Etienne Dolet: yon tradiktè ki defann lide l ak tout nanm li

Etienne Dolet fèt 3 out 1509 nan Orléans an Frans. Li te soti nan yon fanmi ki gen bèl mwayen, epi li te resevwa yon bèl fòmasyon akademik tou dapre estanda peryòd la. Se te yon filològ, powèt, tradiktè ak yon enprimè. Li pa te gen yon lavi fasil akoz lide li yo ki pa te ale nan menm direksyon ak lide gwo chèf legliz katolik yo nan moman an, ki te kwè yo la pou sove nanm kretyen yo sèlman, men kondisyon lavi kretyen yo pa enterese yo. Dolet te pran prizon de fwa, men sa pa te anpeche l kontinye leve vwa l kont mouvman Enkizisyon an - yon mouvman ki pa te jwe ak lavi pèsonn ki pa te dakò ak kwayans mouvman an te chita sou li a. Dapre mouvman Enkizisyon an, nanm yon moun gen yon lavi apre moun nan mouri. Pi devan, nou pral wè kòman Dolet rive pèdi lavi li nan dat 3 out 1546 pou twa grenn mo mouvman Enkizisyon an estime li te mete an plis nan yon tradiksyon li te fè sou yon tèks ki rele Axiochus.

Dolet se te yon moun ki t ap ankouraje pèp franse a pou pwodui plis travay an franse. Pa bliye, nan peryòd sa a, lang franse a pa te gen prestij li gen jounen jodi a. Se te laten, epi anvan sa, grèk tou, ki te gen anpil valè. Dolet se te yon moun ki te gen bonjan konesans nan de twa domèn li te pratike. Enprimri se te yon domèn li te viv pou li anpil. Kòm enprimè, li te pibliye anpil travay sou mouvman Kalvinis la - yon doktrin teyolojik ki pote non fondatè prensipal li, Jean Calvin. Doktrin sa a te chita sou manifestasyon prezans Bondye nan tout bagay. E moun ki t ap suiv mouvman sa a te kwè prezans Bondye nan tout bagay se yon prensip kle ki gouvènen lafwa yo.   

 

Nan lane 1540, Dolet pibliye La manière de traduire d’une langue en avltre. Liv sa a se te yon gid enpòtan pou anpil tradiktè nan peryòd Renesans lan e jous jounen jodi a li gen mak fabrik li sou pwosesis ki gide anpil tradiktè nan travay yo. Nan liv sa a, genyen senk prensip kle Dolet chita sou yo pou yon tradiksyon ka byen ateri nan lang sib la. Premye, tradiktè a dwe byen konprann tèks sous la nan tout ti detay li. Dezyèm, tradiktè a dwe gen bonjan konesans nan lang orjinal la, epi byen metrize lang sib la tou. Twazyèm, tradiktè a pa dwe fè yon travay mo pou mo. E si li ta fè sa, se yon siy ki montre tradiktè a pa vreman metrize domèn ki rele tradiksyon an. Katriyèm, lè yon tradiktè ap tradui yon tèks ki soti nan yon lang sous ki pi devlope pase lang sib la, tradiktè a gen pou devwa pou li anrichi lang sib la. Senkyèm, tradiktè a dwe pwodui yon tèks ki byen òganize pou l sa byen ateri nan nanm ak zòrèy lektè a.

 

Anvan Dolet te vin devlope senk prensip kle sa yo, li te kwè anpil nan tradiksyon literal. E li te resevwa anpil kritik pou lide literal sa a nan men anpil kòlèg li ki te kwè nan yon tradiksyon ki chita sou esans tèks la pito. Pi devan, Dolet t apral vire do bay kesyon tradiksyon literal sa a paske li kwè sa te anpeche lang franse a nan devlòpman li e nan pran distans li ak lang laten an tout bon vre.  Konsa, Dolet te vini ak nouvo lide sa a “Lè w ap tradui yon tèks, ou pa dwe rete esklav tèks la nan fè mo pou mo…, Konsantre w pito sou sans tèks la pou sa rive pwodui yon travay ki fidèl ak lide otè a.” Èske Dolet te pratike prensip sa a lè li t ap tradui Axiochus?

 

Pou de twa moun, se Plato ki te ekri tèks sa a. Men apre, anpil rechèch vin demontre se Socrates ki te vreman otè tèks la, e se te yon tèks ki te ekri nan lang grèk. Nan tèks sa a, Socrates ap fè yon dyalòg ak Cleinias, pitit Axiochus, sou fason li konprann lanmò, epi ki sa ki gen apre lanmò. Nan mitan dyalòg la, Socrates poze kesyon sa a: pou ki sa yon moun pa ta dwe pè sa l ap devni apre lanmò? Cleinias, nan premye pati dyalòg la, te mande Socrates pou l sa montre papa l, Axiochus, ki jan pou l rete kalm antan l ap fè fas ak lanmò. Pou Cleinias, demand sa li te fè bò kote Socrates la se te yon fason pou li menm, papa l ak anpil lòt moun asepte lanmò pa yo ak lagras. Apre sa, tout rès dyalòg la pral chita sou yon ti pale ant Socrates ak Axiochus sou sa ki gen apre lanmò, yon fason pou Socrates te rive wete laperèz ki chita lakay Axiochus anvan li kite mond lan.  

 

Misyon Dolet te bay tèt li se te tradui tèks sa a. Pa bliye, Dolet se te yon moun ki te gen yon pawòl lib nan peryòd Renesans lan. Li te gen anpil moun ki t ap suiv lide li yo ki pa te danse kole ak kwayans kretyen yo nan epòk sa a. Sa fè li te gen anpil moun ki pa te renmen li tou.  Nan travay tradiksyon sa a, Dolet ta sanble tou pase lide li nan yonn nan paragaraf tèks la ki chita sou lanmò, yon sijè Socrates te bay opinyon li sou li san rezèv. N ap pataje vèsyon orijinal tèks la ak ou ansanm ak tradiksyon Dolet a nan lang franse, epi yon vèsyon angle sou tradiksyon Dolet a. Konsa, ou ka rive wè repwòch ak kritik anpil moun te fè sou tradiksyon Dolet a, epi w a rive fòje pwòp opinyon w sou mouvman Enkizisyon an ki te detwi nanm tradiktè a.

 

“Hoti peri men touz zôntas ouk estin, hoi de apothanotes ouk    eisin· hôste oute peri se nun estin, ou gar tethnêkas oute ei ti pathois, estai peri se· su gar ouk eesei.” (al wè lyen #4 la ki nan Referans lan)

 

“Pour ce qu’il est certain que la mort n’est point aux vivants: et quant aux defuncts, ilz ne sont plus: donques la mort les attouches encore moins. Parquoy elle ne peult rien sur toy, car tu n’est pas encore prest a deceder; et quand tu seras décédé, elle n’y pourra rien aussi, attendu que tu ne seras plus rien du tout. (al wè lyen #4 la ki nan Referans lan)

 

“Since it is certain that death is not at all among the living: and as for the dead, they no longer are: therefore, death touches them even less. And hence death can do nothing to you, for you are not yet ready to die, and when you have died, death will also not be able to do anything, since you will no longer be anything at all.  (al wè lyen #4 la ki nan Referans lan)

 

Dapre anpil moun/chèchè ki pwofonde nan lang grèk la e ki konnen franse tou, twa grenn mo sa yo (rien du tout) se jis yon diplis Dolet te mete nan tradiksyon an pou li te fè pase pwòp opinyon pa li sou sijè lanmò a. San ezitasyon, mouvman Enkizisyon an t apral konsidere Dolet kòm yon moun ki gen yon kwayans ki diferan nèt ale ak sa majorite moun te kwè ladan nan epòk la. E pou mouvman an, Dolet pratike sa yo rele “Erezi” paske li rete kwè nanm yon moun tou mouri menm kote moun nan mouri a (nanm pèsonn pa etènèl). Konsa, yo pral jije Dolet rapid, kondane li, toufe li, epi boule li tou vivan nan lane 1546 sou Place Maubert ki chita nan katye Sorbonne ak Saint- Victor nan 5yèm awondisman Paris.

 

Domaj, se kon sa lavi Dolet pase. Gen yon lejand ki ta fè kwè Dolet te pwononse fraz sa a “Non dolet ispe Dolet, sed pia turba dolet” sou wout lanmò li pou l te demontre ki jan non li gen rapò ak vèb laten sa dolere ki vle di blese/soufri. E konsa, li pral jwe sou non li pou l konstwi fraz laten an ki vle di “Dolet li menm pa soufri, se foul zele a ki nan lapenn.” Pou anpil moun, se te yon otè ki te konsekan nan travay li, nan devlòpman lang franse a, e se te yon moun ki te kwè nan brase lide san vyolans ak vanjans. Se vreman regretan, li mouri byen jèn a 37 an. Konsa, li pa gen tan kite anpil travay pase sa nan domèn tradiksyon an. Men, de twa travay li kite yo toujou sèvi kòm bonjan baz pou anpil kouran ki vin devlope nan domèn sa a. Pou sa ki gen pou wè ak pwodiksyon li nan emprimri, li te enprime tèks Rabelais, Marot ak de twa lòt otè nan peryòd la ki t ap denose tout mouvman politik ak relijye ki te vle pou moun suiv yo tèt bese.   

 

Anfen, Dolet te fèt yon 3 out, yo boule l yon 3 out, epi li pèdi lavi li pou 3 grenn mo. Viktwa a pou Dolet. Kwa a pou mouvman Enkizisyon an ki touye nanm Dolet - yon tradiktè ki te pwodui travay ki gen nanm, enprime travay anpil otè ki gen nanm, epi ki te defann opinyon li yo ak tout nanm li.      

 

Referans

 

1.     https://culturesconnection.com/stories-of-translators-etienne-dolet/

2.     http://www.artandpopularculture.com/Etienne_Dolet

3.     https://digitalrepository.trincoll.edu/cgi/viewcontent.cgi?article=1150&context=theses

4.     https://www.translationdirectory.com/article342.htm

5.     https://en.wikipedia.org/wiki/%C3%89tienne_Dolet

6.     http://konfist.fl.kpi.ua/fr/node/1146

7.     https://letrario.pt/etienne-dolets-five-essential-translation-principles/ 

8.     https://www.academia.edu/10736665/_The_Platonic_Axiochus_the_politics_of_not_fearing_death_in_406_BC_in_S_Gotteland_and_S_Dubel_eds_Genres_formes_et_cadres_du_dialogue_antique_Ausonius_Bordeaux_

 

Jacques Pierre

Haiti Lab, Duke University

Stanford University

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES