Akademi Kreyòl Ayisyen ap lanse yon atelye pou estandadizyasyon lang Kreyòl Ayisyen

Akademi Kreyòl Ayisyen ( AKA) ap òganize de (2) jounen atelye k ap fèt jedi 9 jen ak vandredi 10 jen k ap vini la a. Pandan de (2) jou sa yo responsab yo ap travay pou estandadizyasyon lang Kreyòl Ayisyen an nan lokal Fany Villa, biwo provizwa Aka.

Apre premye atelye ki te nan dat premye jen 2017 ki te baze  sou alfabè lang Kreyòl la sou prensip itilizasyon fòm long ak fòm kout, pwonon yo ak itilizasyon siy ponktyasyon yo. Dezyèm atelye sila a ap chita sou prensip gramè ak vokabilè. Atelye sila ap fèt jedi 9 jen ak vandredi 10 jen 2022 daprè yon nòt  Akademi Kreyòl Ayisyen mete deyò ki pote siyati  prezidan AKA Rogeda Dorcé Dorcil.

 Fòk nou raple « Akademi Kreyòl Ayisyen » an gen pou misyon fòme yon sentaks inifòm, pou asire gouvènman ayisyen an kapab pi byen kominike avèk pèp li a, pou ede tout Ayisyen konprann mo, ede yo ekri ak li òtograf kreyòl la byen san fòt, pou yo fè plis ak kreye plis mo pou tout Ayisyen rive ekri lang yo byen, mennen pou plis piblikasyon nan liv ak divès kalite lòt fòm medya, ak nan fen estigma la dèyè pale lang lan.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES