Krèy bòbèch Jeudinema a : Yon pwezi chèche konnen ak pinga

Zèv powèt Jeudinema, Krèy bòbèch parèt nan lane 2017, nan Atelier Jeudi Soir. Se yon pwezi kout pwen. Yon kreyasyon ki pa met dlo nan bouch pou denonse. Yon pwezi ki brav kou lyon pou afwonte lagrandjab nan Larepiblik. Yon pwezi ki leve mas sou vizaj grennsenk. Yon pawòl anseyman ki mande lèzòt pou rafrechi nanm yo pou kondisyon lavi ka chanje.

Diskou powetik sila pran plizyè chimen pou delivre komisyon l. Chak lektè ka twouve mesaj pa li suivan konpetans li, vizyon li oubyen enterè l. Nan lonnvi pa nou k ap fè wonn tèks la, nou wè yon dividal koze k ap sikile, monte desann. Nou konstate yon pwezi pelerinaj. Yon pwezi chèche konnen. Yon pwezi rale zòrèy. Yon pwezi vaksinasyon. Demach sila yo se limen chandelye verite -krèy bòbèch verite, si w vle- pou denonse, kwape salte fènwa k ap detwi kretyenvivan.

 Powèt Jeudinema voye dlo, li pa mouye pèsonn. Li chwazi nan djakout lang kreyòl ayisyen an mo ki pa rete ak mo pou fè konprann se konsyans, lanmou, mounite ak lè nou konsakre nou san rezèv, ki va wete Ayiti nan malè pandye. Sou yon bit analoji, li trape kèk rityèl nan vodou pou l trase kata powetik pou di gen koze ki p ap ka repare echèk sosyete a.

 

Malgre kout kat

Sakrifis wonm blan

Kochon kwòk sòti

 

Malgre mennay poul

Achte san fè pri

Antere vivan

Tè a tchipe manbo Ilan Ilan

Padon pa itil, (p.20).

 

Nou ka wè, nan pwezi sila, pawòl powèt Inema Jeudi rejwenn grenn pawòl ekleraj Jacques Roumain, pèsonaj li Manuel plante nan woman « Gouverneurs de la rosée » . Pèsonaj la deklare: « Nou te ofri lwa yo sakrifis, nou te ofri yo san poul, san kabrit pou fè lapli tonbe, sa pa t itil anyen. Sa ki enpòtan, se lè noumenm moun nou sakrifiye n »(tradiksyon m). 

Nan liy estwòf yo, powèt la kontinye lese nou konprann si chanjman konpòtman pa fèt, si san konsyans pa debalize, paj soufrans, kalamite ak lavi malouk ap rete tou louvri sou tèt kominote a. Pawòl yo lage kou flèch apokalips pou koresponn ak malveyan pou yon repantans.

 

Mwen bòs gwo pye

Oumenm machann kout poud

Plis lamen monte…

Kontra nou ak paradi bwè lwil, (p17).

 

Kriz sou kriz, peyi a  nan ka. Sonj p ap revele anyen. Mistè p ap di w verite a. Tèks la pale. Daprè sa k di nan silans pwezi a, rele anmwe sou montay pa solisyon, nonplis. Se degrenggolad moun ki lakoz malè a. Esperans Jezi-Mari-Jozèf p ap ka fè anyen si lèzòt pa ranmase pye yo pou mache dwat.

 

Legliz kwoke  makout lafwa l

Wotè peche l, (p.29).

 

Bri tranblemantè

Ak sounami

Fè Jezi anile

Pwojè l tounen

 

Magazen bib la

Fèmen pòt sou lapriyè, (p.21).

 

Jan n te di l nan yon atik ki parèt nan Sibelle Haïti ki gen tit:  ‘‘Krèy bòbèch ’’ Jeudinema, yon pwezi pelerinaj, nan tras yon seri tèks, powèt la “lese wè enpas difisil sa peyi a twouve l la pa yon bagay konsa konsa. Pou li, vant mòde sila se ta va tou rezilta move regleman, derespektan zòt. Rezilta pwojè lougawou kont pitit peyi a”.

Boutofen, ak yon chapo sou jenou, yon baton nan men, an granmoun, pwezi a touche konsyans. Li klere nan dimansyon pa l pou demaske vizaj madigra mal maske. Konsyans, mounite, pote-kole, de kabès nan ‘’lanmounite’’, se kichòy ki va fè n sispann “ sezi wè tchovi ap viv tankou dlo nan poumon’’, (p.53). 

 

Walner OLIVIER

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES