Lang matènèl, lang etènèl

Nan okazyon jounen entènasyonal lang matènèl la, Jacques Pierre ap envite w li ti chita ekri sa a li te fè ak lengwis Hugues Saint-Fort sou enpòtans jounen entènasyonal lang matènèl la, epi ki wòl lang matènèl yon pèp ta dwe genyen nan konstwi yon peyi kote dwa lengwistik tout moun respekte

Jacques Pierre: Èske ou kapab esplike nou sa « lang matènèl » vle di ?

Hugues Saint-Fort: Nan lengwistik, yo rele « lang matènèl » lang ke yon ti moun atrap nan kontak fanmi ak zanmi kote li elve. Tankou ou konnen, se depi yon moun tou piti li atrap yon lang. Li atrap lang sa a dapre jan li tande moun ap pale lang lan, san li pa bezwen ale lekòl pou sa. Men, lengwis yo aprann nou ke akizisyon sa a pa fèt sèlman dapre yon pwosesis imitasyon. Yo esplike nou ke nan tout peyi sou latè, ti moun fèt avèk abilite espesyal pou yo atrap lang yo tande nan zòrèy yo. Ti moun yo devlope règ lengwistik pou atrap lang sa a, san yo pa pran konsyans sa. Genyen yon sikolengwis meriken ki rele Steven Pinker ki ekri sou sa yon michan liv ki rele “The language instinct” (1994).

Deplizanpli, lengwis yo pale de « premye lang » (L1) nan plas « lang matènèl » ki ta ka parèt anbigi paske li ta ka fè konprann se lang ke manman ti moun yo pale. An reyalite, ti moun kapab pale plis pase yon lang nan kay kote yo elve a. Yo kapab pale yon lang avèk manman yo, yon lòt lang avèk papa yo si papa yo pale yon lòt lang, epi yon twazyèm lang avèk granmè yo si granmè an pale yon lòt lang. Premye lang majorite Ayisyen ki fèt e grandi ann Ayiti se lang kreyòl, se pa lang franse. Premye lang yon moun jwe yon gwo wòl nan detèminasyon idantite etnik oswa kiltirèl li.

JP:       Ki avantaj yon timoun genyen lè li aprann nan lang li ?   

HSF:  Genyen plizyè rechèch ki montre ke ti moun aprann pi byen lè yo aprann nan yon lang yo konprann pi byen. Malgre verite sa a, genyen yon kantite ti moun nan yon pakèt peyi ki ap aprann lekòl nan yon lang ki pa premye lang yo. Jeneralman, lè kon sa, lang sa a kapab lang klas sosyal dominan yo pale nan sosyete sa a. Nou jwenn sitiyasyon sa yo nan ansyen peyi kolonize yo. Lang sa yo kapab franse, angle, panyòl, arab…Anpil fwa, se lè ti moun yo fèk antre lekòl ke yo tande pwofesè yo ap pale lang sa a.

Poutan, rechèch montre ke genyen anpil avantaj lè yon ti moun aprann nan premye lang li. Sa pèmèt ti moun lan fè pwogrè pi vit nan matyè li ap aprann yo, espesyalman nan klas primè yo. Pi gwo avantaj yon ti moun genyen lè li ap aprann nan premye lang li se konpreyansyon. Lè yon lang se lang pa w, ou pa gen pwoblèm pou konprann fòm fraz yo oswa sentaks lang lan. Yon elèv kapab gen difikilte pou li konprann sans yon mo li rankontre premye fwa, men si li replase mo a nan kontèks fraz li twouve mo sa a, li ap rive jwenn sans mo a. Yon elèv pa ka vrèman  aprann nan yon lang li pa konprann. Se youn nan rezon ki fè anpil elèv lekòl ann Ayiti ap aprann pa kè. Yo pa konprann osnon yo konprann mal lang franse. Ki fè yo oblije repete san konprann tankou yon jako.    

JP :     Èske tout matyè yo ap vin pi fasil pou yon ti moun depi sa fèt nan lang li ?

HSF : Non, nan pwen sa pyès. Se pa fasilite pwofesè yo ap chèche lè yo anseye klas nan lang ti moun yo pale. Sa pwofesè yo ap chèche se pou elèv yo konprann sa y ap aprann nan. An reyalite, nan pwen anyen ki di yon matyè ap vin pi fasil pou yon elèv depi sa fèt nan lang li. Yon bon pwofesè ap toujou dispanse kou ki djanm nan lang matènèl elèv yo. Epi, yon bon elèv ap toujou pwofite nètalkole pou li aprann o maksimòm nan yon klas ki ap dewoule nan lang matènèl li.

JP :      W ap obsève sitiyasyon lengwistik peyi a lontan. Dapre ou menm, pou ki sa dirijan nou yo derefize sèvi ak lang kreyòl la nan tout aktivite y ap fè ?

HSF : Nan majorite sosyete kote gen plis pase yon lang lokitè yo pale, genyen relasyon dominasyon ki egziste ant diferan lang yo. Jeneralman, lang ke lokitè ki gen pouvwa, pale nan sosyete a, se li menm ki gen plis enpòtans, menm si se pa lang sa a ke plis moun pale. Se sitiyasyon sa a ki egziste ann Ayiti e se youn nan eritaj kolonyal peyi nou an. Lè Sen Domeng vin tounen yon nasyon endepandan ki rele Ayiti an 1804, estrikti administratif yo chanje, men se sèlman ann aparans paske estrikti lengwistik ak estrikti edikatif yo pa chanje. Gwoup ki vin ranplase kolon franse yo se klas militè yo, klas ansyen lib yo, klas afranchi yo ki te gen menm ideyoloji avèk kolon franse yo. Yo te resevwa edikasyon nan lekòl kolonyal yo, epi se yo menm tou ki t ap kontwole edikasyon ann Ayiti. Yo derefize sèvi ak lang kreyòl la nan tout aktivite paske, nan sosyete ayisyen an ki se yon sosyete ki baze sou klas sosyal, lang se yon zouti dominasyon. Gwoup sosyal ki kontwole pouvwa nan sosyete a, t ap defann lang franse ann Ayiti, yo te kenbe lang franse pou ti gwoup pa yo a epi refize fè pwomosyon lang kreyòl la, malgre se lang sa a ki lang matènèl popilasyon ayisyen an. Enterè dirijan ayisyen yo pa te janm mache ak enterè popilasyon an. Sitiyasyon sa a ap kontinye jiska prezan.

JP:      Pale nou ti kras sou tèz doktora ou ? E ki sa kreyolis/anseyan k ap travay /anseye kreyòl kapab dekouvri ladan pou ede l konprann reyalite lengwistik Ayiti a pi byen oswa vin yon pi bon anseyan ?  

HSF:   Mwen resevwa yon dòktora nan lengwistik an desanm 1982 nan Inivèsite René Descartes, Paris V. Mwen te defann yon tèz ki rele « La création lexicale en créole haïtien ». Nan tèz sa a, mwen te etidye ki jan lokitè ayisyen yo kreye nouvo mo an kreyòl. An jeneral, yo konn di ke majorite mo ki nan leksik kreyòl ayisyen an sòti nan lang franse ki se lang “lexificatrice” kreyòl ayisyen an. Genyen yon moso verite nan kwayans sa a, men lè nou fouye nan fon koze a, nou dekouvri ke lokitè ayisyen yo pa jis pran mo franse yo pou yo bati yon leksik kreyòl. Yo rive konstwi yon leksik kreyòl apati milye kiltirèl, politik, istorik, ekonomik sosyete ayisyen an ansanm avèk tout resous ki egziste nan lang lan. Leksik yon lang se yon sektè ki louvri byen laj epi li pa otonòm. Li ranmase tout sa ki gen nan lari a. Se avèk leksik enfliyans lòt kilti yo antre nan yon lang. Pami fason nouvo mo penetre nan lang kreyòl la, mwen te idantifye 2 kalite sous : sous entèn ak sous ekstèn. Sa yo rele sous entèn se mwayen ki egziste anndan lang lan. Sa yo rele sous ekstèn se mwayen ki egziste an deyò lang lan. Pami sous entèn yo, lengwis yo idantifye : derivasyon, konpozisyon, onomatope, epi nouvo sans yon mo ka rive pran. Pami sous ekstèn yo, genyen : anpren, sa vle di mo ke yon lang prete nan lòt lang, epi genyen sa yo rele « calques », ki se yon varyant anpren. Genyen « calques » lè yo tradui literalman nan yon lang yon mo oswa yon ekspresyon ki sòti nan lang sous lan.

Yon mo derive se yon mo ke yo fòme lè yo ajoute youn oswa plizyè “affixes” (afiks) sou yon baz. Affixes se yon tèm jenerik lengwis yo itilize pou pale de « préfixes » (prefiks) ak « suffixes » (sifiks). Prefiks yo toujou plase devan yon baz ; sifiks yo toujou plase aprè yon baz. Yon baz se sa ki rete nan yon mo derive si nou retire afiks li yo.

Nan mo kreyòl « dekole », « kole » se baz oswa radikal la, « de » se prefiks la. Nou wè sa paske si nou retire « de » devan « kole », n ap rete avèk « kole ». « Dekole » vle di « detache yon bagay ki te kole.

Yon mo konpoze se yon nouvo mo ki fòme lè yo konbine plizyè mo ansanm pou mete kanpe yon lòt mo tou nèf.

Onomatope se yon mo ki sigjere oswa imite bri ke yon aksyon osnon yon objè fè.

Kat mwayen kreyasyon nouvo mo sa yo se yo menm ke nou rankontre pi souvan an kreyòl, men mwen te montre nan tèz mwen an ke se konpozisyon ki sanble pi kouran an kreyòl.

Konsènan kesyon ou mande sou ki sa kreyolis/anseyan k ap travay/anseye kreyòl kapab dekouvri ladan pou ede l konprann reyalite lengwistik Ayiti a pi byen oswa vin yon pi bon anseyan, mwen panse ke tèz mwen an kapab plis enterese yon lengwis kreyolis ki ap fè rechèch sou fonksyònman leksik kreyòl ke yon anseyan kreyòl. Sa pa vle di ke yon anseyan p ap jwenn anyen ki enterese li nan tèz la, men tèz la se sitou yon rechèch ki te etidye estrikti entèn inite leksikal kreyòl yo.    

JP:      Ki pwogrè ou obsève ki fèt nan lang kreyòl la pandan 20 dènye ane sa yo ?

HSF:   Genyen anpil pwogrè ki fèt nan lang kreyòl la pandan 20 dènye ane yo. Mwen ta mansyone omwen twa domèn kote pwogrè sa yo parèt pi evidan. Se domèn sosyolengwistik, domèn leksikal, avèk domèn enstitisyonèl.

Sosyolengwistik se youn nan branch ki pi enpòtan nan etid lengwistik modèn. Li etidye relasyon ki genyen ant yon lang avèk sosyete kote yo pale lang sa a. Sosyolengwistik kouvri sijè tankou varyasyon lengwistik, chwa yon varyete, dyalèk, kontak lang, bilengwism, kesyon inegalite nan yon lang, kesyon pouvwa nan yon lang, kesyon klas sosyal nan yon lang, politik lengwistik…

Genyen anpil avanse sosyolengwistik ki fèt nan kreyòl ayisyen pandan 20 dènye ane yo. Anpil lokitè ayisyen pa wont pale kreyòl lè yo abòde sijè fòmèl ki lontan te mande pou moun itilize lang franse lè yo t ap trete yo. Sa fèt nan radyo, nan televizyon, nan diskou politik, nan legliz. Depi 1982, kreyòl tounen lang ansèyman e lang anseye nan sistèm edikasyon Ayiti. Se te yon kokenn chenn pwogrè.

Sou plan leksikal, vokabilè lang kreyòl la ap vin pi rich deplizanpli. Akoz kontak ki ap fèt ant lokitè ayisyen ak lokitè etranje, genyen anpil mo nouvo ki vin fè pati leksik kreyòl la. Anpil ladan yo se mo angle paske se nan peyi ki pale angle (Etazini, Bahamas…) ke anpil imigran ayisyen al abite. Men, deplizanpli, genyen imigran ayisyen ki al tabli nan peyi panyòl tankou Chili, Dominikani. Sepandan, li sanble nou jwenn mwens mo panyòl nan vokabilè kreyòl la.

Sou plan enstitisyonèl, gen 2 gwo devlòpman nou dwe mansyone nan kesyon kreyòl ann Ayiti. Premye gwo devlòpman se kreyasyon yon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an desanm 2014. Dezyèm gwo devlòpman an se adopsyon lang kreyòl ak lang franse kòm 2 lang ofisyèl Ayiti depi 1987. M ap raple ke depi lane 1980 leta ayisyen te travay avèk yon ekip lengwis ayisyen epi mete sou pye yon grafi ofisyèl pou kreyòl ayisyen.

Sepandan, malgre tout avanse sa yo, gen anpil travay ki rete pou fèt toujou. Si se vre ke sou plan oral, majorite lokitè ayisyen itilize kreyòl san pwoblèm nan anpil sitiyasyon fòmèl, gen anpil rezistans non sèlman pou ekri kreyòl, men anpil lokitè ayisyen pa metrize grafi ofisyèl kreyòl la. Se yon kesyon ki ta dwe bay anpil tèt chaje paske se yon òtograf lekòl yo ap anseye ann Ayiti depi omwen 40 lane.  

Genyen save ayisyen ki poze kesyon sou itilite AKA. Dapre save sa yo, AKA pa fè ase travay syantifik sou lang kreyòl la, ki ta fè piblik ayisyen an respekte li kòm yon michan enstitisyon. Pèsonèlman, mwen panse ke AKA ta dwe kòmanse mete sou pye rechèch sistematik ki ta debouche sou 2 gwo travay ki enpòtan anpil : yon gramè deskriptif lang kreyòl ayisyen epi yon diksyonè inileng kreyòl.

JP :     Jounen jodi a, Ministè Edikasyon Nasyonal mande lèkòl yo pou sèvi ak yon liv ki rele « Liv inik ». Ki jan w konprann desizyon sa a ? Dapre ou menm, èske « Liv inik » sa a suiv lide ki gen pou wè ak Réforme Bernard a ?

HSF :  Dapre deklarasyon Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, se nan premyè ak dezyèm ane fondamantal elèv yo genyen pou yo sèvi ak liv inik la. Liv sa a ap pèmèt yo aprann 5 matyè nan yon sèl liv. Senk matyè sa yo se : lang kreyòl, syans eksperimantal, syans sosyal, matematik ak lang franse. Eksepte lang franse ke pwofesè yo ap anseye aloral, tout lòt matyè yo ap anseye an kreyòl. Dapre minis la, paran yo ap fè ekonomi nan depans pou achte liv paske olye yo achte yon pakèt liv pou ti moun yo, se yon sèl liv y ap gen pou yo achte. Si se vre sa minis la di a, se yon bon desizyon ki jistifye sou plan ekonomik. Mwen panse tou ke liv inik la suiv lide ak direksyon ki gen nan Réforme Bernard la, piske tout matyè yo ap anseye an kreyòl, esepte franse ki ap anseye aloral an franse.    

JP :     « Pale franse pa vle di lespri ». Ki sa w panse ki mennen anpil nan konpatriyòt nou yo anbrase pawòl sa a ?

HSF:  Mwen panse ke pawòl sa a se repons konpatriyòt ki viktim prejije ak diskriminasyon klas nan men lòt konpatriyòt ki itilize konesans lang franse yo posede pou yo imilye moun ki pa te pase lekòl epi ki pa konn pale franse. Pawòl sa a montre jan lang franse fonksyone nan sosyete ayisyen an. Li fonksyone tankou yon « marqueur social ». Li pa vrèman fonksyone tankou yon lang pou moun kominike. Lè yon moun konn pale lang sa a, sosyete a konsidere ou tankou yon moun ki entèlijan, ki gen lespri, alòske anpil fwa, se pa vre.

JP:      Nan yon atik ki rele « Bal fini », Doktè Jean Casimir ekri sou Ayibopost ki parèt an janvye 2023 a, li di : « Se pa konprann pèp souvren pa ka konprann franse. Depi twa san zan, si li te gen bezwen, li ta rive konprann ni. Se pa lekòl malere t al aprann ni angle, ni panyòl, pou ki sa yo ta bezwen lekòl pou yo pale franse. Mande nèg nan batey yo, osnon Miyami, Boston, Nouyòk, Bahamas, Monreyal, Pari. » Ki opinyon ou sou deklarasyon sa a ?

HSF : Nan ti moso atik sa a, Dòk Jean Casimir defann lide ke se volontèman mas pèp ayisyen an pa aprann pale franse. Dapre Dòk Casimir, mas pèp ayisyen an pa bezwen konprann franse. Li pran egzanp sou imigran ayisyen ki ap viv nan batey oswa nan Miyami, Boston, Nouyòk, Bahamas, Monreyal, Pari, ki rive aprann lang panyòl, lang angle, lang franse. Imigran ayisyen sa yo, dapre Dòk Casimir, te oblije aprann lang sa yo alòske mas pèp ayisyen ann Ayiti pa te gen nesesite pou yo aprann lang franse. An reyalite, Dòk Jean Casimir bliye 2 done ki enpòtan. Toudabò, ann Ayiti, genyen anpil Ayisyen nan klas popilè ak klas peyizan ki fè gwo efò pou yo aprann franse, men kondisyon difisil lavi ann Ayiti pa pèmèt yo kontinye ale lekòl. Dezyèmman, imigran ayisyen aletranje yo ap viv nan yon « société d’accueil » kote y ap benyen nan yon « langue d’immersion » ki fasilite aprantisaj lang etranje a. Ann Ayiti, pandan lontan, klas dominan yo pa te fasilite aprantisaj lang franse pou moun ki te nan klas sosyal defavorize yo, alòske lang franse se te yon zouti  pwomosyon sosyal.   

JP :     Pou fini, ki jan w ap viv tout evènman politik sa yo k ap pase nan peyi a ?

HSF :  Sitiyasyon politik n ap viv kounyè a ann Ayiti ban mwen anpil tristès paske se yon veritab trajedi li ye. Sosyete ayisyen an rive nan yon nivo mizè, krim, ensekirite ki tèlman ba, mwen pa kwè li ka desann pi ba toujou. Majorite Ayisyen ap fè tout sa yo kapab pou yo kite Ayiti. Mwen pa wè ki jan Ayiti va kapab sòti nan kokenn pwoblèm li twouve li. E poutan se sèl Ayisyen anndan peyi a ki kapab fè yon bagay pou peyi a, malerezman mwayen yo limite e pèsonn p ap vin ede nou.  

 

Nan non Department of Romance Studies ki chita nan Duke University (seksyon kreyòl ayisyen an), m ap di Dr. Hugues Saint-Fort yon gwo mèsi pou bèl pataj sa a li fè ak nou nan okazyon jounen entènasyonal lang matènèl la.

 

Jacques Pierre

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES