Vandredi Choukoun: « Seremoni Bwa Kay Iman nan linèt vodou a»

Vandredi Choukounpati pou yon twazyèm nimewo kiltirèl nan Jakmèl. Vandredi 13 dawout sa, nan lantouray 230 lane selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman ki te fèt nan lannwit 14 pou rive 15 dawout 1791, espas kiltirèl la òganize yon kozrianbatèm « Seremoni BwaKayiman nan linèt vodou a», nan Colin’sHotel. Oungan Mémoire Plonquet se moun ki t ap bay dizon li sou enpòtans dat sila nan listwa pèp Ayisyen an. Oungan Lesly Kazak Décembre se yon lòt fouyapòt nan vodou ki t ap mennen chita pale sila.

« Pa genyen pi gwo bagay pou nou, apre lwa yo ke Seremoni Bwa Kayiman », se sa oungan Plonquet panse, pou dimansyon evènman sila pou pèp ayisyen an. E se li ki pèmèt jodi a, nou ka frape kòlèt nou pou n di n se moun», se sa li ajoute pou fè konprann nivo rasanbleman sa gen pou wè ak mounite kretyen vivan sou planèt la. Prèt vodou a di se regretan pou moun ki pa konn valè jounen sila nan listwa nou nan batay pou liberasyon peyi Ayiti.

Kongrè nasyonal sa Boukman ak Cecile Fatima te dirije te gen pòte politik e mistik, se sa Plonquet raple. Li pou suiv pou di se yon kongrè ki enpòtan non sèlman pou Ayisyen, men se tou pou tout nèg nwè sou planèt la. Seremoni Bwa Kay Iman, « yon bagay Oksidan vle bafwe, voye dra sou li », yon konpòtman li denonse.

« M panse pagen de evènman parèy nan mond lan», se sa li rete kwè. Lè li gade byen, li wè moun sa yo ki te nan esklavaj « te konprann lavi plis pase nou. Yo te konprann lè yo nan yon sitiyasyon ki pa bon, yo te jije l nèsesè pou yo kreye posiblite pou yo soti tèt yo ladan », konsa oungan voye dlo e pa mouye pèsonn.

Oungan Mémoire Plonquet presize seremoni sila « ki te fèt nan lannwit 13 pou louvri 14 dawout 1791 te yon inisyativ plis pase 200 chèf(prèt) vodou ki te nan esklavaj. « Te genyen kongrè sa sou tout peyi a. Te genyen l Akayè, te genyen l Machan Desalin, Kabarè. Men se li l ki te pifò a, se te Selil Bwakay Iman», se sa li eklèsi.

Douvan siyatisyon peyi a ye jounen jodi a, Oungan di Ayiti bezwen yon lòt Seremoni Bwa Kayiman. Menm si li pa gen menm anplè a sou plan mistik ak politik.»

Walner Olivier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES