San nèf nan teyat ak « Nouvelles Dramaturgies d’Haïti »

Antoloji se yon ansanm 12 tèks dramatik AROCH ak OIF ede pibliye nan Edisyon Chimen Asosyasyon Quatre Chemins ansanm ak Nous théâtre ki ap travay pou ede pibliye epi difize zèv dramatij ayisyen yo. Se Guy Régis Jr ki kowòdone piblikasyon sila a ki ofri 12 tèks douz otè (6 fanm, 6 gason). De nan tèks yo nan lang kreyòl. Antoloji sa a ap disponib nan tout bibliyotèk an Ayiti ak nan kèk lòt peyi frankofòn.. « Rèv Boukannen » dramatij ayisèn Joeanne Joseph la se dezyèm tèks kreyòl nan antoloji a.

Ann dekouvri rezime (tram) ak prezantasyon (apwopo)  tèks la.


Tram
Sis machann ki makonnen kò yo nan yon kwen : Madan Bo, Micheline,
Serette, Silienne, Anette, Chouba.
Istwa ki mennen yo kote yo ye la a diferan.
Men tout la pou menm koz. Men…ki koz ? Youn sou lòt y ap dòmi, reve,
plenyen, pale sa yo viv, sa yo swete, sa yo rayi, sa yo fè... Yo la depi 7 jou ?
Ki lè y ap soti ? Yo pa twò konnen...Koze yo pa gen ni bon gou ni bon sant.
Anpil zòrey ap tande. Men m pa si tout ap twò konprann. Realite machann
se sèl machann ki konnen l !


Apwopo
Joeanne se machann pawòl ki fè pawòl machann tounen lò.
Gen moun ki
di : sa k piti pa pitimi. Gen lòt ki renmen di : tout sa k pi piti pi bèl.
Joanne sèvi nou yon pyès tou kout tankou bouji lakonfesyon. Men, yon pyès
ki pa bezwen ale pi lwen pou di tout sa fanm, machann anba lavil, ta renmen
di, kote tout pawòl malouk, tout rèv blayi, san manke.


Epi tèlman gen pawòl ki pale nan bouch sis medam sa yo, nou pa fouti mande
plis. Ki jan li posib pou fè tande tout pale sa yo nan yon ti bout tan ? Ant yonn
ki te nan faktori, lòt ki soti jis Okap, jis Jeremi, lòt ankò…yonn lòt diferan.
Gen anpil bagay pou fanm di. E lè se fanm ki fè fanm pale, ou gen lenpresyon
se yon pawòl pou de syèk pawòl. Se pa sèlman pale, se yon krèy pawòl ki
makonnen ak yon soufrans fanm ekriven an konnen nan tout rèl kò l.


Se pa sèlman yon pawòl. Se yon pwezi dyaman pwès, san yenyen anmore,
san grimas metafò, anafò, palenpsès. Yon pwezi tou vivan tou kri. Yon pwezi
ki soti tou pi nan founo lavi medam yo.


Gen yon pwezi ki posib sèlman si ou te konn bat lankanpay ak zèl kase, nan
reve miyò, pou ou menm, pou lòt yo. Gen yon pwezi ki posib si sèlman ou
konn doulè twadegout. Tout fason : gen yon pwezi ki pa posib si ou se wòch nan dlo manfouben.


Isit la n ap santi yon ekriven ki pran tan l chita ak medam yo, tande yo, ki
konnen reèlteman sa y ap viv. N ap santi yon ekriven ki pa janm jije yo, ki
pa wont yo, yo pa wont li tou. Ou ta di se li ki ta ouvè pawòl la, epi pran
tan tande, reyaji, fache sou yo, ri ak yo, kriye ak yo, reve ak yo, boukannen
rèv ak yo…


Rèv Boukannen se yon ti bijou.


Guy Régis Jr

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES