Pòs Machan

« Peyi isit, an verite, chak lari gen istwa pa l. »

I

Jounen an potko pase men l sou do kay tankou chifon lò, Pòs Machan te leve nan kabann, te louvri pòt. Lò katye a te kanpe tankou yon manman poul k ap triye lavi nan grenn wòch.! Pou n di byen fò, lò sa lavi pokto kreve pòch pantalon l. Osnon di senèkennorevwa. 

Pòs Machan potko gen on bann pli nan visaj li, potko pòtrè on vye granmoun ki pèdi tout grenn dan l, bèbèrachòt tankou jodi.

Pou banda, tankou yon bèl tifi, katye a te banda: yon bèl jip talatàn,  chive l byen repase, yon pè sapat nan pye l.

Klòch Sent Antwàn t ap sonnen mès 5 kè. Riyèl, enpas, koridò, sansinik te deja louvri pòt yo, lò, pezape jounen an t'ap lave do tout kay yo ak premye reyon l.

II

Pòs Machan se yon katye nan fon kè Pòtoprens tankou tout lòt katye kote Leta,  depi byen lontan, di tout sitwayen alovouzan. Kote mouche Leta depi kèk tan vire, bay talon l. Yon katye ki dòmi ak rèv li fèmen nan men l, epi k leve byen bonè avan bajou kase al chache, kote lari fè kwen.

III

Isit tankou tout lari, tout katye, Pòs Machan se te yon zòn kou wè tout lòt ki pote istwa l nan  kè l.

Yon listwa k depaman ak tout lòt, men ki te sanble tankou de gout dlo ak anpil lòt.

IV

Sa fè anpil moun rale dwèt jouda, mache rakonte, di listwa zòn lan ak koze pa m, se pitit menm papa. M pa konn pouki: men ta sanble pou tout bon, san manti listwa mwen ak Zòn lan pa gen on gout diferans.

Zòt menm mache di n pòtrè frè marasa. Bann fèzè sa yo, yon bò, ka gen rezon : ta sanble mwen ak Pòs Machan se de frè marasa! Menm Kabrit Tomazo: pase pran m, m a pase rele w. Men, sa m konnen, depi laj bout kanson m, Pòs Machan tankou pitit manman l, ap pote rèv mwen. Mwen, m koud rèv mwen ak fil zarenyen ki kwoke nan chive l.

V

Pòs Machan se la m te fè premye tibo, premye timenaj mwen. Pou tout moun ki konnen l sou bò gòch nan monte sou Lali se yon gwo pous riban alfat ki vire do bay wout Avni Djonn Bwawòn, yon yèssèur ak gwo pous aprè kalfou ri Kapwa. Nan kalfou Pòs Machan sou de bò, blayi yon bann kay chanmòt. Gen sa ki fèt an bwa an modèl Janjanbrèt. Gen lòt ki gen youn oubyen plizyè etaj beton. Wout Pòs Machan te mennen drèt sou Bèlè oswa Fò nasyonal, yon ansyen fò kolonyal k ap domine (san pare danje) Vil Pòtoprens. Wout la te bay la men ak yon dividal ti chimen. Genyen ki mennen katye Poupla, yon zòn ki mare nan do Pòs Machan ak lòt koridò.

VI

Nan pye Katye a yon mache te deroule  wòb li tank on riban . Yon bò, se te machann zorang, blayi poul kontrebann, yon dikdal machann Lapoula ak Pap padap k ap fè lavi grimas anba plato solèy; sou lòt bò, se te kamyonèt bis, bourèt ak taksi moto pou yon vwayaj sizoka jouk kafou Ayewopò.

VII

Sak fè akòz gwo mache sa, Pòs Machan te toujou pran pafwa lamayòl nan vil la pou youn nan katye ki pran fatra pou biblo, pou bèl tablo ak makiyaj. 

VIII

Youn nan listwa Pòs Machan, m pat rive bilye se koze René Philoctete te rakonte sou katye a. Pou li, zòn lan- se yon "ti katye ak bèk jako", zòn defen Jak Gabryèl te renmen. Powèt la te menm deklare «chak moun gen yon lari anndan l».Men akote sa Pòs Machan te gen lòt istwa pa l.

IX

Gwo Janjan rakonte se nan zòn lan Zotobre nan leta te konn voye jete dènyè papye tenbre, yon rezon pou yon lòt, ki pat oblije pran koulwa ensineratè nan biwo gwo chabrak, kòl pandye nan kou. Yon manman chato, pwopriyete gwo palto nan Leta te kote ki te mete pou sa. Te sèvi kòm dezyèm biwo achiv nasyonal.

X

Gen sa ki di -pou yon rezon ou pou yon lot- nan tan lontan, Madan Kolo te konn fè ti pwomennad li nan riyèl la. Men se te nan fon lannwit.  Pou l pat rakonte sekrè l ak  pèsonn . Zòt di li te toujou gen bò kote l Mesye Kolo... Chak swè te konsa... Jouk yon jou konsa lanmò -san mande kont- te pase pran mouche a...

XI

Istwa bann rara ak konè, tanbou, bèl kout  vaksin t ap deroule bèl nòt pou mèt plezi nan janm kanson ak tout kalte jip talatann.

Okazyon sa yo te pran jèvrin, lò jenn gason zòn lan, ( ki te gen nan pòch, chomaj pou sèl diplòm), te gen kè kontan annaprè gwo mach foutbòl. Oswa lè lidè politik ki pran mizè pèp la, fè l danse l nan madigra, t ap fè egzibisyon, jès ragagann pou mouye ak krache grangou lepèp.

Sa te lòt mak fabrik katye a.

XII

Fefe, yon gwo divinò douvan Letènèl, ki pa twò lontan lanmò fè vwèl avè l, te wangatè pa ekselans nan zòn lan. Ougan sa pat rete twò lwen Legliz Sent Antwàn.  Jèn fi k ap kite almanak, Fanm deyò ki vle sèl mèt abò, politisyen k' ap jwe dènye zèl kat, jèn gason k ap chache gen premye lo nan lotri pou yo koupe fache ak desepsyon ak lamizè ki kanpe banyè l douvan rèv yo, madan marye k'ap chòv po tèt ... Tout pou yon fason ou yon lòt pat etranje nan lakou divinò a. Se nan lakou a, si pye w te mennen w, si ou te bezwen, pou w te kontre yon lakansyèl vizaj vil Pòtoprens kache anba kòsaj.

XIII

Jou divinò a t ap jwe dènye zèl kat li - kidonk anvan lanmò te pase pran l - gen moun ki di ougan te wè yon pakèt gwo levènman kite pase deja e te anonse lòt ki poko prèt pou parèt pwent tèt. Madi 12 la gen anpil malpalan ki di defen Fefe te rankontre avè l sou chimen. Anvan l te frape pòt.

XIV

Se pat sèl koze divinò a ki te sèl mak fabrik zòn lan. Timoun Pòs Machan nan tan lontan avan pil frata te tounen biblo pòslenn, avan rido laperèz te kouvri Vil la, tigason yo nan katye a te konn jwe sòlda mawon, sèk , foutbòl ak teke mab. Pou tifi yo se te  oslè, pench, jwèt marèl ak sote kòd ...

XV

Mès katrè Sent Antwàn pat gen kou wè l. Sòf lamès Katedral ki te bat lamès pawas Sent Antwàn. Mwa desanm avan fèt Nwèl se te bèl senfoni kòwòt ki te reveye Pòs Machan nan kabann. Lò sa katye a te gen tout nanm li sou li . Li potko tounen simityè sa,  zonbi savann depi 6 zè diswa parèt pwent tèt. Pòtrè lanmò pokto krache sou li.

XVI

Madan Jelis se t on fanm ki te abite zòn lan. Madanm sa se te on fanm gran kako,  bò Latibonit. Lò l te ateri nan katye a s' on kòmès manje kwit li te kenbe nan men l. Dèyè yon dra tou sire ak mak grès, de ranje blòk tou bankal k ap bay sipò ak de mòso planch. Twa gwo chòdyè manje tou cho. Asyèt emaye anpile nan kwen. Se te tablo vivan sa, kòmès madan Jelis te desinen nan katye a. Pla jounen an se te mayimoulen, diri ak lalo, legim krab. Pou bon kè , pat gen kou wè madanm Jelis ... Avan l t al  ateri nan kòmès zonyon, tomat, chou ponmen ak kawòt... Li te konn vann kredi, konsa l te konn vann tou lajan kontan.

XVII

Deviz madanm sa se : kredi dwe peye tèt li. Ti moso pawòl sa, l' te foure l byen di nan tèt li, pou li pat fè l fo pa!  se pou esplike madan Jelis pat tolere kliyan k te fè move pèy deviz nasyonal yo. Nan ka sa se t on flonn pawòl machann pwason ki te louvri bra l al keyi move kliyan sa. Pat gen pi pike pase bouch madanm sa. Gen sa ki di sòf Madan Wolan, yon fanm bò Lakayè, ki te gen jwèt non piman, te konn salanbe moun pase Madan Jelis.

XVIII

Antouka,  se kèk mòso pawoli ki makonnen ak listwa katye a. Kidonk ak listwa Pòs Machan. Ki pote rèv mwen al kache jouk nan kè l.

Pòs Machan kote m te fè premye renmen. Vrè listwa katye a, yo pa janm rakonte l. Bon listwa kontre sa, yo konte l dèyè do l. San dwa repons, san dwa pou Pòs Machan akize osnon defann tèt li.

XIX

Listwa Nèg fou a ki tap dòmi nan pye Sent Antwàn, nan men l yon bwa gita. Listwa ti nègès ki te damou pwason dlo dous la. Listwa tout eklopye, avèg, si nou ta met sou kote, ansyen majò jon inijanbis la.  Tout alawonn t ap trennen mizè yo nan yon vye kwi kraze, nan yon chal bèj ki pran koulè dèy an mezi mak grès ak swe te pentire l koulè lanmò.

XX

Ti manti Bòs Lis ak manzè Lasirènn lan. Listwa DKW ki disparèt yon kantite jènn gason sou rejim Papa Dòk ak pitit li. Listwa bri zam dènye koudeta ki te toufe pouvwa lepèp nan kouti. Fè demokrasi fè avòtman.

XXI

Listwa jènn gason ak jènn fanm k ap bouske kote lavi senyen fon lannwit tankou anba  zago lajounen. Listwa baka twa kòn sou do kay. Mèt Minwi k derefize mache lannwit, pou vòlò pa bwote l...

XXII

Peyi isit, an verite, chak lari gen istwa pa l.

 

James Stanley Jean-Simon

*Tèks sa ekri nan dat 15 jiyè pou rive 17 jiyè 2016 nan kad aktivite kiltirèl «Tire'm kont » ki te fèt nan Sant Da, Pòtoprens.

* Istwa sa pibliye nan liv « Bwadchenn ak twa lòt kont », Edisyon Freda, nan lane 2019

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES