Ijans pou refòm sistèm edikatif ayisyen an !

Malgre tout efò ki deja fèt e ki kontinye ap fèt nan kad refòm sistèm edikatif nou an, sistèm nan toujou prezante yon sentom emoraji estriktirèl kwonik. Se vre manke resous finansye pou trete l men tou, manke motivasyon pwofesyonèl pou pèmèt li retabli jan sa dwe ye. Èske se pa menm aktè nan sistèm nan ki koz nivo depravasyon kritik sa a lè, olye yo akonpli misyon yo kòrèkteman an favè kominote edikatif la, yo pito enterese yo ak enterè pèsonèl yo ?

Se yon move pratik ki anrasinen lakay nou kote chak moun ap goumen, nan enterè pa l, pou galope chwal la menm si l fatige, menm si l pa gen ase fòs ankò pou l pote chak kavalye egoyis ak ipokrit ki deside pran direksyon pèsonèl yo kont enterè kolektif la. Olye n akonpanye moun ki gen pou misyon sèvi tout moun nan kominote a, nou pito batay pou l echwe jis pou n defann enterè n. Èske se pa nan angrenaj sa a sistèm edikatif nou an pran depi 35 dènye ane yo ?

Nou tout dakò nanpwen peyi san edikasyon, p ap janm ka gen nouvèl Ayiti nou tout swete a san yon pi bon sistèm edikatif. Men pèsonn pa dakò sistèm edikatif nou gen la a p ap janm ka bay bon jan rezilta san kontribisyon tout aktè ki konsène yo ak kontribisyon chak grenn sitwayen peyi a.

Nou tout dakò sistèm edikatif nou an pa vrèman efikas men nou youn pa dakò, pou yon rezon ou yon lòt, patisipe nan pwosesis refòm li an ki tanmen reyèlman nan ane 81, avèk Minis Charles Bernard aprè anpil travay Minis Maurice Dartigue te tante, nan menm lojik refòm sa a, reyalize li menm tou, ant 1941 e 1945. Men nan Refòm Bernard a, edikasyon an te parèt plis ayisyanize nan sans li chita sou reyalite kiltirèl ayisyen an ak sou itilizasyon lang kreyòl la kòm lang ansèyman.

Mepri anpil moun manifeste kont refòm edikatif la pa inosan paske l klè yon pwojè konsa ap nwi enterè yo tankou anpeche yo kontinye itilize koulwa edikasyon an pou regle lòt bagay ki pa gen anyen pou wè reyèlman ak edikasyon.

Nou te ka menm di kesyon refòm edikatif la pa yon priyorite nan peyi a kontrèman ak jan sa ye nan lòt peyi ki tou pre n nan rejyon karayib la kote dirijan yo dakò pa egzanp, pou fòme jenès lakay yo nan lang manman yo.

Anpil moun, prèske nan tout sektè, menm nan edikasyon …. voye jete malerezman lide pou timoun yo aprann nan lang manman yo. Sa vrèman grav, vrèman tris ! Kòman l posib pou yon  pwofesyonèl nan edikasyon, yon moun lespri, yon moun ki gen bon sans…, fè pa konsyan yon inisyativ konsa gen anpil enpòtans ; li dwe sipòte olye l bòykote ? 

Li senp pou yon moun konprann depi yon timoun aprann li ak ekri nan lang manman l, l ap gen plis chans pou entèlijans li pi byen devlope, pou l resevwa yon bon kalite edikasyon jan ansyen Direktris UNESCO a, Madam Audrey Azulay, te dil, nan okazyon 20e jounen entènasyonal lang matènèl la. Paske timoun sa ap aprann nan yon lang li plis konprann, li metrize natirèlman.

Kidonk, aprann timoun nou yo nan lang kreyòl la se pèmèt yo devlope pi plis, kapasite kreyativite ak pwodiktivite yo, devlope sans kritik yo. Y ap ka konprann, entèprete epi eksplike… reyalite sosyopolitik, ekonomik ak kiltirèl peyi a ak plis fasilite; sa ki ap pemèt yo, enplike yo plis nan tout konba ki ka ede peyi a devlope oubyen pi byen fonksyone. Sa k ap pèmèt tou, daprè Prezidan Asanble jeneral Nasyonzini an, Tijjani Mohammed-Bande, yo patisipe nan lit pou anpeche idantite ak patrimwán kiltirèl peyi a disparèt.

Li klè depi nou aprann tyovi nou yo an kreyòl, sa ap rann aprantisaj la pi fasil pou yo epi pèmèt lang nan gen plis valè. Men sa pa vle di pou yo pa aprann pale lòt lang tankou fransè, anglè ak espanyòl ki gen yon gwo dimansyon entènasyonal ak valè komèsyal, ki kapab pèmèt yo gen plis opòtinite etidye nan nenpòt peyi frankofòn, anglofòn ak ispanofòn ; epi entegre mache entènasyonal la.

Sa pou n kenbe : se vre, kòm ayisyen, lang etranje sa yo ofri nou plis ouvèti men lang kreyòl la ofri nou plis posiblite pou n byen enstwi.

Itilizasyon lang kreyòl la kòm lang aprantisaj se youn nan pwen ki pi enpòtan nan refòm global sistèm edikatif ayisyen an. Men li enpòtan tou pou n presize machin edikatif la p ap janm ka fonksyone byen si otorite nan sistèm nan pa :

 

  1. Reyini tout biwo Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyónèl la (MENFP) nan yon sèl lokal epi kreye bon jan estrikti pou yo byen fonksyone. Sa ki ap pemèt :
  • Mwens lajan depanse,
  • Dosye yo mache pi vit ak pi byen
  • Tout moun gen aksè pi fasil ak sèvis yo bezwen yo,
  • Gen plis kontwòl sou anplwaye yo.
  • Mete Ministè a nan yon nivo estanda.

 

  1. Pèmèt edikasyon an gen pou pi piti 25% nan bidjè nasyonal la. Sa ki ap fasilite :
  • Pesonèl anseyan, administratif ak soutyen yo resevwa yon pi bon salè ak pi bon kondisyon travay.
  • Plis diplome (ENS, ENI, ENARTS, ENGA, FIA, CFEF…), nome nan sistèm nan.
  • Anpil gwo pwojè sosyo-edikatif ak kiltirèl rive reyalize nan yon ti bout tan

 

  1. Jere sistèm edikatif la ak yon dokiman kad ki ranmase tout detay ki nesesè yo, ki defini tout kondisyon oubyen ansanm prensip ki dwe respekte avèk anpil rigè yo.

Pou n rive rezoud toutbon vre, pwoblèm fondamantal k ap sakaje sistèm edikatif nou an depi twò lontan, nou dwe priyorize tout konba, tout aksyon, tout aktivite… ki ka pèmèt bon fonksyonman ak devlopman reyèl sistèm nan sou tout lòt enterè patikilye; priyorize sans pwofesyonalis (etik, dewontoloji, moralite, kalite, konpetans…) sou tout prensip amateris, pwopagandis, favoritis…; epi mete edikasyon an an priyorite nan tout pwogram sosyopolitik ak ekonomik ki vize reyèlman yon devlopman dirab pou tout peyi a, yon chanjman reyèl k ap debouche sou yon vrè lavimiyò pou chak grenn moun nan popilasyon ayisyen an.

 

Jean JOSEPH

Pwofesè filozofi / Operatè kiltirèl.

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES