« Devinèt », powèm Anderson Dovilas ki kouche nan vwa Wooly Saint Jean Louis

« Se pa jodi a m ap di w janm renmen w / Mo yo pa janm fele / Mo yo pa janm fennen »

Se konsa vwa  Wooly Saint Louis Jean, yon atis wòdpòt, louvri baryè pou antre nan « Devinèt », yon powèm pèlas atisplim, Anderson Dovilas ekri.

Men, sanble powèm-mizik « Devinèt » la se nan yon pyèj Wooly ak Anderson tann pou nou paske tank n ap suiv tras mizik la, se tank l ap mennen nou / rale nou nan yon chimen nou pa konnen, men sèl asirans nou genyen, l ap mennen nou yon kote nou renmen. Nou di tèt nou mizik sa pa ka trayi nou. E se vre. Kidonk, nou pa konnen kote nou prale, men depi nan premye nòt mizik la ki mare powèm nan, nou tonbe sou yon zèv ki di nou rale chèz nou chita.

Akote melodi a, rit la, maryaj estil pwezi ak mizik sa k ap koule nan zòrèy nou an, vwa k ap glise nan pwezi a, nou wè tout fè yon sèl nan yon bèl senfoni pou ofri nou yon mastèklas / yon peyepote.

Se nan foure kò nou nan powèm sa menm Anderson Dovilas aprann nou: « ni manti ni verite yonn pa dekale po bouch ». Men de tout fason, nan ka Anderson nan, se yon kè plen senserite k ap dechaje sa li pote. Senserite mache men nan men ak verite. Sonje sa. Si powèt la sensè, tout sa l ap rakonte fi a dwe verite.

An nou imajine yon moman kote konpozitè nou yo f on mete devan kalite tèks sa yo nan mizik peyi nou. Se t ap yon bèl tablo. Yon gwo kado pou zòrèy ak lespri nou.

Powèt la kontinye pou li di fanm li renmen an: « ou menm avè m se lonbraj de powèm menm fòs. »

Tout entansyon Anderson se montre li ak fanm nan sanble tankou de (2) gout dlo. Kidonk, si nou sanble nou ka renmen tou, jan chantè lejandè John Steve Bruenasch chante sa.

Mizikalite, imaj, sansasyon, emosyon mizik sa pote ka ede geri lespri yon moun ki plonje nan lapenn... « Poutan je w cheri,  yon rivyè klè moun benyen bliye po. »

Ak adaptasyon sila, Wooly Saint Louis Jean ak Anderson Dovilas depoze yon mèvèy ki ta dwe make mizik an Ayiti ak mond lan, malgre souvan anpil medya pa toujou fè pwomosyon kalite tèks sa yo. Zèv sa s on frètkach, yon moso chwazi, yon bebe ki fèt tou pale, yon chedèv... Nou va di sa nou panse kote Wooly Saint Louis Jean ap fredone: « yelele yelele yelele lele. » Malerezman, pa gen enstans k ap bay pri nan peyi nou pou bèl ak bon mizik!

Sèlman sa ki rete pou nou di se ta va chapoba pou kalite ak dimansyon konpozisyon sila. Epoutan, zèv la ofri okazyon pou nou kontinye di koze sou li.

Otè rekèy « Liminasyon » an, s on michan powèt ki foubi mo jan li vle pou envante mond pa li. Ou pa ta di pwezi ak Anderson mache ansanm.

Pasyon pou pwezi san mesi lakay atis plim sa se yon fenomèn nou pa ka fin esplike.

Se nan karase fraz menm Anderson Dovilas anonse:

« Lè fèy papye tounen pòtvwa

M ap soufle fraz kote w chita »

Ki pi bèl powèm yon moun ka tande / li anndan yon mizik pase sa. Powèt la ki prevwa fèy papye gen pou  tounen pòtvwa, ap tann jou sa menm pou li kòmanse chache kote bèl fanm sa abitye chita pou l al soufle fraz. « Soufle fraz », yon imaj ki kite nou bouch fèmen. Se sèlman powèt la ki ka fè yon egzèsis konsa: soufle fraz.

Nou deja konnen Wooly Saint Louis Jean se yon mapou nan estil mizik sila yo. E nou konnen tou, Anderson Dovilas, se yon powèt kinalaganach... Nou te dwe deja konnen kolezepòl sa t ap fè nou jwenn juisans.

Nou envite tout moun tande mizik sa lè nou leve lèmanten, lè nou pral dòmi, lè nou nan fèt, lè nou pral marye, lè nou deside renmèt yon moun kle kè nou, lè nou nan poz midi nan travay, lè nou anvi damou, lè  yon relasyon amourez vle depatacha, lè kè nou kontan, lè nou fin fè kòlè, se yon zèv ki ka ede nou kole tout ti moso kè ki chire oubyen dechire. Powèm otè « Pwèl nan zo »  a s on tèks ladouskivyenkenèp k ap mache jefèmen nan yon mizik douspoudous. Powèm nan di mizik la pote m ale kote w vle ak vwa Wooly Saint Louis Jean.

Se pa yon kout chans. Nan graje powèm pou kimen mizik, Wooly Saint Louis Jean ranpòte yon dividal lamayòl. Poudayè, mesye sa s on maton nan koze sa. Lis powèt tèks yo deja pase nan kòd gita Wooly long anpil. Sofke, fwa sa, se premye fwa (san di petèt), chantè ki pote vwa patante a, rive sou Anderson Dovilas. Epi, nou wè de (2) kreyatè yo genyen pari a wolèmen nan devinèt sila.

Boutofen, « Devinèt », se yon pwodiksyon ki ede nou dekouvri yon lòt kalite pwodiksyon mizikal / lòt kalite tèks an Ayiti. Se pa yon egzèsis toutvoumsedo. Se yon travay byen koud. Yon mèvèy adaptasyon  Wooly Saint Louis fè nan yon tèks siwomyèl ki soti anba plim Anderson Dovilas, yon powèt kinalaganach.

Men lyen pou n al dekouvri Devinèt:

 https://www.youtube.com/watch?v=3jiqmFMaEQs

 

Iléus PAPILLON

Manm Sosyete Koukouy Dèlma ak Observatoire Patrimoine

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES