Yon ti kout je sou Fanm Potomitan

Fonde nan lane 2020 pandan peryòd pandemi kowonaviris la, Fanm Potomitan se yon òganizasyon san bi likratif k ap goumen pou mete limyè sou fanm desandan ayisyèn yo ak fanm k ap fè pwogrè pou fè diferans nan kominote ayisyèn nan. Yo deja reyalize anpil aktivite tankou piblikasyon FPMagazine nan lide pou akonpaye tout fanm men tou se yon fason pou fè pase tout objektif ak reyalizasyon asosyasyon an. Le National fè yon chita pale avèk Bijoux Augustin Abellard, fondatris Fanm Potomitan.

Le National : Eske ou kapab prezante pou jounal la Fanm Potomitan ?

 

Bijoux Augustin Abellard : Fanm Potomitan (FPM) se yon òganizasyon san bi likratif ki fonde nan lane 2020 pandan pandemi Kovid-19 la.  Misyon Fanm Potomitan se mete aksan ak mete limyè sou fanm desandan ayisyèn sa yo ak fanm k ap fè pwogrè pou yo fè yon diferans nan kominote ayisyèn lan. Nou toujou ap panse ak fason pou nou fè plis moun konnen  travay fanm sa yo ki swa nan peyi Dayiti oubyen nan entènasyonal la ap fè pou bon devlopman peyi an grandi, epi se nan lide sa nou te kreye Fanm Potomitan magazine, yon jounal ke nou ap pibliye 3 fwa pa ane.

 

LN: Depi lè nou pran naans nan lane 2020 kisa nou reyalize deja?

 

BAA: Nou prezante plis pase 30 fanm sou sit nou www.fanmpotomitan.com/blog e nan FPMagazine nan nou kouvri diferan sijè pou n edike, enspire, ak  motive odyans FPM nou an.  Sou sit nou, nou pibliye yon atik de Fanm Potomitan sa yo ak yon video edite de entèvwou nou fè ak yo a. Magazine nan se yon ekstansyon platfòm FPM nan kote chak moun ap ka jwen motivasyon l ap chèche an .

 

LN: Ki bilan nou fè de tout aktivite nou fè anndan sosyete a?

 

BAA: Òganizasyon an pran nesans nan yon kontèks difisil, pandan gwo kriz sanitè Kovid-19 la. Mond lan te fèmen akoz pandemi sa, li te difisil pou n te angaje men nou rive kanmem fè travay la epi jwenn retou pozitif. Men objektif nou se pou nou antame  e asime nou plis pandan  n ap grandi. Enfòmasyon nou pote a travè atik yo ak videyo yo pèmèt moun ki ta gen lide antreprann nenpòt pwojè pou yo jwenn yon  bousòl pou ede yo kòmanse e yon gid alafwa pou ede yo kontinye.

 

LN: Ki kote non Fanm Poto mitan soti epi di nou kiyes k ap dirije asosyasyon sila a?

 

BAA: Pandan Kovid la, de tanzantan nouvèl tap tonbe tèl moun mouri, tèl moun gen Kovid, e se lè w mande kiyès moun sa ye, oubyen te ye, w ap aprann de bèl bagay yo te fè, oubyen t ap fè. Anpil te fanm, se konsa nou tap aprann anpil fanm kijan yo angaje nan kominote yo, men pa gen moun ki rann kont de travay yap fè yo.  Fanm ayisyèn se sous lavi, fanm vanyan, ak fanm ki gen anpil  kouraj. Nou deside pa kite se lè fanm sa yo disparèt pou nou ap aprann de li ak onere l, nou vle fèl nan vivan yo epi konsa travay sa ap sèvi de memwa lè l pa nan mond sa ankò. « Fanm Poto mitan » dirije pa 3 sè Bijoux Augustin-Abellard, Kathia Jean-Bernard-Pierre, ak Nerlande Prettie Augustin ki  ap viv nan 3 diferan eta nan peyi Etazini.

 

LN: Nou fè divès aktivite sosyal ak kiltirèl daprè ou menm ki kontribisyon Fanm Potomitan pote nan sosyete a ?

 

BAA: Kontribisyon Fanm Potomitan pote nan sosyete an se edike, ak motive non sèlman jenerasyon ki  la yo men tou lòt jenerasyon Fanm Potomitan k ap vini yo. Nou vle yo konnen genyen FPM ki te la anvan,  yo fè pakou  sa deja e men kijan yo te fè l. Plizyè fwa yon moun gen yon lide, yon pwojè, yon òganizasyon benevola ke yo vle fè pou ede kominote yo, pou Ayiti, epi yo pa vrèman konnen kijan pou yo kòmanse, ki kote pou yo ale, ki moun ki ka ede yo. Alò a travè  Fanm Potomitan nou vle  yo jwenn tout resous sa yo pou fasilite epi ede konkretize lide sa yo. Konsa pwojè sa yo,  òganizasyon sa yo, lide sa yo ap vin n konkretize .

 

LN: Ki lòt projè nou genyen?

 

BAA: Nou ta renmen yon jou mete tout Fanm Potomitan sa yo nan menm sal, pou nou ap bwase lide, pou nou tout ka mete men ansanm pou nou chanje figi Ayiti, pa sèlman nan pawòl men nan aksyon nou. Nou pa limite tèt nou, objektif nou se fè yon diferans, epi kite dèyè pou jenerasyon kap vini yo.

 

Le National :  Eske ou gen yon mesaj ou vle fè pase?

 

Bijoux Augustin Abellard : Nou pa mete Fanm Potomitan nou yo nan yon bwat kote nou kategorize yo an fonksyon de tit oubyen nivo edikasyon yo akademik yo, ni kalifikatif sosyo ekonomik yo. Fanm Potomitan (FPM)  gen divès background,  nenpòt moun ki ta vle nomine tèt li oubyen yon Fanm Potomitan kapab kontakte nou, nenpot kote w ye nan monn nan, pòt nou ouvè. Nou jis vle bay medam sa yo boukè flè yo pandan yo vivan, pandan yo kapab resevwa flè yo. Pa tann se lè youn mouri, pou nap glorifye travay yo. Mò yo pa ka di nou mèsi, yo pa ka ban nou yon akolad, ni ban nou bèl souri. An nou fè fanm yo konnen yo enpòtan, nou apresye yo, nou wè travay yo, e nou renmen yo.

 

Nenpòt moun ki ta renmen kontakte nou – Contact@FanmPotomitan.com

                                                                    Instagram: @Fanm_Potomitan

                                                                    FB: FanmPotomitan

Propos recueillis par :

 Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

3 COMMENTAIRES