Pri Gadyen tradisyon yo nan vil Epinay-Sur-Seine

Asosyasyon « Un geste pour Haïti » ak « Collectif vodou international » te onore 9 moun nan vil Epinay-sur-Seine nan peyi Lafrans nan jou ki te samedi 04 jen 2022 a. Moun sa yo te resevwa pri « Gadyen tradisyon yo » pou bèl travay y ap fè nan kominote ayisyen nan depatman Zile Lafrans lan. Se te yon moman woloyoy anba divès kalite aktivite ki te genyen nan seremoni sa a.

Randevou a te kase nan lakou vil Epinay-sur-Seine. Tankou timoun byen-leve, anpil moun te reponn plètil nan bèl aktivite sa a, menm sa ki gen kwayans vodou ak sa ki pa gen kwayans vodou. Etranje kou ayisyen, pit kou mawon, yo tout te la.

Nan sal la, yon lotèl drese tankou w te vin nan yon seremoni vodou oubyen w te rantre anndan yon badji. Yon bèl gato sou li pou separe ak moun yo pandan festen an. Sal la santi bon, li dekore ak bèl limyè. Pandan preparasyon ap fèt, yon dj ap kreye animasyon ak mizik vodou, nan menm pyès dj a, plizyè tab enstale, sou yo gen tout kalite bweson, chanpay, diven, wòm, wiski, roze, koka, jis, elatriye pou tout moun te bwè ak manje vant deboutonen. Aprèsa sa, Dj a pran poz pou tanbourinè tankou Domec Brusly ak Néhémy Pierre-Dahomey pou te lage kandjanwou a, moun ap danse, pyafe, chante. Ayayay !

Aprè bèl pati animasyon sa a, trapde yon pase Fanfan mizik konn nan, se li ki te dwe prezante pati kote y ap remèt pri yo. Li te fè sa avèk gangans. Pou Mètrès Stéphanie Larrieux, youn nan òganizatè aktivite sa a, responsab platfòm Nèg Aleman : «  Pri « gadyen tradisyon yo » ki se yon evènman ki rasanble alawonnbadè kominote ayisyen Lafrans lan nan yon sèl objektif pwomouvwa kilti ayisyen nan peyi etranje yo ».

Moun ki resevwa pri sa yo, nou jwenn Oungan Jacques Goldwin, Manbo Rosmy Paradi Millien, Marie-Gabriel Pierre, James Fleurissaint, Oungan Emmanuel Alexis, Oungan Theo Alexis, Manbo Jislène Michel, Manbo Chrisda Cerutil, Mama Nzinga Neferchou’ankn. Chak moun ki te resevwa pri sa yo te twouve se yon rekonesans ki merite savalouwe. E sa motive yo plis pou yo travay pou fè fyète kilti lakay angranjan. Paske idantite, jan Manno Ejèn di li a, « se yon so ki tanpe ak fè cho».

Moun yo te santi yo ayisyen jouk nan zo ak nanm. E yo swete aktivite rekonesans sa yo pa dwe kanpe paske y ap sisite nan yon sans plis moun mete men nan pat la. Tradisyon yo pa dwe tonbe ! Dwe gen moun ki pou kenbe flanbo a.

Aprè òganizatè yo te fin remèt pri yo, se te moman pou pati dans la te rekòmanse ak bon jan kout bagèt. Lwa te desann, yo pale, salye fidèl ak ni sa k pa fidèl. Kidonk seremoni an te alafwa kiltirèl ak espirityèl.

Kèk pèsonalite ki te reponn prezan nan aktivite sa nou kapab site pwofesè Jean Marie Théodat, David B, Dieulermersson Petit-Frère, Maguita ki se manadjè Atis Chango Bastia, elatriye. Se te yon bèl moman ki bay yon moun kouraj pou li travay pou kilti li menm si l pa nan peyi li.

Orso Antonio DORELUS

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES