Asosyasyon kiltirèl Bonjou Lakilti genyen 7 lane nan bay Kilti peyi a bourad

Asosyasyon kiltirèl Bonjou Lakilti selebre 7 rekòt kafe nan jou ki sot pase yo. Genyen anpil aktivite kiltirèl ki fèt nan sans sa a. Le National te rankontre Fecius Junior Félix . Li t ap fè yon rale menen vini sou tout sa yo deja mete sou pye ak lòt bagay yo gen pou yo fè.

Le National : Avèk ki santiman Bonjou Lakilti ap selebre 7 èm anivèsè l?          

Fecius Junior Félix : Malgre konjonkti an trè difisil, malgre atant nou p at rive konble paske nou te gen yon kalandriye, yon plan pou pèmèt nouvèl jenerasyon an marande ak tout sa nou te genyen kòm valè kiltirèl nan divètisman nou, pou aprann yo konnen ki wòl lakilti jwe nan idantite yon pèp. sitou nou se premye pèp nwa ki pran endepandans. Men kan menm santiman fyète Bonjou Lakilti se lakontantman pou tout manm li yo, zanmi, fanmi , patenè, medya yo ki toujou mete men nan pat la pou misyon Asosyasyon an kontinye fè chimen l .

LN: Ki sa nou reyalize deja ak ki sa nou konte fè nan moman sa a? Ki sa nou reyalize deja ak ki sa nou konte fè nan moman sa a?

FJF: Nou reyalize plizyè aktivite tankou : Ayiti dantan (29 daout 2015 ak Kwawouj ayisyèn); Bonjou liv ( 28 novanm 2015 Kwawouj ayisyèn) bouyon kiltirèl (29 daout 2019 CDC- JPHRO); konferans avèk Akademi kreyòl ayisyen (12 oktòb 2018 lekòl Fransbeda Académie); jounen pòt ouvèt 22 desanm 2021 lekòl Fransbeda Académie; kozri ( 12 mas 2022 Centre culturel Pye Poudre)  deba ; atelye ekriti ak pwezi ( Lekòl nasyonal République du Libéria  18 mas 2022); kandete ( 19 jiyè pou rive 25 daout 2017 CDC- J/PHRO). Nou te kolabore avèk inivèsite Notre Dame D'Haïti nan selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl 2020. Nou te responsab kont avèk jwèt tradisyonèl kote nou te pase yon jounen divèstiman ak etidyan yo.  Nou te kolabore e patisipe nan yon leve fon avèk AFFARMIR nan Enstitisyon Sen Lwi Gonzag, kote nou te responsab kont avèk jwèt tradisyonèl. Nou te kolabore e patisipe nan premye edisyon « Été des arts » Association Bouquets D'espoir te òganize (9 daout pou rive 13 daout 2021 Catalpa 12).   Nou te lanse premye edisyon « Soup joumou pou nou tout » (premye janvye 2022 lekòl Fransbeda Académie). Nou te patisipe nan atelye kreyasyon mizikal e jesyon pwojè Ankraj akTamise te fè 28 fevriye pou rive 5 mas 2022 nan « Centre culturel Pye Poudre ». Nou anime dezyèm edisyon pwojè eskòlè Ann tounen nan dantan n sou jwèt tradisyonèl nou yo sa nou rele patrimwàn imateryèl nan Lekòl nasyonal Repiblik Kolonbi ( 18 fevriye 2022). Nou fè menm aktivite sa a nan Lekòl nasyonal Foyer Rose Lherisson (18 mas 2022), IFD'H Collège Soeurs Franciscaines( 29 avril 2022) Lekòl nasyonal Claire Heureuse ( 13 me 2022) Collège Nosirel Lherisson( 17 me 2022) Lekòl Fransbeda Académie (10 Jen 2022) Ekòl primè miks Kriswa( 17 jen 2022).

LN: Ki kote non Bonjou Lakilti a sòti ?

FJF: Non Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti sòti nan yon liv ki titre "  Y_ Ale ". Liv sa pale de ansyen koutim nou yo ki fin disparèt ke Kòdonatè  Fecius Junior Félix ekri  menm lè liv nan ti wa jiska prezan akòz mwayen ekonomik.

LN:  Kòman reponsab Bonjou Lakilti yo wè kilti peyi Dayiti?                   

FJF:  Kilti se idantite  yon pèp. AKBL wè li kòm pi gwo mwayen pou kenbe nou nan je tout lòt nasyon ki sou sifas latè kòm senbòl fyète pèp nwa. Kilti se pi gwo ekspresyon fyète nou kòm pèp. Se li ki kenbe nou malgre nou pèdi anpil nan idantite nou. Si ansanm aktè ki di y ap defann , y ap proteje valè nou, idantite nou, pa poze aksyon sitwayen nou p ap ka  rekanpe eskanp figi peyi a.

LN:- Ki lòt pwojè nou ta renmen konkretize ?                                          

FJF: Lòt pwojè nou ta renmen konkretize pou kounya se selebre 7 lane nou  8 Jiyè 2022, lanse  katrièm  edisyon «Été des artisants» sòti 22 dawout pou rive 27 dawout 2022 nan lekòl Fransbeda Académie .             Pou ane akademik 2022- 2023, pèspektif nou se lanse  twazyèm edisyon para eskolè sou jwèt tradisyonèl nou yo, sa nou rele patrimwàn imateryèl    « Ann tounen nan dantan n »;  twazyèm edisyon Bonjou liv; fòmasyon antreprenarya ak atizay; fwa literè ak gastwonomi; kanpay rebwazman  ak asenisman; klinik mobil; relanse karavàn pwomosyon touris lokal nou nan depatman Lwès,  Sid ak Nò; premye edisyon Ekspo liv ak penti                                              9- Sèvis kominotè; entègrasyon jèn epi; senkyèm Edisyon « Été des artisans ».

LN: Kote nou jwenn bourad pou nou òganize aktivite nou yo? Di nou Kòman piblik la konn reyaji ?  

FJF: Premye bourad nou jwenn se nou menm nan ekip la ki konsyan ke travay la se sakrifis kap bay li, se nou menm nan Bonjou Lakilti ki wè ki jan kontribisyon l ap enpòtan pou yon lòt sosyete atravè aksyon ke n dwe poze, men konsa tou nou konn jwenn kèk patikilye, kèk zanmi ki konprann ki sa nou vle fè Ki pote kontribisyon pa yo ba nou.

Le National :  Eske gen lòt mesaj nou ta renmen fè pase ?                                  

Fecius Junior Félix:  Ayiti bezwen nou, se moman pou nou fè yon feso pou n sove lonè nou,   an nou fon konbit pou n kenbe Kilti nou vivan!

 

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES