Tanbou Ayisyen ki ra

« Hountò, rele hountò, o lele e... »

Anvan tanbou Rada ak tanbou Petwo te pran pye kòm tanbou pi popilè ann Ayiti, peyi a te gen plis varyete tanbou. Chak diferan Nanchon Ginen yo te fè varyete pa yo. Eritaj Dahomen ak eritaj Kongo enfliyanse tanbou ayisyen plis pase tanbou lòt Nanchon Ginen yo. Sa posib ke se Kanpay rejete ki diminye varyete tanbou ki rete nan peyi a tou.

Lontan, te gen tanbou Bata, yon kalite tanbou Nago ki te nan yon lakou Lagonav. Te gen tanbou Dyouba, yon tanbou moun Nanchon Mede, e tanbou sa yo te konn sèvi pou resevwa Zaka. Gen tanbou Adoumaya, yon ansyen tanbou nan lakou Blen nan Bèlè Pòtoprens. Eritye lakou a konsidere l tèlman sakre, yo kouvri l ak dra blan. Yo pa kite moun pran foto l. Fondatè lakou sa a, pou m pi byen di, Danti lakou a se Sivil Blen ki te sot Matinik pandan 19vyèm syèk la e ki te konn fè dans Dyouba ann Ayiti tou. Mwen pa konn ki longè enfliyans Sivil Blen te gen sou dans lan ki fè jodi a nou rele dans Dyouba, Dyouba Matinik. Te gen tanbou Lègède nan Lazil-Di-Sid, yon kalite tanbou Nanchon Ibo. Moun te konn jwe l ansanm ak 2 lòt tanbou, yon boula ak yon tanbou bas.

Po chak tanbou sa yo te lase pwòp jan pa yo. Ki fè, te gen diferan teknik pou akòde yo. Gen sa moun met kanpe pou yo jwe. Gen lòt yo te lonje atè epi yo chita sou yo pou yo jwe yo ni ak talon yo, ni ak men yo. Tout sa se rezon pou Mize nasyonal Ameriken nan Wachintonn ta met tanbou Ayisyen l yo ann egzibisyon. Mize a te sezi anpil tanbou pandan Kanpay rejete a, epi pou jis kounye, yo nan depo.

Mwen menm, kòm eritye,  mwen bezwen wè tanbou  Ameriken te sezi yo pou m onore travay ansyen yo, e pou m ka wè ki tanbou ki vin ra oubyen menm ki pa egziste nan peyi a ankò.

(Tanbou, nan foto a, pa yon tanbou Ayisyen. Se yon tanbou ki sot Afrik Ginen. Tanbou a ede m montre yon varyete ki te ka egziste ann Ayiti nan tan lontan).

« Hountò, rele hountò, o lele e… »



Dr Jerry Gilles

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES