Akademi kreyòl Ayisyen (AKA) mete deyò yon kalandriye pou selebre Mwa lang ak kilti kreyòl

Anpil aktivite an vizyokonferans gen pou fèt pou selebre mwa lang ak kilti kreyòl ane sa a. Akademi kreyòl Ayisyen mete deyò yon kalandriye pou anonse yon latriye aktivite k ap dewoule anba tem sila a: « Lang kreyòl tout kote sans fòs kote ».

Pou selebre Mwa lang ak kilti kreyòl, akademi kreyòl ayisyen AKA mete deyò yon kalandriye ki genyen divès aktivite ladan l kap fèt vizyokonferans pa bò isit tankou lòtbò dlo. Depi Jedi 7 oktòb te genyen premye vizyokonferans
Tèm nan se te « Inisyativ kreyolis nan diaspora a: aktivite yo, kontrent, pèspektiv…
Espas Kreyòl / Eritaj Kilti Kreyòl (Etazini) / Sant N a rive (Kanada) / Tchaka (Chili) / Centre Toussaint (Kanada) »
Te genyen Yon dezyèm vizyokonferans vandredi 8 oktòb ki sot pase a sou Esperyans redaksyon syantifik an kreyòl Wisner Baguidy, Daniel Sineus, Ary Regis.
Jedi 14 oktòb kap vini la a ap genyen Yon twazyèm vizyokonferans anba tèm « Kisa Doktè Ernst Mirville kite pou lang ak literati kreyòl ayisyen ?
Jean-Robert placide, kritik literè, konseye konsiltatif, Manm Sosyete Koukouy, Kanada »
Vandredi 15 oktòb ap gen Yon katryèm vizyokonferans sou « Sa tout anseyan ak paran dwe konnen sou fonksyon lang ak Lekol”
Jocelyne Trouillot, Akademisyèn »
Gen lòt rankont Konsèy Administrasyon AKA avèk Asosyasyon pwofesè kreyòl kap fèt madi 19 oktòb.
Pandab tout mwa a ap gen Yon sizyèm vizyokonferans tèm nan se « Lang kreyòl nan lasyans
Esperyans FLA nan pwodiksyon syantifk
Renauld Govain, dwayen Fakilte lengwistik aplike jou kap vandredi 22 oktòb.
AKA ap tou patisipe nan inogirasyon Nouvo lokal Jounal Bon Nouvèl. Madi 26 oktòb se ap selebraeyon jounen intènasyonal Lang ak kilti kreyòl.

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES