Lans kase: dènye liv Raoul Bourdeau Altidor a

Nan rekèy istwa kout East Flatbush (Lans kase), ekriven Raoul Bourdeau Altidor rasanble 7 istwa ki kapab siprann lektè yo. Toulè 7 istwa sa yo genyen yon bagay an komen: tit yo ann anglè men yo tout ekri an kreyòl. Pa egzanp, tit premye istwa a se « East Flatbush » ; tit dezyèm lan se « Wall Street » ; tit twazyèm lan se Lincoln Place »; tit katriyèm lan se « Manhattan Bridge »; tit senkyèm lan se « Union Square »; tit sizyèm lan se « Park Slope » ; tit septyèm lan se « Upper East Side ».

Nenpòt Ayisyen ki ap viv oswa ki te viv Nouyòk konnen ke sèt (7) non sa yo se non katye ki nan Nouyòk, prensipalman nan Brooklyn osnon nan Manhattan (Wall Street). Gen yon lòt aspè nan liv la ki ka enterese Ayisyen ki ap li liv sa a. Kwak se tèks fiksyon yo ye, sèt istwa sa yo pa rakonte istwa jan nou abitye jwenn yo nan yon woman oswa nan yon kont. Tout istwa gen yon kòmansman, yon mitan avèk yon konklizyon. Anpil fwa, nou jwenn tou yon moun osnon plizyè moun ki ap kondui oswa sibi yon aksyon. Aksyon an genyen pou l evolye jiskaske li rive nan fen li. Nou pa jwenn sa nan okenn nan sèt istwa kout sa yo. Men, nou jwenn yon lòt kalite literati. Literati se yon fòm atistik kote yon ekriven sèvi ak lang pou bay lektè a yon plezi nan dekouvri nouvo eksperyans. Nan istwa kout sa yo, Raoul Bourdeau Altidor fè yon travay literè sou lang kreyòl kote li pa itilize lang lan menm jan nou itilize li nan aktivite toulejou. Se konsa nou vin dekouvri yon lòt

kalite lang kreyòl ki chaje ak pwezi, ak metafò, ak senbòl. Ekriven Raoul Altidor pa rakonte yon istwa klasik avèk yon entwodiksyon, yon entrig, ak yon konklizyon, men gen yon kote sa l ap pale a ap dewoule. Kote sa a se pa ann Ayiti, se nan Nouyòk. Men, se yon Nouyòk ki tounen yon dezyèm Ayiti. Nou jwenn ladan li tout sa ki ka raple nou Ayiti.

« Sou Flatbush la, gen Botanica pase famasi. Ti chodyè twa pye, poud tèt mò kou kase, mò yo jwenn sou rivaj. Tchacha kòde dekore ak kolye » (East Flatbush, p.1). « Lè kat mare katòz, Botanica Canèz la leve pye l. »

Nan Nouyòk, sitou nan Brooklyn, nou pran sant Ayiti tou. Men, sa Altidor ekri sou sa : « Men tou, depi sou Farragut ou ka pran sant soup joumou, sant piman nan pwason gwo sèl. »

Men, se pa Ayisyen sèlman ki layite kò yo nan Brooklyn. Se tout Karayibeyen yo. Men ki jan Altidor dekri East Flatbush:

« East Flatbush se pa maji. Se sant Jerk chicken Jamayiken, se woti ak double (yon pat ki vlope chick peas ak lòt engredyan trinidadyen byen pike). Se kote moun achte plis lèt kondanse, evapore ak farin frans. Se menm mizik Bob Marley yo k ap jwe, ak yon pastè k ap pwonmennen yon vann k ap pouse mizik levanjil sou rit Soca...East Flatbush se baz Brooklyn. » (p.4).

Nan rekèy istwa kout sa yo, Raoul Altidor montre ki jan pèp Karayibeyen yo (Ayisyen, Jamayiken, Trinidadyen...) refè Brooklyn nan jan yo menm te konn viv nan Karayib la. Se kòm si yo fè Brooklyn tounen baz yo, peyi yo. Lans kase se yon selebrasyon katye Nouyòk kote anpil Ayisyen ap viv, kote yo kite kilti yo, istwa yo, rèv yo.

Dr. Hugues Saint-Fort

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES