CLAC Desalin vle rebay vi ak teyat nan Desalin

Komin Desalin sot selebre nan jou ki sot pase a yon kokennchenn aktivite ki pote non « Mwa anperè a », yon evènman pou te make alafwa dat nesans ak asasina anperè Jan Jak Desalin. Se nan okazyon sa tou, responsab CLAC Desalin yo te pwofite òganize plizyè atelye ak yon trantèn jenn fanm ak jenn gason. Lide a senp. Rebay lavi ak aktivite teyatral anndan komin nan.

Rebay vi ak aktivite ki gen pou wè am teyat nan yon tan ki pa twò long, se yonn pami plizyè defi  CLAC Desalin bay tèt li. Yon defi ki pa piti, lè n konsidere sa gen plizyè lane pratik sa disparèt nan komin nan, mete sou sa, jèn yo pa moutre gwo enterè pou sa. Se pou sa, responsab CLAC Desalin yo mete ak responsab « Desalin kilti », pwofite gwo mobilizasyon ki t so fèt pou « Mwa anperè a » pou inisye yon seri jenn fanmi ak jenn gason ki soti toupatou nan komin nan zafè teyat.

Pou sa te rive fèt, inisyatè yo te jwenn sipò atelye Ribanbèl ki gen nan tèt li Miraklin André (Klòch) ak Nelda Saint-Fleury. Nan atelye ki te reyalize yo, animatè te travay an patikilye sou yon fòm teyat revandikatif ki rele « teyat lari ». Daprè sa nou konprann nan ti pale nou te genyen avèk  kowòdonatè CLAC yo, Fritz Antiope ak responsab CLAC Desalin nan, Dimitry Duperval, dènye moman sa yo,  jèn nan Desalin  vin  pa twò entèrese ak lekti, teyat, atizay ankò epi yo prèske pa patisipe nan inisyativ k ap pran pou fè pwomosyon pou literati ak kreyasyon. Sepandan, yo rete kwè yon aktivite konsa ka remobilize jenn yo jiskaske yo mete kanpe yon atelye teyat kòmsadwa nan komin nan.

« Se youn nan fòm teyatral ke twoup ak atelye teyat popilè yo plis itilize pou denonse sa ki mal nan sosyete a epi pwopoze bon estrateji ki ka ede chak moun pran responsabilite yo pa rapò ak kriz aktyèl yo k ap fè raj nan peyi a. Atelye sa a te dewoule ak yon trantèn aktè. Nan kad travay sa a, nou  rive mete sou sèn yon pèfòmans teyatral ki gen pou tit : Bri vil.

Bri vil se avantou yon kri... Se vwa yon pèp dezespere ki pa kapab ankò epi ki rive sòti nan silans yo pou di Non ak kondisyon lavi pa bò isit epi reklame byennèt ak libète Desalin te  swete pou tout Ayisyen alawonnbadè. Nan menm kreyasyon sa,  nou rive denonse zak ensekirite, latwoublay ak movèz gouvènans politik ki genyen nan peyi a;  kote tout ayisyen toujou ak viv ak kè kase, toupatou se kidnapin,  kadav, moun ap mouri san rete, lavi a vin pi chè epi nou lage de bra balan pandan nou chak ap veye kilè karavan lanmò a ap rive sou nou...

E pou fini, nan menm kreyasyon sa a, nou rive salye memwa zansèt nou yo epi nou fè apèl ak yon solidarite pou tout ayisyen fè jefò e rive mete men nan men pou sove peyi a epi fòse  leta a pran responsabilite li kòmsadwa pou  chak kretyen vivan  ka viv tankou moun,  pou jenès la ka pran desten yo nan men pou yo devlope tèt yo ak kapasite atistik yo genyen lakay yo  pandan y ap kontinye entegre bibliyotek yo ak CLAC yo epi patisipe nan inisyativ kiltirèl yo pou nou kapab genyen yon jenès kreyatif ak  bon modèl sitwayen pou demen. Sitou nan komin Machan Desalin. » Daprè sa Miraklin André (Klòch) ki kwè teyat se yon zouti enpòtan nou dwe sèvi pou n kapab sove peyi a epi  fè pwomosyon pou lakilti. Fè nou konnen.

Kloti seri atelye yo te avèk yon restitisyon atelye yo sou Plas dam Desalin nan ak tout aktè yo san nou pa bliye kèk sitwayen nan kominote a ki te deplase pou vini asiste pèfòmsns aktè yo.


Miraklin André ( Klòch ) ap anime atelye teyat depi 15 ane toupatou nan peyi a.  Li se metè an sèn, operatè ak jounalis kiltirèl (emisyon fon gade). Nan Latibonit li travay ak plizyè atis atravè yon estrikti ki télé mouvman atis solidè (MAS). Aktyèlman l ap travay ak plizyè gwoup nan 9 komin nan depatman Latibonit lan ak kèk òganizasyon kiltirèl k ap fè pwomosyon pou teyat ak lakilti.


Lesly SUCCÈS

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES