo moutre de (2) nan sèz (16) inite pawòl anseyan an ki espesifikman antre nan kad evalyasyon. Nan kad analiz la, mwen konsidere evalyasyon senp yo kòm E (E=2), apèl pou patisipasyon e evalyasyon kòm APE (APE=14), epi repons etidyan yo kòm RE (RE=13). Figi ki pi ba a ilistre frekans ak distribisyon inite pawòl anseyan an ak elèv yo nan kou a.

Figi 1. Frekans ak Distribisyon Inite Pawòl Anseyan an ak Elèv

Kou a dewoule sou wòl pye bwa yo nan nati a an jeneral epi sou wòl yo nan kontèks anviwònman Ayiti an patikilye. Apre lekti tèks la, anseyan an fè elèv yo kanpe epi li fè yo soti deyò klas la sou balkon an pou li fè yo wè yon mòn yo te ka gade apati kote yo ye a nan lekòl la. Ansuit, li fè tout elèv antre nan klas la ankò. Li enonse yon inite pawòl kote li envite elèv yo eksprime opinyon yo sou chèn mòn yo ki debwaze. Apèn anseyan an konplete inite pawòl la ki gen yon apèl pou patisipasyon, plizyè elèv rapidman reponn « yo pa gen pye bwa ». Gen lòt ki di “yo debwaze”. Anseyan an itilize repons elèv yo pou li angaje gwoup la nan yon dyalòg sou enpòtans pye bwa. Dabò, li repete inite pawòl ki pi sayan nan repons elèv yo, li di “yo debwaze, yo pa gen pye bwa sou yo”. Ansuit, li itilize repons elèv yo pou li enonse yon lòt inite pawòl: « Èske pye bwa yo enpòtan pou mòn yo? » Plizyè elèv reponn « wi madam ». Anseyan an di « Pye bwa itil nou anpil, ki sa nou fè ak pye bwa? Pou ki sa yo itil? » Gen yon elèv ki reponn “Pou n fè chabon”. Anseyan an eseye reklame silans nan klas la pou l atire atansyon elèv yo sou inite pawòl elèv ki di “Pou n fè chabon” an.  Li di: «» Belo[11] di nou pye bwa itil pou n fè chabon’ – se sa ki fè nou gen pwoblèm konsa. Nou koupe pye bwa pou n fè chabon e nou pa replante. Se sa ki fè nou gen pwoblèm ewozyon, nou gen pwoblèm grangou ». Li poze yon lòt kesyon sou fòm entonasyon kote li di « Nou konnen nou gen anpil pwoblèm grangou lakay nou?” Plizyè elèv reponn « wi ». Anseyan an ajoute « Nou gen pwoblèm grangou, se lòtbò pou n al achte manje, sa k fè sa? ». Gen yon elèv ki reponn “Paske nou pa plante”. Anseyan an di « Paske nou pa plante. Nou bezwen tout bagay se nan peyi etranje pou n ale, vyann, diri se nan peyi etranje pou n ale paske nou pa pwodui ase ». Pou li kontinye, anseyan an mande elèv yo, « ki sa pye bwa itil? Gen yon elèv ki reponn “(pou) ban nou manje” epi yon lòt reponn “(pou) ban nou dlo”. Pandan plizyè elèv ap patisipe nan entèraksyon an, anseyan an idantifye yon elèv ki pa t tèlman patisipe e li di l “Malèn, ki sa pye bwa itil ankò apre manje, dlo?” Malèn reponn “Pou fè remed”. Anseyan an atire atansyon tout klas la epi li di “Pye bwa itil pou fè remed. Èske nou konnen fabrikasyon anpil remèd se ak plant yo fè yo”? Plizyè elèv reponn “wi”. Anseyan an di “E tou, lè nou gen yon lafyèv pa egzanp, anvan n al kay doktè ki sa yo fè ba nou”? Plizyè elèv reponn “te”. Anseyan an di “Te, avèk fèy bwa” epi li ajoute “Ebyen pye bwa itil nou tou nan remèd”. Gen yon elèv ki di “frechè”. Anseyan an di “Pye bwa tou ban nou frechè” epi li ajoute “Bon, nou fin li istwa a, nou idantifye pwoblèm yo. E nou menm timoun ki sa nou ka fè pou anviwònman an, pou chanje anviwònman sa”? Gen yon elèv ki reponn “Mwen ta renmen plante pye bwa, pou lè lapli tonbe pou tè a pa al nan lanmè”. Anseyan an reponn “Madoche di li menmm li ta renmen plante … men fòk ou fè sa w di a wi. Èske ou pral plante yon pye bwa”? Elèv la reponn “wi” epi anseyan an ajoute « Ou pran angajman pou w plante yon pye bwa ou menm »? Li adrese tout klas la epi di yo « Ok, kiyès nan nou ki gen yon lòt pwojè »? Mwen remake pandan diskisyon an ap devlope nan klas la, elèv ki te di pye bwa bon “Pou n fè chabon” an se menm elèv sa a ki vin di pye bwa bon « pou fè remed ».

Obsèvasyon mwen fè nan klas la avèk done yo moutre ni anseyan an ni elèv yo pa t fokis atansyon yo sou chache estriktire panse yo pou yo fòje fraz an fransè ki kòrèk gramatikalman. Jan transkripsyon mwen rapòte yo endike sa, pandan diskisyon an nan klas la, elèv yo te jwenn yon kontèks aprantisaj ki te pèmèt yo eksprime vwa yo sou wòl pye bwa yo nan anviwònman an. Yo te fè sa san enkyetid mele avèk estrès konsènan posiblite pou yo ta fè fot gramè, jan nou wè sa nan ka leson ki te an fransè nan atik mwen te pibliye ki titre Lang ak Devlòpman Konesans nan Sal Klas yo an Ayiti. Dapre obsèvasyon mwen fè nan klas la ansanm ak done mwen kolekte yo, pa t gen resitasyon leson tankou nan ka kou sou istwa a ki an fransè a nan atik mwen sot mansyone a.

Pandan diskisyon yo, elèv yo fè yon seri pwen ki pa t antre nan chapant atant anseyan an, men pa t gen pyès moun ki te nan sitiyasyon kote yo ta leze dwa yo pou yo eksprime yo. Yo te jwi yon libète ekspresyon ki pa kanmarad kontèks ansèyman mwen te ilistre nan atik mwen mansyone a. Ni elèv yo ni anseyan an mete premye pyon pou yon seri inite pawòl, yo reponn, epi yo aji sou repons youn lòt. Nan sans chapant teyorik mwen mansyone pi wo a, yo tout Inisye, Reponn, epi Evalye entèvansyon youn lòt.  Nan sitiyasyon aprantisaj sa a, ni vwa anseyan an, ni vwa elèv yo ajoute sou resous ki nan liv la pou yo konstwi konesans tout ajan sosyal yo ka benefisye nan kontèks aprantisaj la.

Selon estrikti patisipasyon nan klas la, ni elèv ni anseyan te atann y ap ka eksprime yo nan lang kreyòl la yo konnen byen an epi avi tout moun te gen valè. Menm jan, estrikti kominikasyon an te miltidireksyonèl, nan sans ni elèv ni anseyan te kapab inisye inite pawòl pou yo nouri entèraksyon an. Chak inite pawòl bati sou yon lòt yon jan ki pèmèt klas la konstwi yon diskou ki pwoblematize anviwònman an ansanm avèk wòl pye bwa yo.

Gen plizyè eleman mwen note objektivman nan obsève klas sa a avèk klas mwen te obsève an fransè a: 1) se te menm gwoup elèv yo avèk menm anseyan an, 2) tou de (2) kou yo te fokis sou sijè ki enpòtan pou lavi elèv yo – youn nan kou yo se te sou istwa Ayiti epi lòt la se te sou anviwònman Ayiti a, 3) nan youn nan kou yo anseyan an te itilize resitasyon kòm mòd devlòpman konesans epi nan lòt kou a anseyan an te itilize tèks la pou li angaje elèv yo nan yon dyalòg konsènan sijè a kòm mòd devlòpman konesans, 4) nan youn nan kou yo entèraksyon yo te fèt sèlman sou resitasyon leson an epi nan lòt kou a entèraksyon an te dewoule selon lide elèv yo ak anseyan an devlope sou tèks la ak sou anviwònman an, 5) Youn nan klas yo te itilize lang fransè a kòm medyòm ekspresyon epi nan lòt klas la yo te itilize lang kreyòl la kòm prensipal medyòm ekspresyon, 6) nan klas ki te itilize kreyòl kòm medyòm ekspresyon an elèv yo te angaje aktivman nan diskisyon sou nosyon anviwònman an ki te sijè leson an tandike nan kou ki te itilize fransè kòm medyòm ekspresyon an entèraksyon an te plis fèt nan sans kesyon elèv yo te sipoze reponn pou resite leson an.

Kesyon mwen te poze nan kòmansman an se te ki jan entèraksyon yo nan klas ki itilize kreyòl kòm medyòm ekspresyon an kapab kontribye nan refleksyon nou sou zafè lang nan edikasyon an Ayiti. Konpare de (2) leson nan yon klas pou etidye pèfòmans yo ak rezilta yo kapab parèt pwoblematik akoz genyen tèlman varyab pou nou konsidere lè se gwoup moun ki se sijè etid nou. Men omwen, diferans esansyèl mwen note ant leson ki itilize kreyòl kòm medyòm ekspresyon epi leson ki itilize fransè kòm medyòm ekspresyon an se, yon kote, yon sitiyasyon aprantisaj kote elèv yo te gen posiblite pou yo itilize pwòp lang yo pou yo kontribye nan konstwi yon diskou sou pwoblèm anviwònman an ki se yon pwoblèm ki konsène yo dirèkteman; epi, yon lòt kote, yon sitiyasyon aprantisaj kote chwa ki te disponib pou elèv yo se te itilize vwa yo sèlman pou yo repete epi pou yo resite leson an tankou yon vantrilòk. Kapab gen yon diferans pratik pedagojik ant jan klas an kreyòl la dewoule ak jan kou ki an fransè a dewoule, men chwa pedagojik la ta sanble segondè.

Èske angaje anseyan an angaje elèv yo nan diskisyon sou leson an pa ta kapab parèt kòm yon chwa pedagojik ki plis nan liy devlòpman konesans? Èske jan elèv yo angaje nan diskisyon nan klas an kreyòl la ak jan yo jwenn sibstans pou yo elabore lide yo sou anviwònman an pa ta ka sèvi kòm youn nan evidans pou itilizasyon lang kreyòl la nan edikasyon elèv yo? Èske egzijans pou se fransè pou elèv yo te itilize nan klas ki te an fransè a pa limite potansyalite elèv yo pou yo angaje nan diskisyon nan sal klas yo epi èske sa pa limite posiblite pou yo devlope konesans yo? Sa yo se lòt kesyon mwen swete ki ka sèvi pou nouri refleksyon nou sou kesyon lang nan edikasyon an Ayiti.

An reyalite, se yon pwoblèm sistemik nou abòde lè nou antre nan analiz pratik pedagojik avèk kesyon lang nan sal klas yo an Ayiti. Nan milye eskolè Ayiti a e menm nan sosyete a an jeneral, yon moun ki edike pa sèlman vle di li byen konnen sijè li aprann nan – kit se matematik, kit se syans sosyal, oswa medsin. Genyen yon tandans nan sosyete a kote yon moun ki edike ta dwe parèt sitou kòm yon moun ki kapab atikile sijè li aprann nan nan bon fransè. Lè edikasyon an Ayiti avanse nan nivo pou li bay tèt li tach pou li ede elèv ayisyen devlope konesans pou yo vin vrè ajan sosyal, vrè ajan develòpman; m ap mande èske yon kou tankou kou kote elèv yo jwenn opòtinite pou yo itilize lang kreyòl la pou yo angaje nan diskisyon sou matyè ki konsène kominote yo a, se pa ta yon pratik sistèm eskolè a ta bezwen ankouraje. Sa ki klè nan leson sa a se, te gen yon tèks an kreyòl, anseyan an diskite tèks la avèk klas la an kreyòl, li angaje elèv yo nan yon dyalòg lè l di “timoun, ki jan nou wè tèt mòn yo”, elèv yo entèraji avè l san resite leson an pa kè, epi li fè elèv yo reflechi sou wòl yo ka jwe nan transfòmasyon anviwònman an. Si pifò elèv ayisyen ka fè sa menm jan an nan matyè yo nan yon lòt lang, ebyen sistèm edikasyon an bezwen pran mezi ki nesesè yo. Si yo ka fè sa an kreyòl epi nan yon lòt lang an menm tan pou kounye a, sa ta vle di sistèm eskolè ayisyen an ta vrèman mi pou edikasyon bileng e responsab yo ta bezwen konsidere pran mezi ki nesesè. Si evidans yo moutre se an kreyòl sèlman pifò elèv ayisyen ka entèraji ak yon anseyan konsa pou yo devlope konesans yo nan yon matyè san resite leson an, ebyen lidè yo ki gen responsablite pran desizyon sou edikasyon elèv yo genyen yon devwa nasyonal e istorik pou yo konsidere. Jan lidè sa yo chwazi abòde devwa yo genyen anvè pwòp nasyon yo a nan sans sa a va endike chwa pèsonèl yo nan jan yo vle istwa sonje yo e nan mesaj yo vle voye bay konpatriyòt yo.

Marky Jean Pierre

 PHD ; EDD

 


[1] Mercer, Neil. "Sociocultural discourse analysis." Journal of applied linguistics 1.2 (2004): 137-168.

[2] Bakhtin, Mikhail M. "The dialogic imagination: Four essays, ed." Michael Holquist, trans. Caryl Emerson and Michael Holquist (Austin: University of Texas Press, 1981) 84.8 (1981): 80-2.

[3] Vygotsky, Lev Semenovich, and Michael Cole. Mind in society: Development of higher psychological processes. Harvard university press, 1978.

[4] Rousseau, Jean-Jacques. "Essai sur l'origine des langues." Essai sur l'origine des langues (2009): 1-194.

[5] Fanon, Frantz. Peau noire, masques blancs, Seuil, 1952; rééd. Seuil, coll. « Point/Essais », 1971.

[6] Hegel, Georg Wilhelm Friedrich. La Phénoménologie de l'esprit. Trad.... Aubier-Montaigne, 1939.

[7] Lantolf, James P., and Steven L. Thorne. Sociocultural theory and genesis of second language development. Oxford: Oxford University Press, 2006, 2006.

[8]Strauss, Anselm, and Juliet M. Corbin. Grounded theory in practice. Sage, 1997.

[9]Mercer, Neil. "Sociocultural discourse analysis." Journal of applied linguistics 1.2 (2004): 137-168.

[10]Mehan, Hugh. "The structure of classroom events and their consequences for student performance." (1982).

[11] Chak non mwen itilize yo nan rechèch la se se yon ti non mwen bay patisipan an. Mwen itilize yon ti non pou patisipan yo pou mwen pwoteje idantite yo.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES