MWEN RENMEN W (Kè w ap Dènye Adrès Mwen) Par Mingolove Romain

M ta vle w konte
tout pyebwa ki fleri
anba kapris mwa Me
pou w ka wè konbyen fwa
kè m soule debousole
epi bat tanbou anba pye dwat mwen
lè lari pote fòm kò w
vin limen flanm pwezi
nan mèch lanp lavi m

Mwen anvi di w
nan yon lang san vokabilè
yon lang papiyon yo rafine
pou rakonte flè
konbyen wòb douvanjou chanje
avan solèy poze talon l
sou tèt vil la
MWEN RENMEN W

M ta vle w defonse
fwontyè larezon
lave nan sous bon konprann
tout sa moun mal konprann
san w pa kite pyès dout
chifonnen verite sa a :
ou pi enpòtan pou mwen
pase gout dlo nan dezè
lè lapli mare fache ak sezon yo

Si yon jou
zanj oswa demon
ki genyen kle pòt kè w la
ta kite lanmou demenaje
ti kè m deja pare pou l ebèje
chak soupi w
chak batman kè w

M ta vle w renmen m
tankou rès manje sere

lè grangou ap pèse trip
dimanch swa
aprè legliz

Cheri m p ap sèmante
pou loraj pa vòlè pawòl mwen
men pou ou 
m vle akouche yon pwomès tou nèf
Tonèkribòt
M jire pou m kite w abite
nan kè m
menm aprè dènyè souf ou
e menm lè tras lavi
ta efase sou latè 
m vle se kè pa w
ki dènye adrès mwen

 

Miguel MINGOLOVE Romain
Oktòb 2022
Mingolove@gmail.com


 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES