Sispann stigmatize moun Gonayiv

Depi kèk tan, nou asiste sou rezo sosyo yo sitou, yon gwoup moun, malerezman se Haytien, ki tonbe nan yon fòm vilgarite, diskriminasyon ak divizyon. Y ap pibliye divès mesaj kifè konprann moun Gonayiv pa konn fè manje.

Ki wout nou vle pran la menm ak Hayti? Ki chimen nou vle pran la ak peyi sa ki déjà chaje maleng  ak pichon nan tout kò l la?

Pou yon peyi ki déjà gen yon pil lòt peyi melanje ak grand pisans / rasis / kolonizatè ki pa vle wè li deja, k ap bare Hayti nan tout wout, yon peyi ki déjà gen tout kalite chay sou do li, yon peyi ki déjà ap rele yo gann - yogann, yon peyi ki deja nan bouda kamyonèt la, yon peyi ki déjà pa pwodwi anyen, ki déjà ap benyen chen, se dènye konpòtman pou nou ta gen yen jodia.

Sa ki parèt pi enkyetan nan koze sila, se pwòp Haytien ankò k ap kreye distans sosyal ak jewografik sa. Se yon konpòtman demeplè ki ka menm rive simen danje pi devan.

Se pou sa nou mande sispann lòbèy sa san pèdi tan pou pita pa pi tris. Nou pa gendwa ajite lòt Haytien nan lòt vil yo. Nou pa ka ofri lemond sa apre tout wont nou fin ranmase.

An nou mize pito sou potansyalite vil Gonayiv / Depatman Latibonit ki ban nou: gran womansye Jacques Stephen ALEXIS, 4 pami pi gran chantè Compas Direct:

A. Antoine Emmanuel Rossini JEAN BAPTISTE alyasTimanno,

B. Eder STANIS (Pipo),

C. Gazzman (Couleur) PIERRE,

D. Garcia DELVA

Gonayiv ban nou yonn nan pi gran Diva peyi a konnen, Émeline MICHEL.

Li bay Lumane CASIMIR, Roberto MARTINEAU, Joe JACQUES. Mete sou sa, fanmi Les Zurek(mounkigen CASAMI yo), Fritz DESHOMMES(Rektè UEH), Maurice Alfredo SIXTO(yonn nan pi gra nodyansè peyi a), Jacques Édouard ALEXIS, Youri LATORTUE ki gen yon Doktora nan Dwa, Dahney CORIELAN, Avoka, ki gen Mastè nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn, Mgs Emmanuel CONSTANT... Lis la long anpil. Mete sou sa yon vil ki akey ideklarasyon Endepandans nou, vil kote nou make yonn nan pi gwo paj bravou nan istwa nou ak Amiral Killick sou yonn nan pi gwo navigè Hayti te genyen, La Crête-à-Pierrot. Yon depatman tou ki chaje patrimwàn tankou Palè 365 pòt, Crête-à-Pierrot, kay Madanm Desalin, fò ak vestij ki nan vil Dessalines ak nan plizyè lòt komin nan depatman sila, Lakou yo, lye pelerinaj yo... Depatman Latibonit, vil Gonayiv, moun Gonayiv pa merite sa.

 

Nenpòt moun k ap alimante salmanaza sa dwe sispann rapid. Nenpòt orijin salopri sa, sispann li. Nou sezi wè swadizan moun ki konn fè A nan fèy malanga antre nan yon demach suisidè konsa. Nou p ap janm wè moun sa yo ap pale de bèl istwa, richès patrimonyal ak kiltirèl Gonayiv. Yo pito antre nan vilgarite.

Pou rapèl, yonn nan premye vil ki te viktim de koze sa se Okay apre sa se Jeremi.

Sispann diskriminasyon sa!

Nou pwopoze pou tout moun ripòs tout malandren ki pibliye mesaj sa yo nenpòt kote a. E si rete Lajistis toujou, Lajistis ta dwe pousuiv tout valpa k ap alimante divizyon sa nan peyi a. Se pa paske ou fè yon grenn esperyans movè gou ak yon moun nan yon zòn pou jeneralize li sou tout moun zòn nan. Ou ka jwenn moun nenpòt kote konn fè oubyen pa konn fè manje. Sispann trivyalite sa.

Sonje bèl maryaj mizikal ant de (2) gran mayestwo Richie ak Arly ki (te) koletèt ak chantè Gonayiv (Garcia, Pipo, Gazzman) pou fè kè nou kontan. Nò bezwen vwa Gonayiv pou fè plim li ponn bèl mizik.

Moman rive pou nou, Haytien, jwenn chimen inite. Nou bezwen mesaj viv ansanm. Nou pa vle divizyon. Nou bezwen bon jan solidarite ant tout vil, tout Haytien pou konstwi yon peyi kote chak grenn Haytien santi yo byen.

Iléus PAPILLON

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES