«David»: Yonn nan pi bèl mesaj fratènite ak solidarite nan Compas direct ayisyen an

Compas Direct kòm yonn nan prensipal anblèm mizikal ayisyen an, pa sispann ede nou dekouvri kijan nan diferan moman mizisyen yo rive pwodui zèv ki pote anpil bèl mesaj lanmou, fratènite ak solidarite.

Gwoup DP-Express ranpòte gwo lamayòl nan divès konpozisyon li yo. 

Nan tèks sila n ap pale de « David », yonn nan pi bèl zèv mizikal DP-Express kite pou nou. Nou ka di san voye wòch kache men, li difisil pou n ap pale de chedèv nan mizik Compas Direct pou nou rale « David ».

Mizik « David » la soti an 1980. Se Antoine Emmanuel Rossini Jean Baptiste alyas Ti Manno ki depoze vwa sou chedèv sila. E se yonn nan pi bèl mizik konpozitè ayisyen te ka pwodui nan tout istwa mizik an Ayiti. Nou pral eseye gade diferan paramèt nan mizik sila ki rann li si patikilye.

Pami moun ki konpoze mizik sa genyen: Mayestwo Eddy Wooley, Raoul Denis Jr, Antoine Emmanuel Rossini Jean Baptiste, pou nou site non sa yo sèlman. Se nan estidyo sine Triomphe mizisyen yo anrejistre mizik la epi plak \ albòm nan tou ki pote tit «David».

 

Kontèks

Pou nou pi byen konprann mizik « David » la, li enpòtan pou nou pale de kontèks konpozisyon an. Gwoup mizikal ayisyen ki te pote non DP-Express la t ap krache dife nan ane 1970 ak 80 yo. Nan zafè se te yon fòmasyon mizikal toulimen. Polimik DP-Express ak Scorpio te alimante monte an pisans gwoup DP-Express sa pi plis toujou. Men aksyon ki pral mennen reyalizasyon mizik la pase an 1979. Pandan yon toune nan zantiy yo, yon mechan siklòn “David” anvayi mizisyen yo. Nan moman sa, mizisyen DP-Express yo te Gwadloup nan yon espas ki rele La Cocoteraie, selon temwanyaj Raoul DENIS Jr, ansyen mizisyen gwoup la. Dlo pete sou yo. Sa ki pral fè yo oblije monte al kache sou tout objè yo jwenn anndan La Cocoteraie.

Li enpòtan pou nou raple, yonn nan mizisyen ki te lakòz siklòn nan bare gwoup la Gwadloup se Ti Manno, chantè vedèt la ki pa te menm kote ak rès mizisyen yo.  Atis la te desann nan espas kote fanatik li yo te rezève pou li. Ti Manno te gen anpil admiratè nan zantiy yo. Sa ki lakòz lè l al jwe, li te toujou gen fanatik ki vin chache li pou l al dòmi yon kote espesyal. Detay sila yo enpòtan anpil pou plizyè rezon. Yo ede nou konprann enpak Compas-Direct, Ti Manno sitou te genyen nan zantiy yo nan ane 1970 yo.

Se konsa, nan chita tann Ti Manno, avyon ale kite gwoup la Gwadloup. Ti Manno li menm retoune nan kote li te ye avan ak zanmi li yo epi rès mizisyen yo retounen La Cocoteraie. Se konsa lapli kòmanse tonbe, dlo anvayi yo, yo pran nan kouri. Tout mizisyen se kouri pran malèt yo mete sou tèt pou chache kote pou kache tèt yo.

Apre bèl-vye esperyans, yo te oblije ranvwaye rès toune a. Nou di bèl-vye esperyans sa paske, se vre s on vye esperyans, men se li ki pèmèt nou benefisye zèv sila.

Se an Ayiti yo pral konpoze mizik «David» la.

 

Yon konpozisyon kolektif

Pami yon bann lòt, yonn nan eleman ki pi enpòtan nan reyalizasyon chedèv sila se fason kreyatè yo mete ansanm pou yo konpoze mizik la. Yo chak pral pote pati pa yo pou reyalize yon konpozisyon kinalaganach. Sa fè plis fòs mizik la tou. E tèt ansanm sa voye yon mesaj inite bay rès nasyon an pou di yo si nou mete ansanm nou ka reyalize plis kichòy pou fè bonè peyi nou. Konpozisyon kolektif sa montre kijan nan koudakoud, nou ka reyalize bèl zèv kite pou jenerasyon k ap vini, menm jan ak «David».

«S on moman nan vi n ke n p ap janm bliye

Chak fwa n sonje l dlo koule nan zye n

Sitou ke n pase anpil peripesi

Nan yon peyi ke n pa gen pèsòn

Out 79 s on kochma pou nou

Nan plen lannuit, sa te tèrib pou nou anpil

Lè yon gwo dlo te anvayi nan plen somèy

Elektrisite koupe

Nou te nan fè nwa

Tout sa n posede te ale…»

Menm si nan tèks la Ti Manno chante nan yon peyi kote yo pa gen pèsòn, nou konnen sa pa te reflete reyalite pou Ti Manno ki te chaje fanatik Gwadloup. Kòm se yon konpozisyon kolektif, li posib pou pati tèks sa se pa Ti Manno ki ekri li.

Yon mesaj lanmou

«David» pote yonn nan pi bèl mesaj lanmou, fratènite ak solidarite. Alòske siklòn David ki t ap frape zantiy yo an 1979 bare mizisyen DP-Express yo nan yon teritwa etranje, lavi yo menase, men tout preyokipasyon se te lakay, Ayiti.

“Lapenn te anvayi kè nou

Lè nou tande David sou Ayiti

Nou panse tout moun t ap peri

Anfen, santi nou delivre

Lè n aprann fanmi nou yo te epanye

Alòske nou menm te andanje

Nou mande pou nou retounen»

Malgre lavi yo te andanje, tout sa ki te nan panse se kijan lakay ye. E se moman sa menm yo mande pou yo retounen nan peyi yo. Mizisyen yo pa deside mouri nan peyi etranje. Se la dimansyon lanmou an plis chita nan mizik la. Atis yo prèske bliye tèt yo pou y ap panse kijan frè ak sè ayisyen yo nan moman.

Yon apèl pou nou retounen lakay

Nan konpozisyon sila, mizisyen yo lanse yon mesaj pou retounen lakay. Malgre difikilte, lakay se lakay. Nou dwe retounen vin pote lespwa. Retounen vin konstwi lakay nou.

«Pòtoprens li lè pou m ale

Nan peyi m ap tounen

Petyonvil li lè pou m rantre

Nan peyi m ap tounen

Depi 22 jou m deyò

Li lè pou m ale

Nan peyi m m ap tounen

Siklòn manke pote m ale

David manke pote m ale

Se Bondje ki fè mwen sove

Vini pou nou mennen ale

Mwen pa pral mouri nan peyi etranje…»

 

Boutofen, ane 2023 a fè « David » 43 lane. Se vre mizik la ap ranmase laj, men anyen pa soti nan frechè li. Ni kote melodi, ni nan amoni ak orijinalite tèks la. Yon melodi k ap di: nan peyi m ap tounen. Nou ka mande konbyen moun k ap mande retounen nan Ayiti sa nou gen la? Oui. Li posib toujou. Gen anpil moun ki pare pou pote kole pou chanje peyi sa malgre tout sa n ap viv la.

Ofinal, «David» rete yon konpozisyon fètefouni, yon zèv wòdpòte, yon im linite, yon son rasanbleman, yon kokennchenn reyalizasyon, yon chedèv ki non sèlman anrichi patrimwàn mizikal ayisyen an men li pote tou yon mesaj lanmou, fratènite ak solidarite san parèy.

« David »rete yon esperyans kolektif ki ka sèvi nou egzanp pou nou pati sou yon nouvèl baz, ankouraje konbit, jan Odette Roy Fombrun te toujou ap preche sa, fè mouvman tèt ansanm, demare travay an ekip pou nou rive mennen peyi nou, Ayiti sou chimen pwogrè.

 

Iléus Papillon

Manm Sosyete Koukouy ak Observatoire patrimoine

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES